EN UNEHumourPOLITIQUE

Men sekrè malatchong pou Eleksyon 2016 yo

0

Teks sa se swit « Men sekre malatchong pou Eleksyon 2015 yo »

 

Bonjou kandida pa m,

Mwen tounen ankò, ou sonje m ? Ou malonèt. M te pale avèk ou. Mwen di w afè kanpay 2015-2016 la, se  mwen ki gen sekrè a. Mwen te baw kèk poul, ou pa t kwè m. Nou pa kwè nan ti jèn. Nou pa vle ba yo chans yo. Yon ti kontra pou w te ban mwen, ou t ap fè stil. Ou wè bagay la! Men yo vann pòs ou a pou 500 000 goud. Ou depanse plis ke sa nan Kanpay ou. Sak pi rèd la, kòb sa se te pou 3 mwa, kliyan an pral kouri sou 7 mwa degi la. M te ka evite w sa, men ou pito kite chomaj ap fann tèt mwen. Tchuiiiips!

M te ka pran men w pou mennen w al chita sou chèz boure a plop plop. Bon m di w  m ka fè l ! Ou wè si Olivia Pope te ayisyen, si li te yon gason, se mwen li tap ye. Bon jwèt la poko fini… Avrèdi li rekòmanse e ou gen yon dènye  chans. Kisa k pral fèt ? Èske lè a rive vre ? Oubyen ayisyen pral tounen manje Bannann ? Èske nou pral fè l an Fanmi ? Oubyen Pitit la pral pran plas papa l ?

Pou m ogmante chans mwen, m ap reziyen m  bay tout moun poul fwa sa a. Sa ki vle a kontakte m pou ban m Dyòb la! Kidonk mwen pral pouse nou kèk poul la ki ka mete nou lwen. Rive sou mwen pou rès yo, si nou bezwen  bon.  Map kòmanse ak 2 ansyen finalis yo.

Nèg Pwovèb la, Fè nou tande w! Nou pa mande w chante, ni fè kanaval, men fè nou tande vwa ou plis, tanpri. Pwovèb ou konn ap site konn enkyete nou.  Tankou lè w di : « Sa k te fèt nan vèy la pap fèt nan antèman ». Ba nou detay, pale avèk nou. Rasire nou ke se pa de anteman Ayiti wap pale a.

Epi Fè Ekip bonè tande Patizan! Pitit Bondye te vin sou tè a li pran 12 nèg met bò kote l depi byen bonè. Li pa t mete 12 boujwa, li pa t mete 12 ekspè, li pa t mete 12 sousou, li pa t mete 12 sen. Li konsidere kritè divèsite tankou orijin, klas, pwofesyon ect… Depi byen bonè li prezante yo bay tout moun. Kidonk ou menm tanpri pa monte teren an poukont ou. Pa tann ou rive nan final. Pa tann lè 4 ap mare 14 pou w pran 7 lòt met avèk ou fè 8. Te kwè ou renmen peyi a ! Ou pa wè sa premye kouplè Im Nasyonal la di : « Se pou n mache men nan lamen ». Bon dapre son lari a, ou menm ak 7 lòt yo pa menm kenbe men vre. Pa jwe konsa tande si ou bezwen genyen.

Nèg Bannann nan, Chanje Kwafi. Tankou lot blan an te di:  Sak te mennenw la, pap fè w rive lotbò a (What got you here, won’t get you there). A pati de Jodi a, mwen konseye ou chanje kwafi.  Nou pran Chòv, nou pran Tèt blanch, nou pran Tèt Kale…M pa konn si nap pran Dread. Men mwen tou pale w, kwafi sa pa p fè w byen sou chèz la. Dekale tèt ou frè m!

Ou mèt chanje Koulè tou. Zanmi m, Wòz gendwa koulè lanmou men Ayiti pa renmen li ankò. Dayè ou wè kisa nou tap fete nan nwit Katòz fevriye ki sot pase a. Ou wè kiyès ki chanpyon nan fèt la !

Pwofite Chanje fwi tou ! Ou wè zafè bannann sa patizan, fon w poze sou li tande frè m. Poze sou li nèèètttt ! Wi  nou menm ayisyen nou renmen fritay, nou renmen papita men pa rapò ak denye kanaval ki sot pase la a, moun yo ka pa dispoze manje l nan men w ankò. Nèg ou a fè moun pè ak dosye bannann sa ! Li kite on move gou nan bouch ayisyen sitou nan bouch Madanm kiskeya a. Nan kanpay ou a sonje ou tap bay bannann. Si ou konprann wap vin chita ofri yo li ankò, yap chante pou ou : « Reste debout ! Nou pa makak, monche pito w ofri nou mango »

Si ou ta pran mikwo ou wè gen yon foli bannann ki monte w monchè se pou w Poze, poze, poze, Poze, Poze nèt Jojo. M pale w!

Alòs m pa vle bliye lòt patizan m panse ki gen chans pa yo tou nan sak pral fèt la. Tankou ou menm frè pam, ou pa ka gen kola w ki fre konsa, pou wap goumen pou glas. Papa w te fonde lapatri, ou menm wap mande pou yo ba w kredi pou ti fondasyon…Tchuiiips ! W ap fè kou kreten monchè. Menm jan ak papa w, pran san w pran tan w pou w bay ènmi w yo yon gwo kal. Pa vin ba yo “Fo kal”.

Ou menm tou Madanm, ou mèt pale avèk pèp la klè. Di yo se parèt ou parèt, men se lòt la kap rete. Ou konn pèp la abitye pran Zanana pou Sizann, lè yo wè foto li bò kot pa w la, yo doute. Fè l sòti avèk ou pi souvan. Fè yo wè pou kiyès yo vreman pral vote a.

Lèfini, nou wè blan an, m ap di nou sa, li malen anpil. Fòk nou veye l. Afè mete l deyò a pa yon bon lide. Pito nou envite l nan pwogram nan, epi nou bloke l nan pòt la. Li tankou Tom Cruise nan Mission Impossible. Lè ou di l pa vini, lap pase « par la petite porte » kanmenm. Blan wi yo diw !

Oh m manke bliye ! M ap di nou, depi se mandatè, atoufè, patenè nou genyen nan sant vòt yo, ba yo chak yon bwat sèl pou veye Zonbi. Ayisyen gonw mòd li di w bagay yo pa legliz, ebyen nan eleksyon sa « Bagay yo pa simityè ». Pa gen kote pou zonbi vin pyafe la. Menm si Papa ta leve vin vote pitit li, pa gen pas pou ki.

Lèfini tou, ou wè lè nap fè yon bagay, fòk nou rete fokis sou sa nap fè a. Pa gad agòch, ni adwat. Pa gen tan pou radòt tankou zafè De-risking, Menas Anbago, Lopital ki fèmen, Etidyan k ap anmède moun, Chanjman Klimatik, Varyasyon pri gaz, rantre  lekòl lan …Thcuiiiips ! Voye monte mesye, nou pa gen tan pou n pèdi !

Bon mesye dam, jwèt nan men nou, mwen ba nou chak bon jan poul  pou nou vanse pi pre chèz boure a. Nou gen kontak mwen. Sak rele m anvan an, se li map bay sèvis.  Mache prese wi paske: Si nou Renmen Ayiti, lè a rive pou n manje bannann an Fanmi ak Inite san Respè, san Bouclier, ni Verite pou n ka fè Fusion ak tout Pitit Desalin!

Steeve Bazile

Je suis Steeve Bazile, entrepreneur, journaliste, mais avant tout amateur de littérature. J’ai trouvé en cette dernière, un trésor surpassant toute forme d’intelligence : le bon sens. Le mien étant régulièrement aiguisé, je m’arroge donc de dire, de débattre, d’opiner, de contester, de questionner tout ce que je crois comprendre. Un érudit, dites-vous! Mais non, je ne suis qu’un profane… Le profane avisé!

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *