EN UNEPOLITIQUERECOMMENDED

Pou Etazini, refijye Ayisyen yo pa gen menm valè ak refijye Afgan yo.

0

Se krèm sèvo Afganistan k ap chache refij Ozetazini. Imigran sa yo pami pi gwo pwofesyonèl ak entèlektyèl Afgan yo. Yo gen yon pwofil ki diferan de Ayisyen ki eseye antre Tekzas yo.

Pandan Etazini louvri bra l pou l akeyi 37 mil refijye ki soti Afganistan, se nan menm moman an l ap depòte yon pakèt milye Ayisyen. Anpil moun leve vwa yo pou yo denonse politik miwo miba sa a, kote Etazini privilejye refijye Afgan yo.

Ansyen prezidan Georges W. Bush, Bill Clinton ak Barack Obama mete ansanm pou yo ranfòse yon gwoup k ap kreye mwayen pou refijye Afgan sa yo enstale yo Etazini. Ansanm ak madanm yo, yo travay nan yon kowalisyon ki rele Welcome.US (Byenvini Etazini). Kowalisyon sa a genyen ladan l plis pase 250 ONG,  biznismann ak lidè.

Welcome US jwenn bourad gwo biznis tankou Microsoft, Starbucks ak Walmart. Objektif kowalisyon sa a, se rive mobilize Ameriken yo pou yo kontribiye nan ede fanmi Afganistan yo jwenn yon fason pou yo rete Etazini. Sou sit Welcome.US la, moun kapab bay lajan, yo kapab ofri lojman, yo kapab sponnsorize yon fanmi Afgan.

Inisyativ sa a jwenn sipò Depatman Deta Ameriken, ki se ministè Afè etranjè Etazini. Plizyè lidè politik Demokrat ak Repibliken angaje yo pou yo resevwa refijye Afgan nan zòn y ap jere yo. Administrasyon Biden nan anvizaje resevwa jiska 95 000 Afghan Ozetazini.

Se yon operasyon drenaj sèvo Ameriken yo ap fè sou Afganistan.

Pandan tout gwo mwayen sa yo ap deplwaye pou ede fanmi Afgan sa yo relanse lavi yo Etazini, te genyen anviwon 15 mil moun ki te rasanble anba pon vil Del Rio nan eta Tekzas. Objetif yo, se rive rantre sou teritwa ameriken an pou y al chache lavi. Otorite ameriken yo rapòte, majorite moun sa yo, se sitwayen Ayisyen. Men, fòk nou di tou, pami yo, genyen anpil Kiben, Venezyelyen, Dominiken ak lòt sitwayen peyi Amerik Latin ak Amerik Santral.

Pwofil refijye Afgan yo diferan ak refijye Ayisyen yo

Se 123 mil sivil, Ameriken yo ak lòt militè fòs kowalisyon yo rive fè soti nan peyi Afganistan. Depi ane 2001 Etazini anvayi peyi sa a, gen pou pi piti 263 000 sivil Afghan ki te travay ak Ameriken yo. Anpil nan sivil sa yo te travay kòm entèprèt. Jodi a, Afgan sa yo anba menas Taliban yo ki reprann pouvwa a nan peyi a. Taliban yo konsidere konpatriyòt yo ki t ap kolabore ak Ameriken yo tankou trèt. Se akoz menas sa a ki fè, depi lè Etazini deside kite Afganistan an, anpil Afgan ap pwofite kite peyi a.

Dapre Inivèsite Brown, depi lagè a te kòmanse an 2001, gen 5.9 milyon Afgan ki swa kite peyi yo, oubyen ki kite zòn yo t ap viv yo pou al viv lòt kote an Afganistan. Pandan 20 tan Ameriken yo pase Afganistan, yo travay ak yon seri pwofesyonèl nan tout nivo. Yo travay ak plizyè manm òganizasyon sosyete sivil la ak klas politik la, menm jan sa abitye fèt tout kote. Yo fè fòmasyon moun sa yo, ranfòse kapasite ak konpetans yo, epi ba yo mwayen pou yo aplike epi gwosi ekspètiz yo.

Ou kapab li tou: Yon pakèt Ayisyen ap pase yon moman difisil sou fwontyè Etazini-Meksik la. 

Gen moun ki spesyalize nan jesyon stòk, kontabilite, sante piblik, administrasyon, tradiksyon dokiman, ransèyman. Gen doktè, enjenyè, achitèk, jounalis, ekriven, atis ak tout lòt pwofil entèlektyèl ak pwofesyonèl ki fè fòs yon peyi. E menm jan sa valab lakay nou, se pwofil moun sa yo ki premye elijib pou jwenn viza ameriken.

Donk, se yon operasyon drenaj sèvo Ameriken yo ap fè sou Afganistan. Se rezon sa ki fè pòt pawòl Taliban yo, Zabiullah Mujahid, te fè konnen yo p ap kite sitwayen Afgan kite peyi a. Li te di yo pa kontan bagay sa, paske « doktè ak entèlektyèl yo dwe rete pou travay nan domèn yo », dapre sa CNN rapòte.

Pifò moun k ap kouri kite Afganistan, se moun ki edike yo, sitou fanm yo. Lè Taliban yo t ap jere peyi a anvan Ameriken yo te vini, yo te entèdi fanm yo ale lekòl ak inivèsite. Yon fanm pa t kapab soti nan lari san l pa gen yon gason ki akonpaye l.

Depi ane 2009, palman ameriken an te kreye yon pwogram viza espesyalman pou sitwayen Afgan ki te kolabore ak militè Ameriken yo. Afgan ki aplike pou program sa a jwenn repons apre yon pakèt tan. Dapre òganizasyon International Rescue Comittee, depi ane 2014, gen 16 000 Afgan yo bay viza. Gen 70 000 moun ki te aplike pou pwogram sa a, Etazini kite yo Afganistan.

Yon strateji pou afebli taliban yo

Malgre Taliban yo se yon ekip retwograd, yo rive akonpli yon evenman k ap rete nan listwa. Magazin Forbes rapòte, lajan Etazini depanse nan peyi Afganistan reprezante 300 milyon dola chak jou pandan 20 tan. Se pi gwo lame nan listwa limanite ki rive pèdi batay fas ak yon ekip nèg k ap goumen ak sandal nan pye yo. Se 778 milya dola Etazini depanse nan lame l pou ane 2020 an. Bidjè militè Etazini depase depans 11 lòt peyi ki gen pi gwo lame nan mond lan, si w mete tout ansanm.

Ou kapab li tou: Les enfants, grandes victimes du processus de rapatriement des USA.

Malgre Etazini depanse 83 milya dola pou l fòme epi ekipe lame Afganistan an, Taliban yo rive pran kontwòl peyi a san yo pa jwenn rezistans. Sou papye, lame ak lapolis la genyen 300 000 moun.

Pandan anpil moun ensiste sou defèt lame Ameriken, yo bilye si se yon kowalisyon lame ki te anvayi Afganistan. An 2001, Afganistan te gen 130 000 militè etranje ki soti nan 43 peyi. Se Lame Ameriken, Angletè ak Lafrans ki sot kouri kite peyi sa a.

Nouvo ekip Taliban an ki pran pouvwa a, gen yon seri eleman ladan yo, gouvènman peyi Oksidan yo p ap janm kolabore ak yo dapre spesyalis ranseyman, Marc Echinger.

Etazini bloke rezèv lajan bank santral Afganistan. Ameriken yo kite yon seri ekipman yo demilitarize. Sa vle di, menm si Taliban yo ta vle itilize yo, yo retire eleman elektwonik ki enpòtan yo, yon fason pou paralize ekipman sa yo.

Ou kapab li tou: Comprendre la mesure “raciste” qui permet à Joe Biden d’expulser les Haïtiens. 

Se yon operasyon pou pran pi bon sèvo Afganistan Ameriken yo deplwaye. Se ap yon fason pou Etazini ak lòt gwo peyi Oksidan yo afebli rejim Taliban yo, lè yo pa gen konpetans moun ki pou jere peyi a, lè yo pa gen aksè ak lajan rezèv bank yo, epi, yo pa gen mwayen itilizasyon ekipman militè ki rete yo.

Se pou rezon sa a, li pa bay refijye Ayisyen yo menm enpòtans ak refijye Afgan yo. Ayiti déjà genyen plis pase 80 pousan Ayisyen ki gen diplòm k ap viv aletranje. Ayisyen ki soti nan peyi Brezil, Chili ak lòt kote pou ale sou fwontyè Meksik-Etazini yo, yo pa gen menm nivo edikasyon ak pwofesyonèl ak refijye Afgan yo. Se rezon sa ki fè Etazini pa trete yo menm fason.

Commentaires

Ralph thomassaint Joseph
Directeur de la Publication à AyiboPost, passionné de documentaire.

    Comments

    Comments are closed.