Opinions

Pèspektiv | Poukisa yon Vis Prezidan ka kreye plis pwoblèm an Ayiti?

0

Pwoblèm ki fè majorite aktè yo vle yon Vis Prezidans p ap rezoud vre si yo mete yon pòs konsa. Li ka menm vin pi grav

Yon bon valè gwoup ki enplike nan pwosesis refòm konstitisyon an dakò sou yon pwen : fòk ta genyen yon Vis Prezidan an Ayiti. Sòti depi nan travay Komisyon sou Refòm Konstitisyonèl la Chanm Depite a te mete kanpe an 2017 la, pase sou travay Komite Konsiltatif Endapandan an 2020, epi pran lòt pwopozisyon lòt regwoupman fè, majorite moun sanble admèt se solisyon ideyal pou evite lagè pou siksesyon, sitou lè yon Prezidan demisyone, mouri oubyen pa kapab dirije ankò. Poutan, aprè analiz ki pi fon, nou panse mete yon Vis Prezidan (VP) kounya ka kreye plis pwoblèm ke sa nou te ka panse. An reyalite, nou kwè tou, pwoblèm ki fè majorite aktè yo vle yon Vis Prezidans p ap rezoud vre si yo mete yon pòs konsa. Li ka menm vin pi grav. Nan atik sa, n ap eseye chita sou rezon ki fè nou panse sa.

Pou n ka pi byen konprann konsekans ki dèyè yon Vis Prezidans (VP) an Ayiti, an premye, nou dwe gade twa (3) dilèm ki gen rapò ak nouvo pòs sa menm. Lè nou di dilèm, se pou montre nan kèlke swa opsyon yo, Vis Prezidans mache kole ak plis enkonvenyan, nan siskonstans sosyolojik ak enstitisyonèl nou ye jodiya. Aprè sa, n ap eseye vini ak kèk egzanp lòt peyi, kote egzitans Vis Prezidan an kreye dezekilib nan Pouvwa Egzekitif la. Se yon fason pou n eseye pwouve tou, solisyon sa pa pote okenn garanti vre.

Twa dilèm!

Pami rezon ki fè anpil aktè priyorize yon Vis Prezidans an Ayiti, genyen non sèlman nesesite pou evite tout gè politik ki ta ka genyen, lè pou ranplase yon Prezidan ki pa kapab dirije ankò, men genyen tou nesesite pou nou pa reviv yon sitiyasyon kote yon Premye Minis ap eseye bòykote yon Prezidan, paske l konnen pouvwa li sòti nan Palman epi genyen posibilite pou pran plas Prezidan sa. Yon lòt bò, ranplase pòs Premye Minis lan pa yon Vis Prezidans, se nan objektif tou pou retire tout fòm konivans ak machandaj ki te konn genyen ant Palman ak Pouvwa Egzekitif la nan chwa Premye Minis sa. Konsènan premye rezon nou bay la, kidonk lagè pou siksesyon an, listwa Ayiti montre nou, anpil fwa se nan goumen nou rive detèmine oubyen aksepte kiyès k ap vin Chèf Leta, si pou yon sikonstans oubyen yon lòt, Prezidan ki te la ale nèt, san manda li pa fini.

Lire aussi: Un projet de Constitution téléguidé par le Palais national

Aksepte pou mete yon Vis Prezidans mande pou nou fè twa (3) gwo chwa, ki trennen plizyè pwoblèm ak yo.

1) Eske Vis Prezidan (VP) dwe pase nan yon eleksyon oubyen eske se nome pou yo nome li ?

Premye dilèm lan, se konnen si Vis Prezidan dwe genyen yon lejitimite popilè menm jan ak Prezidan Repiblik la atravè yon eleksyon, oubyen si se deziyen pou yo deziyen moun k ap okipe pòs sa. Se vre, fè Vis Prezidan pase nan yon eleksyon ap ba l yon gwo maj manèv lè l ap gen pou l ranplase Prezidan an, paske se popilasyon an ki te chwazi l li menm.  Poutan, opsyon sa genyen yon gwo risk ki mache ak li. Si posibilite bòykòt la te egziste menm ak yon moun ki pa t gen lejitimite popilè, nivo risk sa ogmante nan yon fason eksponansyèl, lè se yon moun ki te eli ki pral ranplase Prezidan. Sa vle di tou, posibilite pou yon Vis Prezidan nui epi chache bay yon Prezidan kou nan do, pa elimine vre. Okontrè, lejitime popilè li genyen an, ka rann li pi konfòtab nan objektif pou l chache pran plas sa, paske l konnen popilasyon an te vote l menm jan ak Prezidan. Kidonk li ka reprezante popilasyon sa menm jan ak Prezidan.

Genyen moun ki avanse kòm agiman : Vis Prezidans lan mache nan lòt peyi. Nou dwe mete yon bemòl sou sa.

Si nou eseye pran lòt senaryo a, kote se nominasyon ki pou fèt pou chwazi yon VP, risk ki te egziste ak lejitimite popilè a disparèt. Men, sa mennen plizyè lòt kesyon. Youn ladan yo se: Kiyès k ap deziyen VP sa? Si se pa Prezidan Repiblik la ki fè sa, se riske tonbe nan yon sitiyasyon ki sanble ak Palman k ap ratifye yon Premye Minis. Nan ka kote lejitimite VP a sòti nan yon lòt antite ki pa Prezidans lan, sa ka kreye konfli ant de enstitisyon sa yo, paske se yon mwayen presyon antite sa tou genyen nan men l. Men nan ka se ta Prezidan ki chwazi VP a, sa t ap enplike, VP a ka nenpòt moun Prezidan vle, menm si moun sa pa ta sanble ka okipe fonksyon sa vre. Yon lòt bò, sa ka enplike anpil machandaj politik tou nan chwa sa. Menm jan konn gen « negosiyasyon » nan deziyasyon Premye Minis, ka genyen gwo presyon ki fèt pou Prezidan pa chwazi VP a poukont li, oubyen pou l ta menm chwazi l nan yon lòt pati. Nou ka konprann konsekans sa ka genyen, si se nan yon pati opozisyon VP a sòti, epi si gwoup aktè sa ta gen espwa mete do Prezidan Repiblik la atè. O final, pwoblèm lan toujou rete yon sèl mòso.

2) Eske Vis Prezidan dwe sòti nan menm pati ak Prezidan oubyen li ka sòti nan nenpòt lòt pati, gwoupman politik ?

Chwazi ant eleksyon oubyen nominasyon VP a mennen yon dezyèm dilèm. Eske VP a dwe sòti nan menm pati ak Prezidan oubyen èske li ka sòti nan lòt pati ? Tabli nan ki pati VP a dwe sòti a enpòtan anpil pou ekilib entèn Pouvwa egzekitif la. Men, menm jan ak Premye Minis lan, yon VP ki sòti nan menm pati ak yon Prezidan pa elimine risk bòykòt la. Sa jis konfòte pati ki sou pouvwa nan pozisyon li, paske si se VP sa ki vin dirije, pati a p ap pèdi enfliyans li. Men, si VP sa ka nenpòt lòt moun, risk pou yon manm opozisyon vin VP egziste tou. Kidonk, risk bòykòt la grandi plis toujou. An plis, nan sitiyasyon sa, si se nan eleksyon VP a pase, sa non sèlman vle di se de (2) eleksyon separe ki pou òganize, men sa vle di tou, sa ka rive de (2) gwoup opoze vin nan tèt Pouvwa Egzekitif la.

Dezyèm kesyon dilèm sa mennen, se : kijan pou ranplase VP a si li ta vin pa nan kapasite pou dirije, li menm tou ? Si VP a mouri, demisyone oubyen trape yon maladi ki fè l pa ka rete nan pòs la, sa enplike Prezidan pa gen moun ki ka ranplase l, si li menm tou li ta vin nan enkapasite pou dirije. Kidonk, tabli kijan pou ranplase yon VP ki pa la ankò, vin yon nesesite. Si se nome VP a te nome, li parèt pi fasil pou ranplase l, men ak tout risk nou sot esplike yo. Men si se nan eleksyon li t ale, sa vle di se yon eleksyon ankò ki pou deziyen yon VP : kidonk, òganize yon eleksyon ki prèske koute menm kantite kòb ak yon eleksyon Prezidan. Pou n ale pi fon toujou, si VP ki te eli a te sòti nan menm pati ak Prezidan Repiblik la, èske sa vle di nan eleksyon antisipe sa yo, nouvo VP a ka sòti nan yon lòt pati ? Pou konbyen tan nouvo VP sa ap eli tou ? Kèlkewa senaryo nou konsidere a, Vis Prezidans lan ap kreye yon gwo risk dezekilib nan sistèm politik lan pou kounya, nan kontèks enstitisyonèl ak sosyolojik Ayiti.

Poukisa pou nou kreye yon pòs politik pou yon moun, kote li prèske p ap gen responsabilite, alòske genyen lòt opsyon (nou dekri anlè a) ki egziste ?

3) Eske Vis Prezidan ap genyen gwo responsabilite oubyen atribisyon li yo ap limite ?

Twazyèm gwo dilèm ki chita dèyè Vis Prezidans lan, se nivo responsabilite VP a dwe genyen an. An premye, nou rete kwè genyen yon règ fondamantal ki pou garanti amoni nan Pouvwa Egzekitif la, si o final genyen yon Vis Prezidans : fòk atribisyon VP a pa fè doublon ak atribisyon Prezidan Repiblik la. Sinon, gen posibilite pou nou jwenn de moun ki ap fè menm travay, ki ap aji kòm Chèf Leta, kote aksyon y ap poze yo ka monte youn sou lòt. Kidonk, sa vle di fonksyon VP a dwe diferan ak fonksyon Prezidan an. Si se sa, kesyon nou dwe poze tèt nou se: ki nivo responsabilite pou VP a dwe genyen ? Menm jan ak apatenans politk VP a, kantite ak tip atribisyon li genyen yo ap detèminan anpil pou ekilib entèn pouvwa yo. Men lè nou analize sitiyasyon an byen, nenpòt nan chwa sa yo ka bay pwoblèm.

Ann gade senaryo kote VP a ta yon senp asistan Prezidan Repiblik la. Anpil moun ka panse, nan ka kote se Prezidan ki ta nome l, li parèt lojik pou VP a ta konfòme l nan yon wòl asistan. Men, sa ta dwe fè nou mande tèt nou tou, èske nan ka sa, genyen nesesite vre pou genyen yon VP ? Poukisa lalwa pa jis prevwa se yon Minis, oubyen Sekretè Jeneral Konsèy Minis lan pa egzanp ki pou ranplase Prezidan ? Yo tout se Prezidan ki nome yo, epi yo sou kontwòl dirèk li. Poukisa pou nou ta kreye yon lòt pòs (sa vle di nouvo depans tou), alòs ke sa n ap chache a ta sanble egziste deja ? Kounya, ann konsidere ka kote se nan eleksyon VP a sòti. Li klè kowabitasyon ant Prezidan ak yon VP ki limite nan yon wòl asistan pa elimine risk bòykòt la, sitou lè se eli VP sa eli. Si n ap eseye kontinye nan liy sa, sa ki pral fondamantal ankò, se pwovnans VP a. Eske yon VP ki sòti nan yon pati opozisyon ka asistan Prezidan an? Egzistans konfli enterè ant de gwoup yo pa pèmèt nou di sa fasil, ni menm si sa posib. Kidonk, èske nou ta dwe asire n ke VP ki eli a toujou sòti nan pati ki an plas la ? Nou retounen nan menm kesyon nou sot trete anlè a, pa rapò ak risk ki lye ak kesyon lejitimite a.

Pou nou kontinye, senaryo kote VP a gen gwo responsabilite yo, se li ki genyen plis risk. Gwo responsabilite vle di, VP sa vin yon pèsonaj enpòtan nan desizyon k ap pran yo. Sa vle di tou, desizyon li yo ka genyen gwo enpak. Kidonk, li ka menm rive vin pi enfliyan epi eklipse Prezidan Repiblik la. Nou pa ka bay tèt nou manti sa, fòm kowabitasyon sa charye anpil posibilite konfli ant de pèsonaj politik yo. Sa ka menm pi grav, si VP sa sòti nan yon eleksyon : sa ki t ap vle di l gen lejitimite popilè. Sa ka pi grav ankò, si VP a sòti nan yon pati ki pa pati ki sou pouvwa a. Si se nome yo te nome VP sa, genyen anpil chans pou Prezidan revoke li, chache fè revoke li oubyen fòse li demisyone. Fòk nou klè sou pwen sa, yon VP ki twò enfliyan, se yon menas pou yon Prezidan Repiblik. De towo pa galonnen nan menm patiray.

An reyalite, nou kwè tou, pwoblèm ki fè majorite aktè yo vle yon Vis Prezidans p ap rezoud vre si yo mete yon pòs konsa.

Dènye senaryo a, se kote genyen gwo limit nan responsabilite VP a. Pa rapò ak kou finansye ki lye ak trètman VP a (sekirite, salè, lojistik ak lòt avantaj…), chwa mete yon VP a, kote nou prèske pa ba li atribisyon ditou (kidonk, li prèske pa genyen travay pou l fè), pa yon chwa ki responsab, sou plan optimizasyon depans : se t ap yon move itilizasyon resous Leta yo, enpo ak taks kontribyab yo. Poukisa pou nou kreye yon pòs politik pou yon moun, kote li prèske p ap gen responsabilite, alòske genyen lòt opsyon (nou dekri anlè a) ki egziste ?

Dezekilib pòs Vis Prezidan kreye nan lòt peyi

Genyen moun ki avanse kòm agiman : Vis Prezidans lan mache nan lòt peyi. Nou dwe mete yon bemòl sou sa. Nan anpil peyi kote Vis Prezidans lan mache, enstitisyon yo gentan fò ase, swa pou evite VP a bòykote travay Prezidan Repiblik la, swa pou rive sipòte depans finansye ki lye ak yon VP, menm lè responsabilite li ta limite a prèske zewo. An plis, menm jan genyen egzanp kote sa mache, genyen anpil lòt egzanp tou kote sa kreye pwoblèm :

1) An 2016, Prezidan Filipin lan, Rodrigo Duterte, ak Vis Prezidan an, Leni Rodrigo, te sòti nan de pati rival. Prezans de pati politik opoze nan tèt Pouvwa Egzekitif la te vin kreye yon tansyon prèske toutan nan tèt Leta. Leni toujou opoze l ak politik piblik Duterte aplike yo, sitou ak mezi epi estrateji Prezidan Filipin lan te tabli pou konbat trafik dwòg. Leni te menm rive kite pòs minis lojman li te ladan l lan, pandan li te Vis Prezidan an, akòz konfli pèmanan sa ant li ak Duterte.

2) An fevriye 2020, Vis Prezidan Afganistan, Abdul Rashid Dostum, te mande moun k ap sipòte l yo, pou yo leve kanpe kont reyeleksyon Prezidan Ashraf Ghani, aprè li te fin genyen eleksyon yo depi 2018. Sa ki pi etonan, se paske Ghani ak Dostum te fè kanpay ansanm an 2014, lè Ghani t ap chache pran premye manda li a.

Lire également: Comment ne pas imputer la responsabilité des crimes au pouvoir en place ?

3) An 2019, Vis Prezidan brezilyen an, Hamilton Mourão vin tounen rival Prezidan Jair Bolsonaro, alòske se Bolsonaro ki te chwazi li kòm Vis Prezidan. Akòz ajenda politik yo ki vin diferan, vin genyen anpil tansyon ant de dirijan yo. Sa vin fè Bolsonaro gen mefyans pou Hamilton.

4) An 2019, Prezidan Ganbi a, Adama Barrow, revoke Vis Prezidan Ousainou Darboe paske te kòmanse genyen tansyon ant Prezidan ak pati UDP a (United Democratic Party). Se Darboe ki te chèf pati a nan moman an. Fòk nou presize, se sou banyè UDP a tou, Barrow te genyen eleksyon pou prezidan yo an 2016. Kidonk, menm si Prezidan ak Vis Prezidan te sòti nan menm pati, sa pa t evite konfli ant yo de a.

Egzanp sa yo, ak lòt ankò, montre konfli entèn ki ka egziste akòz pòs Vis Prezidans lan. Analiz istwa ak sosyoloji politik an Ayiti, epi nivo feblès enstitisyon yo, se yon siy, solisyon sa pa fòseman apwopriye, pa rapò ak kontèks la, pa rapò ak jan nou reflechi epi pa rapò ak estrikti ki an plas yo. Yon Vis Prezidans ka menm lakòz plis dega. Nou ka ap kouri pou yon gout dlo, epi se nan yon larivyè n ale lage kò nou.

 

Photo de couverture: Le Palais National en 2004. Pinterest

Économiste, Ralph Valéry VALIÈRE travaille sur les thèmes liés à la promotion économique, la concurrence et d'autres formes d’analyses microéconomiques (comportement, marché…). Amant fou d’Haïti, il recherche les solutions plutôt que de s’attarder sur les problèmes.

Comments