Daprè sa otorite lameri Kenscoff fè konnen, bandi yo te deja rantre nan kèk lokalite depi nan lannuit 26 janvye a. Se nan maten jou 27 la yo kòmanse asasinen sitwayen ki t ap viv an tout trankilite nan zòn lan, epi boule tout sa yo jwenn sou wout yo.
Toudabò, ann gade kisa k pase nan Kenscoff dènye jou sa yo ki lakòz anpil SOS pa sispann lanse pou pwoteje lavi ak byen nan komin nan.
Nan dat 27 janvye 2025 lan, plizyè bandi ki ta soti nan yon gwoup gang nan zòn Ti Bwa Krisla ap dirije, atake plizyè lokalite nan Kenscoff, ki pa twò lwen ak komin Kafou, ki li menm deja anba kontwòl bandi.
Daprè sa otorite lameri Kenscoff fè konnen, bandi yo te deja rantre nan kèk lokalite depi nan lannuit 26 janvye a. Se nan maten jou 27 la yo kòmanse asasinen sitwayen ki t ap viv an tout trankilite nan zòn lan, epi boule tout sa yo jwenn sou wout yo.
Selon bilan pasyèl Lameri bay, soti lendi 27 rive mèkredi 29 janvye a, bandi etenn souf plis pase 50 moun epi boule yon swasantèn kay.
► Avan menm dram sa a te rive, Lameri Kenskòf ki di l te okouran yon mwa alavans de menas yo, te soti nòt, nan dat 24 janvye 2025 la, pou anonse kèk mezi tankou : sispann tout aktivite kiltirèl ki konn fèt nan komin lan; tout klèb, restoran, elatriye dwe fèmen pòt yo apati 9è nan aswè, epi lanse yon kouvrefe sou tout komin lan, depi l fè 10è nan aswè jis rive 5è nan maten pandan yo presize entèdiksyon yo mete pou motosiklèt sikile pandan entèval kouvrefe a.
Anplis de tout mezi sa yo ki te piblik, responsab yo fè konnen yo te deja avèti otorite polisye yo de menas yo. E se sa ki pouse Emmanuel Pierre ki se administratè meri Kenskòf la mande tèt li si otorite yo te pran menas yo vrèman oserye:
Anplis de otorite ki alatèt komin nan, anpil sitwayen kontinye ap mande tèt yo : kote lapolis te ye ki fè tout dega sa yo gentan fèt ?
Enben, nou pa poukont nou, paske menm premye minis Alix Didier Fils-Aimé ki se chèf Konsèy siperyè polis nasyonal la ap chèche menm repons lan tou:
► Kounya a, ann poze yon kesyon ou sandout ap poze tèt ou: poukisa gang « Viv Ansanm » bezwen gen kontwòl yon komin tankou Kenscoff ?
Pou w ka byen konprann, ann dekouvri ansanm ki kalte komin Kenscoff ye.
Toudabò, ki kote non zòn sa a soti menm ? Gen de (2) ipotèz ki egziste.
Premye ipotèz la t a fè kwè non Kenscoff la soti apati non « Kerenskoff » ki te yon jeneral anglè Alexandre Pétion t ap konbat nan zòn ki se Petyonvil jodiya, nan lane 1797. Apre plizyè èdtan batay, jeneral Pétion rive arete l epi depòte l.
Dezyèm ipotèz la, se yon ansyen jewograf epi ofisye ayisyen ki rele Sémexan Rouzier ki bay li. Daprè li menm, « Kerenskoff » se te pito non yon ansyen ofisye polonè, ki t ap bay rejyon an pwoblèm jiskaske lame endijèn lan te rive mete dlo nan diven l, pandan moman lagè endepandans peyi a.
Zòn nou konnen sou non Kenscoff jounen jodi a te fonde nan lane 1930. Alepòk, yo te konnen l kòm katye Kenskòf. Twa lane apre, an 1933, zòn nan te vin pran grad komin apati de yon dekrè ki te soti sou prezidans Sténio Vincent an.
Jan n te di l nan kòmansman an, komin Kenscoff sitiye nan tèt mòn « La Selle » ki gen yon wotè 2 680 mèt altitid, sa ki fè li se chèn montay ki pi wo an Ayiti.
Jewografikman, komin Kenskòf bòne sou zòn Nò li ak komin Petyonvil, Kafou; nan Sid ak Bèlans epi Marigo. Nan pati Lès, li limite ak komin Petyonvil, Kwadèboukè; pou Lwès menm se komin Kafou epi Jakmèl.
Komin sa a ki mezire 208.23 kilomèt kare, sitiye li nan yon distans 24 kilomèt ak kapital Pòtoprens epi sèlman 12 kilomèt ak Petyonvil.
Kenskòf divize an 5 seksyon kominal ki se Nouvelle-Tourraine, Bongars, Sourçailles, Belle Fontaine epi Grand Fond.
E, se yon zòn anpil moun ba l respè li kòm prensipal rejyon nan depatman lwès la ki founi pwodui agrikol tankou legim, ak lòt viv tankou mayi, pwa, patat, yanm.
► Pa bliye mwen t ap di nou, komin Kenskòf se yon zòn ki tou kole ak komin Kafou, kote bandi ki soti nan baz Ti Bwa ak Gran ravin te deja ap kontwole. Enfòmasyon nou rive jwenn fè konnen se ta menm gwoup gang Ti Bwa a k ap tante pran kontwòl Kenscoff. Bon, ki objektif la menm ? Sa k dèyè tèt yo? Tande byen !
Sa gen kèk tan depi gang yo sentre Pòtoprens. Selon chif Nasyonzini ki disponib, yo ta deja kontwole 80 % nan kapital la.
Sitiyasyon sa lakoz li vin prèske enposib pou yon moun ki vle deplase kite Pòtoprens fè sa libelibè sou diferan wout yo.
Dabò, twonson wout nasyonal nimewo en (1) ki mennen nan depatman Nò an bloke depi nan nivo Kanaan kote gen gwoup gang k ap enpoze lalwa, fè tout kalte zak epi enstale pòs peyaj yo.
Reyalite a pa diferan pou wout nasyonal nimewo twa (3) a, ki mennen Plato santral. Anba mòn kabrit, se plizyè fwa bandi tante fè atak.
Soti Kwadèboukè pou w rive Gantye, gang 400 Mawozo k ap opere nan plèn lan te deja kontwole wout nasyonal nimewo uit (8) la.
Se menm bagay la tou pou wout nasyonal nimewo de (2) a ki mennen nan depatman Sid.
Yon wout ki abitye bloke deja akoz lagè gang ki te souvan genyen nan nivo Matisan.
Mete sou sa, bandi yo fè resèt sou tout wout la nan men tout machin k ap fè zòn lan.
Kidonk, prèske pa gen kote pou w ni monte ni desann, san w pa peye bandi pasaj.
Estrateji kote gang yo okipe wout nasyonal yo epi enstale pòs peyaj pèmèt yo kase ponyèt moun pou jwenn lajan pou finanse tèt yo, epi achte zam ak bal pou kontinye touye popilasyon sivil la.
E, se prèske menm rezon sa a ki pouse y ap chèche gen kontwòl yon zòn pezib tankou Kenskòf.
Men, sa al pi lwen.
Depi lè pa gen aksè pou soti nan kapital Pòtoprens la, popilasyon ki nan zòn Kenskòf amenaje yon wout ki pase nan zòn Furcy jouk rive nan depatman Sid la pase pa Jakmèl.
E, se te prèske sèl mwayen pou yon moun kite kapital la pou ale nan Gran Sid peyi a san yo pa kwaze ak gang yo.
Ebyen, lefètke trafik la vrèman ap ogmante nan nouvo wout sa a, sa atire anbisyon gang yo, ki wè sa kapab yon bon sous lajan pou yo.
Donk, yo deside atake zòn lan, e plan an te klè.
Dabò, lide an se te atake komisarya Kenskòf la epi pran kontwòl wout la.
Si responsab lameri Kenskòf pa rive etabli kisa finalite an ye apre bandi yo te prevwa fin pran kontwòl wout Kenskòf la, yo pa ekate posibilite pou se enstale bandi yo t ap pral enstale yon pòs peyaj.
Pou Kriminèl sa yo, ki t a soti Kafou, rive rantre Kenskòf depi lannuit 26 janvye a, yo pase nan Rivière Froide pou rantre nan lokalite Berlie, pase pran Barouette, jis yo rive kafou Berthe.
N ap souliye, zòn sa yo bay posibilite pou rive ba Segen, kote ki gen yon pati nan twonson wout ki relye kapital la ak pati Sid peyi a.
Apre atak yo, plizyè fanmi pèdi pwòch yo bandi asasinen.
Se ka yon moun tankou Christophe Sauveur, bandi touye 11 manm fanmi l Kenskòf, pami yo papa l ki te genyen 70 lane, nan lokalite « Ti Plas ».
Nan zòn Kenskòf, plizyè enstitisyon piblik tankou prive te deja fèmen pòt yo.
Se ka lise nasyonal zòn lan ki abitye resevwa 600 elèv, ki oblije fèmen avan menm yo te rive fè egzamen.
Jan n te di li nan kòmansman an, zòn Kenskòf lan se t on espas touristik pèzib pou anpil moun ki renmen esperyans piknik, pwommennen nan mòn, oubyen al pase yon ti moman nan lapè.
Twa jou apre fiziyad yo, plizyè moun kouri kite lakay yo pou ale swa nan lokal meri Kenskòf la osnon sou plas Sen-Pyè, nan komin vwazen yo Petyonvil.
Soti dimanch 26 rive lendi 27 janvye, afè sosyal nan meri Petyonvil te deja resanse plis pase 1 500 moun sou plas la. Nan meri Kenskòf la menm, plis pase 300 moun te vin refijye yo nan espas la.
Plizyè inite nan polis nasyonal la te prezan nan Kenskòf pou kontinye kontrekare bandi yo, san konte divès sitwayen ki met ansanm pou monte brigad pou sekirize zòn lan.
Sou bò pa l, Lameri kontinye ap soti nòt pou ranfòse mezi ki vize ranfòse sekirite nan komin nan. Li rete pou n suiv evolisyon sitiyasyon an, nan yon kontèks kote diferan fòs ki sou teren an poko rive montre efikasite yo anfas gang yo.
Madi 4 fevriye 2025 lan, 70 nouvo ofisye ki soti nan peyi Salvadò rantre Ayiti pou vin ranfòse misyon miltinasyonal la ki te deja gen 787 polisye ak sòlda nan peyi a.
Men yon ti tan apre nouvo twoup salvadoryen yo ateri, AyiboPost aprann administrasyon Trump lan mande pou Nasyonzini kanpe tout finansman Etazini t ap bay fòs miltinasyonal la an Ayiti.
Nan yon nòt anbasad ameriken an Ayiti soti nan dat 5 fevriye, yo fè konnen kòb sa a yo bloke a se nan fon afektasyon espesyal Nasyonzini li ale. E li reprezante sèlman 3 % nan finansman total yo bay. Etazini menm anonse tou, yo fenk apwouve yon desizyon ki pèmèt yo debloke 40.7 milyon dola asistans dirèk bay misyon an ak polis nasyonal la.
N ap souliye, peyi Etazini se youn nan kontribitè pou misyon MMS la, avèk 15 milyon dola yo mobilize pou sa. Men, sou lajan sa a, se sèlman 1.7 milyon ki gentan depanse, e pou kounye a rès 13.3 milyon an Etazini bloke li.
Nan dat 6 fevriye an, 200 lòt polisye kenyan rantre Ayiti, sa ki fè efektif polisye ak militè ki sou sòl la nan Kad misyon an pase a 1 057.
Menm jou a tou, nou aprann peyi Salvador livre 3 elikopte ki t a dwe ede nan evakyasyon medikal. Èske finalman peyi a ka espere misyon sa a pral ede PNH rezoud pwoblèm ensekirite a toutbon ? N ap suiv…
Kamera : Philicien Casimir & Marc Elie Rosena
Montaj ak Animasyon : Philicien Casimir & Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint
Prezantasyon : Daphena Rémédor
Redaksyon ak sipèvizyon :Jérôme Wendy Norestyl & Chérubin Jérôme
Pou rete konekte ak AyiboPost :
▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la
▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la
▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la
Comments