Opinions

Opinyon | Èske gason nwa yo matchis oubyen yo twomatize ?

0

Konplèks matchis ki nan maskilinite gason nwa yo se yon twomatis esklavaj ak kolonizasyon daprè aktivis politik Jackson Jean

Jounen jodi a, gen anpil diskisyon nan òganizasyon ak rezo sosyal yo ki ap fèt sou sa ki konsène feminis, sipremasi gason (patriyaka) ak nouvo maskilinite. Obsèvasyon ki ka fèt se :

1) Yon bò, gen yon gwoup gason negasyonis ki kwè radikalman pa gen matchis epi feminis, se yon envansyon blan yo pou fè fanm ak gason goumen epi pou l ka tabli swadizan ajanda l genyen sou omoseksyalite fanm ak gason.

2) Yon lòt bò, gen gason ki kwè gen matchis nan sosyete nou an, feminis lan se yon gwo zouti ki ka ede sosyete nou pi jis nan zafè « jan » (gason ak fanm) ak seksyalite.

Nan dezyèm ka a, ki se pozisyon pa m, refleksyon yo bay nesans otomatikman ak yon lòt deba ki deja ap diskite nan sosyete nou an : Enpòtans pou sosyete an ta gen yon maskilinite ki libere l de matchis lan.

Analiz sa a, mwen te fè l deja pou Jounal Ajanten «La Tinta». Kounye a, an kreyòl, sou fòm dyalòg, mwen adapte l pou m tante reponn ak kèk dout ki genyen sou pakou maskilinite gason nwa a, sètadi antwopojenèz li (orijin ak istwa li) pou rive jounen jodi a nan peyi d Ayiti epi pwopoze yon solisyon.

Se jis nan lane 1990 yo, ta pral kòmanse vrèman gen deba ak etid sou sa nou rele «Jan Maskilen» an.

Matchis, omofobi ak yon pil lòt konplèks vyolan gason ap fè piblisite nan sosyete an – jan sosyològ Pierre Bourdieu defann sa nan travay li sou «Domination Masculine» lan – te konsidere nan sosyete an tankou nòmal epi ki pa ka chanje. Se jis nan lane 1990 yo, ta pral kòmanse vrèman gen deba ak etid sou sa nou rele «Jan Maskilen» an, pliske yo te pral konprann li lakòz menm gason yo viktim yon lide kote maskilen anfas feminen, akoz yon definisyon l genyen ki makonnen l ak virilite.

Men, de ki gason Bourdieu ap pale ? Se te tout gason ki te kapab domine sosyete an ? Gason nwa yo te gen menm privilèj ak gason blan yo ?

Konsidere maskilinite gason nwa gen menm pwosesis istorik epi privilèj ak maskilinite gason blan enplike inyorans sou istwa prekolonyal (anvan kolonizasyon) epi inyorans sou kontriksyon sosyal ak seksyèl afriken, afrolatinoameriken ak afrodesandan yo pandan peryòd esklavaj lan. Se yon ti ponyen zwit syantifik sosyal ak imanitè ki touche maskilinite nwa a nan espesifisite l. Sa a tou fè pati de fason rasis lan manifeste nan lasyans pliske se Lewòp ki se te sant enterè l (ewosantris) depi o kòmansman.

Ou ka li tou : Quel féminisme pour Haïti ?

Anvan enperyalis ewopeyen an te tabli gwojemoni l sou kontinan afriken an, egzistans 2 sèks ak jan (gason ak fanm) epi privilèj yon sèks maskilen pa t egziste nan fason pèp (afriken) sa yo te konprann reyalite monn lan (kosmovizyon). Kidonk, nouvo maskilinite afrodesandan yo se loksidan ki vini ak li. Dayè, yon fwaye selon pèp orijinè afriken sa yo te plis  konsidere kòm yon inyon 2 klan ki diferan oswa linye yon menm klan, pi lwen ke yon inyon pèsonèl ant 2 moun. Te menm gen sa ki rele «maryaj sosyal» lan, kote sa nou ta rele jodi an «fanm» rich te kapab marye ak yon «fanm» ki pòv, yo te menm kapab adopte timoun. Nan kèk lòt ka, te gen sa nou rele jodi an «gason», yo te konn trete tankou sa nou rele jodi an «fanm» e yo te kapab menm marye nan mitan yo, selon sa antwopològ Jack Herbert Driberg devwale nan lane 1923.

Yon lòt bagay ankò, sa nou rele «Sèks» ak «Jan» an pa t janm yon bagay ki te gen awè ak biyoloji anatomi (karakteristik estrikiti kò yon moun) sinon li te lye ak espirityalite. Nan plizyè kote sou kontinan afriken an, «Gouwou» yo ak «Gadyèn» yo se te moun nou rele «omosyeksyèl» jounen jodi an. Yo te moun ki gen anpil enpòtans nan kominote yo. Yon pèp ki rele Dagaaba te kwè moun ki gen oryantasyon seksyèl sa yo te ka kominike ak lespri «Kontombil» yo (se yon seri ti èt esperityèl majik, ki saj epi ki pou bay konsèy. Ki ta preske ekivalan ak sa Ilandè ta rele yo menm nan mitoloji pa yo «Lutin» an).

«Gouwou» yo ak «Gadyèn» yo te moun ki gen anpil enpòtans nan kominote yo.

Nou kapab dekouvri tou yon seri mit ak fèt nan plizyè tribi kote yo te konn onore sa nou rele  jodi a «transseksyalite» a. Se ka, pa egzanp, tribi Lango, nan peyi Ouganda, yo menm yo te kwè youn nan dye yo ki te rele Jok, se te yon «gason», li te transfòme an «fanm». Nan tribi bouganda yo, yo menm yon te gen Musaka se te yon dye «fanm» ki tounen yon «nonm» selon yo.     

Si n kite epòk anvan kolonizasyon an, istoryografi yo demontre kouman, pandan peryòd leve kanpe kont esklavaj nan koloni Sendomeng lan (Ayiti jounen jodi a), te gen yon seri esklavize (moun yo fòse tounen esklav) afriken oswa afrodesandan (paran sila ki se afriken yo), ki pwofite tou revolte kont definisyon ak oryantasyon seksyèl e jan kolon blan yo te enpoze yo an. Se te ka chef rebèl, Romaine Rivière, ki te gen ti non «Pwofetès lan», ki te yon nonm ki kwè lespri ki ap mache ak li an se te yon fanm ; Li te toujou mete rad fanm sou li e l te konsidere tèt li kom yon fanm sou chandbatay 1791 lan. Se te ka tou, Marie-Jeanne Lamartinière, ki te toujou mete rad gason sou li tout pandan li nan batay lakrètapyèwo an, an 1802. Jou k jounen jodi an nou ka wè kouman transjan, transeksyalite, omoseksyalite – nan mit popilè ak imajinè sosyal ayisyen an – se yon bagay ki lye ak espirityalite (vodou).

Kòman pwosesis pou te rive rekonfigire maskilinite gason nwa te fèt ?

Esklavajis yo te konn fòse esklavize yo bliye kilti yo ak pratik seksyèl yo, «Nwa yo, de fèt, tounen choz blan ki posede yo an epi yo te san okenn defans» se sa Victor Schoelcher ekri nan jounal pèsonèl li apre l te fin vwayaje nan koloni Sendomeng lan. Enpozisyon relijyon kretyen an, ki dayè, fonde sou ideyoloji seksis ak patriyaka (dominasyon gason) nan koloni an pandan plis pase twa san (300) lane, pou kont li te sifi pou destriktire òganizasyon sosyal epi konpòtman moun nwa ki te twouve yo nan kondisyon esklavaj.

Frank Tannenbaum rete kwè li menm «Sa ki konstwi mounite nwa yo pa t pèdi nan pakou esklavize afriken ki te sou teritwa panyòl ak potigè yo». Nou ka sèlman voye je gade fratènite ak solidarite ki egziste nan kominote nwa yo jounen jodi an : «Nwa yo rele youn lòt frè m epi sè m», «zansèt nou yo», elatriye. Se yon atitid ki te deja obsève pandan epòk esklavaj lan selon sa Moreau de Saint-Mery oswa Jean-Baptiste du Tertre ta temwanye. Yo te di ak pwòp bouch yo «Lanmou yo gen youn pou lòt se yon bagay san parèy. Sila ki soti sou menm tèritwa yo menm yo te pwòch youn lòt anpil anpil. Epitou, youn te konn ede lòt lè youn malad, yo te toujou preyokipe pou trètman youn oswa lòt resevwa. Yo pa t ka wè zanmi yo k ap soufri zak maltretans san yo pa senpatize ak doulè li yo».

Esklavajis yo te konn fòse esklavize yo bliye kilti yo ak pratik seksyèl yo…

Analiz sa a vre, men an pati sèlman. Anpil rechèch istoryografik ak antwopolojik demontre kòman lesklavaj, pandan tout tan sa, chanje seryezman estrikti sosyal d orijin yo. Menm gen lòt rechèch syantifik ki ta demontre enpak biyolojik esklavaj gen sou gason nwa yo jounen jodi an; se ka rezilta yon etid tankou «Inheriting Racist Disparities in Health : Epigenetics and the transgenerational Effect of White Racism» ki ta pwouve nou rive menm eritye – jenetikman – efè esklav lan. Donk, pa gen dout majorite eleman kiltirèl yo ak sosyal yo pèdi pandan tout pwosesis istorik sa, e pami yo, maskilinite gason nwa te genyen alorijin nan tou.

Ki eritaj kolonyal estrikti sosyal ak gason nwa yo eritye jounen jodi a ?

Otorite metwopòl espanyòl yo, nan lanne 1530 yo, fè konnen, anpil panyòl ki te nan koloni yo se te tafyatè, vakabon, vòlò, eskwo, moun ki gen vye mès, elatriye. Nan koloni fransè yo, menm bagay lan te pase, menm jeneral fransè Reynauld, an 1796 di nan yon rapò, lame fransè ki Sendomeng lan te konpoze ak «solda tout klas, vakabon, trèt, bandi (…) e kèk pami yo se volè ki ta menm merite pou nou pann yo.»

Nan ka Ayiti, pa egzanp, ki se peyi ki gen plis pousantaj moun nwa (95%), espesyalman gason nwa, nan tout amerik lan, li pa sèlman te eritye «machokrasi» (privilèj/pouvwa gason) men tou «kòripsyon fè pati sa nou eritye kòm eritaj kolonyal blan ki te Sendomeng yo kite ak esklav yo ki, malgre yo te rive pran libète yo, te kontinye egzèse menm pratik magouy ansyen mèt yo te konn ap fè, kidonk, yo fè l fè pati kosmovizyon yo (fason yo konprann reyalite monn lan)» selon pwofesè epi chèchè nan listwa, Leslie Pean.

Konplèks machis gason ki nwa genyen jounen jodi an, se yon viris ki gen pou mak fabrik li loksidan.

Kidonk, gason nwa yo – pou m site pawòl Ashis Nandy – yo te pèdi «mwen» yo (« Moi » en franse) – pandan peryòd esklavajis lan. Pandansetan, mèt yo te posede tout privilèj sosyal, ekonomik, politik epi jiridik. Sa ki bay kòm konsekans «sila ki kolonize yo gade sa yo, ak yon rega liks epi gwo kè. Tout rèv yo, se rive genyen menm privilèj sa yo. Sa vle di, chita sou tab kolon an chita, kouche sou kabann kolon an kouche, e si l posib, kouche ak fanm kolon an. Sila ki kolonize an se yon egri», se pawòl Frantz Fanon ta ka di.

Alòs, soti nan epòk kolonyal rive jouk jodi a, gason nwa a, malgre l rive kreye pwòp maskilinite l, sa pa anpeche maskilinite sa oksidantalize pliske se pa yon maskilinite ki konstwi apati de maskilinite orijinè li te genyen an sinon yon maskilinite ki kreye anndan yon sistèm kote loksidan kontinye gen tout privilèj yo pandansetan li menm li kontinye domine. Se rezon sa ki lakòz, maskilinite nwa jounen jodi a kontinye makonnen ak konplèks matchis, seksis, gwosofobi, omofobi ki se karakteristik maskilinite oksidantal lan depi nan kreyasyon li. Mete sou sa, li kontinye gen sikatris yon pil twomatis kolonyal ak esklavaj tankou koloris (privilèj sou baz koulè po ki pi pwòch blan), depigmantasyon po (itilizasyon metòd ki pou fò po vinn pi pwoch blan) epi klasis (privilèj sou baz klas ki pi pwòch klas sosyal kolon yo te fè pati).

Ou ka li tou : Douko: Résultat de la passion haïtienne pour la peau claire

Boutofen, konplèks machis gason ki nwa genyen jounen jodi an, se yon viris ki gen pou mak fabrik li loksidan ki, li menm, te kreye l nan laboratwa esklavajis lan pandan plizyè syèk. Li kontinye ap pwopaje akoz pa gen politik piblik sou koze sa espesyalman nan peyi ki te kolonize yo ak sila ki te metwopòl yo. E kòm konsekans, li lakòz gason nwa pèdi konsyans dekolonyal li dwe genyen jodi a. Se sa ki fè, li santi l se yon «vrè gason», «yon bèl gason», «yon gason enpòtan» tant li aji, konpòte l epi sanble ak ansyen kolon an. Lòt konsekans se, li pèdi tout «konsyans prekolonyal» (istwa, memwa, kilti anvan lesklavaj) pèp li se desandan li an, sa ki fè li kwè milite kont oryantasyon santimantal tankou poli-lanmou (plizyè relasyon santimantal), poligami (genyen plizyè madanm), polyandri (genyen plizyè mari) ak oryantasyon seksyèl, se goumen iwokiman kont vizyon oksidan.

Konplèks ki nan maskilinite gason nwa se yon pwoblem sèlman pou fanm nwa yo ? Ki solisyon ?

Definitivman, konplèks (pwoblèm konsyans pre ak dekolonyal) sa yo ki prezan nan maskilite gason nwa a se yon gwo danje premyeman pou pwòp gason nwa menm jan tou pou fanm nwa, an brèf, pou tout kominote nwa a, kòm kitadire ekrivèn epi feminis nwa Bell Hooks.

Solisyon ki pi efikas lan se ta repanse konstriksyon yon maskilinite nwa sou baz rasin li (kilti ak istwa prekolonyal nou, espirityalite nou). Pou sa, dwe gen bon jan jefò politik epi entèlektyèl pou rekipere memwa afriken ak tayinòs nou yo. Epitou, gen nesesite pou gen bon jan remèd politik piblik pou swanye twomatis esklavajis ak kolonyal lan kite nan sosyete nou an. San bliye, dwe kontinye gen rezistans sosyal ak politik kont neyokolonizasyon peyi ak kominote nwa nou yo ap fè fas. Sistèm, estrikti ak ajan neyokolonizatè yo se pi gwo obstak ki, san okenn dout, ap fè tout sa k depann de yo pou ta anpeche n reapwopriye n de kilti n, istwa n ak patrimwàn nou pliske l reprezante yon gwo danje pou egzistans li.

Jackson Jean
Aktivis (Nwa), Entènasyonalis (Lagoch), Etidyan Inivesitè nan Filozofi Liberasyon (USI/AFyL)(Ajantin)
Diplome nan Jesyon Lejislatif ak Politik Piblik (ICaP/UNSAM) (Ajantin)
Etidyan Mastè nan Entèlijans Estratejik Nasyonal (FCJyS/UNLP) (Ajantin)

© Foto (ilistrasyon) kouvèti a : Love and Support All the Haitian Artists/Facebook


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram li an : klike la

▶ Entegre gwoup WhatsApp li an : klike la

Comments

Comments are closed.