SOCIÉTÉ

Malkadi : Men tout sa w dwe konnen sou maladi sa | Videyo

0

Malgre avanse medikal ki fèt nan mond la, espesyalis yo fè konprann, se pa tout ka malkadi ki ka trete. Kidonk, se yon maladi ki trete o ka pa ka

Yon moun ki soufri malkadi, se yon moun ki abitye gen yon kriz sanzatann, ki fè li pèdi konesans, li pa gen kontwòl kò l, l ap tranble anpil, l ap rele epi bouch li ap fè kim. Se konsa espesyalis medikal yo dekri maladi a. Anplis de manifestasyon sa yo, sa konn rive tou moun nan ap vomi, pipi oubyen twalèt sou li e l ka menm sispann respire pandan yon ti tan tou kout.

Men, atansyon ! Si se yon sèl fwa yon moun gen kriz ki sanble a sa m sot dekri pou ou la yo, sa pa sifi pou w di se malkadi moun nan fè; paske, youn nan karakteristik malkadi a se repetisyon. Sa vle di, se yon kriz moun nan abitye genyen. E se pou sa espesyalis yo di malkadi a se yon maladi kwonik.

An Ayiti, menmjan nan anpil lòt peyi, lè yon moun pran kriz, yo souvan di se demon ki lakòz. E nan kèk ka, yo konn menm di se yon maladi mantal. Pou sa ki konsène maladi mantal la, daprè sa medsen jeneralis Godard-Stevens Jacques rakonte AyiboPost, se pandan 20e syèk la, lasyans retire malkadi pami twoub mantal yo.

Gras ak rechèch epi avanse ki fèt nan domèn newoloji ak sikyatri, espesyalis yo te vin dekouvri se yon twoub newolojik epilepsi ye. Sa vle di, yon ansanm twoub ki afekte sèvo, nè yo ak mwèl epinyè moun nan.

Se kisa k lakòz yon moun fè malkadi menm ?

Pou li ede n pi byen konprann sa k lakòz, doktè Jacques konsidere sèvo a tankou santral EDH la, men fwa sa a, n ap imajine EDH bay kouran tout bon vre.

Pou kouran an rive lakay ou, gen fil ki fè koneksyon yo. Fil kouran sa yo rele «Nè» (Nerfs) nan langaj medikal la.

Nè yo aji tankou fil elektrik ki transpòte mesaj divès pati nan kò nou voye bay sèvo a. Pa egzanp, lè w touche yon bagay ki cho, epi w kouri rale men w, se nè yo ki voye mesaj sansasyon cho a bay sèvo w pou ekzekite kòmand lan. Sèvo a trete mesaj ki soti nan men w lan rapidman, epi l pase lòd san pran tan pou w kouri rale l.

Kidonk, sèvo a se sant kòmand lan.

Nè yo kominike antre yo pandan y ap voye siyal kouran youn bay lòt, se konsa mesaj yo pase jouk rive nan sèvo a. Si pa malè ta gen yon pwoblèm nan nè yo, ki lakoz mesaj yo pa pase byen, sèvo a ap otomatikman resevwa yon seri de mesaj biza li pa abitye jwenn, sa ki pral fè l mal reyaji. E se move reyaksyon sèvo a ki pral lakòz moun lan devlope yon seri de kriz, kote l ap fè mouvman ak men l, je l, ak lòt pati nan kò l, ki se manifestasyon tipik maladi epilepsi a.

Lè sèvo a plede resevwa mesaj depaman sa yo konsa, vin gen yon egzajerasyon ki lakòz yon latriye twoub nan konpòtman moun nan.

Jan m te rapòte sa nan kòmansman an, lè sa rive, ou ka konstate malad la ap tranble anpil, l ap rele, bouch li ap fè kim, sa ka rive tou l ap vomi, pipi oubyen twalèt sou li e, ou ka santi li sispann respire pandan yon kout moman. Kidonk, se yon moun ki pèdi konesans, e ki tou pèdi kontwòl kò l.

Men, sa ou dwe konnen tou : gen kriz malkadi ki mwens enpòtan kote moun nan pa vrèman pèdi konesans. Lè konsa, ou ka wè li gen alisinasyon, kontraksyon miskilè, sansasyon foumi k ap mache sou li, rega li ap pawoze nan levid, epi l ap fè yon seri jès biza. 

Daprè sa entènis Samuel Faldor eksplike AyiboPost, kriz epileptik manifeste  sou plizyè fòm. Pami yo, gen :

  • Kriz epilektik tonik, kote kò moun nan rèd epi l kage pa dèyè;
  • Kriz epileptik klonik kote moun nan gen « convulsions », sa vle di, moun nan nan yon eta kote l pèdi kontwòl kò l, misk li yo ap kontrakte sanzatann nan yon fason ki vyolan pafwa;
  • Kriz epilektik miyoklonik, kote moun nan gen yon « muscle » ki ap kontrakte pou kò l tanzantan; yon lòt fòm ki genyen tou, se sa ki rele kriz epileptik atonik la, sa a li menm, moun nan nan yon eta kote li pa moun isit ditou, li absan, li pa bouje ditou pandan yon ti tan.

Kisa ki ka lakòz nè yo gen pwoblèm e lakòz mesaj yo pa pase kòmsadwa al nan sèvo a ?

Daprè Dr Jacques, koz yo anpil :

Dèfwa, (1) se aprè yon chòk moun nan te sibi nan tèt, (2) se kapab yon anomali depi lè moun nan fèt, paske fòk nou konnen maladi epilepsi a ka ereditè tou, sa vle di, gen gwo posiblite pou w pran l si paran w te genyen l.

Gen lòt koz ki kapab pwovoke kriz yo tankou : si sèvo a mal devlope, si l enfekte, apre yon aksidan vaskilè serebral (AVC) oubyen yon twomatis enpòtan, yon timè nan sèvo. Konsa tou, pafwa, espesyalis yo pa menm rive jwenn koz maladi a. Se sa yo rele « maladi idyopatik » nan lamedsin.

Ki kategori moun ki plis ekspoze a maladi sa ?

Daprè doktè Faldor, moun ki plis ka devlope maladi sa se : 

1- Moun ki gen predispozisyon jenetik pou sa. Se jan n te siyale l pi wo a : si yon manm pwòch nan fanmi an te genyen malkadi a, gen gwo posiblite pou lòt moun nan fanmi an erite l tou.

2- Moun ki fè stwok tou konsène. Plis stwòk la ap repete, se plis risk pou l fè epilepsi a ogmante.

3- Epi, moun ki soufri maladi nan sèvo oubyen sikyatrik riske tou.

Daprè sa espesyalis medikal fè konnen, kontrèman ak sa anpil moun ta panse, epilepsi a kapab kòmanse ak tout laj. Men yo fè konnen, li pi frekan nan laj ekstrèm lavi an tankou kay timoun piti epi kay granmoun aje.

Nou sot gade koz malkadi a, ki moun ki plis riske fè l, kounye a, an n konprann byen vit kisa k pase egzakteman nan sèvo a lè gen yon kriz malkadi ?

Toudepan de zòn nan sèvo a ki atake a, sentòm yo ap diferan. Epilepsi an kapab « pasyèl » oubyen « fokal » lè se yon pati nan sèvo a ki touche. Li kapab « jeneralize » lè se tout sèvo a ki touche. Kidonk, pa gen yon epilepsi, men plizyè fòm ki depann de koz yo, lokalizasyon nan sèvo a, laj maladi a kòmanse, evolisyon yo, elatriye.

Èske yon moun ki soufri malkadi ka trete ? 

Erezman, espesyalis yo di gen tretman. Yo fè konnen gen medikaman anti-konvilsyon, gen chiriji ki posib e pafwa, chanjman rejim alimantè konn ede tou.

Konsa, anpil nan moun ki sou medikaman viv nòmalman ak maladi a. Medikaman yo anpeche kriz yo, epi ede moun lan viv nòmal.

Espesyalis yo konn mande moun nan suiv yon rejim espesyal kote yo fè l manje plis grès ki sen, epi mwens sik. Analiz yo revele rejim sa ede sèvo a kenbe fonksyònman nòmal li. Sepandan, li pa mache sou tout moun. 

Doktè Samuel Faldor kontinye pou l di : kòm se yon maladi kwonik, moun sa ap toujou sou medikaman pou anpeche l plede ap gen kriz. Men, si pa egzanp moun nan gen kriz pandan 30 minit san kanpe oubyen plizyè fwa nan peryòd tan sa, se yon ijans. Sa rele « État de mal épileptique. » Lè sa, ou oblije kouri an ijans lopital ak moun sa pou espesyalis medikal ka ba li asistans ka li merite.

Etandone epilepsi a se yon pwoblèm elektrik nan sèvo a, egzamen ki pèmèt yo dyagnostike l la se EEG (Electro-encephalogramme). Yon egzamen ki pèmèt yo mezire aktivite elektrik k ap pase nan sèvo a.  Ki fè, gen tretman kote yon doktè spesyalis ouvè kràn moun lan epi yo opere l pou retire pati nan sèvo a ki responsab kriz yo.

Sofke, Dr Jacques presize, se pa tout pati nan sèvo a ki ka retire, se pou sa, gen anpil konsiderasyon medsen yo fè avan yo detèmine si moun nan ka opere ou pa.

Malgre avanse medikal ki fèt nan mond la, espesyalis yo fè konprann, se pa tout ka malkadi ki ka trete. Kidonk, se yon maladi ki trete o ka pa ka.

Ki konpòtman ou dwe genyen lè yon moun nan antouraj ou tonbe akoz li pran kriz?

Si yon moun tonbe pran kriz, ou ka mete l chita oubyen kouche ak yon bagay mou anba tèt li pou l pa frape l oubyen pran chòk ki kapab lakoz li devlope lòt twomatis nan sèvo. Ou kapab sekirize kote moun nan tonbe a pou pa gen bagay ki tonbe sou li, evite l frape kò l tout kote pou l pa gen lòt frakti epi kontwole dire kriz la pou ka enfòme medsen tretan l.

Lè yon moun ap tonbe kriz, pare so a pou li pandan w ap pwoteje tèt ou ou menm. Li pa nesesè pou w ap kenbe men l oubyen pye l, paske sa p ap anpeche kriz la kontinye. Ou p ap ka kanpe l ! Lè kriz la fini, mete moun nan nan pozisyon sa a espesyalis nan sekouris yo rele PLS, ki se pozisyon lateral sekirite.

Anplis de pwoteje pou w pwoteje moun nan fizikman, li bezwen lòt sipò moral tou. Sitou an Ayiti kote moun ki tonbe kriz sibi anpil diskriminasyon, moun ki nan antouraj yo konn pè yo, e sa konn fè yo viv mal. Se pou sa nou dwe toujou ba yo sipò nou, konprann yo.

Ou kapab kontribye nan kwape tout fòm prejije ak mit ki devlope sou maladi a paske chaje, tankou:

1- Gen moun ki panse se yon maladi ki kontajye. Epoutan, espesyalis yo di se pa vre.

2- Pa mete nan tèt ou yon moun ki epileptik pa ka travay, pa ka nan pòs responsabilite, pa gen tout fakilte fizik li. Non non, dayè, nan listwa limanite, anpil gran pèsonalite ki selèb nan diferan domèn te soufri de epilepsi. Se ka moun tankou Isaac Newton (matematisyen/fizisyen), Molière (dramatij), Gustave Flaubert (ekriven fransè), Jules César, Napoléon, Jeanne d’Arc, pou n site sa yo sèlman.

3- Lòt bagay tou, anpil moun panse se yon twoub ki ra ki pa touche anpil moun e ki pa yon maladi ki mòtèl. Epoutan, daprè OMS, anviwon 50 milyon moun nan mond lan soufri de epilepsi.

Kidonk mezanmi, si w se yon moun k ap viv ak maladi sa oubyen si w gen yon pwòch ou k ap sibi l, nou espere enfòmasyon sa yo te itil ou.

Si l itil ou, li ka itil yon lòt moun tou. Se pou sa, li enpòtan pou w LIKE videyo sa a, pataje l ak plis moun, epi kite yon kòmantè pou di ki sijè ou swete n abòde nan pwochen videyo n yo.

▶ Jounalis : Fabiola Laurent

▶ Kamera : Sherlande Pierre

Montaj ak animasyon : Max Kendlay K. Toussaint

▶ Sipèvizyon : Chérubin Jérôme & Philicien Casimir


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Jounalis, komedyèn epi imoris, Fabiola Laurent se yon pasyone kominikasyon.

    Comments