SOCIÉTÉ

Ki kote bèf w ap manje a soti ?

0

Toupatou sou teritwa peyi Dayiti, gen vyann bèf kap vann. Li kapab sou tab nan mache, li kapab nan makèt yo tou. Ki kote vyann sa yo soti?

Pwodiksyon ak komès bèf se youn nan gwo aktivite agrikòl peyi Dayiti. Avèk aktivite sa a, gen 150 jiska 200 milyon dola ameriken ki brase chak ane nan ekonomi an.

Touye bèf dwe fèt sèlman nan yon abatwa oubyen yon pwen abataj, selon yon arète ki te sòti 4 dawout 2015. Se Lameri nan komin nan ki dwe bay otorizasyon an. Sa dwe fèt anba kontwòl teknik yon kontwolè veterinè ki akredite nan ministè agrikilti.

Lorvens Simillien ap touye bèf nan labatwa Maryani. Dapre li, tout bèf yo pral touye dwe gen papye. Dokiman sa a bay enfòmasyon sou bèt la : koulè, sèks, nimewo kanè bèt la, non mèt li, san konte lòt bagay.

Kontwolè teknik yo pa toujou vin fè travay yo. «Li pa la chak jou. Li annik vini pou n ba li rapò. Nan yon semèn li ka pase 3 jou», se konsa abatè a ap esplike.

Ki kote vyann bèf n ap manje yo sòti?

95 pousan vyann bèf k ap manje nan peyi a soti Ayiti, selon Michel Chancy, yon ansyen Sekretè Deta pou Pwodiksyon Animal.

An menm tan, li pa toujou fasil pou idantifye si vyann yo vann yo se bèf. Zafè fè vyann chwal ak bourik pase pou vyann bèf nan peyi Dayiti fèt souvan. Machann yo fè sa pou twonpe moun ki pa vle manje vyann sa yo. « Si kounya m pa chache manje vyann bèf ankò, se paske nan mache yo, yo fè lòt vyann pase pou li. Anpil fwa sa rive m ». Sa se deklarasyon Rosiane ki se yon madanm 54 lane k ap viv Tomasen 24.

Pwoblem sa a rive anndan makèt yo tou. Yon anplwaye youn nan enstitisyon sa a yo ki Petyonvil fe konnen li konn tande moun k ap vin pale anpil nan makèt l ap travay la paske yo di vyann yo ba yo an pa vann bèf vre.

Michel Chancy rekonèt sa konn rive. «Se yon gwo konba ki genyen. Men sa pa vle di tout vyann se vyann chwal yo ye.»

285 espas pou touye bèf nan peyi a

Gen 285 abatwa ak pwen abataj nan peyi a ansyen Sekretè Deta pou Pwodiksyon Animal la. Nan kantite sa a, gen 223 ki touye pipiti pase 20 bèf chak semèn. «Anpil ladan yo se pwen abataj. Sa vle di, yon kote tout moun konnen yo touye bèf men ki pa yon abatwa fòmèl. Se depatman Nip ki gen pipiti. Li gen de grenn sèlman.»

Gen espas ki pi gwo, yo se mwayen abatwa ak pwen abataj. Gen 31 nan kategori sa a, ki touye ant 20 jiska 60 bèf chak semèn. « Depatman lwès gen plis pase lòt depatman yo nan kategori sa, dapre Michel Chancy. Li gen pou kont li 9 ladan yo.»

Pi gwo kategori a, genyen sis sèlman ladann. Yo se abatwa paske Leta rekonèt yo egziste. Gen youn nan depatman sid, youn nan depatman sant, youn nan nò ak twa nan nan lwès peyi a. Pou depatman lwès, gen youn nan Maryani, youn nan Kwadèbouke epi youn Damyen. Sa vle di, gen gwo abatwa sèlman nan kat depatman.

Chak gwo abatwa sa yo touye plis pase 60 bèf. Dapre Michel Chancy, abatwa sa yo sanse touye bèf pou makèt ak restoran yo.

Pòtoprens li menm gen sis espas k ap ba li vyann bèf. Selon ansyen Sekretè Deta pou Pwodiksyon Animal la : gen twa gwo ak twa mwayèn abatwa. Gen : de kwadèboukè, de Taba ak youn Lasalin, youn Maryani.

Bèf yap touye yo dwe idantifye

Gen 150 000 bèf ki touye chak lane pou pipiti nan 285 abatwa ak pwen abataj ki genyen nan peyi a selon yon rapò Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral pibliye an 2018 ki gen pou tit : Sistèm nasyonal idantifikasyon bèt ak kontwòl abataj. Selon rapò sa a.

Abatè Lorvens Simillien fè konnen, tout bèf k ap rantre nan abatwa Maryani dwe idantifye. Sinon, li p ap touye yo. « Se lalwa ki mande sa. Yon mwayen pou nou konn kote vyann nan sòti si gen yon pwoblèm. Sitou fòk moun nan mache ak papye ki pwouve sa».

Zanno bèf. Foto: Snayder Pierre Louis / Ayibopost

Zanno bèf. Foto: Snayder Pierre Louis / Ayibopost

Selon arète a, tout moun kap gade bèf ak esplwatan agrikòl yo dwe prezante tout bèf yo genyen devan yon ajan veterinè ki akredite nan ministè agrikilti. Pou idantifye bèf yo, ajan veterinè a mete yon pè zanno pou bèt la. Zanno sa a gen yon nimewo dis chif ladan li.

Jean Baby Sydney se yon ajan veterinè ki baze nan komin Site Solèy. Li eksplike : «Yap mete nimewo sa a nan yon kanè yo bay moun ki vin idantifye bèf la a. Epi enfòmasyon sou bèt la, sitou nimewo a, ap anrejistre nan baz done Ministè Agrikilti ki aksepsib 24è sou 24».

Selon Michel Chancy, gen plis pase 1,2 milyon bèf ki anrejistre nan baz done a. Kantite sa a se pou plis pase 485 000 pwopriyetè. «Chak mwa, genyen an mwayèn, 15 000 tibèf ki anrejistre, sa vle di, ki gen yon pè zanno. Se bèf ki idantifye epi vaksinen kont maladi chabon ki ka jwenn pòt louvri pou vann, oubyen lòt aktivite ki gen pou wè ak lajan.»

Ofisye k ap rantre enfòmasyon nan baz done Ministè Agrikilti. Foto: Snayder Pierre Louis / Ayibopost

Sètifika pou vyann nan

Ministè agrikilti ak Ministè Komès antann yo pou ajan kontwòl abataj yo bay mèt vyann lan yon sètifika. Dokiman sa montre vyann lan soti nan yon bèt ki te enspekte, ki gen zanno ak kanè.

Makèt yo achte vyann yo nan men moun oubyen enstitisyon ki la pou distribiye vyann, selon ajan veterinè Jean Baby Sydney. Se pou sa Ministè Komès egzije pou makèt yo ak restoran yo mande moun ki ap vann vyann lan sètifika ki montre vyann nan korèk.

Sètifika a bay anpil enfòmasyon sou vyann nan, mèt bèf la ak abatwa a. Ladann genyen abatwa a, kontwolè veterinè a ak mèt vyann nan ki siyen.

Se yon mwayen, selon Michel Chancy, pou vyann bèf ki ap vann nan makèt yo retrase. «Se pou sa done yo toujou disponib 24 sou 24».

Kisa lalwa di sou chanjman non mèt bèf yo?

Depi yon moun achte yon bèf, moun sa a dwe pran kanè a nan men ansyen mèt bèf la. Si se nan labatwa li prale ak bèf la, li pa bezwen fè chanjman non an. «Lap jis bay li nan labatwa a ak non ansyen pwopriyetè a ki sou papye », dapre sa Jean Baby Sydney revele.

Si moun ki achte a se gade lap gade li, li dwe fè chanjman non an nan zòn lakay li. Lè sa a li pral jwenn veterinè ki nan seksyon kominal kote li rete a. «Li ap prezante bèf la ak kanè a, pou ajan veterinè a fè chanjman non an nan kanè a. Ajan veterinè a ap mete so li ak paraf li aprè.»

Ajan an bò kote pa li, ap voye yon fich ki gen enfòmasyon sa a nan direksyon depatmantal ministe agrikilti pou yo fè chanjman an nan rejis nasyonal la.

Kisa pou yon moun fè si kanè a oubyen zanno bèf la pèdi?

Selon ajan veterinè a, se pou mèt bèt la fè deklarasyon sa nan biwo kazèk zòn li an. «Si sa nesesè, kazèk la gen dwa mande moun nan prezante ak 2 lòt moun ki ka temwaye bèt la se pou moun nan li li ye. Mèt bèt la kapab ranfòse deklarasyon sa a devan lapolis oubyen ak yon jij de pè oubyen nan lameri».

Mèt bèt la ap pote pwosè vèbal deklarasyon an nan ministè agrikilti (Biwo agrikòl kominal, oubyen direksyon depatmantal la), ansanm ak idantitel, ak kanè bèt la, si se zanno a ki pèdi.

Selon Michel Chancy, lè responsab ministè a fin fè verifikasyon nan rejis nasyonal la, Ministè a ap bay ajan idantifikatè a yon otorizasyon pou ranplase zanno oubyen kanè a ki te pèdi a.

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *