Lè w plede tonbe sou kadav moun nan lari osnon gade imaj ak videyo konsa, m pral eksplike w ki konsekans sa ka gen sou ou, men sitou, kijan w ka pwoteje tèt ou
Dènye tan sa yo, kantite kadav moun n ap kwaze nan lari an Ayiti, sitou nan Pòtoprens, bay gwo laperèz.
Sou rezo sosyal yo menm, imaj ak videyo yo fè kenken, e yo konn menm ateri nan mesajri pèsonèl nou malgre nou pa t mande wè.
Kit se sou timoun, kit se sou granmoun, imaj sa yo gen gwo konsekans. Se pou sa, AyiboPost pale ak espesyalis nan sante mantal pou ede n konprann konsekans yo, fason yo manifeste lakay nou, e sitou, ki bon konpòtman nou dwe adopte.
► Kisa konsekans yo ye menm ?
Daprè sa sikològ Wendy Helene Adrien esplike AyiboPost, lè yon moun plede sote sou kadav moun konsa, yonn nan konsekans yo se sa ki rele « disosyasyon » an. Nan domèn sikoloji, disosyasyon an se yon fòm dekoneksyon ki fèt ant panse yon moun epitou, anviwonnman ki antoure l ak sa l santi kòm emosyon.
Pou m pi klè pou ou toujou, se tankou moun ki viktim de disosyasyon an vin ekate l de reyalite a. Sa vle di, li vin ap aji kòmsi pa t janm gen anyen grav k ap pase nan antouraj li. Se tankou li divize tèt li an 2. Yon bò kote li ka toujou santi l fistre ; yon lòt bò, li kontinye ap fonksyone byen vag, kè pòpòz.
─ Alòs, se kilè yon moun kapab viktim de disosyasyon an ?
Sikològ Adrien di nou, disosyasyon an ka parèt lakay yon moun lè li santi yon gwo laperèz akoz yon menas reyèl oswa yon menas li imajine nan tèt li.
Lè sa a, disosyasyon an pote non disosyasyon twomatik. Se yon reyaksyon sikolojik ki konn sèvi swa kòm yon mwayen pou adapte ak yon sitiyasyon difisil oubyen dezagreyab, swa kòm yon mekanis defans pou ede moun ki viktim lan fè fas ak estrès.
Se nan sans sa, lè sa rive yon moun viktim de sa ki rele « disosyasyon» an, li ka parèt tankou yon moun san pitye nan je lòt moun. Pa egzanp, si w di l ou sot tande yon moun mouri, si se pa yon moun ki te pwòch li anpil, li prèske anvi reponn ou : « Se pa grav !». Paske, li tèlman abitye tande, li tèlman abitye wè moun mouri, sa vin tounen yon bagay nòmal pou li.
Sofke, jan nou sot esplike w sa, fason viktim lan reyaji a se yon mwayen pou l pwoteje tèt li kont chòk emosyonèl li pa ka sipòte ankò. Se konsa l jwenn pou l mete tout doulè oswa laperèz kanpe lwen l.
Anpil fwa tou, reyaksyon sa yo konn tradui enpisans viktim lan, lè l reyalize li pa ka chanje anyen nan sa k ap pase yo. Alòs, li reziyen l epi li jis kontinye viv lavi l.
Parapò ak tout sa sikològ Adrien ede n konprann la yo, ou siman kòmanse ka idantifye kèk moun nan antouraj ou ki gen konpòtman konsa. Pa vre?!
Men atansyon, n ap presize, se pa sèlman lè yon moun plede tonbe sou kadav ki ka lakoz li gen konpòtman konsa. Gen anpil lòt faktè nou p ap ka gentan wè nan videyo sa.
***
► Kounye a, ann gade ansanm ki siy ak sentom ki ka manifeste kay yon moun ki plede ekspoze ak imaj chokan sa yo.
Nan sa ki gen pou wè ak kadav moun, lè n tonbe sou li nan lari, li souvan pi chokan pase lè n ap gade imaj la dèyè yon ekran. Men, sa n dwe konnen, toulede sitiyasyon sa yo fè efè sou nou. Paske an reyalite, se pa nou k ap deside; men se pito sèvo nou. A wi ! Sikològ Gihane Dejoie Mathurin eksplike AyiboPost sa byen senp. Li fè konnen, se sèvo a ki ranmase tout imaj yo epi kite yo fè chimen yo nan sibkonsyan nou pou y al manifeste sou yon dividal lòt fòm.
Li enpòtan pou n konn siy ak sentom sa yo, paske trè souvan, yo se mesaj ki vle di : nou gade kadav twòp !
Toudabò, sikològ Mathurin pa kache pou l di, nou menm Ayisyen, nou pa souvan fè lyen ant maladi nou epi eta sikolojik nou, sa ki se yon gwo erè.
Si n konsidere dènye lane sa yo sitou, nou souvan plenyen de strese nou strese akoz pwoblèm peyi a; men anpil fwa nou konn tou rete la. Sa vle di, nou pa chèche èd sikolojik. Poutan, strès la ka ban nou plis pwoblèm toujou si n pa chache jere l. Pa egzanp, si nou te deja genyen yon maladi kèlkonk nan kò nou, strès la ka agrave l. Konsa tou si nou pa t malad ditou, li ka pwovoke sa li menm.
Kidonk mezanmi, kadav n ap wè yo gen konsekans sou fizik nou tou. Lè nou plede gade yo konsa, pou n ap ankese, san n pa dechaje n de santiman ak emosyon negatif yo, divès kalte maladi kapab devlope anndan nou, pandan n pa menm konn si yo asosye ak reyalite sa yo.
Pa egzanp, sa ka lakoz kè nou bat fò. Nou kapab gen gwo tèt fè mal, tansyon wo, doulè nan do, doulè nan atikilasyon nou yo, difikilte pou n fè bagay (fè sèks), elatriye
Mete sou sa, nou kapab rann nou kont gen moun fason yo pale ak fason yo reyaji chanje san nou pa vrèman ka esplike rezon an. Enben, se paske twomatis yo a kapab aji sou yo nan plizyè lòt nivo, tankou emosyonèl ak entèlektyèl. Lè sa, nou ka remake moun lan souvan tris (pou n pa di toujou tris).
Kapab tou se fache nou wè l pa mal pou fache. Moun sa tou kapab toujou ap panse ak lanmò. Oubyen li mal pou l jere relasyon moun ak moun.
─ Nan sa ki gen pou wè ak aspè entelektyèl, kapasite pou moun sa konsantre kapab febli anpil. Li pa ka focus. Menm nan refleksyon l ap eksprime yo, si w suiv byen, ou ka remake yo manke lojik. Li vin pesimis nan yon nivo ou pa ka fin konprann. E gen anpil lòt siy ak sentom nou ta ka fè yon jounen ap site.
Li enpòtan tou pou n souliye, pafwa moun sa yo konn tonbe nan pran dwòg ak alkòl.
***
► kisa k fè rapò nou menm Ayisyen ak lanmò vin dwòl konsa ?
Diferan sikològ AyiboPost pale ak yo nan kad travay sa a, yo tonbe dakò pou di lanmò gen kapasite pou mete nenpòt ki moun anfas yon angwas egzistansyèl. Angwas egzistansyèl la, se yon gwo laperèz ki anvayi yon moun san avètisman, ki lage l nan reflechi sou frajilite lavi a ak pwòp pozisyon li nan mond lan. Sikològ Wendy Helene Adrien li menm asosye angwas egzistansyèl la ak yon « mal-être psychologique », ki se yon kriz idantitè kote moun lan pran poze yon dividal kesyon atò sou pwòp egzistans li.
Espesyalis yo pa vrèman idantifye yon bagay fiks ki deklannche angwas egzistansyèl la. Li vini sanzatann. Men, jan sikològ Adrien souliye li pou nou an : ase souvan, gen de moun se seri kesyon (filozofik) sa yo ki konn mennen l lakay yo. Lè sa, moun sa yo tonbe poze tèt yo yon bann kesyon yo pa fouti reponn. Kesyon sa yo pran tout nanm yo e malgre yo menm yo ta anvi reflechi ak lòt bagay, yo pa kapab. Jiskaske yo tonbe fè gwo kriz panik.
Pou anpil lòt moun, sikològ Adrien di nou kriz egzistansyèl sa konn lye ak yon « perte de sécurité ». Li konn parèt lakay yo apre yo fin viv yonn oswa plizyè gwo evènman nan lavi yo. Pa egzanp lanmò.
Alòs, pou n pa rive la, gen espesyalis ki kwè, relijyon, filozofi ak kèk lòt domèn ban nou fason pa yo pou ede nou prepare n fas ak lanmò. Men, chak sosyete gen fason pa yo yo devlope rapò yo ak reyalite sa ki se lanmò.
Pa egzanp, nou menm an Ayiti, nou trete mò nou ak respè ─ an jeneral. Nou ta ka di se yonn nan règ fondalnatal sosyete nou an. Se youn nan rezon ki konn esplike yon moun konn mouri poutèt mwayen l pa t genyen pou yon tretman lopital, poutan, lajan ki depanse pou vèy li ak antèman l konn depase pri l t ap bezwen pou lopital la lontan sa. Men se pa movèz fwa non. Okontrè, se yon prèv lanmou vizavi defen an.
Menmjan tou, si se nan lari moun lan mouri, kit se ta aksidan, ansasinay oswa yon lòt kòz, premye jès ki (te) konn poze, se kouvri l ak yon dra blan.
─ Pakont, jounen jodi a, lanmò vin prèske pa vle di anyen nan je nou. E sa jwenn orijin li nan vyolans ki pa vle di anyen tou, selon sa diferan sikològ nou pale ak yo di nou. Pa egzanp, pèp la tèlman sibi vyolans anba men bandi, li reponn ak “Bwa kale” ki se yon lòt fòm vyolans. Men piske pa gen jistiis, “Bwa kale” a vin yon fòm vanjans kolektiv.
Bò kote pa l, sikològ Mathurin admèt bandi reprezante yon seri eleman nuizib pou sosyete a. Pa kont, li di nou tou, yon moun pa ta janm dwe santi l kontan lè l ap touye yon moun oswa lè li wè yon moun mouri. Epoutan, nou ka konstate anpil moun pa kache kontantman yo kit se an prive, kit se sou rezo sosyal yo.
E pyèj li di nou pou n pa kite n pran ladan, se tonbe kalifye moun nou kwaze sou wout nou de bandi, jis pou n ka jistifye santiman kontantman nou resanti fas ak kadav la. Se pa kilès moun lan te ye oswa kijan l mouri ki pou ta fè nou ap rejwi nou de lanmò li. Men espesyalis la konkli pou l di nou sitiyasyon sa n ap viv la prèske vòlè mounite nou. Anvan, lè nou wè yon mò nou te konn kanpe paske kè nou fè nou mal. Kounye a, se vre ka gen moun ki kanpe, men se swa paske yo bezwen konnen sa k sot pase a oswa pou yo fè foto ak videyo.
***
► Pou n fini, ann wè ansanm kèk konpòtman ki ka ede nou fè fas ak sitiyasyon kote nou souvan ekspoze ak imaj chokan sa yo.
Premyeman, si w santi reyalite kadav yo afekte w oswa afekte yon pwòch ou, pi bon solisyon an se chèche sipò emosyonèl, kit se nan fanmi, zanmi, oswa pwofesyonèl tankou yon sikològ. Paske, pataje sa w santi ak lòt moun ka ede w diminye chay emosyonèl ou.
Dezyèmman, fè efò pou limite ekspozisyon w ak imaj chokan yo. Evite tèlman gade nouvèl oswa kontni sou rezo sosyal ki mete aksan sou vyolans ak lanmò, espesyalman si w santi li gen yon enpak negatif sou sante mantal ou.
Twazyèmman, ou menm oswa yon pwochen ki afekte kapab pran abitid fè aktivite ki bon pou tèt nou, tankou fè espò, medite, koute mizik, oswa pratike aktivite kreyatif ki ka diminye estrès, ede n jere tout angwas, epi pran distans ak vye emosyon ki ta ka anvayi nou.
Dènye bagay, toujou sonje ke ekspoze twòp ak imaj chokan sa yo pa dwe janm vin nòmalize. Pa neglije efè yo ka genyen sou sante mantal nou. Menm si sentom nou diskite yo pa toujou soti dirèkteman nan sa w ap wè chak jou, sonje yo ka agrave sitiyasyon w. Pran swen tèt ou dwe yon priyorite.
Kamera : Philicien Casimir
Montaj : Marc Elie Rosena
► Rechèch ak Redaksyon : Rebecca Bruny
► Edisyon ak Sipèvizyon : Chérubin Jérôme, Philicien Casimir
Gardez contact avec AyiboPost via :
► Notre canal Telegram : cliquez ici
► Notre Channel WhatsApp : cliquez ici
► Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici
Comments