ÉCONOMIEOpinionsSOCIÉTÉ

Opinyon | Vòlè tè se youn nan rezon ki fè envestisè refize met pye Ayiti

0

« Kijan yon envestisè pral fè vin envesti milyon pou l bati yon konplèks touristik si l konnen yon gwoup moun ka peye kèk bandi, epi degèpi li sou tè sa ? »

Depi kèk tan, vire tounen gen yon kesyon vòlè tè k ap pale. Plizyè moun ak enstitisyon viktim. Nan semèn ki sot pase a, Patrick  Benoit viktim fizikman. Wynn Farm tou menase pou pèdi teren l ap itilize a nan Kenskòf. Tou de ka sa yo fè bri nan medya.

Anpil pwojè, plizyè etid ak yon seri refleksyon fèt sou pwoblèm tè nan peyi a pa enstitisyon lokal tankou CIAT. Kèk antite entènasyonal tankou BID ak OFPRA travay sou sa tou. Yo kouvri anpil fasèt de pwoblèm tè peyi a genyen depi fondasyon nasyon an: litij nan tè, vòlè tè, fo papye tè, pwoblèm kadas elatriye.

Aktivite ilegal vòlè tè makònen ak yon gwo kesyon ke nou dwe bay plis atansyon nan sosyete a: kesyon pwopriyete prive a. Byen moun posede nan peyi a ak dwa yo genyen pou posede, devlope epi pwoteje byen sa yo konsène nou tout…

Pratik vòlè tè, se pratik ki vyole dwa moun gen sou byen prive yo men sa pa sèlman yon kesyon jiridik, se yon kesyon ekonomik tou paske libète pou gen byen prive, fè l pwospere epi defann li se yon enstitisyon nan definisyon disiplin ekonomik  gen pou mo enstitisyon an.

Nan yon peyi ki ap mache di rès mond lan li louvri pou biznis, « Haiti is open for business »,  si pwopriyete prive pa garanti, se lave men siye atè. Kijan yon envestisè pral fè vin envesti milyon pou l bati yon konplèks touristik pa egzanp si l konnen yon gwoup moun ka peye kèk bandi, epi degèpi li sou tè sa?

Nou te ka di sa grav men l pa pi mal si envestisè a te konnen li te ka al lajistis pou bandi sa yo epi fè dedomaje li. Men nan peyi n, se pa jodi a moun ap pèdi tè san lajistis pa rive ede yo. Plis tan ap pase, moun sa yo alèz atake gwo pwopriyetè e lajistis pa ko rive mete fen nan sa.

Ou ka li tou: Peut-on résoudre le casse-tête du cadastre en Haïti?

Lè tout zak yo ap fèt san gwo amelyorasyon nan sitiyasyon an, se move siyal ki al jwenn tout moun ki ta panse envesti nan peyi a. Moun ki enterese envesti nan peyi a swiv tèren an, yo etidye l e peye espesyalis analize l anvan yo mete lajan ladan l. Se pa diskou ki ap atire yo ni bèl postè piblisite. Gen sitwayen ameriken, kanadyen ki ayisyen, yo fèt nan peyi a, yo achte nan peyi a epi pèdi byen yo jous yo deside yo p ap janm vin envesti yon goud an Ayiti ankò.

Envestiman se baz modèl ekonomik sosyete n ap viv la. Li kreye travay, li kreye richès, li fè lajan mache nan ekonomi an, elatriye. Se pa tout envestisman ki bay menm randman. Plis envestisman an pi konsekan epi akse sou pwodiksyon ak transfòmasyon, plis li ka pote valè ajoute nan ekonomi an.

Yon bon envestisè vle gen garanti sou envestisman l. Yon bon envestisè ap swete achte tè ak ak kay pandan l ap grandi biznis li depi l gen mwayen fè sa. Chak fwa vye zak vòlè tè sa yo pwodui, se yon envestisè an plis, oswa yon senp sitwayen ki ka deside pa riske kòb li nan peyi a.

Li tou: Plus de 400 œuvres archéologiques haïtiennes volées sont retournées par le FBI

Fanmi yo tou gen difikilte kreye richès, repwodui tèt yo epi kite eritaj pou fanmi yo lè y ap pèdi byen yo. Anpil jenn moun ki antreprenè, ki envesti nan de lide biznis ki amelyore jan n ap viv nan mond lan, kreye travay ak richès se moun ki te jwenn pwoteksyon ekonomik nan sa paran yo te kite pou yo ki pèmèt yo gen libète pran kèk risk.

Gen moun ki fè anpil sakrifis pou kite yon ti byen pou pitit yo pa oblije rekòmanse a zewo menm jan ak yo. Lè zak sa yo komèt san lajistis pa aji, lè gen tout enpinite sa yo, peyi a pouse sitwayen sa yo chache yon lòt kote depanse lajan sa, envesti nan kay nan peyi etranje, kite peyi a, al ofri konpetans yo lòt kote. Se pa san rezon Ayiti se yonn nan peyi ki voye plis travayè kalifye al viv nan peyi lòtbò dlo.

Yon peyi se moun, se tè a, se resous yo. Se tou dwa moun genyen pou travay, posede byen, fè yo grandi epi pwoteje swè fwon yo. Lè yon moun anpare l oubyen detui byen prive yon lòt moun pou satisfaksyon pèsonèl li, lajistis peyi a dwe aji paske sinon, lese grennen sa ap gen konsekans ke nou yonn pa swete pou peyi a.

Gen pwoblèm ke pwopriyete prive soulve tou ki ka mande remete l an kesyon, men garanti ke yon moun pa gen dwa deside yon fason abitrè itilize vyolans fè moun pèdi byen prive li pou l akapare l li menm se yon minimòm nou tout ka egzije.

Emmanuela Douyon

Emmanuela Douyon est une spécialiste en politique et projets de développement. Elle a étudié à Paris-1 Sorbonne en France et à l’université National Tsing Hua de Taïwan. Emmanuela a travaillé dans plusieurs secteurs en Haïti. Elle est fondatrice du thinktank Policité et offre des consultations stratégiques en gestion et évaluation de projets. Outre ses activités professionnelles, Emmanuela est une activiste luttant contre les inégalités et la corruption. Elle intervient souvent dans les médias pour commenter l’actualité et analyser des questions économiques.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *