Opinions

Opinyon | Sanble lekòl ayiti pi konsèvatè pase legliz

0

Sanble Lekòl la pi sakre ke Legliz ki rive fè adaptasyon ak inovasyon tankou tradui labib, ekri tèks relijye an kreyòl, fè mès franse-kreyòl, selebre mès ak antèman sou entènèt. Jodi a, gen moun ki panse lekòl kolonyal Reto-Filo a ka rete apeprè jan li te ye depi lè nou te komanse Bakaloreya an 1907 sou Prezidan Nord Alexis, sou pretèks nou poko pare.

Prezidan Senegal Léopold Sédar Senghor, fondatè negritid ak minis edikasyon li, Amadou-Mahtar M’Bow, (ki pral Direktè jeneral UNESCO pandan 13 ane), elimine Bac 1 depi ane 1968. Tout ansyen peyi kolonize yo fè menm jan apre endepandans yo, mwens Togo, men ki sou wout. Li pral rejwenn pwojè bakaloreya inik peyi UEMOA (Union Economique et Monétaire Ouest Africaine) yo. Kidonk, tout peyi deside pa pèdi tan ak lajan nan fè Leta evalye 2 ane yonn apre lòt menm matyè yo nan 2 egzamen ofisyèl. Se bon kourikoulòm ki enpòtan pou fòme sitwayen konsyan e aktif ki ka kolabore pou patisipe nan devlopman kiltirèl, syantifik ak ekonomik peyi yo. Sa ki pi enpòtan toujou, se yon lekòl ki p ap fòme yon ti echantiyon ki pa reprezante tout rès popilasyon an kote mwens ke 10% rive fini bakaloreya. Se pi gwo sous enjistis sosyal, inegalite ekonomik ak enstabilite yon peyi.

Pou moun ki anvi yo retire nouvo kou Ekonomi, Literati kreyòl, Edikasyon sivik Nouvo Segondè a pou remete plis lè nan « Lagarde-Michard », paske yo kwè se sa ki fè prestij lekòl la, SONJE LEKÒL PA LA POU TRIYE YON TI ELIT, MEN POU FÒME SITWAYEN KI GEN BON SOLISYON E K AP METE MEN POU EDE REZOUD PWOBLÈM KOMINOTE YO. Toupatou, lekòl pa vle chita ankò sou « konesans ansiklopedik » pou resite pakè anpil liv ki pa bay vre konpetans nan aprann reflechi, pwodui, viv ak travay.

Opinyon | Men poukisa diplòm sètifika te vin plis yon baryè sosyal ke yon egzamen

Malgre 12 mezi yo, nou kontinye ap trennen 13 ane lekòl klasik avan Inivèsite (san bakaloreya teknik), pandan peyi kote elèv nou yo vwayaje pou etid yo gen 12 ane lekòl, tankou Dominikani, Chili, Brezil, Meksik, Kiba, Etazini, Lafrans e latriye. Se anpil tan ak lajan ki te ka itil nan envesti nan pi bon jan enfrastikti, materyèl e sitou ekipman nimerik, pandan nou refokis sou konpetans ki pi enpotan pou 21èm syèk sa. Nan sans sa, lwa sou fòmasyon teknik e pwofesyonèl la pa dwe rete nan tiwa toujou paske peyi a bezwen Lise teknik tou.

Antouka, li pa nòmal pou Lekòl ki dwe avangad tout chanjman ak modènizasyon yon sosyete rete ap gade tout lòt sektè k pa pran devan. Jodi a, preske 2 milyon Ayisyen deja ap itilize lajan mobil sou telefòn yo. Mizik, sinema, espò, relijyon, finans, djòb e latriye ap chanje fason yo rive sou moun. Sa vle di 4 milyon elèv yo p ap tann tout pwofesè, direktè ak Leta pare, pou yo konekte ak lemond e aprann yon lòt jan paske anpil kòmanse gen telefòn.

Li tou: Nesmy Manigat: «Enterè ekonomik manipile anpil opinyon sou zafè refòm»

Jodi a, menm si anpil difikilte rete, baryè yo ap diminye. Kou enfòmatik pa kou laboratwa ak odinatè pou aprann tape, anrejiste fichye ankò. Se konpetans nimerik ki ka devlope sou telefòn, tablèt pou aprann jwenn e triye bon enfòmasyon ak fakenews, pwoteje done ak tèt ou sou entènèt, chwazi aplikasyon, analize ak pwodui kontni, imajine solisyon nimerik, kolabore nan yon pwojè nimerik, achte ak vann sou entènèt e latriye.

P ap gen vre devlopman kiltirèl, syantifik ak ekonomik si lekòl la ap kontinye evolye nan 20èm syèk pandan rès aktè ak sektè yo ap batay ak 21èm syèk sa. Tout jenerasyon dwe metrize istwa l, viv an amoni ak tan l e sitou prepare avni l. Yon peyi ka siviv menm lè l pèdi anpil batay, sèl batay ki fatal e ke li pa dwe pèdi se edikasyon. Toutotan se yon ti echantiyon mwens ke 10%, ki toujou reyisi fini lekòl segondè, san anpil kalifikasyon, Ayiti fèk nan enstabilite. Jodi a, kourikoulòm Lekòl Reto-Filo a ekspire. Se pou sa nouvo kourikoulòm preskolè ak evalyasyon nasyonal nan lekti ak matematik depi 4èm ane fondamantal enpòtan.

Foto kouvèti : Valérie Baeriswyl 

Nesmy Manigat est un ancien ministre de l'Éducation nationale et de la Formation professionnelle. Il occupe actuellement le poste de président du comité de gouvernance, d'éthique, des risques et des finances du Partenariat mondial pour l'éducation (GPE)

    Comments