SOCIÉTÉ

Men poukisa pi fò materyèl ki la pou netwaye lari a kraze nan garaj

0

Machin ki la pou ranmase fatra, debleye wout lè lapli fin tonbe ak sa yo ki itilize pou netwaye gwo kanal yo, se kèk pami anpil byen Leta k ap gaspiye nan garaj. Alòske machin yo itilize pou biwo anpil ministè ak direksyon nan Leta a jwenn pi bon trètman lontan pase machin k ap sèvi tout popilasyon an

Si lari a sal kou peny ti dan, labou ak anpil gwo ma dlo anvayi anpil kote nan kè vil la akoz kanalizasyon yo ki bouche, se paske anpil materyèl nan Leta a ki ta dwe fè travay netwayaj yo pa an fonksyon. Pami yo nou jwenn traktè, bouldozè, kamyon, bakolodè, elatriye.

Se vre : materyèl sa yo paka rezoud pwoblèm ki site pi wo yo si pa gen previzyon ki fèt. Nan yon entèvyou enjenyè Frantz Benoît te bay Ayibopost, li te di gen anpil travay kanalizasyon ki fèt depi nan ane 1980 yo ki pa janm gen pase men ki fèt ladan yo jis jounen jodi a.

Men, apre Ayibopost fin pase nan plizyè garaj Leta, nou rive konprann machin yo itilize pou biwo anpil ministè ak direksyon nan Leta a jwenn pi bon trètman lontan pase machin k ap sèvi tout popilasyon an.

Alòske, tout machin ki nan garaj Leta yo ta dwe repare pou fè sèvis Leta nan bay popilasyon an sèvis kòmsadwa. Kit li se machin minis, direktè jeneral, chèf sèvis, osnon machin pou fè sèvis piblik yo.

Envantè kèk garaj nan Leta

Nan jounen mèkredi 22 janvye a, lakou ministè Lajistis te gen plis pase 100 machin ki te pake soti depi devan baryè a pou rive jouk nan garaj la.

Rive nan garaj la, nou te jwenn Bòs Sonson ki t ap chanje lwil nan yon machin. Bòs Sonson pa t vle pale, li mande pou nou wè ak dispatcher ministè a, Kingsly Augustin.

Kingsly Augustin pa t vle bay twòp enfòmasyon paske li di se administratè a ki dwe ba l otorizasyon. Selon sa li fè konnen, ministè Lajistis gen plis pase 120 machin.

«Se ministè a ki responsab bay anpil jij nan peyi a machin. Men, pa gen anpil machin nan garaj la ki pa an fonksyon », se sa li di.

Augustin kontinye pou li di, sa yo ki pa sèvi yo se machin ki gen plis pase 10 osnon 12 lane depi y ap fonksyone. Konsa, depi sa yo rele « valeur residuelle » la depase 600 000 goud, ministè a kite yo pou Koudèkont vin fè envatè epi pou mete l sou responsabilite Direksyon jeneral enpo. Se enstitisyon sa a ki jere tout byen Leta.

Lè n fè yon kout pye nan ministè Fanm, pa t gen yon garaj fòmèl men nan lakou a te gen 8 machin ki pa an fonksyon. Yo bay aparans machin ki kanpe depi kèk lane. Pousyè anvayi yo, epi kawotchou yo plat. Anndan ministè sa pa gen yon responsab garaj osnon yon teknisyen ki ap jere machin.

Anba sou channmas la genyen ministè Komès ak Endistri epi ministè Touris. Molet Bounard se youn nan mekanisyen ki travay nan garaj ministè sa a depi sou dezyèm manda prezidan Preval la. Nou te jwenn li ap monte yon master clotch 400 nan yon Nissan Patrol.

Selon sa Bournard fè konnen, ministè a gen 11 patrol, 1 peugeot, 4 pick-up, 2 toyota ak 1 ford. Men li di gen kèk direksyon ministè a ki nan lòt depatman ki konn vini ranje machin. « Yon sèl Patrol ki gen la a ki pa mache, li gen pàn motè », selon sa li di.

Li ajoute pou li di gen yon ti kès ki la pou reparasyon machin yo. Nan ministè Touris li menm, te gen 7 machin ki te kanpe, men nou pa t ka jwenn yon moun pou ban nou enfòmasyon sou biwo Leta sa a.

Garaj SEEUR ak SNGRS

Kidonk, pat gen anpil machin an pàn nan garaj ministè yo. Se pat ditou menm reyalite a pou kèk sèvis Leta a mete sou pye pou fè travay piblik yo, sitou nan sa ki gen pou wè ak travay pwòpte nan peyi a.

Sèvis ki ap pwòpte kanal yo (SEEUR) se youn nan enstitisyon Leta ki anba ministè ki dwe fè travay piblik yo (MTPTC). Selon konsta, genyen plis pase 60 materyèl ki kanpe sou lakou a ki p ap mache. Rive nan biwo a, youn nan responsab sèvis sa a di li pa p pale akoz jan sitiyasyon politik la ye kounye a.

Selon sa enjenyè Theresa Altidor te fè konnen pandan lane 2019 la, te gen sèlman 12 kamyon ki te fonksyonèl pou enstitisyon sa. Alòske li te di, nòmalman sèvis la ta dwe genyen pou piti 50 kamyon pou ta pwòpte lari a aprè travay netwayaj tou rego yo.

Se menm bagay nou konstate nan Sèvis nasyonal ki ap jere fatra pou tout peyi a (SNGRS). Nòmalman sèvis sa ta sipoze chaje materyèl paske li sòti nan yon senp sèvis ki te konn travay nan Pòtoprens ak tout lòt gran vil ki pre li yo pou li pase kòm yon sèvis nasyonal (nan tout peyi a).

Daprè sa Faustin Hyppolyte, yon anplwaye ki gen 9 lane anndan bwat sa di, genyen yon sèl bobcat, li gen pàn kawotchou, gen yon loader, 3 kamyon baskil, 3 roll off ak 8 konpresif men se sèlman 3 ki fonksyonèl.

Men li aprann nou te gen 29 konpresif, 46 kamyon baskil, 4 loader ak 3 bobcat ki te fonksyonèl nan enstitisyon sa. Sa ki te konn pèmèt yo fè 4 ekip pou rive fè fas ak kantite fatra rejyon metropolitèn nan te konn pwodui.

Eta garaj yo

Nan tout garaj nou vizite yo, se garaj ministè Lajistis la ki gen plis ekipman travay. Nan garaj sa a, mekanisyen yo t ap pase men nan anpil machin. Gen ministè ki pa gen garaj. Yo senpman rele yon mekanisyen vin leve yon pàn pou yo osnon yo itilize garaj prive.

Men, garaj lòt enstitisyon tannkou SNGRS ak SEEUR pa t ap fonksyone nòmalman, mekanisyen yo kè pòpòz malgre anpil machin anpàn t ap taye banda sou tout lakou yo.

Li tou: Saviez-vous que le SMCRS n’existe plus?

« Se pa volonte nou pou nou pa fè anyen si Leta a pa mete ekipman epi achte pyès ki nesesè pou travay yo fèt », se sa yon mekanisyen SEEUR ki pa vle site non l di.

Mekanisyen Moulet Bounard ki nan garaj ministè Komès fè konnen, si yon machin gen pàn li annik fè profoma a voye nan direksyon ministè a. Si ti kès ki rèzeve pou sa a gen mwayen, direksyon an ap bay lajan pou achte l. Men, li fè konnen sou manda prezidan Preval, li te konn ale achte pyès nan magazen k ap vann pyès machin yo, aprè Leta peye fakti yo pa chèk.

Lameri pote anpil konkou

Anpil meri bay jarèt nan fè travay pwòpte lari ak materyèl tankou kamyon baskil yo genyen. Men, nan garaj Leta sa yo ki sitou fè sèvis piblik yo, pi fò machin yo anpàn. Sa ki fè gen anpil feblès nan entèvansyon enstitisyon sa yo selon Maurice Abraham yon lòt anplwaye SNGRS.

Boutofen, gen anpil nan machin ki kanpe nan garaj nan kèk ministè se sitou machin yo konn bay mekanisyen yo ranje. Nan prèske tout ministè AyiboPost pase, garaj yo osnon nan paking yo toujou gen pou pi piti 2 kamyonèt ki kanpe ak kawotchou plat epi anpil pousyè sou yo.

Commentaires

Emmanuel Moïse Yves
Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments

Comments are closed.