JusticeSOCIÉTÉ

Selon Wilner Morin, jij ayisyen yo ap viv nan mizè

0

Jiskaprezan, metye jij la rete pami sila yo rele pwofesyon nòb nan peyi a. Poutan, majistra yo toujou plenyen pou move tretman yo jwenn nan egzèsis fonksyon yo

20 me ki sot pase la a, Asosiyasyon nasyonal majistra ayisyen yo te lanse yon grèv pou egzije bon jan kondisyon travay. Nou t al rankontre jij Jean Wilner Morin ki se prezidan asosyasyon an nan tribinal premye enstans Pòtoprens la a, sou Bisantnè a, pou nou diskite sou kondisyon lavi jij yo isit.

Depi ou ap parèt nan tribinal la, ou gen lenpresyon gen moun ki t ap tann ou. « Kisa ou bezwen, kòman m ka ede ou ? », se sa kèk mesye ki abiye ak vès t ap mande. Nou pa konnen si yo se avoka, jij, isye, oswa grefye.

Li tou : Du renforcement de l’État de droit en Haïti : Le rôle des avocats (es) !

Nan yon vizit nan tribinal la a anvan jij Morin rive, nou te wè anpil koup oswa patnè ki te chita ap tann dwayen an pou jere zafè divòs. Dwayen an se yon jij ki prezide tribinal la a, se li ki jere zafè fanmi tankou dosye sou pansyon alimantè ak pwoblèm nan maryaj.

Aprè yon batbouch ak youn nan sekretè nan kare dwayen an. Nou aprann gen anpil divòs ki fèt nan peyi a. « Nou pa ka kontwole konbyen demand divòs nou resevwa chak jou », konsa dam nan t ap pale, tandiske se pa sèlman tribinal sa a ki resevwa madanm ak mouche pou kesyon  divòs nan peyi a.

Bon, nou pa t rete la a, paske se pa zafè divòs nou te vin regle. Nan vire je nou, toujou nan kare dwayen an, nou tonbe sou yon grefye ki te pèdi nan yon rechèch nan yon kaye ki ta sanble gen pase 300 paj, li t ap chache a yon pwen li te parèt fatige. Se pita nan chita pale ak jij Morin n ap vin  aprann tribinal premye enstans Pòtoprens la a pa enfòmatize.

Se pita nan chita pale ak jij Morin n ap vin  aprann tribinal premye enstans Pòtoprens la a pa enfòmatize.

Lè jij Wilner Morin rive, nou tanmen entèvyou a ak li. Nou t ap chache konnen kijan yon jij viv, ki avantaj metye a ofri l.  Aprè anviwon 15 minit nan dewoulman ti pale a, yo pran kouran an. Blakawout la dire plis pase 10 minit.

Kiyès jij yo ye ?

Yo rele yo majistra, jij oswa manm ministè piblik. Gen distenksyon ki fèt ant majistra ak ministè piblik. Premye yo rele majistra chita, se yo ki la a pou bay Seza sa ki pou Seza, sa vle di se yo ki distribiye lajistis nan tribinal ak lakou yo. Se sèl la lwa ak konsyans yo ki dirije yo lè pou yo pran yon desizyon.

Alòske, dezyèm yo, kidonk ministè piblik, la se sa yo rele majistra kanpe. Nou jwenn ministè piblik la nan tout jiridiksyon yo eksepte nan tribinal de pè yo. Ministè piblik la a se reprezantan pouvwa egzekitif la, li la tou pou pwoteje sosyete a. Nan chak tribinal premye enstans yo ak lakou yo, se komisè gouvènman yo ak ranplansman yo ki fòme pakè yo, sa vle di kote ministè piblik la baze l. Yo dwe okouran tout desizyon k ap pran. Yo la nan odyans yo ak lè jij yo ap pwononse jijman yo.

Pou yon moun vin jij, li dwe gen yon lisans nan Dwa. Apre sa, li sipoze pran fòmasyon pandan 2 lane nan lekòl majistrati selon Lwa sou estati majistra a. Yon lòt bò, gen previzyon nan menm lwa sa a pou entegrasyon dirèk kèk pwofesyonèl nan Dwa pou vin majistra. Tankou, aprè 18 lane nan egzèsis fonksyon l, yon avoka ka vin jij si yon asanble depatmantal nonmen l pou sa a san li pa bezwen pase nan lekòl majistrati a. Norah Jean François ki se prezidan a.i lakou kasasyon an fè konnen tout majistra ta sipoze pase lekòl majistrati. « Avoka ki vin jij yo jwenn fòmasyon, men li t ap pi bon si se nan lekòl majistra yo te pase», daprè jij Jean-François.

Li tou : Quelles sont les attributions d’un juge de paix en Haïti ?

Selon jij Wilner Morin ki te jij enstriksyon, jij yo ap viv nan mizè. « Yon jij nan tribinal premye enstans  ap touche sèlman 47 000 goud ki se anviwon [505 dola ameriken]. Yon jij nan tribinal de pè ap touche pi piti pase sa. Jij yo gen yon asirans OFATMA, men lè yo al lopital yo pa ka jwenn swen ak kat asirans lan paske gen anpil lopital ki pa aksepte kat OFATMA a. Kidonk, jij yo ap konfronte pwoblèm lasante.» Toutfwa Jij Morin fè konnen, pwoblèm jij yo pa ta sipoze enfliyanse desizon y ap pran.

N ap raple se jij Jean Wilner Morin ki t ap enstwi dosye jounalis Vlajimir Legagneur la, li te jwenn plizyè endis deja. Manda l te vin bout, depi lè sa a dosye lanmò jounalis la tou kanpe. Pandansetan prezidan asosyasyon majistra yo nan peyi a toujou ap plenyen kondisyon malouk jij yo ap viv.

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *