EN UNESOCIÉTÉ

Pou ki sa pou nou bay kreyolofoni an jarèt?

0

Aksyon nou chache tounen sou sa nou jije ki esansyèl : kilti a, sa vle di sa k louvri. Yon kilti pa ka fèmen sou tèt li paske l toujou jwenn enfliyans lòt kilti, depi moun deplase, depi moun janbe fwontyè.  Kreyolofoni a marande tout moun, teritwa ak enstitisyon ki gen kreyòl kòm lang natif natal. N ap pale de diferan lang kreyòl tokay nou ki kab sot pou pi fὸ nan angle, franse oubyen pὸtigè. Se lang popilasyon ki pale l yo ka rele kreyòl, patwa, papamyento, elatriye. N ap pran pou n konmanse yon definisyon sosyo-istorik ki di : lang kreyòl yo sot nan pèp blan yo te pran sot ann Afrik nan epòk lesklavaj la. N ap tounen sou definisyon sa ann apre.

Kreyὸl pa lènmi pyès lὸt lang. Sa vle di kreyolofoni a louvri pou l fè boukantay ak tout lang. Pa gen lang ki goumen ak lang. E kreyolofoni pa privilèj ankenn moun ni ankenn gwoup. Men gen dwa gen plizyè gwoup k ap batay nan sèvis kreyolofoni. Lè nou di batay, nou pa vle di batay kont lὸt gwoup. Men, nou vle di batay kont prejije, batay kont konplèks.

Poutèt jan yo itilize mo « kreyolofoni » an, gen meli melo nan mo sa a. Se pa nou ki vin ak mo « kreyolofoni » an, se yon mo plizyè moun te gen tan ap itilize, lè yo vle di yon mo sou ansanm sosyete kreyolofὸn yo. Kidonk se yon mo ki gen avantaj nou kapab konprann li dirèk, san nou pa bezwen eksplike l chak fwa n ap pale de li. Men sa nou pral fè la a se kanpe mo sa a dèyè yon diskou ki makonnen filozofi ak sosyoloji.

Mwen pa gen monopὸl sou sa kreyolofoni an vle di, ni m p ap pale la a nan non okenn gwoup oubyen asosyasyon. M ap pale nan non pa m, nan kad rechèch m ap fè sou lang ak kilti moun ki pale kreyὸl yo. Nou te gen dwa rele l kreyolopali, regwoupman keyolofὸn, kreyὸl nan nivo entènasyonal. Men, nou panse tout pawὸl sa yo vle di menm bagay. Gen yon diferans ant yon siyal ak sans siyal lan. N ap itilize mo « kreyolofoni » a nan tèks sa a. Men, nou te ka sèvi ak twa lὸt sa yo tou.

Se kon sa nou pral gad nan tèks sa a ki pwoblèm lide kreyolofoni a mennen, epi ki relasyon li kapab genyen ak frankofoni. Nou pa panse 2 mo sa yo se kὸkὸt ak figawo. Men, nou pa panse tou se lènmi yo ye pou sa. Pa menm gen yon depandans nan mitan 2 mo sa yo paske « –foni » yo pataje a se paske se 2 lang ki soti nan laten yo ye. Sa vle di nou pale de kreyolofoni menm jan an kreyὸl nou kab pale de anglofoni oswa kakofoni. Se pa paske yon mo gen « –foni » dèyè l ki fè sa vle di li kont frankofoni. Nan tèks sa a n ap pran frankofoni pou egzanp, men nou gen pou n travay tou pita sou anglofoni ak ispanofoni.

Pwoblèm ki poze, gen plizyè estrikti ki relye sosyete ki te kolonize pa Lafrans yo ansanm pou defann lang ak kilti moun ki pale franse yo. Pandan pa gen okenn enstitisyon ki relye sosyete kreyolofὸn yo ansanm pou defann lang ak kilti tout manm sosyete sa yo. Eske moun ki pale franse yo, ak moun ki pale kreyὸl yo, rive gen menm dwa pou layite lang ak kilti yo, nan pwὸp sosyete pa yo ?

Ki sa ki frankofoni ?

 

Listwa frankofoni a konmanse kay yon jeyograf ki te rele Onésime Reclus pou li pale de rejyon Lafrans kolonize yo. Se nan ane 60 yo, avèk peryὸd dekolonizasyon ann Afrik yo, mo a vin pran sans li genyen jodi a. Men ki sans li genyen ? Nan Diksyonè Kreyὸl Vilsen an, sans frankofὸn la se : « Moun ki pale franse regilyèman menmsi se pa tout tan, kὸm premye osinon dezyèm lang. Moun ki rete nan yon kominote ki gen lang Franse kὸm lang ofisyèl ». Se kon sa, frankofoni a ta rasanble frankofὸn yo. Lide frankofoni a, avèk sans li nan filozofi, se yon Senegalè ki rele Léopold Sédar Senghor ki te youn nan premye moun ki te vin avè l. Li bay premye definisyon mo a nan yon tèks ki rele Le français, langue de culture, li te pibliye nan magazin Esprit nan lane 1962. Nan tèks sila a, Senegalè a fè yon separasyon ant lang peyi l ki se wolὸf, li konsidere kὸm yon « lang powetik », ak franse a li konsidere kὸm lang moun ki kiltive. Li di se nan nannan franse a menm genyen kapasite pou moun fè analiz, pandan nan wolὸf la gen kapasite pou di sa ki nan santiman moun sèlman.

Men ki jan Senghor di l an franse : « Mais ce qui, à première approximation, fait la force des langues négro-africaines fait, en même temps, leur faiblesse. Ce sont des langues poétiques. Les mots, presque toujours concrets, sont enceints d’images, l’ordonnance des mots dans la proposition, des propositions dans la phrase y obéit à la sensibilité plus qu’à l’intelligibilité : aux raisons du cœur plus qu’aux raisons de la raison ». Sa vle di li fè yon separasyon ant lang franse a ki ta yon lang ki bon pou refleksyon ak lang wolòf la ki ta yon lang ki bon pou emosyon sèlman. Nou menm nou di, separasyon sa a Senghor fè a, mete kilti pèp nwa yo nan yon move pozisyon. Paske lang se pati ki pi prezan nan kilti moun. Lè Senghor devalorize lang afriken yo, li devalorize kilti afrodesandan yo, ak kilti zansèt li yo.

Epoutan, nan menm epòk lan, konpatriyòt li Cheikh Anta Diop te tradwi teyori relativite Einstein lan an wolòf. Jouk rive jounen jodi an, lang nou pran nan men ansyen kolon an, ak lang popilasyon an, toujou kenbe menm rapὸ a. Gen yon lang ki sèvi pou bagay entelektyèl ki se lang ansyen kolon an epi gen yon lang ki sèvi pou sa ki emosyonèl ki se lang popilasyon an. Se sa ki fè, 2 kote lang ansyen kolon an gen plis fὸs toujou, se nan zafè literati ak nan lekὸl. Moun k ap fè literati nan teritwa kreyolofὸn yo konsidere lang kreyὸl la pa adapte pou fè literati. Se sa k fè premye lang yo pran pou fè literati se lang ansyen kolon an. Pandan lang kreyὸl la relege nan yon kategori literati emosyonèl ki devalorize l pa rapὸ a yon literati ki ta entelektyèl. Sa al nan avantaj Lafrans ki se potomitan kiltirèl frankofoni an. Frankofoni nou konn jodi a, se li ki chita depi Konferans ki te fèt Niamey lan, ki se lè sa a yo fè frankofoni a tounen yon enstitisyon. Valery Giscard D’estaing, yon ansyen prezidan franse, klewonnen pwojè frankofoni a aklè nan yon diskou li te bay 21 Avril 1974. Men sa li di : « Pouvwa ekonomik yon peyi [Lafrans] ak jan li gaye kilti li toupatou se 2 bagay ki makonnen ansanm…Se poutèt sa kominote lengwistik ak entèlektyèl ki rele frankofoni a, nou dwe konsidere li kòm yon eleman enpòtan nan ajanda politik nou [Lafrans] »1.


 Ras nwa ak lang franse

 

Kilès k ap panse avè n ? Sa pa fè lontan, Dany Laferrière, nan yon entèvansyon li fè sou TV5, di kon sa, frankofoni a ale nan avantaj popilasyon peyi l ak lὸt peyi andeyὸ Lafrans paske li benefisye yon seri ekriven ki rive rankontre kit yo soti Bamako kit yo soti Pὸtoprens. Men, li di kon sa, si sa ba n avantaj sou plan literati, sa pa al nan avantaj nou sou plan ekonomi. Men sa li di an franse « On croit parler littérature mais on parle économie ». Sa vle di, pandan l pèmèt kèk ekriven andeyὸ Lafrans fè boukantay ansanm, sa pa al nan avantaj peyi kote yo soti yo nan zafè lajan. Nan komès liv, 2 enstitisyon ki fè plis kὸb yo se edisyon avèk libreri. Lè n ap pale de frankofoni nan zafè literati, edisyon ki fè plis kὸb yo se edisyon Lafrans, menm jan libreri ki vann plis liv yo se libreri Lafrans. Sa vle di, si frankofoni a benefisye ekriven ki vann anpil liv yo sou plan pèsonèl tankou Dany Laferrière, Lyonel Trouillot ak Léopold Sédar Senghor, nou vin wè Frankofoni an, menm nan zafè literati, pa benefisye ni Ayiti, ni Senegal, ni okenn lòt peyi ki pa Lafrans e ki swadizan « frankofòn ».  Rezon an se paske enstitisyon peyi sa yo pa rantre pwofi ki soti nan vant liv an franse sa yo.

Se kon sa tou nou ka wè se pa sèlman nan zafè ras la yo devalorize moun ki soti nan peyi « frankofòn » sa yo. Men tou, yo devalorize yo nan zafè kilti a tou. Gen yon kalte kilti ki gen tandans mete sa yo rele ras nwa a, ak tout sa ki konsène l, nan yon kategori ki enferyè. Lang li, tradisyon l, enstitisyon l… elatriye. Sa soti nan yon rapὸ kolonyal ki ta vle fè nou konprann gen moun ki moun pase lὸt moun, gen lang ki pi lang pase lὸt lang, gen kilti ki ta gen plis valè pase lὸt kilti. Pandan nou gentan fè yon bèl izaj kreyὸl la sou plan emosyonèl, rete nou pou nou sèvi avè l nan zafè filozofi. Gen yon konplèks yon seri nèg ki entelektyèl genyen, yo panse lang yo pa adapte pou fè filozofi, ki fè yo pran lang blan yo pou fè filozofi, pandan pwὸp lang pa yo rete lang ki pa ta pèmèt moun reflechi. Nou panse sa mete baryè menm pou entelektyèl sa yo, paske pandan blan yo, sa vle di pi fò moun yo ki gen pisans ekonomik ak kiltirèl ann ewòp ak amerik di nò, ap fè literati nan lang manman pa yo, kote yo alèz nèt paske yo benyen nan lang sa a depi yo ti katkat, entelektyèl pa nou yo ap travay nan yon lang kote yo gen mwens konpetans. Sa bay entelektyèl blan yo yon kokennchenn avantaj : yo gen yon pi wo nivo nan pwὸp lang yo pase n paske y ap reflechi epi y ap ekri nan yon lang y ap benyen ladan l depi yo fèt, yon lang ki rele yo chè mèt chè metrès.

Lè kon sa a, nou rantre nan yon rapὸ ki mete nou, dèyè dèyè nèt. Epoutan, tout lang gen kapasite ladan l pou pèmèt moun fè filozofi. Bon sans se bagay ki pi byen pataje sou latè. Yon ekriven ki te fè pati mouvman negritid la e ki ekri yon seri fab an kreyὸl matinikè se Gilbert Gratiant. Men sa li di nou an franse sou rapὸ kreyòl pa li an ak filozofi : « Mais il demeure que le champ du créole est limité. Un traité de physique, de mathématiques ou de philosophie en créole serait à la fois impossible et parfaitement inutile, et il s’agit au surplus, pour leur rédaction, d’une tentative parfois ridicule. » Se sa li di nou nan prefas Fab’ Compè Zicaque. Sa k vin fè, liv monkonpè Gratiant fè kreyὸl la di sa ki nan santiman pandan li limite l nan zafè filozofi. Sa vin bay, antouka si nou pran l sou rapὸ sa a, sa ki rele yon literati ti doudou, kote yo fè pὸtre kreyolofὸn yo kὸm moun ki gen kapasite nan santiman, men, ki pa ka fè filozofi.

 

Aloral avèk Alekri

Nou kapab konstate, depi konmansman atik nou an, nou fikse tèt nou sou sa ki konsène kilti avèk literati. Se paske, ann Ayiti, inegalite lang yo chita pou pi fò nan sektè sa a. Pandan kreyòl la pran plis lejitimite nan politik ak nan pi fò medya (radyo, televizyon). Atout li gen wout pou l fè toujou nan jounal tankou Le Nouvelliste ak Le National. Sèl lang ki ret lejitim pou fè literati ak fè lekòl se franse an. Sa vle di, depi yon moun panse ekri yon liv nan peyi a, premye lang li panse ekri ladan l se lang franse a. Paske si l ekri an kreyὸl, li gen lakrent pou yo pa bay sa l ekri a valè. Si kreyòl la tounen lang lejitim nan lekòl, sa ap pèmèt li lejitim nan literati. Lè yon lang lejitim, se nan lekὸl li plis layite. Tout lengwis dakὸ jounen jodi a, kit yo ayisyen, kit yo blan, fὸk lekὸl la fèt nan lang tout moun pale tou lè jou a. Se kon sa, n ap wete chapo n byen ba pou dènye akὸ Ministè Edikasyon Nasyonal siyen avèk Akademi Kreyὸl Ayisyen pou fè kreyὸl vin yon lang lejitim tout bon nan peyi d Ayiti. Men ki jan akὸ a pati :

« Atik 1. Dokiman sa a se yon Pwotokòl Akò ki angaje Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ak Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) sou fason pou yo kolabore pou pèmèt lang kreyòl la sèvi nan tout nivo anndan sistèm edikatif ayisyen an ak nan administrasyon MENFP.

Atik 6. MENFP ap travay avèk sipò AKA pou yo rive jeneralize itilizasyon lang kreyòl la kòm zouti ansèyman nan tout nivo nan sistèm edikasyon an.

Atik 19. Akò sa a ap kòmanse antre ann aplikasyon nan dat reprezantan de (2) pati yo siyen li. 8 /07/ 2015 »

Depi l pran lejitimite nan lekὸl, ap rete pou l pran teren nan zafè literati. Diskou dominan an nan zafè literati jodi a, gen yon tandans pou bay kreyòl la yon wòl eksprime emosyon nan sosyete a, epi pou bay lang franse a wòl pou l eksprime refleksyon. Diskou dominan an se diskou moun ki gen plis enfliyans nan zafè literati yo kenbe. Se kon sa, avèk plis enpòtans kategori liv woman an pran nan sosyete jodi a, diskou ki gen plis enpòtans nan sosyete a, nan zafè literati, se diskou womansye yo, ki gen sa pou espesyal ann Ayiti, womansye yo mache men nan lamen avèk powèt yo.

Ekriven sa yo defann yon literati bileng ki enskri nan yon rapò ki mete lang kreyòl la nan yon kategori senbolik ki enferyè. Nou kapab konstate si lang kreyòl la pou ekriven sa yo kapab pafwa fè bèl pwezi, menm si sa enpòtan atout kantite a toujou zwit, yo pa itilize lang kreyòl la kòm lang ki pou fè teyori oswa pou ponn refleksyon. Se youn nan rezon ki fè, pandan politik la vin fèt an kreyòl nan peyi a, diskou entelektyèl yo vin ret nan yon lang k ap kite kad politik ayisyen an.

Lang literati an vin separe de lang politik lan. Separasyon sila a fè sa ki entelektyèl pa lejitim ankò nan zafè politik. Li rann diskou politik lan pòv sou plan refleksyon. Se menm jan an, moun k ap fè rechèch solid yo nan peyi a pase tan yo ap pale ant yo menm, san diskou yo ak rechèch yo pa rantre nan chan sosyal ayisyen an. E la a nou p ap pale de diskou ki fèt nan voye monte ni nou p ap pale de lasyans ki kode nan yon vokabilè teknik. Men, n ap pale de diskou entelektyèl ki byen chita, ki disponib pou moun kapab li ak konprann, epi lè sa a gen fasilite pou eksprime yo aloral, yon Ayiti kote gen mwens diskriminasyon nan mitan diskou alekri a ak diskou aloral la.

Ki sa ki ankreyolay ?

 

Ankreyolay se yon pawòl nèf Raphael Confiant pwopoze pou tradwi mo franse « créolisation » an, an kreyòl, pou nou pa annik  pran fòm franse a « kreyolizasyon ». Ki sa ki ankreyolay la ? Yo itilize konsèp sila a nan plizyè domèn, nan lengwistik, nan filozofi, avèk tou nan lòt syans ki pòte sou moun. Ankreyolay la se pwosesis transfòmasyon yon seri kilti jouk yo rive bay kilti nou jwenn Jodi an sou teritwa kreyolofòn yo. Avèk yon lang kreyòl, yon seri pwodwi kreyòl, manje kreyòl, mizik kreyòl, yon sistèm sosyal kreyòl … elatriye. Genyen 2 definisyon ankreyolay la ki te tou dabò gen sans yo nan lengwistik anvan yo vin pran sans nan lòt syans yo. Premye definisyon pi fò lengwis blan yo te adopte se : « lang kreyòl yo se lang ki melanje, e ki pa fin pran endepandans yo de lang ki domine yo a ». Men, èske gen okenn lang ki pa
« melanje » ?  Epi tou, eske nou ka aplike konsèp « pran endepandans » lan sou lang ?  Paske se pa lang ki pran endepandans.  Se moun ki pran endepandans. Se sou baz teyori sila a, lengwis Henri Wittmann te rive ap mande si jouwal, franse kanadyen an, se yon fòm kreyòl li ye ?

Youn nan bagay ki kenbe peyi tankou pa nou yo dèyè, se lè nou pran konstriksyon politik pou bagay ki reyèl. Dapre pwofesè Degraff, premye definisyon sila a sou kreyòl pa gen okenn sans vre nan lengwistik. Ankreyolay la gen yon sans ki sèlman sosyo-istorik. Sa vle di, pwosesis transfòmasyon lang yo pou yo vin kreyòl ayisyen, kreyòl matinikè, kreyòl gwadloupeyen chita nan listwa pèp sa yo ki soti nan lafrik epi ki vin kreye yon nouvo lang nan karayib la ki baze pou pi fò sou franse. Menm jan an, franse a se yon lang ki baze pou pi fò sou laten. Kreyòl la se yon lang nòmal tankou tout lang. Sa klè kou dlo kὸk. Met sou li, mo « créole » nan lang franse a pa gen menm sans ak mo « kreyòl » ki nan lang nou an. Se menm jan ak mo « nègre » an franse an ki pa gen menm sans ak mo « nèg » an kreyòl la. Se sa yo rele fo zanmi, kay lengwis yo.

Si yo itilize mo « créole » la pou yo rabese n, nou pran mo kreyòl la pou n fè l di lòt bagay. Kreyòl se non lang nou pale a, ki chita nan kilti nou, nan chante nou, nan pawòl granmoun nou yo. Lè nou di nèg, nou vle pale de moun menm jan avè n, nan sans sa a, tout ayisyen se nèg. Se sans mo nèg sa a Aimé Césaire genyen dèyè tèt li, lè l vle pale de « négritude ». Men sa l di :  « La négritude c’est s’affirmer en tant qu’homme ». Se kon sa, nou panse mo « négritude » an franse a gen rasin li nan kreyòl. Se pa pou premye fwa, Aimé Césaire prete mo nan lang manman l, paske se lang sa a ki chita nan bonnanj li depi l tou piti. Se kon sa, lengwis Jean Bernabé montre nou gen plizyè mo nan liv Césaire yo se nan kreyòl la yo pran sans yo, tankou « paquet » nan sans « pakèt », « je tire un pied » pou « tire pye » … elatriye. Se menm jan an, lè nou menm nou itilize mo « kreyòl » la nou itilize l nan sans li genyen pou nou menm, e pa nan sans ansyen kolon yo te vle bay li. Anpil moun gen lide chanje mo « kreyòl » la ann « Ayisyen » kòm si pawòl « Ayisyen » an t ap tou chanje atitid negatif anpil moun gen kont lang lan lè nou annik chanje non an. An n sonje mo « Ayisyen » an tou gen aspè negatif pou moun ki pa vle wè Ayisyen, tankou moun ki Sen Domeng yo. Se reyalite an pou nou chanje, se pa sèlman mo an.

 

Idantite kreyòl

 

Dapre Diksyonè Kreyòl Vilsen an, kreyòl la pou youn se lang nou ; men tou, li vle di : « Estil kreyòl. Gen manje kreyòl, gen kwafi kreyòl, gen zanno kreyòl tou ». Gen yon seri entelektyèl ki ta vle separe lang lan avèk kilti an. Epoutan, si kilti a se makòn abitid ak tradisyon ki nan yon sosyete, lang se pati ki pi prezan nan kilti moun. Devalorize lang lan, se devalorize kilti an tou. Se menm jan an, entelektyèl sa yo ta vle separe lang lan avèk idantite an. Jan Jean Jacques Rousseau te di l nan tèks li sou orijin lang yo, ou pa janm konn kiyès ki yon moun anvan ou resi tande l pale. Rechèch nan koze psikoloji demontre nou chak moun idantifye l ak yon lang. Epi menm lè l alèz nan 2 lang, sa rive gen 2 diferan aspè nan idantite l ki manifeste nan chak lang li pale. Men, fòk nou fè atansyon, paske si sa vle di alyenasyon, sa ka yon latwoublay pou sante mantal moun lan. Men ki jan psikològ Florian Craan di nou li ann angle : « In conclusion, in the right context there can be clear benefits to biculturalism and bilingualism. It can positively impact self-esteem, self-efficacy, and positively contribute to identity formation. However when it in some way impedes development or acculturation, it can be a source of stress and have negative impact ».

Kiyès nou ye ? Jan manman lwa peyi a di l, «  Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl ». Kidonk, se lang kreyòl ki fè idantite nasyon an, idantite tout ayisyen. Lè kreyolofoni an devalorize, se ayisyen ki devalorize. Nou pa dwe wont tèt nou. Se sa a menm Pauris Jean Baptiste di n nan tèks ki rele Lang yon pèp charye tou sa pèp sa a ye. Men sa l di : « Ede yon pèp dekouvri lang li nan reflechi sou lang li ak nan lang li se ede li kanpe nanm li devan yon glas ». Ayisyen sa a k ap gad tèt li nan miwa gen dwa fyè kilti l, lang li, idantite l, menm jan ak yon franse oubyen yon ameriken lè l ap gad tèt li nan miwa. Pauris di yon lòt kote :  « Lènmi nou se mepri nou pou kilti nou. Pou lang nou. Pou koulè nou. Pou sa nou pwodui. Pou soulye peyi. Rad peyi. Manje peyi. Moun peyi. » Kilti avèk ekonomi se 2 bagay ki makonnen ansanm. Fè pwomosyon pou lang nou se fè pwomosyon pou tout sa nou di ladan l tout lasentjounen. Nou viv an kreyòl nan peyi a. Mo kreyòl la kalifye tout sa ki fè pati kilti nou ak idantite nou. Menm jan mo a kalifye fanm kreyòl,  bote kreyòl se kon sa tou li kalifye lang nou. Pa gen idantite kreyòl san lang kreyòl.

A tout sa. Se pa paske nou gen diferans, pou nou fèmen idantite nou bay zòt. Louvri idantite nou bay zòt, pa vle di pèdi idantite nou. Li vle di louvri chan idantite nou pou sa ki pou nou yo evolye. Tout kilti pèdire nan boukantay youn pou lòt. Lè yon kilti pa evolye ankò, lè li pa boukante ak lòt kilti ankò, li mouri. Lè kon sa, li fikse, pa gen chanje, pa gen mafwaze pou li ankò. Se sa Octavio Paz di nou an panyòl : « Toda cultura nace de la mezcla, del encuentro, de los choques. Por el contrario, a raíz del aislamiento mueren las civilizaciones ». Nou ka wè kreyὸl la vivan toujou. Kreyὸl la gen jèvrin. E li pa pè pyès lὸt lang. Si kreyὸl la prete mo nan lὸt lang, sa pa vle di n ap pèdi kreyὸl la pou tèt sa. Kreyὸl la plis nan yon lojik ban m, m ap ba w. Si kreyὸl la prete mo soti nan lὸt lang, se kon sa tou lὸt lang yo kab prete mo nan kreyὸl la. Se pa pou nou wont lè n ap pale yon lòt lang epi nou prete mo soti nan lang nou pi alèz la, nan lang matènèl nou. Pi move etikèt nou mete sou mo sa yo se di se « créolisme » yo ye, ak yon sans negatif. Bay zὸt respè, bay pa n valè. San nou pa bliye bèl eritaj ki nan lang nou an, nan bouch granmoun nou yo. Lang nou an se yon bèl zouti ki pèmèt nou analize tout eritaj kiltirèl nou rekonèt tèt nou ladan l. Lang prensipal nou itilize pou fè konnen santiman ak refleksyon nou yo se kreyὸl.

 

Kreyolofoni

Li posib pou n ekri an kreyὸl epi gen lektè nan nivo entènasyonal. Se pa pou anyen woman Frankétienne an kreyὸl la, Dezafi, gen tout enpὸtans sa a andeyὸ Ayiti. Se pa pou anyen tou  Félix Morisseau Leroy te jwe pyès teyat an kreyὸl li Antigὸn nan Pari. Se paske gen yon demann pou sa. Ayiti se pi gwo peyi kreyolofὸn pou kantite moun ki pale kreyòl ann Ayiti epi lòt Ayisyen ki pale kreyòl lòt bò dlo. Menm lè gen diferans pami divès kreyὸl sa yo ki soti nan lang franse, anpil eksperyans nou fè montre pami kreyolofòn sa yo, ki soti nan divès peyi ki pale kreyòl sa yo, youn kapab konprann lòt aloral tankou alekri. M twouve, jodi a, m jwenn plis moun k ap li tèks mwen yo nan nivo entènasyonal depi lè m konmanse ekri an kreyὸl, pase lè m te konn ekri an franse. Gen plis moun ki rekonèt tèt yo nan sa m ekri yo. Diferans ki egziste nan mitan divès kreyὸl yo fè richès yo. E la nou p ap konsidere kreyὸl yo tankou lang ki apa. Spesyalis k ap fè rechèch sou sa yo rele entèkonpreyansyon an montre aklè moun kapab pale lang diferan, epi youn ka konprann lòt. Dayè, se kon sa moun ki soti nan diferan rejyon ann Ewὸp yo te kominike, anvan yo konmanse enpoze lang nan lekὸl nan peyi sa yo. Gen diferan pwogram gwo ὸganizasyon tankou Eurom5 ki vle kounye a fè elèv lekὸl yo pran konsyans kὸman yo kab konprann lὸt lang menm lè yo gen diferans. Si ann Ewὸp y ap fè sa, pou ki sa nan karayib la nou pa ka fè sa ? Met sou li, kὸm lang kreyὸl nou yo poko fin estandadize nan karayib la, nou plis konn sa k rele entèkonpreyansyon an nan pratik li. Ann Ayiti li konn fèt ant dyalèk moun Pὸtoprens ak dyalèk moun Okap. Lè fini, gen yon gwo imigrasyon ayisyen ki ale nan lὸt zantiy yo ki fè boukantay nan plizyè kreyὸl. Spesyalis lang yo tou konn travay ansanm nan nivo entènasyonal. Nou menm nou anime yon paj, yon gwoup ak yon chat sou Facebook ki pèmèt diferan kreyὸl yo boukante ansanm tout lasentjounen. Paj la rele Kreyolofoni. Men la, nou pa vle di pa gen difikilte. Lang ayisyen yo ak lang gwadloupeyen yo fè pati menm fanmi, men nou pa di se menm lang. Kreyὸl yo, sa vle di fanmi lang kreyòl yo, poko fin estandadize nèt. Yo gen ὸtograf diferan. Epi youn pa konprann lὸt aklè. Sa rann konbit lan on ti jan pi difisil. Men, se pa pou n met nan lespri nou, n ap konprann lὸt kreyὸl yo kὸm si se te pwὸp kreyὸl pa nou. Dapre eksperyans nou fè, premye bagay ki pèmèt youn konprann lὸt se ansyen mo ki soti nan franse an, ki rete nan kreyὸl yo depi menm epὸk esklavaj lan, anpil nan mo sa yo pa nan franse an ankò. Apre sa, li varye dapre  moun lan. Fὸk mantal moun lan pare tou pou fè eksperyans lan. Plis moun lan abitye kontre ak kreyὸl diferan, plis li louvri pou sa. Plis li kab konprann. Nou ka wè moun ki soti nan peyi kote yo gen plis chans kontre ak diferan kreyὸl yo, an jeneral parèt nou gen plis konfyans nan entèkonpreyansyon an.

Si kreyolofoni a reyisi, li kab yon egzanp moral pou tout lὸt enstitisyon ki vle kreye lyen nan plizyè peyi sou plan kiltirèl. Fὸk nou di tou, kreyolofoni a sou plan entènasyonal pa limite l nan zafè entèkonpreyansyon. Premye sa l pèmèt, se yon espas pou plizyè kilti kreyὸl brase ansanm. N ap pale tou pou kilti ki nan menm kondisyon sosyo-istorik avèk kilti pa nou an. Nou kab gwoupe yo anba non kilti kreyὸl. Lakou kreyolofoni an kapab pèmèt bèl ti brase nan mitan kilti sa yo. Yo chak pataje nan jan pa yo, kondisyon nou erite de moun ki sot Afrik yo ak kilti yo epi ki kontinye brase l anba sistèm kolonyal lan, jouk yo rive kase chenn lesklavaj. Chak gwoup moun sa yo bezwen sot nan vyè rapò ki rete depi kolonizasyon an. Men anpil, chay pa lou. Tout kote yon lang domine, nou la. Tout kote yon kilti domine, nou la. Se lavni ki trase pou nou, si nou vle sot tout bon nan vye rapὸ kolonyal sa a, ki kite peyi tankou pa nou an dèyè twὸ lontan. Nou kab jwenn anpil, san nou pa gen anyen n ap pèdi, nan fè boukantay ak lὸt kilti. Yo bezwen nou, menm jan nou bezwen yo, pou fè kreyὸl la gen prestij toupatou sou latè beni. Vann pwodui nou yo nan teritwa kote balans ekonomik nou pa pèdan. Se youn nan kle devlopman nou tout.

Dènye mo

Kreyolofoni an pa nan lagè kont frankofoni. Okontrè, jan DeGraff di l nan yon tèks ki rele Lang kreyòl se yon lang total kapital, pou nou rive met chita yon frankofoni solid, nou bezwen yon kreyolofoni ki pi solid toujou. Pou nou alèz ak tèt nou, epi lè kon sa, pi byen louvè kὸ nou bay zὸt. Se pou nou rive soti nan yon vye rapὸ nou erite depi nan epὸk kolonyal lan. Sa n ap di la a pou frankofoni, paske se li ki konsène nou, li valab tou pou lὸt peyi ki te pase anba sistèm kolonyal, epi ki gen sa nou ka rele yon lang ak kilti kreyὸl ki sanble ak pa nou an. Kit se kote yo pale yon lang ki derive soti nan angle tankou Jamayik, oswa kote yo pale yon lang ki derive soti nan pὸtigè tankou Kapvè. Yon rapὸ kolonyal ki di se Ewopeyen yo ki se moun tout bon, nou pa ta moun. Yon rapò kolonyal ki di Ewopeyen yo ta gen plis lespri pase n. Pandan lang ak lespri se 2 bagay ki mele. Youn bay lὸt bourad. Di lang nou pa lang lespri, sa vle di nou ta oblije pase nan lang zὸt pou nou di pawὸl lespri. Bon sans pèmèt nou konprann se pa vre. Sa k rete pou lang nou pran pouvwa nὸmalman jodi a, se pou l soti nan stad aloral sèlman an, pou l pran stad alekri tou nan lekὸl, nan literati, nan administrasyon. Apre sa lajistis gen pou l swiv. Piske se nan lang tout moun konprann lan lajistis ta dwe fèt nan tout peyi. Sinon, se pa lajistis vre. Se pa si tèlman divès lang kreyὸl yo ki reyini nou kòm kreyolofòn ; men, sa ki reyini nou tout bon vre, se yon istwa nou pataje ansanm. Lang yo fè pati de istwa nou, de kilti nou. E nou viv ladan toulèjou. Kidonk, lang yo patisipe nan fὸmasyon idantite nou. San sa pa vle di nou dwe rejte zὸt. Okontrè, se pou n louvè chan idantite nou bay zὸt, pou nou sa gen plis jèvrin. Plis lang nou prete mo nan lὸt lang, se plis vokabilè nou rich. Sa pa vle di n ap pèdi eritaj zansèt nou yo. Lang nou ranpli ak bèl mo ki sot Lafrik.  Lang nou soti ak bèl mo ki sot ann Ewòp tou.  Epi tou gen mo ki soti nan eritaj amerendyen an tou.  Pandan n ap pase nan kreyὸl la nan stad aloral, rive nan stad alekri tou, fὸk nou pwofite boske sa k rete nan lang granmoun nou yo, nan lang peyizan nou yo. Se yon pa n ap fè sou wout endepandans ekonomik ak kiltirèl nou. Men anpil, chay pa lou.

Ti Chal (Fabian Charles)

M ap di pwofesè DeGraff yon gwo mèsi dèske l ede m revize atik sila a. Men, fòk nou asire, si gen erè nan atik sa a toujou. Se mwen ki responsab, se pa li menm.

 Nὸt

  1. Vèsyon an kreyὸl tèks Giscard D’estaing an soti nan tèks Michel DeGraff, An nou sèvi ak lang kreyòl la pou bon jan edikasyon ak rechèch ann Ayiti. Tèks sa a disponib sou entènèt nan sit sa a : http://mit.edu/degraff

Lòt referans

Admiral T. Mozaik kréyòl. 2003. Don’s Music.

Charles, Fabian. Ki sa pale vle di ann Ayiti. 2015. Potomitan, Ayibopost, Nouvèlpam, Parole en Archipel.

Charles, Fabian. Ki sa ki kreyolofoni ?. 2014. Ayibopost. Parole en Archipel.

Confiant, Raphaël. Dictionnaire des néologismes créoles (Pawòl Nèf). 2000. Editions Ibis Rouge.

DeGraff, Michel. Men anpil, chay pa lou : an nou sèvi ak lang kreyòl la pou bon jan edikasyon ak rechèch ann Ayiti. Edisyon otòn–ivè 2013–2014. Tanbou.

DeGraff, Michel. Mit ki pi danjere lengwis envante : Erè ki di kreyòl se lang ki pa nòmal. 2005. Language in society.

Dumont, Jetry. Kreyòl pa lènmi pyès lòt lang. 2015. Ayibopost.

Eksperyans Boukman. Se kreyl nou ye. Vodou Adjae. 1991. Mango.

Oriol, Robert-Berrouët. Questionner le terme « nègre », un mot à l’hérédité lourde dans l’industrie éditoriale. 2015. Parole en Archipel.

Saint-Fort, Hugues. Dérives conceptuelles autour de la dénomination de la langue : créole versus « haïtien ». L’aménagement linguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions. 2011. Éditions de l’université d’État d’Haïti.

Fabian Charles is a haitian poet who studies philosophy and sociology. He already published three books. Séquences d'une confusion nue (2009), Anonymat (2012), Les Racines de la page (2014).

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *