EN UNEPOLITIQUESOCIÉTÉ

Nan Kanaran, Bandi ranplase Leta

0

Depi lane 2018, sitwayen nan lokalite Kanaran ap viv yon move sitiyasyon. Bandi ak gwo zam fè tèt yo pase pou Leta pou jere kesyon tè, epi teworize tout moun k ap viv nan zòn nan. Kèk sitwayen ki abite Kanaran, pran kouraj yo ak de men pou denonse pwoblèm nan. Pou sekirite yo, nou chanje non yo nan atik la.

Apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, anpil moun te anba tant, osnon nan lòt abri pwovizwa. Kanaran, yon lokalite nan komin Kwadèboukè, se yonn nan zòn anpil viktim te al pran refij. Apati 2011, tè nan zòn nan te kòmanse vann. Jounen jodia genyen anpil moun ki abite la.

Se an 2014 Jan achte moso tè pa li a, nan yon zòn Kanaran ki rele Sen Kristòf osnon Kanaran 50. Li bati de pyès kay sou li, pou li viv ak madanm li. Depi anviwon 3 mwa fanmi sa a oblije kite kay la ak tout sa ki ladan l. « Nou pa ka rete nan zòn nan ankò, Jan di. Bandi anvayi nou. Se yo ki koupe se yo ki rache. Yo vann oubyen lwe kay moun nan zòn nan jan yo vle. Yo vann tè tou, e pafwa yo vann plizyè moun menm tè a. Yo gen gwo zam lou, e se tout lajounen y ap touye moun ki pa dakò ak yo.

Dapre li menm, tout moun nan Kanaran ap viv nan laperèz, sitou nan Sen Kristòf, ki se Kanaran 50 kote yon chèf gang ki rele Valles ap opere. Jan di : « Bandi yo fè tankou se yo ki Leta. Chak mwa yo enstale yon prezidan pou zòn nan. Prezidan sa a se yon bandi tou e se li ki jere tout bagay. Te gen yon anèks lameri Kwadèboukè, gang lan mete kadna ladan l. Gen yon ti pòs polis nan Titanyen men li pa itil anyen, e li konn pa gen polisye ladan l. »

Se menm sitiyasyon sila a ki fè Jak pa ka al konstwi sou yon tè li achte nan Sen Kristòf depi 2015. « Mwen te anvi konstwi ane sa a. Yo mande m lajan pou kite m konstwi sòl kay la. Men jan sitiyasyon an grav la mwen oblije desann kay fanmi, mwen ak madanm mwen. Men nou p ap viv byen. Nou oblije pral lwe yon pyès kay pou 30 000 goud alòske nou gen tè pa nou nou te ka bati sou li. »

Menm si moun Kanaran pè, yo pa ka kite zòn nan. Si yo fè sa, bandi yo ka vann kay la oubyen yo ekri yon kantite kòb sou mi yo. Se kantite kòb sa a pou peye pou w retounen. « Te genyen yon abitan ki te fè 2 jou deyò poutèt li t al nan yon antèman. Paske li fè tout tan sa deyò, Valles kloure pòt kay li a. Pou li retounen li dwe peye lajan », dapre temwanyaj Jak.                                                                                                                                                 

Batay ant gang pou kontwole Kanaran

« Zòn nan pa te gen pwoblèm, dapre Jan. Se apati fen 2017, epi sitou an 2018, bandi vin anvayi nou. Bagay sa kòmanse ak yon endividi ki rele Luckner. Se li ki te konn vann tè nan zòn nan. Men li konn al chèche bandi ki soti Lasalin oubyen Site Solèy pou vin ede l. Se konsa bandi vin enstale isi a nèt. » Anpil moun mouri deja nan Kanaran anba men bandi sila yo, dapre sa Jan fè nou konnen. Gen ladan yo se tèt yo yo koupe. Pèsòn pa epanye. Jan di gang Valles la prevwa mete men sou kèk etranje ki konn vin fè pwojè ONG nan Kanaran.

Valles, ki se chèf gang k ap opere nan Sen Kristòf la gen plis pase 50 sòlda, dapre Jak. E bandi sila deside jere tout Kanaran nèt. Li nan batay ak yon ansyen alye li, yon lòt chèf gang ki rele Blak Satan, k ap dirije Kanaran 70. Genyen yon karyè sab nan mitan de zòn sa yo, nan yon lokalite ki rele Pak Bèf. Min sa a se yonn nan rezon afwontman gang yo. «Mwen pa kwè se yon pwoblèm politik ki koze zafè gang sa. Se paske Leta a pa prezan tou », dapre Jan. Tou de sitwayen sa yo di yo deside pale pou lòt moun k ap viv Kanaran men ki pè pou lavi yo. Yo menm, yo jwenn lòt kote pou fè ladesant. Men se pa tout moun ki genyen chans sa. Gen lòt ki oblije rete sibi menas ak move tretman nan men gang yo.

Abitan Kanaran yo, dapre de sitwayen sa yo, mande Leta pou li mete sèvis nan zòn nan, pou fè fas kare ak aktivite bandi yo. « Nou pare pou nou peye taks Leta yo. Si yon moun ka peye yon bandi, se pa Leta li pa ka peye. Leta dwe fè wè prezans li. » Kanta Jak, li panse pou moman an sa ki pi enpòtan se pou Lapolis ta fè yon ladesant. Apresa pou mete yon komisarya epi pou Leta vin bay sèvis. « Nou anvi rantre lakay nou. »

Somalizasyon: yon danje k ap rive sou Ayiti ?

Depi lane 1991 peyi Somali, an Afrik, pa te genyen Leta. Pa te gen gouvènman ditou, e otorite lokal yo pa te gen okenn pouvwa. Sa lakoz peyi a te fann pak an pak. Bandi te pran kontwòl anpil rejyon. Pandan plis pase 20 an, Somali te nan sitiyasyon sila.

Anpil moun panse si otorite Ayiti yo pa leve pye yo, peyi a ka vin menmjan ak Somali. Leta a ap disparèt paske l ap twò fèb, epi gang ap anvayi chak tikwen, menm jan sa kòmanse fèt deja ak yon seri chèf gang. Sa gen gwo konsekans sou lavi moun nan zòn sa yo. Pa egzanp, depi kèk tan, Kafou Fèy genyen gwo pwoblèm dlo akoz bandi k ap fè komès ak dlo Dinepa, yon enstitisyon Leta bay responsab distribisyon dlo potab nan peyi a .

Jameson Francisque

_______________________________

 

Commentaires

Jameson Francisque
Linguiste. Journaliste. Passionné de technologie.

    Seulement 2 partis politiques sur 83 répertoriés ont un site web actif

    Article précédent

    Le peintre Armand Myrthil fait de « Tèt pwav » un langage artistique

    Article suivant

    Commentaires

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost