SOCIÉTÉ

Ki responsabilite konsèy minisipal la genyen nan yon komin ?

0

Konsèy minisipal la egziste pou administre yon komin. Se yon enstitisyon ki egziste depi sou tan lakoloni. Li te gen plizyè non tankou konsèy notab yo, komisyon kominal oubyen konsèy kominal. Konstitisyon 1987 amande a nan atik 66 jiska 74 defini tout sa òganis sa a dwe fè pou abouti a misyon l. Men nan 30 dènye ane ki sot pase yo, sa Konstitisyon an prevwa anrapò ak konsèy minisipal la  pa janm rive respekte

Yon konsèy minisipal se yon katèl oubyen yon regwoupman 3 moun ki pase nan eleksyon pou jere yon komin.  Tou lè twa manm sa yo rele majistra men moun k ap dirije konsèy la se majistra prensipal, lòt de yo se majistra adjwen.

Pou yon moun rive nan yon konsèy minisipal li dwe Ayisyen. Li pa dwe gen pi piti laj pase 25 an.  Se yon moun ki pa gen pwoblèm ak Lajistis epi yo pa t janm kondane pou yon krim kèlkonk. Fòk moun nan t ap viv nan komin nan depi pi piti 3 lane epi fòk li angaje li pou li kontinye viv nan komin sa a pandan tout dire manda li a.

Konsèy minisipal la gen yon manda 4 an. Aprè tan sa a, manm yo ka deside ale nan eleksyon valè fwa yo vle pou tounen majistra ankò.

Sa a ka rive konsèy la pa rive fini manda 4 an li an. Lè sa rive, se ta dwe lakoudèkont (CSC/CA) ki pwononse yon desizyon pou montre konsèy la fè move jesyon oubyen nan fwod nan fason l ap administre komin nan. Kounya se konsèy depatmantal la ki se yon òganis ki gen otorite nan depatman kote konsèy la a ye a ki sipoze al kote konsèy elektoral pèmanan an apati 60 jou depi konsèy minisipal la vin pa la ankò pou ranplase l.

Konsèy minisipal se yon patisipan nan gouvènans lokal parapò ak Leta oubyen pouvwa santral la ki jere zafè tout peyi a. Nan sans sa a konsèy la jwe yon gwo wòl nan pwosesis desantralizasyon peyi a. Sa vle di li pèmèt tout pouvwa yo pa rete sèlman nan men pouvwa santral la. Nan sans sa a konsèy minisipal yo ak lòt enstitisyon nan gouvènans lokal la patisipe nan respekte règleman demokratik yo.

Kisa konsèy minisipal la dwe fè ?

Konsèy minisipal la dwe jere tout resous minisipalite l ap administre a posede. Ansanm ak enstitisyon nan Leta ki konpetan pou sa, konsèy la dwe travay sou plan amenajman teritwa komin li an.  Travay sou reyalizasyon wout, plas piblik, kote pou timoun jwe, kreye epi jere labatwa, mache piblik, simityè, pak bèt, elatriye. Li la pou jere byen ak forè (si genyen) komin nan.

Li dwe fè resansman pou konnen konbyen kay Leta ak patikilye yo genyen nan komin nan. Toujou nan kolaborasyon ak lot ògan nan Leta ki la pou sa, konsèy la dwe kreye epi administre sal teyat ak espektak. Jere kesyon patant ak enpo ak tout lòt kontribisyon nan komin nan. Li dwe idantifye epi pwopte ri, wout ak boulva ki gen nan komin nan.

Nan kolaborasyon ak sèvis nan Ministè komès ak endistri a ki la pou sa, konsèy minisipal la dwe verifye epi kontwole pwa ak mezi k ap itilize nan mache piblik yo. Konsa tou li dwe fikse pri byen premye nesesite yo.

Pou tout jesyon l, konsèy minisipal la gen pou rann kont bay asanble minisipal la ki li menm se yon asanble deliberatif ki ta sipoze kontwole sa konsèy minisipal la ap fè.

Poukisa konsèy minisipal la pa ka rive ateri ?

Konsèy kominal ak konsèy seksyon kominal yo se sèl ògan nan kolektivite teritoryal yo Konstitisyon 1987 la byen defini. Epi se yo tou ki egziste e regile depi nan lane 1990 nan peyi a. Asanble minisipal la ki ta sipoze voye je sou konsèy minisipal la vin parèt jis nan lane 1997 men e li pa t rete plis pase 2 zan (1997-1999). Anplis Konstitisyon 1987 la klè sou mòd jesyon ak manda asanble sa a ansanm ak lòt asanble yo dwe genyen. Se jis nan lane 2006 prezidan pwovizwa Alexandre Boniface vin defini wòl ak fonksyònman asanble minisipal yo nan yon dekrè li te pran sou òganizasyon ak fonksyònman kolektivite minisipal yo. Jiskaprezan asanble minisipal la pa an fonksyon nan peyi a. Majistra yo pa fè anyen pou sa nonplis paske anpil nan yo pa ta renmen pou yon lòt enstitisyon ap kontwole yo.

Enstabilite politik ak desizyon otoritè pouvwa santral la ka lakòz konsèy minisipal la pa mache jan sa ta dwe fèt. Sa te fèt nan koudeta 1991 lan kote konsèy minisipal ki te pase nan eleksyon nan lane 1990 yo te kouri paske yo te pè pou moun pa t pousuiv yo tou nan moman koudeta a.

An 1999,  prezidan Rene Preval te deklare tout manda konsèy minisipal yo fini. Kèk nan manm sa yo te retounen  nan pòs yo men se te sou kontwòl pouvwa egzekitif la. Yo te rele yo ajan egzekitif enterimè. Sa vle di se egzekitif la ki nome yo e yo depann de li. Pou eleksyon me 2000 yo se sa ki te rive fèt. Nan lane 2012 prezidan Michel Martelly pa te fè menm bagay la ak konsèy minisipal ki te anplas yo.

Nan lane 2016, te gen eleksyon pou konsèy minisipal yo. Manda yo ap bout nan ane 2020 an la. Ta sipoze gen eleksyon pou ranplase yo.

Dokiman ki itilize pou ekri atik sa a se : Konstitisyon amande 1987 la, Manuel de Droit administratif haïtien, yon liv Enex Jean-Charles pibliye nan lane 2002 ak Décentralisation et collectivités territoriales. Un État des lieux, yon liv Fritz Deshommes pibliye an 2004.

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *