ÉCONOMIESOCIÉTÉ

Men pwosesis pou jwenn lajan yon pwòch ou ki mouri kite labank

0

Lè yon moun mouri, si li te gen mwayen, toujou gen kesyon ki ap poze sou byen l. Konnen tout sa pou fè si yon pwòch ou ki mouri ta gen yon kont labank, se enfomasyon anpil moun pa janm rive konnen.

Kreye yon kont labank fasil. Men lè yon moun mouri, li pa toujou fasil pou fanmi l benefisye lajan sa a. Paske, menm si moun ki mouri a te bay yon moun dwa siyati sou kont lan, depi l mouri dwa siyati a anile

Yon responsab nan youn nan bank nan kapital la fè konnen depi bank la aprann lanmò yon kliyan l, bank lan ap bloke kont moun sa a.

Mete yon avoka sou dosye a

Se pa tout fwa bank lan konnen lè li gen yon kliyan l ki mouri pou l ta bloke kont sila a. «Sèl fason pou jwenn lajan yon pwòch ou ki mouri kite sou kanè l si li pa t bay dwa siyati sou kanè sa, se kontakte yon avoka», se sa responsab bank la fè konnen. Men, depi bank la konnen kliyan an mouri, menm dwa siyati yon moun gen sou kont lan ap anile.

Selon sa responsab bank la di, avoka ki sou dosye a ap genyen pou l ekri direksyon tout bank pou mande yo, si kliyan sa a te gen yon kont bankè lakay yo. Si avoka a jwenn moun nan te gen kont nan yon bank, tout pwosesis legal pral aplike pou fè fanmi an osnon eritye a jwenn eritaj la. Pwosesis legal la se li ki pral pèmet avoka bank la ak avoka fanmi mò a tabli lyen ki genyen ant moun ki mouri a ak eritye a osnon ak fanmi li.

«Si tout pyès ki mande pou sa ta rive prezante jan sa mande, responsab bank la kontinye pou l di, se lajistis ki ap bay desizyon final la». Se lòd jidisyè a ki pral di bank la men kiyès nan fanmi mò a ki dwe eritye kòb sa.

Demach legal pou rive jwenn kòb moun ki mouri a

Tout moun ki ta vle pran kòb yon fanmi l ki mouri kite sou kanè l genyen yon demach legal pou li fè. «Kanè a, batistè, papye ki pwouve moun nan mouri a, papye notè (acte de notoriété), konsèy familyal, fich pèman «droit de mutation», se tout dokiman legal pou bay, Selon avoka Ludwig Leblanc, pou tanmen ak demach la.        

« «Droit de mutation» an se yon taks Direksyon Jeneral Enpo (DGI) pran son kont tout moun ki mouri», se sa mèt Leblanc di. Se nan DGI fanmi mò a ap gen pou li peye taks sa a ki pa depase yon pousan (1%) valè lajan ki sou tout kont moun nan te genyen labank.

Papye notè a se yon dokmiman ki prepare devan yon notè. Dokiman sa dwe ekri devan 3 temwen. Se li ki pral di konbyen moun ki eritye nan lajan sa ki rete sou kont bankè moun ki mouri a.

Pou konsèy familyal la, dokiman sa gen tout enpotans li lè eritaj la se pou yon ti moun li rete osnon, gen yon ti moun nan fanmi an ki gen pati pa l nan byen an. Se dokiman sa ki pra l di men kiyès nan fanmi an ki gen dwa pou jere mòso lajan pa ti moun nan jouk li majè.

Depi tout dokiman sa yo disponib, fanmi mò a kapab rele bank la nan tribinal pou kont la kapab rive debloke. «Bank la gen pou devwa voye avoka pa l pou verifye dokiman yo, ak gade si gen bon jan lyen ki tabli ant moun ki mouri a ak fanmi l osnon eritye a», se sa mèt Leblanc fè konnen. Si lyen yo egzat, avoka bank la pra l òdone pou debloke kont sila a.

Jijman sa ap fèt nan yon tribinal ki nan jiridiksyon kote bank la ye a. Selon avoka Ludwig Leblanc, jijman sa fèt devan «la chambre des référées». Se desizyon final jijman sa a ki pra l fè bank la debloke kont la. Lè sa a, bank la ak kapab fè yon chèk direksyon ak tout kantite kòb ki te rete sou kanè a sou non benefisyè a.

Kont bankè ki gen anpil tan ki pa janm sèvi

Gen anpil kont bankè moun ki mouri, fanmi yo pa janm reklame kòb la. Kont sa yo ap vin inaktif apre yon lane, epi bank la ap bloke yo apre 2 lane pou pi plis. «Bank la gen yon pousantaj tou piti li ap pran nan lajan an chak mwa pou l kontinye jere kont sila a», sa se eksplikasyon mèt Leblanc. Pousantaj sa a rele «frais d’entretien».

Aprè dis lane, bank la ap transfere kòb ki sou kont inaktif sa a nan Bank Santral (BRH). Lajan sa vin genyen pou non : «fonds délaissés». Bank la vin pa gen anyen pou wè ak lajan sa ankò. Bank Santral li menm ap kontinye konsève kòb sa jouk fanmi mò a vin reklame l ak bon jan pyès ki nesesè pou sa. Toutan reklamasyon an pa fèt, lajan ki sou kont sila a ap rete nan men Leta.

Emmanuel Moïse Yves

Imaj: Georges Harry Rouzier

Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments