SOCIÉTÉ

Ki wòl DINEPA genyen nan trete dlo moun fin itilize an Ayiti ?

0

Menm jan nou itilize dlo trete pou n sèvi, se menm jan an tou  dlo nou fin itilize yo ki tounen dlo sal, pipi ak poupou bezwen trete. Tretman dlo sal yo pote non asenisman. Youn nan  wòl DINEPA se trete dlo pou fè l vin pwòp. Travay sa pa rive fèt paske li manke mwayen pou sa epitou lòt enstitisyon Leta ki konsène yo pa jwe wòl yo.

Li te 11è konsa nan jounen jedi 3 janvye 2019 la lè nou te rive nan biwo ekip asenisman an, nan DINEPA ki chita nan entèseksyon ri Louis Borno ak ri Metellus nan Petyonvil. Se la nou ta pral rankontre ak responsab yo ki te deja sou plas pou planifye mwa janvye a ki konsakre « mwa asenisman » ak pwojè asenisman pou ane 2019 la. Direktris sèvis la, Edwige Petit, Farah Dorval ki se yon konsiltan ak 2 chèf depatman, enjenyè Myrline Monpoint ak Vanessa Louis Charles pale nou de travay yo ak sitiyasyon asenisman peyi a.

Se yon obligasyon Leta genyen pou bay tout moun nan peyi a dlo trete. Men se devwa Leta tou pou netwaye dlo ki sal yo e ki al nan poupou oubyen nan pipi.  Nan anpil peyi, sèvis asenisman an toujou fè pati misyon enstitisyon ki responsab pou trete dlo moun ap sèvi. Ann Ayiti, okenn nan enstitisyon ki te responsab tretman dlo nan peyi a (CAMEP, SNEP, USEP, COCHEP) pat janm gen obligasyon pou fè travay asenisman yo. Se poutèt sa, depi 2009 lalwa bay DINEPA responsablite asenisman an tou.

 

Pwoblèm ijyèn

 Sa moun yo fè ak dlo yo fin itilize yo, gen gwo konsekans sou anviwonman an ak sante chak sitwayen. Mantalite sitwayen yo ak ajisman yo fè sitiyasyon an vin pi mal. Moun yo jete tout kalite dlo sal nenpòt kote nan peyi a san okenn kontwòl serye pa fèt sou sa. Pipi ak twalèt menm fèt tout kote san konte konstriksyon twalèt yo ki pa toujou respekte prensip yo. Leta sou bò pa l pa mete yon santim nan bidjè peyi a pou pèmèt sèvis asenisman an fonksyone.

Enjenyè Monpoint raple « daprè yon dènye etid EMMUS pibliye, se 27% ayisyen sèlman ki gen bon jan twalèt lakay yo. Sa vle di, sou chak 10 sitwayen se apèn 2 osinon 3 sèlman ki konsyan de bezwen pou yo mete yon bon twalèt nan konstriksyon kay yo ». Sa fè anviwon 7 milyon ayisyen sou 11 milyon ki gen pwoblèm twalèt. Kidonk jounen jodi a pifò moun nan peyi a toujou ap fè bezwen yo atè.

 

Yon pwoblèm mantalite

Youn nan pi gwo difikilte responsab asenisman yo rankontre se yon pwoblèm mantalite. Chef depatman Vanessa Louis Charles fè konnen : « Nap mennen yon kanpay pou ede moun yo wè nesesite asenisman an genyen pou chak moun soti sou premye responsab nan pi wo nivo nan Leta a rive sou dènye sitwayen peyi a ».

Se ak anpil tristès responsab asenisman yo ap konstate ke tout batiman piblik yo an jeneral, kit li se mache osinon lekòl, te konstwi ak ekipman sanitè nesesè yo. Men aprè kèk lane, espas sa yo disparèt oubyen moun pa kapab itilize yo ankò. Se rezilta move fason sitwayen yo wè twalèt : pou yo menm se yon bagay lèd, ki sal, ki santi e moun pa ta dwe pwoche kote l. Responsab espas sa yo pa rive konprann ke yo dwe kenbe yo pwòp. Se menm konsta a ki fèt pou plizyè bilding prive tankou labank, makèt, magazen elatriye.

Si nan espas piblik kou prive nan kapital peyi a se konsa sa ye, nou pa bezwen mande kijan sitiyasyon an ye nan zòn andeyò yo. Chèf depatman Vanessa Louis Charles fè konnen « Anndan lekòl yo pa egzanp, jeran an bale sal klas la, li bale lakou a men l pa fè okenn netwayaj nan twalèt la. Apre kèk jou san netwayaj, lè yon moun ki tante al nan espas la wè l pa ka antre, li oblije al fè bezwen l deyò. » Se konsa apre plizyè lane kondisyon ijyèn nan kat kwen peyi a tonbe an degraba. 

Anpil sitwayen, sitou nan zòn rekile yo, konstwi kay yo san twalèt pou yo ka benefisye pwojè ONG ki te konn vin fè distribisyon twalèt nan zòn yo. Si ONG a fè plizyè lane osinon ta kanpe pwojè latrinizasyon an, moun sa yo riske fè vi yo ap polye anviwónman an. Enjenyè Myrline Monpoint konstate « depi 1986 jiska jodia, nan plizyè zòn ki te gen pwojè distribisyon twalèt, kantite twalèt moun yo diminye ». Pwojè latrinizasyon an ki ap bese lè li pa kanpe nèt pa sifi pou reponn ak bezwen plis moun ki ap ogmante epi kontinye pa bati kay ak twalèt. Sa ki gen gwo konsekans sou anviwónman an ak tretman dlo yo ki ekspoze ak kontaminasyon.

 

Sektè prive a dwe patisipe

Sektè prive a sou bò pa l gen kontribisyon pou l pote nan domèn nan. Leta pa gen okenn enstitisyon jodia ki responsab vide latrin lè yo plen. Se enstitisyon prive tankou Jedco osinon Sanco ki fè travay sa a. Lè antrepriz yo fin vide latrin ki plen an, l ap pote l nan izin transfòmasyon DINEPA pou transfòme poupou a pou fè l tounen angrè ki sèvi fimye pou plant. Jounen jodi a, DINEPA gen yon sèl izin ki anba mòn kabrit ki pa menm ap fonksyone akoz move eta l pandan gen 2 lòt ki ap konstwi, youn nan vil Senmak epi lòt la Okay.

Pou kounye a, lè bayakou al vide twalèt lakay yon sitwayen, se  yon pakèt tèt chaje. Direktris la ap esplike : “Jere poupou kounye a se yon bagay ki difisil anpil paske lè l vin jwenn nou fò n triye l pou n retire tout sa k pat dwe ladann tankou : ranyon, bout matla, tiyo, tèt ak kò timoun kou granmoun ki mouri, zam elt. Aprè sa nou mete poupou a apa pou l desann nan yon basen epi lanati fè tretman yo pou dekonpoze eleman patojèn ki ladann yo.” Edwige Petit raple tou “se pa nenpòt moun ki ka fè travay sa, fòk li fòme pou sa e lè l anplwaye li dwe touche alè”.

 

Misyon plizyè kò nan Leta a

Pou rezoud tout pwoblèm sa yo, se plizyè kò nan Leta a ki pou kole tèt ansanm ak inite asenisman DINEPA a depi sou otorite lokal yo : Azèk, Kazèk ak Lameri.  Direktris Edwige Petit raple : “Jodia Lameri bay pèmi pou konstwi kay, men tou li sipoze verifye ke fòs yo byen konstwi, asenisman kay la ap byen jere sou plas e si fòs sitwayen an ap devide dlo ke se yon dlo ki ase pwòp pou ale nan rigòl”. Sa ki pa fèt alèkile paske chak moun fè konstriksyon yo nan fason ki fè yo plezi.

DINEPA ap kreye yon nouvo biwo ki pote non « Maison de l’assainissement » pou fasilite kontwòl sèvis la. Pou fè sèvis la mache pi byen nan tout peyi a, biwo sa a ap sou kontwòl ofis rejyonal dlo potab ak asenisman (OREPA).

Nan devwa reglemantasyon DINEPA a genyen, lajistis ak ofisye sanitè yo gen kontribisyon pa yo pou yo pote. Sa vle di pini chak sitwayen ki vyole prensip sanitè yo epi veye pou lwa yo respekte.

Jounen jodia, prensipal sous finansman sektè asenisman an sòti nan don kominote entènasyonal la. Si entènasyonal la ta chwazi di li pap kontinye finanse asenisman nan peyi a, tretman dlo pwòp pou moun sèvi ki deja ra ak tretman dlo ki fin itilize nan peyi a ap kontinye ale pi mal ke jan l deja ye jounen jodia.

 

Filisner Dieujuste

Comments