EN UNEPOLITIQUESOCIÉTÉ

Pa kouri di peyi a pap chanje, ti pèp la twò sòt…

0

Mwen ekri ti tèks sa a, pa rapò ak reyaksyon mwen wè anpil moun genyen apre « Ti Pèp » la te kraze brize Petyonvil jou manifestasyon vandredi 22 janvye a.

Chak fwa gen modèl kriz sa yo, gen anpil moun k ap jistifye rezon pou yo kraze kite sa. Y ap plede di se sèl Jezikri ki kapab fè yon bagay pou peyi a. Nou konnen byen Jezi pa jere dosye Ayiti.

Nou fè tout lavi n, n al lekòl, nou pa janm fè konesans nou itil ti pèp la ki pa gen privilèj nou genyen an. Chak fwa pitit li al lekòl, li pa jwenn pwofesè, li pran lari pou l revandike pwofesè, se gaz ak baton lapolis ba li. Yo di yo se delenkan. Lè sa a, pitit tout lòt moun nan bon lekòl k ap fonksyone nòmalman. Jodi a, nou wè pèp la sòt, epi tout blam nan tonbe sou do l.

Nou aksepte edikasyon bon kalite se moun ki gen lajan ki dwe genyen sa. Epi n ap kritike pèp la pou edikasyon l ki pa fèt.

Nou li nan tout gwo liv, etidye gwo syans tankou Dwa, ekonomi, Sosyoloji, eksetera, nou pa janm konprann responsabilite nou pou nou revandike jistis sosyal pou sosyete a kapab viv an amoni.

Nou nan tout konferans, nan tout fowòm, tout vwayaj entènasyonal nap afiche nou tankou lidè k ap vin chanje peyi. Nou pa janm pran responsabilite nou pou nou goumen kont inegalite kap separe moun chak jou pi plis nan sosyete a.

Tout sa ki gen yon sans, tout atis ki gen yon nivo pwodiksyon ki ka leve nivo panse moun yo, nou elitize yo. Lè pitit nou ap rilaks yo pak kannasik, pitit mas la se ti sourit ONG, Leta ak sektè prive a finanse pou l ka gouye. Kijan nou vle pou yo reflechi, konpòte ak aji menm jan ak nou ? Kijan nou vle pou l santi byen paw se byen pa l, pandan mond lap viv la diferan de pa w la ?

Lè nou rete se kab televizyon etranje n ap peye pou pitit nou gade tout bèl pwogrè k ap fèt nan lemonn, pitit mas la se radotè k ap radote nan tèt li ak vye pwogram televizyon ki pa itil anyen.

Si se pat FOKAL ak Enstiti Fransè, gen yon seri atis, gen yon seri pwodiskyon kiltirèl se sèlman sou afich ti ayisyen t ap gade yo. Se nòmal si Don Kato, Gracia Delva, Sweet Micky, Jakito, Fantom ak Izolan se lidè pèp la jodi a.

Kijan w ap mande yon moun ki pa janm posede anyen nan lavi l pou l konprann kisa sa vle di posede yon bagay ? Kijan w vle pou yon moun ki san avni konprann ke l dwe goumen pou sosyete a kapab pi bon demen?

Moun k ap kraze brize yo, se sila yo ki rete chak jou ap obsève tout machin nèf k ap woule ak gwo kay k ap konstwi nan peyi a, pandan yo pa kapab planifye plat manje yo pandan yon jounen. Se yo menm kap tande eskandal milyon dola mesyedam Leta yo ap vòlè pasipala. Se yo menm, chak fwa ki gen mouvman latwoublay, yo espere manje vyann lakay yo nan peryòd sa a. Menm rezon ki fè y ap di aba Mateli a, se menm rezon an ki fè y ap di viv Jovenel. Se lamizè ki lakoz tout bagay sa yo. Moun sa yo vin vilnerab. Polisisyen itilize yo pou fè zak kraze brize. Si nou gade imaj yo byen, n ap ka wè ki plezi moun yo pran pou yo detwi byen moun. Pou yo menm, se yon fason y ap pran revanch yo sou yon sosyete ki mete yo sou kote.

Endiferans nou tèlman rive lwen, nou pa janm eseye konprann sa sa vle di yon moun ki grangou, ki pa gen lajan, ki pa gen espwa lajan ak manje chak jou lap viv. Nou pa janm eseye konprann sa sa vle di yon papa ki leve lap gade yon pakèt timoun grangou san l paka anvizaje yon solisyon pou yo pa mouri.

Nou frekante gwo lamizè chak jou nan peyi a, nou pito blennde konsyans nou pou n pa reflechi sou li. Nap li chak jou nan tout rapò nasyonal kou entènasonal jan moun ap vin pi pòv pandan yon ti ekip ap vin pi rich. Men, sa pa deranje nou.

Chak fwa yo anonse yon sechrès nan yon rejyon nan peyi a, chak fwa gen yon maladi k ap touye bèt oubyen kraze rekòt peyizan yo, nou pa janm santi pwoblèm sa yo afekte nou, paske se pwoblèm ti pèp yo ye. Nou pa eseye konprann move enpak sa gen sou lavi moun sa yo menm jan ou leve yon bon jou ou san travay, oubyen yon zengledo pase l volè fwi travay ou.

Elit yo pa janm akonpaye mas yo nan revandikasyon yo. Se rezon sa a ki fè mas yo santi moun ki posede yo, moun ki konn li yo, se kont enterè yo y ap travay. An reyalite se sa l ye.

Nou plis sansib sou kijan blan ap wè Ayiti bèl olye nou sansib sou kijan tout Ayisyen kapab viv byen. Nou prefere gen Vyadik, Maryòt, Bès Wèstèn, Dekamewonn ak Labadi olye pou defann Goud la k ap degrengole pa rapò a dola ameriken an. Se sa yo pou n aprann defann. Lè nou pa fè l, moun ki resevwa premye chòk lamizè a reyaji nan fason pa l, nou dyabolize l. Fòk nou konprann gen yon vyolans senbolik kap anmède lespri moun yo chak jou nan peyi a.

Nou aksepte yon sosyete ap fonksyone kote koulè po ap defini enpòtans moun. Nou fe eskpre nou fèmen je nou sou pwoblèm ki gen ant moun nwa ak milat nan peyi a. Chak jou, moun ap viktim imilyasyon nan boutik ak makèt moun po wouj, nou prefere pa pale sou sa kòmsi se yon pwoblèm ki pa deranje amoni nan sosyete a.

Nou dakò viv nan yon sosyete kote se moun ki gen lajan ki dwe gen aksè ak swen lasante. Nou dakò bati inivèsite pou moun rich ak inivèsite pou moun pòv. Nou prefere fè pitit nou vwayaje al etidye nan lòt peyi olye nou konstwi enstitisyon kote tout moun ki gen kapasite kapab reflechi sou oryantasyon sosyete a.

Pran san nou, gade chak jou kantite jenn fi ak jenn gason ki prale nan lekòl machokèt. Gad ki kantite jenn moun ki pral nan yon seri lekòl enfimyè kote yo pap aprann anyen. Men, poutèt se fyèl pitit pèp la yo pral pete, sa pa deranje nou. Kijan w vle apre yon tan lè moun nan wè l pa janm anyen nan lavi l pou l pa gen yon remò kont sosyete a ?

Gen yon demwazèl nan inivèsite a ki te dim, lè l te lekòl kay mè yo, chak fwa yo fè yon bagay ki pa kòrèk, mè a toujou mande yo si yo ta renmen menm jan ak chen ki anfas yo. Chen ki anfas yo, se elèv yon lòt lekòl ki prèske anfas kay mè yo. Men ki fason sa nou rele pi bon lekòl yo ap divize pitit peyi a youn ak lòt. Se pa san rezon nou wè swadizan pi bon lekòl sa yo pa janm bay moun ki gen konpòtman sitwayen tout bon vre. Se pa san rezon timoun yo fòme yo ap repwodui menm chema eksklizyon, divizyon ak separasyon moun ki moun ak moun ki pa moun yo.

M santi se ti atitid chen anfas sa yo nou genyen ak tout moun ki pòv yo. Nou dwe aksepte nou se yon sosyete ki divize. Si nou ta vle korije sa k ap pase yo, fòk nou abòde pwoblèm sosyal yo ak anpil tèt frèt, anpil senserite.

Fòk g on jenerasyon moun nan peyi a ki aksepte koupe fache ak modèl militans pou bèl postè. Fòk nou konprann, jistis ak ekite se bagay ki dwe rive sou tout moun nan sosyete a. Fok nou aksepte tout moun dwe kapab manje, mete rad sou yo, gen aksè ak lakilti epi gendwa reve, espere epi fè pwojè. Fòk nou goumen pou moun yo moun tout bon. Si se pa sa, nou fenk kare wè sa kap pase a.

Se iresponsabilite elit yo, gason ak fanm ki gen konesans ak mwayen ekonomik ki mete sosyete a nan eta l ye la a.

 

Ralph Thomassaint Joseph

Image: Jeanty Junior Augustin

Directeur de la Publication à AyiboPost, passionné de documentaire.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *