ÉCONOMIE

Kisa ki kredi enpo an Ayiti ?

0

Kredi enpo se yon kantite lajan Direksyon jeneral enpo (DGI) dwe yon moun. Sa rive lè DGI te touche plis kantite enpo pase sa moun nan te dwe peye. Konnen kijan yon moun jwenn kredi sa, se enfomasyon anpil moun pa janm rive konnen.

Depi w gen Kredi enpo, se pa ou menm ki dwe Leta, se pito Leta ki dwe ou.  Sitiyasyon kredi enpo a konn rive akoz mèt travay la konn pa gen ase enfòmasyon enpòtan sou anplwaye li a ki konn mèt yon lòt antrepriz. Souvan, mèt travay la tou retire lajan enpo sou lajan travay anplwaye a chak mwa pou remèt DGI, san li pa konnen ki kantite kòb l ap peye deja. Sa lakòz kantite kòb la konn plis lè DGI fè kalkil la.

Gen de kategori kredi enpo lalwa an Ayiti rekonèt : youn yo pran sou moun ki ap travay ak lòt la ki aplike sou taks chif dafè yon antrepriz.

Kijan yon moun jwenn Kredi enpo?

Pou yon moun jwenn kredi enpo a, fòk li fè deklarasyon definitif enpo li nan kantite jou lalwa bay pou sa. Kantite jou sa sòti premye oktòb rive pou rive tranteyen janvye lòt lane a. Kredi enpo se youn nan rezon ki fè yon moun dwe fè deklarasyon definitif enpo li chak lane. Pou fè deklarasyon sa, moun nan ap bezwen prèv enskripsyon an, si moun nan gentan enskri nan DGI, ak NIF li.

Lalwa an Ayiti pa prevwa pou Leta remèt kòb ki anplis la bay moun nan. Gen lòt peyi tankou Etazini Leta gen yon peryòd nan ane kote li remèt kontribyab yo yon chèk pou li peye yo kredi enpo li dwe yo.  An Ayiti, Leta pito fè l yon fason endirèk. Li remèt moun nan yon sètifika ki avèti travay la pou li pa touche enpo ankò sou kòb moun lan pandan yon kantite tan ki detèmine. Kantite tan sa dwe rive nan kantite enpo DGI dwe moun nan.

Yon kredi enpo valab pandan senk lane fiskal. Si aprè senkyèm ane fiskal la, moun nan pa gentan itilize kredi enpo li a, lap pèdi li nèt.

Sa konn rive tou se moun nan ki dwe Leta lajan, lè sa a rezilta kalkil la montre DGI te touche twò piti kòb sou moun lan, lè sa yo di li genyen yon debi enpo. Nan ka sa, moun nan dwe remèt DGI lajan sa.

Ki moun ki ka gen gen kredi enpo?

Se pa sèlman yon moun ki salarye sa vle di, yon moun yo angaje pou li fè yon travay nan yon antrepriz, ki gen dwa jwenn kredi enpo. Gen anpil lòt ki ka gen kredi enpo a, tankou :

Yon antrepriz endividyèl oubyen yon antrepriz sou fòm yon sosyete ki peye  2,500,000.00 goud taks pou enpo, otomatikan li ka gen kredi enpo.

Lejislasyon fiskal an Ayiti bay kredi enpo sou revni moun kap travay nan yon anbasad oubyen yon konsila. Men, moun sa pa dwe kouvri ak estati diplomatik epi li dwe soumèt ak enpo sou revni Leta kote li akredite a, pou evite yon sitiyasyon taksasyon doub.

Yon biznis ka gen kredi enpo sou taks chif dafè li lè taks li peye pou founisè yo plis pase taks kliyan yo peye. Menm jan antrepriz la ka gen kredi enpo, li ka gen amann tou, si li pa fè deklarasyon definitif enpo li nan lè li dwe fè sa.

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *