Kijan w ka evite danje ki gen nan manje graten ! Depi nan kalte chodyè n ap kwit manje a, pase nan lwil n ap itilize, kantite tan n ap kite manje a kwit, jouk rive nan fason n ap retire graten an, gen anpil prekosyon nou dwe pran pou n evite pwoblèm sante
► Graten, se pati ki rete kole oswa ki griye nan fon yon chodyè pandan yon manje ap kwit, espesyalman lè se diri, mayi, ble, oswa lòt manje ki bezwen anpil tan sou dife pou l kwit. Fenomèn sa a rive lè chalè dife nou limen anba chodyè a wo anpil, sa ki fè tout dlo nan manje a seche osnon evapore. Konsa, nitriman yo vin kondanse anpil jiskaske patikil yo vin solid. Se poutèt sa graten an se pati ki pi di nan manje a. E se sa k fè tou, kèlkeswa manje a ka fè graten si ou kite l kwit pandan plis tan. Lè sa a, w ap wè jan patikil yo kanpe tòf epi, wa gou paw
Anpalan de patikil, gen yon seri ki piti anpil nan manje yo ki rele minewo ( minéraux ). Daprè sa nitrisyonis Ernst St Fleur eksplike AyiboPost, lè minewo sa yo jwenn gwo chalè, majorite nan yo, pou n pa di tout, plonje desann al chita nan fon chodyè a. Sa ki vin fè, graten an se pati nan manje a ki gen anpil, pou n pa di plis eleman mineral ladan. Sa vle di, li gen anpil manyezyòm, anpil kalsyòm, fosfò, zen, elatriye.
Graten an tou, se pati ki resevwa plis lwil. Paske menmjan pou minewo yo, anpil nan grès yo, se nan fon chodyè a y al chita. Si se bon lwil, pa gen pwoblèm paske lwil sa ap patisipe nan amelyore gou manje a. Dayè, pou ou menm ki konn manje graten, menmjan avè m, ou kapab remake anpil fwa graten yo konn lontan pi gou pase rès pati nan manje yo. Enben, lwil ou mete nan manje a patisipe anpil nan fenomèn sa.
Sepandan, si se pa yon bon lwil ou itilize pou w fè manje w yo, kite m di w : ou pa gen anyen w ka benefisye nan konsome graten sa yo, okontrè, li ka vin danjere pou sante w.
► Koze lwil sa a tèlman enpòtan pou n konprann, kite m esplike w kisa m vle di, lè m ap pale de bon ak move lwil.
Premye sa ki karakterize yon bon lwil nan kesyon kizin, daprè sa espesyalis nan domèn nitrisyon di AyiboPost, se lè li komestib. Sa ki vle di, li fèt pou n kwit sa nou pral manje.
Tande byen ! Pou lwil nou ka konsome yo, yo soti nan 2 sous. Premye sous la se plant yo. Se kategori lwil sa yo nou rele lwil vejetal yo. Dezyèm sous la se zannimo, tankou bèf, kochon, poul, elatriye. Ki diferans ki genyen ant de kategori lwil sa yo menm ?
Enben, lwil vejetal yo gen plis asid gra tankou omega 3 ak omega 6 ki nesesè pou kò nou paske yo jwe plizyè wòl enpòtan nan stoke enèji, pa egzanp. Met sou sa, yo gen mwens kolestewòl, yo dijere pi byen… Brèf, nou kapab di lwil vejetal yo ta pi bon pou yon moun fè manje ak yo. Paske, an wetan luil pwason yo, n ap jwenn tout luil ki soti nan zannimo yo gen plis asid gra satire, e yo gen plis enpite. Men an reyalite, toulede kategori lwil yo gen valè nitrisyonèl ki enpòtan pou kò a, e se yo menm espesyalis nan nitrisyon plis sigjere kòm bon lwil nou ka konsome. Sepandan, si n pa itilize lwil sa yo kòmsadwa, yo ka deranje sante n. Se pou sa, ann tou gade kilè yon lwil pa bon pou n konsome.
Toudabò, ou dwe konprann, lwil se yon konpoze ki likid lè li nan yon tanperati ki nòmal. Met sou sa, chak lwil yo gen koulè nòmal yo, toudepan de ak kisa yo fèt. Si n pran egzanp lwil oliv, li jeneralman gen yon koulè ki varye ant vèt fonse ak jòn dore, sa depann de pwosesis fabrikasyon an ak nivo rafinaj la.
Imedyatman nou wè pwopriyete nòmal sa yo ap chanje, nou dwe kòmanse sispèk lwil n ap sèvi a. Pa egzanp, si nou konstate lwil la gen tandans pou li vin jele jouk li rive solid, e si l ap pèdi koulè nòmal li, tout sa yo se siy ki vle di nou annafè ak yon move lwil. Ki pa sipoze itilize pou fè manje.
Kidonk mezanmi, se kèk detay sa yo pou n prete atansyon ak yo nan lwil n ap itilize. Met sou sa, nou dwe limite kantite n ap konsome a. Espesyalis yo rekòmande pou n pa pran twòp lwil, sa ka ede n rete lwen pwoblèm sante tankou kolestewòl ak maladi kadyovaskilè, elatriye. Anplis, menmsi bon lwil yo ranpli anpil gwo fonksyon pou kò nou, tankou pote plis enèji, kò nou pa gen kapasite pou dijere yo anpil. Daprè sa nitrisyonis Ernst St Fleur rapòte AyiboPost, sou chak 100 gram lwil yon moun konsome, se sèlman 35 a 40% kò l ap ede l dijere. Kidonk, se vrèman enpòtan pou nou konsome bon lwil e sitou, konsome l ak moderasyon.
► Pou nou retounen sou kesyon graten an, jan m te di li talè a, se nan fon chodyè a lwil la jeneralman al chita. Sa ki lakòz, yon moun k ap manje graten konsome plis grès lontan pase yon lòt ki sèlman konsome rès kò manje a nan li menm. Se rezon sa ki fè, plizyè doktè konn dekonseye moun manje graten kèlkelanswa manje a. Paske, lè lwil la al dodomeya nan fon chodyè a, li vin fè yon sèl ak graten ou pral manje a. E lè w manje graten sa yo souvan, ou ka tou fè sa espesyalis yo rele « Hypercholestérolémie ». Sa vle di, w ap vin gen yon wo nivo grès anòmal nan san w. Se yon bagay ki grav paske lè yon moun fè ipèkolestewolemi, sa tou ogmante risk pou l soufri maladi kadyovaskilè tou.
► Bon, anplis de lwil la ki konn anpil nan graten an, sa konn rive nou jwenn ti mak nwa ladan tou. Enben, toujou daprè sa Ernst St Fleur esplike AyiboPost, ti mak nwa sa yo se polyan òganik pèsistan yo ye. Sa vle di, se yon seri patikil ki pa gen anyen k kapab degrade yo. Ni dlo, ni lè, ni dife. Yo fòme lè graten an kòmanse chanje koulè, kidonk lè li kòmanse boule lakoz chalè a ki twòp anba chodyè a. Menmsi ou ta renmen gou ti mak nwa sa yo pote pafwa nan graten an, enben ou dwe konnen se pongongon yo ye pou sante nou.
Annou pran egzanp graten labouyi. Lè w wè l mawon, se yon reyaksyon chimik ki fèt anba chodyè a ki rele reyaksyon maya oswa glikasyon (réaction de Maillard ou glycation). Menmjan ak nan lòt kalte manje yo, se yon reyaksyon senp ki jis bay labouyi a koulè, bon sant ak bon gou. Reyaksyon maya kòmanse apati 115 degre sèlsiyis yo konsa. Men kou nou ap atake 180 degre sèlsiyis, nou pa nan reyaksyon maya ankò. Se yon lòt reyaksyon chimik ki pote non piwoliz (pyrolyse) ki tanmen. Depi w nan piwoliz, w ap pran gou boule a nan manje a menm. E w ap wè ti mak nwa ladan tou.
Ti mak nwa sa yo, yo pa sèlman nan graten, se menm yo menm nan nou ka remake nan bakekyou yo tou. Enben, se kabonize eleman ki fè manje yo kabonize. E kite m di w, apati fenomèn kabonizasyon sa, piwoliz la anjandre fòmasyon yon seri sibstans ki kanserijèn anpil. Lasyans rele sibstans sa yo « amines hétérocycliques ».
Genyen tou lòt pwodui kanserijèn ki fòme suit ak piwoliz la ki pote non pwodui final de glitasyon oubyen pwodui final dalkilasyon. Pami yo nou jwenn kaboksimetil lizin (carboxy-methyl lysine (CML), kaboksi etil lizin (carboxy-ethyl lysine (CEL), idwo-metil-imidazolon-omitin (hydro-methyl-imidazolon-ornithine (MG-H1) ak idwoyimidazolòn yo (hydroimidazolones).
Anpil gwo mo wi Men pa enkyete w, sa w sipoze kenbe : espesyalis yo eksplike, lè w pran plezi ap manje graten san gad dèyè, pwodui sa yo ap kòmanse vin anpil nan san w, e sa ka rive pwovoke lakay ou rezistans a ensilin, ou ka gen enflamasyon, strès oksidatif, sa ka fè ou vin vyeyi pi vit. Epi sa ka lakòz yon seri ògàn tankou fwa, ren, sèvo afekte tou.
► Anpalan de sèvo, gen yon maladi ki rele alzaymè ki atake viktim li yo nan pati sa. Tande byen ! Alzaymè a fè malad la gen pwoblèm memwa epi li diminye kapasite refleksyon l anpil. Pwofesè-chèchè Christopher Exley ki se yon chimis nan Keele University an Angletè di : konsomasyon aliminyòm nan jwe yon gwo wòl nan devlopman maladi sa lakay moun sitou lè yo kòmanse antre nan laj. Paske aliminyòm lan gen kapasite pou l monte nan sèvo nou epi atake sistèm nève santral nou jouk nou pèdi tout bon sans nou. E li ka atake tisi zo nou yo tou.
Kounya a, ou siman ap mande tèt ou ki rapò sa gen ak graten ! Enben, pou ou menm ki abitye drese manje, ou ka souvan remake, lè w bezwen dekole graten an, ou oblije fè gwo presyon sou chodyè a, grate l byen fò. Enben, se la danje a ye menm. Paske, anpil chodyè n ap sèvi yo fèt ak aliminyòm.
F on ti kanpe la ! Ou pa konn remake lè w fin grate yon graten, li byen klere ? Ou panse se luil ase ki fè sa ? Enben non ! Anpil fwa, se ti rezidi aliminyòm ki fè chodyè a ki tou leve ak graten an konsa.
Selon plizyè etid syantifik nou konsilte, menm aliminyòm sa ki fè chodyè a kapab bay anpil pwoblèm sante. Premye a, se maladi Alzaymè (Alzheimer) m fenk sot pale w de li a, ansanm ak lòt twoub nève tankou maladi pakinston.
Lòt konsekans ankò espesyalis yo estime aliminyòm lan ka genyen, se sitou pou fètilite kay mesye yo. Gen etid ki revele, aliminyòm ka andomaje spèmatozoyid lakay gason. Paske aliminyòm lan gen kapasite pou li pwovoke yon tip estrès ke espesyalis yo rele « stress oxydatif ». E se nan pwosesis pou l pwovoke tip estrès sa menm li jwenn mwayen pou l andomaje spèmatozoyid yo, e lakòz mesye yo gen difikilte pou fè pitit.
Kidonk mesye yo, plis nou manje graten, sitou si l pa fèt nan bon kalte chodyè, se plis nou riske gen aliminyòm ki konsantre nan spèm nou. Ò, plis gen aliminyòm ki konsantre nan spèm nou ak nan plasma seminal nou, se mwens spèmatozoyid n ap genyen. Yo pap viv lontan. E nonplis, yo pap mobil ase. Sa vle di kapasite pou nou fè pitit ap redui konsiderabman.
Met sou sa, aliminyòm lan konn alabaz twoub dijestif ki ka tou fè fanm osnon gason ki vale l la gen vant fè mal, vomisman ak dyare. E sa yo ka lakoz dezidratasyon. Se pa pou san rezon gen moun ki konn fin manje graten epi l santi li balonnen.
Ou wè tout pwoblèm kalite chodyè w ap fè manje a ka lakoz ?! Pou evite seri dezagreman sa yo, espesyalis nan domèn medikal AyiboPost pale ak yo fè konnen, li enpòtan pou nou veye ki tip chodyè n ap itilize. E nan sans sa, pi bon an se ta va chodyè stennlès yo. Sa yo rele « inox » nan lang franse a.
Avantaj yon chodyè stennlès gentan genyen sou aliminyòm lan ak sou plizyè lòt matyè, sè ke li pa modifye ni gou, ni sant, ni fòm manje ou kuit ladan. Nonplis, li pa riske kontamine manje ou ak kenn sibtans ki toksik pou ou paske li se yon materyèl ki fèt ak fè, kwom epitou nikèl. Ò jisteman, nou jwenn 3 konpozan sa yo natirèlman nan òganis nou e yo patisipe nan kenbe sante nou djanm.
Se pako fini non, lòt avantaj ankò yon chodyè stennlès genyen sè ke li reziste ak gwo chalè. Paske pou di w byen, gen chodyè ki pa rezistan ditou sou dife. Pa egzanp, chodyè nou konn wè ki gen koulè vèt yo, se yon penti ki sou yo ki fèt ak baz etilèn. Yo pa fèt pou kuit gwo manje. Men pito pou chofe manje ak prepare kèk manje ki pa pran tan pou kuit. Sinon, lè yo cho anpil, lè yo pase anpil tan sou dife, sitou si yo fè graten, gen patikil nan kouch penti polyetilèn nan ki pral nan manje a ki ka bay kansè ak pwoblèm nan sèvo.
Jan nou wè li a mezanmi, kalite chodyè n ap sèvi yo enpòtan anpil. Men sa k plis enpòtan toujou selon nitrisyonis Ernst St Fleur, se fason manje a kuit. Paske menmsi w itilize yon chodyè stennlès, depi manje a boule, li reprezante yon risk pou sante w.
Nan sans sa, pi bon konpòtman an se veye kuison manje yo epi pa konsome graten ditou. Men, pou sila ki gen difikilte pou bay graten vag yo, ann gade ansanm kèk prekosyon ou ka pran.
► Youn nan taktik yo, se mete sòs sou graten an epi tann kèk minit anvan yo grate l. Konsa, ap gen mwens risk pou aliminyòm ak lòt kalte metal ki fè chodyè a ta leve ak graten an.
Se enpòtan pou w fè pridans paske, metal tankou aliminyòm, mèki ak plon difisil anpil pou elimine lè yo gentan tabli nan kò moun. E lè sa rive, sa pral pral mande pou medsen fè sa ki rele chelasyon pou ou, sa ki pral fè ou jete metal yo nan pipi w. Ou wè kòman sa konplike ?!
Lòt konsèy ankò si w abitye manje graten e si w pa deside kanpe, se pran abitid konsome aliman ki gen bon repitasyon nan elimine metal m sot site la yo, ak lòt eleman toksik pou lasante. Pami aliman sa yo, nou ka site « andiv ». Espesyalis yo fè konnen, andiv la gen kapasite pou l bloke prezans mèki, plon ak aliminyòm nan trip moun, lè konsa l tou anpeche yo atake kèk selil enpòtan nan kò a.
Lòt engredyan nou ka itize ankò se pwavwon. Nitrisyonis St-Fleur prezante pwavwon kòm yon aliman ki pirifye san epi ki gen kapasite pou pyeje aliminyòm lan ak lòt molekil ki ta ka fòme. Sa rive sitou paske pwavwon rich ak vitamin C epi vitamin E. Li genyen sibstans ki anti oksidan tankou betakawotèn, asid p-koumarik, liteyin… Nou jwenn menm sibstans sa yo nan pòm tou. Ki fè, nou kapab prepare yon ti salad a baz pwavon pou akonpàye graten n vle manje a. Nou ta ka rele pla sa a : yon ti graten sote ak pwavwon Konsa tou, nou ka prepare yon ji pòm pou n bwè aprè n fin manje graten an, oswa nou jis manje l.
Pa bliye mezanmi ! Nou dwe fè anpil atansyon ak aliminyòm, sitou pou nou menm an Ayiti, kote anpil chodyè n ap itilize yo, se aliminyòm ki fè yo. Dayè, pou w ka wè kijan chodyè fèt an Ayiti, nou envite w gade repòtaj sa a AyiboPost te reyalize. Nou mete lyen an anba videyo sa a pou ou, li nan deskripsyon an si w ap gade l sou YouTube; si w sou Facebook, w ap jwenn li nan kòmantè.
Kamera : Sherlande Pierre
Montaj ak Animasyon : Sherlande Pierre
Rechèch ak Redaksyon : Rebecca Bruny
Edisyon ak Sipèvizyon : Chérubin Jérôme
Gardez contact avec AyiboPost via :
► Notre canal Telegram : cliquez ici
► Notre Channel WhatsApp : cliquez ici
► Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici
Comments