ÉCONOMIEEN UNESCIENCE & TECHNOLOGY

Se pa sèl raketè ki gen bò Katedral Pòtoprens

0

Tou pre Katedral Pòtoprens lan, gen yon sektè ki ap byen mache : reparasyon aparèy elektwonik tout kalite, sitou telefòn. 

Ri Monseyè Giyou se youn nan ri moun plis frekante nan Pòtoprens. Si ou suiv li tou dwat, li mennen devan Katedral la. Nan zòn sa, sou de bò lari a, dèyè treto oubyen tab, plizyè ti mesye chita pou ranje telefòn, laptòp ak lòt aparèy. Se la a, nan yon biznis li kreye lakay li, Johnny Jean Baptiste resevwa nou. Sou youn nan mi yo, Johnny kole fotokopi diplòm nan teknik rezo li resevwa sa gen kèk mwa nan Canado Technique.

Se aktivite depanaj òdinatè ak telefòn ki fè li voye pitit li lekòl. Apre sa, li genyen yon kamyonèt ak yon moto. Johnny te kòmanse aktivite sa nan lari a menm jan ak tout lòt mesye yo. Men grasa entelijans li, pasyans li ak volonte li gen pou fòme tèt li, kounye a li pa chita bò lari a ankò. Li te aprann mekanik nan lekòl Sainte Trinité a men li pa janm travay nan domèn sa.

Pifò sa li aprann se nan fè pratik bò Katedral la. Li te kòmanse ranje telefòn depi sou epòk konpayi Haitel te egziste. Apre sa a, li te deside ale nan lekòl Canado Technique pou li ka fòme tèt li plis toujou.

Se yon ekip k ap travay

Si ou pote yon telefòn bò Katedral poutèt li gen pwoblèm, osinon ou vle dekòde l, menm si moun ou bay li a pa ka ranje l, li pap refize. L ap pote l bay yon lòt ki ka fè l. L ap mande w plis lajan tou, paske fòk li fè benefis pa l.

Jonnhy di : « Ti mesye ki bò lari a pa fè kòd telefòn. Lè konsa yo pote l pou mwen oubyen lòt moun ki ka fè l. Li difisil pou fè lajan nan dekòde telefòn kounye a, paske anpil moun rantre nan domèn nan. Gen jou ki pase mwen pa resevwa okenn kliyan. Men mwen fè ti kòb ladan kanmenm.»

Souvan, moun panse se raketè ase ki gen bò katedral la. Johnny admèt anpil nan yo pa gen fòmasyon pou sa y ap fè a, men nan aprann poukont yo, yo vin fò. « Gen travay mwen pa ka fè. Tankou chofe ekran telefòn pou dekole li ak “touch” la. Men nan lari a w ap jwenn espesyalis nan sa.»

Paske yo travay ansanm, sa pèmèt youn aprann lòt. Pafwa, menm sa konn bay pwoblèm. Si yon kliyan te jwenn move sèvis nan men youn nan yo, sa gen konsekans sou yo tout. Johnny kwè gen anpil konpetans pami yo. Gen kliyan ki chwazi ale nan magazen pou bay ranje telefòn yo. Poutan, magazen sa yo tou konn pote telefòn ak laptòp nan ri Monseyè Giyou a.

Vòlè telefòn yo se revandè

Pifò telefòn dezyèm men yo gen yon kòd ki bloke yo. Kòd sa a, se premye mèt telefòn nan ki konnen l. Poutan, bò katedral, kòd la ap wetire byen fasil. Se sa ki fè, vòlè toujou pote telefòn anba a. Dapre Johnny, se entènèt ki lakòz yo ka fè fwod sa. Paske gen sit pou achte ID (idantite) telefòn nan, alòske sa pa ta dwe posib. Men gen danje nan sa.

« Sa gen kèk ane, lapolis arete yon moun ki te achte yon laptòp ki te gen yon GPS ki aktive sou li. DCPJ te vini la a an sivil, pou fè ankèt. Moun nan te rele Pino. Malgre sa, mesye yo pa pran prekosyon ak telefòn y ap resevwa yo. Paske kòm se deyò a yo ye, si lapolis vini, yo ka gentan chape. Mwen menm mwen pran prekosyon paske mwen gen yon lokal. Mwen p ap pran tout telefòn.»

Lè mesye yo achte telefòn nan nan men vòlè a, premye sa yo fè, se retire batri a pou anpeche GPS li fonksyone. Si se yon iPhone oubyen yon lòt telefòn lapolis ka retrase, yo itilize li pou pyès. Sa vle di yo pa ni revann ni repare li, men pran pyès ladan l pou mete nan lòt telefòn.

“Kòb la fèt tout jan”

Anpil moun reyisi viv gras ak aktivite ranje telefòn nan. « Yon ti sòl 250 goud pa jou se yon jwèt li ye pou yon nèg ki ap degaje li la a », Johnny di nou. Dapre li, pyès moun k ap ranje telefòn nan ri Monseyè Giyou p ap aksepte yon travay 20 000 goud sitou nan moman ki gen afè. Pa gen jou yo pa resevwa telefòn.

Johnny deklare : « Kòb la fèt tout jan. Si ou vini ak yon telefòn ki kraze, nou ka achte li nan men w pou yon 500 goud. Epoutan ‘board’ la ap revann pou nenpòt 2000 oubyen 2500 goud. »

Gen anpil lajan k ap brase bò Katedral la. Men, Johnny panse te ka gen plis kòb toujou. Dapre li, Leta manke byen jere espas la. Li di: « Lameri te konn vin pran 10 goud nan men nou chak jou. Men pa gen anyen ki konn regle ak kòb sa. Lari a te toujou sal. Leta te dwe mete kontwòl nan mache a. Konsa chak moun ap gen yon plas. Epi lè sa n ap peye taks nòmalman paske ap gen sèvis, tankou netwayaj lari a. Fenomèn vòlè telefòn nan ap diminye tou paske l ap fasil pou jwenn moun ki aksepte achte yo a.»

Jameson Francisque

Commentaires

Jameson Francisque
Journaliste. Éditeur à AyiboPost. Juste un humain qui questionne ses origines, sa place, sa route et sa destination. Surtout sa destination.

Èske van chanjman ap soufle sou Ayiti?

Previous article

Yon festival pistach nan festival “Lumières du Sud”

Next article