SOCIÉTÉ

Tout sa w dwe konnen sou nouvo kat idantifikasyon nasyonal la

0

Depi 11 avril Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) kòmanse teste yon nouvo sistèm pwodiksyon kat. Aktivite sa  fèt nan kèk enstitisyon sèlman nan Pòtoprens tankou Inivèsite Leta, Inivèsite Kiskeya, Inivèsite Nòtredam epi kèk Ministè. Yo resevwa sitwayen ki vin renouvle kat yo  ak sila k ap fè kat pou premye fwa. 

Ki diferans nouvo kat la genyen ak ansyen an?

Se “Teslin”, sa vle di plastik melanje ak katon ki konpoze ansyen kat elektoral la. Pou nouvo a se ak “Polycarbonate” li fèt. Sa k ap pèmèt kat sa pi rezistan parapò ak ansyen an. Responsab kominikasyon ONI an ki se Wandy Charles nou te kontakte nan telefòn, fè nou konnen nouvo kat la kapab dire 10 lane san li pa degrade. Sa depan de jan nou trete li.

Lòt diferans fondamantal ki genyen ant 2 kat yo, nouvo a ap gen yon “puce électronique” ladan l ki konekte ak plizyè “serveurs” nan ONI. Se yon kat “multibiométrique” k ap stoke yon dividal done tankou anprent 10 dwèt nou nan tout dimansyon, je nou. N ap jwenn tou sistèm “Iris” la ki se yon teknik ki pèmèt ou rekonèt yon moun lè w obsève yon ògàn tou won ki genyen devan je l, yo rele “Iris”.

Gen anbasad kèk peyi an Ayiti ki konn itilize sistèm sa pou pran enfòmasyon sou moun k ap fè demann viza.  

Nouvo sistèm ONI a, ap gen yon sistèm “reconnaissance faciale” k ap pèmèt ou idantifye yon moun otomatikman apati vizaj li.

Daprè responsab kominikasyon ONI a, nouvo sistèm sa ap pèmèt Leta konbat rezo moun ki konn abitye fè fo kat idantifikasyon nasyonal yo. Epi li pèmèt enpresyon kat yo fèt pi rapid. Teknisyen yo bezwen anviwon yon semèn pou yo remèt yon kat si pa gen pwoblèm nan anrejistreman done yo.

Ki pyès yon moun ap gen bezwen pou fè nouvo kat la?

Nouvo kat idantifikasyon nasyonal la poko ofisyèl. Sa vle di moun pa ka fè tranzaksyon ak li.

Pou yon moun renouvle kat li, l ap pote ansyen an pou yo kapab pran nimewo idantifikasyon nasyonal la (NIN) oubyen l kapab mache ak yon pyès valid tankou batistè, ekstrè achiv, Ak batèm. Si ansyen kat la te pèdi, l ap vini ak deklarasyon li te fè nan Lapolis.

Yon moun ki marye, ki pote non mari li, ap bezwen Ak maryaj li pou l fè nouvo kat la.

ONI ap anrejistre enfòmasyon fondamantal sou sitwayen yo. Se enfòmasyon sansib lòt peyi itilize nan zafè sekirite piblik.  Poutan, Leta ayisyen pa t enfòme popilasyon an ase sou nouvo sistèm sa ki pral jere enfòmasyon ki gen pou wè ak lavi sitwayen yo.  Se Ministè Lajistis k ap jere ONI.

Nouvo sistèm ONI ki se rezilta yon kontra Leta ayisyen ak yon antrepriz alman ki rele Dermalog, te gen gwo eskandal akizasyon koripsyon, kontra anba tab, detounman lajan ki enplike premyedam nan Martine Moïse selon yon rapò komisyon Etik ak Anti-koripsyon Sena repiblik la te pwodui nan mwa desanm 2018.

Feguenson Hermogène est journaliste et cinéaste. Il a intégré l’équipe d’Ayibopost en décembre 2018. Avant il était journaliste à la radio communautaire 4VPL (Radyo Vwa pèp la, 98.9 FM) de Plaisance du Nord.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *