Opinions

Opinyon | Kisa yon prezidans Trump kapab vle di pou Ayiti ?

0

Trump menase pou mete fen nan pwogram Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ki konte plizyè milye de Ayisyen, yon desizyon ki, malgre plizyè tribinal konteste l, kite yon gwo enkyetid sou lavni anpil Ayisyen nan Etazini

Gen gwo posiblite pou Donald Trump retounen prezidan Etazini nan eleksyon novanm 2024 yo. Si sa rive fèt, konsekans yo kapab katastwofik pou Ayiti, yon peyi ki depann anpil ekonomikman ak sosyalman de dyaspora li nan Etazini.

Atik sa konte eksplore kijan politik imigrasyon Trump yo ka chanje direksyon ekonomi Ayiti, espesyalman lè nou gade rapò Trump Risk Index (TRI), ki se yon zouti Economist Intelligence Unit devlope pou evalye konsekans politik Trump lan ka genyen sou yon latriye peyi nan emisfè a ak lòt kontinan.

Trump Risk Index se yon endikatè ki evalye enpak chanjman politik ki prevwa anba yon administrasyon Trump ka genyen sou 70 pi gwo patnè Etazini yo.

Endis la konsantre sou twa pilye prensipal : komès, sekirite, ak imigrasyon. Chak pilye gen yon pwa selon peyi a. Imigrasyon reprezante 20% nan endis la totalman.

Ou ka pwofite li : Opinion | Les conséquences imprévues de la nouvelle politique d’immigration de Biden

Pou peyi tankou Ayiti, byenke komès ak sekirite enpòtan anpil, se aspè imigrasyon an ki parèt pi enpòtan nan kontèks aktyèl peyi Ayiti ap travèse la, san bliye ekonomi peyi a depann anpil sou lajan fanmi ki sòti Etazini.

Depi lontan, Etazini te toujou destinasyon prensipal pou imigran ayisyen yo.

Gen anpil rezon ki ka esplike migrasyon sa a: apovrisman ekstrèm, enstabilite politik, katastwòf natirèl, ensekirite jeneralize ak chèche lavi miyò.

Jounen jodi a, yon gwo pati nan dyaspora peyi Ayiti baze Etazini. Lajan yo voye chak ane gen anpil pwa nan ekonomi Ayiti. Dapre dènye rapò Bank Larepiblik Ayiti (BRH, sig Franse), transfè lajan dyaspora ayisyen an pou lane 2023, te rive nan 3,8 milya dola, sa ki reprezante anviwon 20% nan Pwodui Enteryè Brit (PIB) peyi a.

Menm si montan sa a te diminye yon ti jan, sètadi 1.2% an mwens pase ane anvan an, li kontinye bay yon « souf » esansyèl pou fanmi ayisyen yo, sitou nan kouvri depans tankou sante, lojman, ak manje.

Transfè lajan dyaspora ayisyen a pou lane 2023, te rive nan 3,8 milya dola, sa ki reprezante anviwon 20% nan Pwodui Enteryè Brit (PIB) peyi a

Nan nouvo manda sa ki posib pou Donald Trump pran an, li konte fè imigrasyon tounen youn nan poto mitan politik entèn li. Li swete pouswiv ak plan konstwi mi nan fwontyè Meksik la, ogmante depòtasyon imigran ki san papye, epi limite kantite viza imigrasyon yo.

Sa ki enplike otomatikman ogmantasyon depòtasyon yo ak yon rediksyon nan opòtinite migrasyon legal. Anplis, Trump menase pou mete fen nan pwogram Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ki konte plizyè milye Ayisyen, yon desizyon ki, malgre plizyè tribinal konteste l, kite yon gwo enkyetid sou lavni anpil Ayisyen nan Etazini.

Youn nan aspè ki pi enkyetan nan politik imigrasyon Trump yo, se efè yo ka genyen sou transfè yo. Lajan sa yo Ayisyen k ap viv aletranje voye bay fanmi yo Ayiti se yon bagay esansyèl pou pèmèt ekonomi peyi a mache. Si restriksyon migratwa yo ta vin pi sevè oswa si depòtasyon yo ta ogmante, transfè yo ka diminye, sa ki pral mete plis fanmi ayisyen nan yon sitiyasyon vilnerabilite ki pi grav.

Pou yon peyi tankou Ayiti, kote transfè lajan yo reprezante yon pati enpòtan nan PIB a, Trump Risk Index montre konsekans ekonomik yo kapab katastwofik.

Lajan transfè yo, yo pa sèlman yon mwayen pou fanmi yo viv ; yo sipòte ekonomi lokal la tou. Si lajan sa yo ta sispann, demann pou pwodwi ak sèvis lokal yo lojikman ap bese, sa ki ap lakoz yon ogmantasyon chomaj ak biznis ki ka fèmen.

Ti biznis yo an Ayiti, ki souvan depann de lajan sa yo, se ap premye viktim yo, sa ki ap anvlimen resesyon ekonomik ki deja elaji nan tout peyi a. Trump Risk Index presize vilnerabilite ekonomik sa yo kòm yon menas enpòtan pou peyi ki depann de Etazini, se ka Ayiti, ki, sitou gen yon relasyon depandan sou komès ak imigrasyon.

Pou yon peyi tankou Ayiti, kote transfè lajan yo reprezante yon pati enpòtan nan PIB a, Trump Risk Index montre konsekans ekonomik yo kapab katastwòfik.

TPS, ki te enstale apre tranbleman tè 2010 la an Ayiti, te pèmèt plizyè milye Ayisyen rete nan Etazini san yo pa pè depòtasyon. Sepandan, Trump menase mete fen nan pwogram sa a, sa ki ka fòse anpil moun tounen an Ayiti, nan mitan tout dezas sekirite peyi an ap afwonte aktyèlman. Li klè leta peyi Ayiti manke prepare fas ak yon sitiyasyon konsa pou l ta akeyi moun yo nan kondisyon ki diy.

An definitif, TPS la p ap sèlman gen yon enpak imanitè grav, men li ka peze anpil sou enfrastrikti ekonomik ak sosyal peyi Ayiti a, an brèf, agrave kriz ki deja egziste.

Yon detay ki enpòtan, restriksyon migratwa Trump pwomèt yo ka iwonikman ogmante imigrasyon iregilye. Si li fèmen tout chemen legal yo, moun yo ap gen tandans chèche mwayen altènatif, ki souvan danjere, pou kite peyi yo. Pou Ayisyen yo, ki dezespere pou jwenn yon lavi miyò, restriksyon yo san dout ap pouse yo pran risk pou travèse fwontyè san papye, sa ki ka ogmante risk pou yo ta viktim abi ak eksplwatasyon.

Trump Risk Index fè konnen imigrasyon iregilye sa yo tou ka gen konsekans inimajinab, pa sèlman pou moun yo, men tou pou peyi orijin yo menm jan ak peyi yo ap tranzite epi peyi ki ap resevwa yo.

Si pandan Trump ta retounen, li ta rive mete fen tout bon ak TPS la oswa ranfòse depòtasyon yo, retou fòse plizyè milye Ayisyen ka gen repèkisyon sosyal grav. Ayisyen ki ap viv Ozetazini pandan plizyè ane, menm plizyè deseni menm, souvan gentan kreye bon jan lyen sosyal epi ekonomik nan peyi kote yo migre a (kreye fanmi, travay, achte byen). Depòte yo an Ayiti, kote opòtinite ekonomik yo ap limite, ka kreye gwo tansyon sosyal.

Ou ka pwofite li : Opinyon | Pwogram Biden se yon avantaj bab ak moustach pou Ameriken

Trump Risk Index pa sèlman idantifye risk yo; li pwopoze tou estrateji pou diminye yo.

Li esansyèl pou Peyi Ayiti chèche altènativ pou l sispann depann de Etazini ak Frè Transfè. Epi, gouvènman ayisyen an dwe ranfòse lyen ak dyaspora ki nan Amerik Latin oswa Ewòp.

Anplis, gouvènman Ayisyen an dwe kolabore ak òganizasyon sosyete sivil ayisyen k ap travay nan domèn migrasyon ak rapatriman, òganis entènasyonal yo pou ranfòse kapasite pou akeyi ak entegre migran ki retounen yo.

Finalman, gouvènman an dwe gen yon diplomasi ki egal-ego ak Etazini kote relasyon de peyi sa yo ta pèmèt pwoteje enterè ak dwa Ayisyen ki ap viv Ozetazini.

Yon lòt gouvènman Donald Trump ka tounen yon dezas pou Ayiti, sitou nan zafè imigrasyon.

Politik Trump yo riske diminye frè transfè yo, ogmante retou fòse, epi agrave apovrisman ak enstabilite (ensekirite ak manifestasyon) nan peyi a.

Li klè gouvènman anplas lan dwe prevwa mezi nesesè pou minimize enpak ki ap pare tann li menm jan lòt peyi, tankou Repiblik Dominiken, koumanse fè sa. Lemonn antye ap swiv ak anpil atansyon evolisyon politik Ozetazini. Ayiti pa dwe ret tankou avèg fas ak yon lavni ensèten li genyen ki nan kouti.

► Otè : Jackson Jean. Li se Aktivis (Nwa), Entènasyonalis (Lagoch), Etidyan Inivesitè nan Filozofi Liberasyon (USI/AFyL)(Ajantin). Li gen yon
Diplòm nan Jesyon Lejislatif ak Politik Piblik (ICaP/UNSAM) (Ajantin).

Imaj kouvèti a, AyiboPost edite l pou dekri politik Donald Trump pou Ayiti.


Pou rete konekte ak AyiboPost :

 Entegre kanal Telegram nou an : klike la

 Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

 Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Comments