EN UNEPOLITIQUE

Men sekrè malatchong pou eleksyon 2015 lan

0

Bonjou Kandida pam,

Mwen se Steeve Bazile, referans paw nan koze relasyon piblik. Kòm se kliyan map chache e ou poko kwè nan mwen, map ba’w  yon konsiltasyon gratis nan zafè kanpay elektoral ann Ayiti.

Gen anpil bagay ou ka fè ki pap koute chè e k ap bay anpil rezilta nan objektif kanpay ou. Men 5 konsey oubyen demach ou ka aplike nan moman an kap asire w popilarite. Atansyon! Ou ka pa bon wi (eleksyon pa piyay), men wap popilè kanmenm. Men yo:

1- Banalize Entelèk ak lekol. Pa egzanp, vin ak slogan tankou: Lekol pa bay, Ayiti pa bezwen bèl pwojè, ni moun ki gen 2, 3, 4 Dis Plom… Men pa di yo konsa non… Fok li fè sansasyon ( nou mèt wè avèm pou plis detay).

2- Fè non w nan domèn tankou mizik, blag, radote… Men fok teks ou yo pa pale de bagay serye oubyen moral. Di anpil betiz, fè promosyon yon seri de pratik tankou fanm deyò, banboch san mezi… Yon lè konsa ou ka pale de “Yon ti moral ».

3- Fè foto ak Roody oubyen Rutshelle. Si ou jwenn  tou lè de, ou bon nèt, wap « Special » nan je pèp sa. (Rorolight Studio ka jere sa)

4- Fè yon ansyen prezidan ki trè popilè pale pou ou. Menm si li pa site non w, Menm si li pa bay opinyon li de pwojè w,  Menm si li pa voyew monte.

5- Fè atansyon ak pesonaj medyatik ke ou ta vle itilize yo. Gen kèk Jounalis politik  ki pa on bon opsyon. Popilarite yo komanse dichaj, donk yo pral bat pou yo full sou do w. Map pwofite salye Nancy Roc ak Valery Numa sou trak sa. Janm tap di nan Rekomandasyon (1) an, se medya kiltirel , emisyon ak magazin “People” ki a lamod nan moman an. Donk plis Kolabore ak moun tankou Carel Pedre, Junior Rigolo. Ou ka fè yo vin lakay ou pou prezante w tankou Majisyen machoket … Si ou pa jwenn sa yo reziyen ou ak Evens Jean, Zagalo, Brégard elatriye…

A bon  « Folipouvwa », salut!

Steeve Bazilesteeve b prezidan

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *