CULTURESOCIÉTÉ

Istwa grafiti nan peyi Dayiti

0

Mi nan zòn metwopolitèn Pòtoprens chaje imaj tout kalite. Desen “grafiti” sa yo souvan ap fè pase yon mesaj politik oubyen pale de lanmou. Ki istwa koze grafiti a nan peyi a ?

Li fè dizè nan maten 15 septanm ki sot pase a. Nan ri Kamileyon, plizyè jèn gason ak fanm gen nan men yo yon ti bonbòn penti an sprey. Y ap travay nan plizyè mi ki nan zòn lan.

Atis sa a yo k ap patisipe nan festival grafiti ap tande mizik nan kè kontan pandan y ap fè imajinasyon yo travay pou yo pentire bèl imaj nan mi yo.

Snoopytag, grafè nan festival grafiti. Foto: Facebook / FG

Kisa grafiti ye ?

Mo sa jwenn rasin li nan yon mo grèk ki se « graphein ». Li siyifi, ekri, desinen oubyen pentire. Grafiti se yon penti ki reyalize sou yon mi, yon moniman, yon byen ki piblik oubyen prive.

4 sou 5 grafè nou pale ak yo nan festival la fè konprann grafiti se vwa mas pèp la. Se fason pou yo kriye fò kont bagay k ap mal fonksyone.

Francisco Silva se karikatiris, ilistratè ak atis pent. Li se youn nan atis kap patisipe nan festival grafiti a. Pou li menm, « grafiti se youn nan mwayen ki fasil pou fè revandikasyon. Li aksesib pou tout moun. Li se yon «art» vizyèl ki trè agresif, paske li anba je tout moun.»

Atis Brezilyèn Lidia nan festival grafiti. Foto: Facebook / FG

Depi kilè grafiti kòmanse an Ayiti ?

Grafiti la depi yon bon bout tan nan peyi Dayiti dapre sa Francisco Silva fè konnen. « Li pat gen non sa a, menm nan lòt peyi yo yo pat rele li konsa. Li difisil pou yon moun konsidere yon epòk pou yo di se lè sa li vini nan peyi. Pa gen yon dokiman ki vrèman trase listwa li 50 lane anvan. »

Oldy Joël Auguste se yon plastisyen epi sineyas ayisyen. Li fè konprann mouvman sa jwenn orijin li nan gwòt oubyen nan mi ansyèn listwa yo. Selon li, gen moun ki te  konn dekri sèn lavi yo t ap viv chak jou nan mi yo, avèk yon chabon dife.

Li tou : Le graffiti, un art politique illégal en Haïti

Pou Francisco Silva, sa fenk gen 30 lane depi lè grafiti parèt aklè nan peyi a. Se aprè rejim Divalye a moun yo kòmanse ap travay mi yo pou fè pase revandikasyon yo genyen.

Li ajoute : « Anpil moun ap di se lè sa li kòmanse, paske se nan peryòd sa nou vrèman jwenn kèk tras. Moun yo te konn itilize penti pou denonse pouvwa diktati a.»

Atis Asaf nan festival grafiti. Foto : Facebook / FG

Mi yo se te yon espas pou tout moun vin fè pase revandikasyon yo, selon Sterlin Ulysse. Li se vis dwayen fakilte IERAH/ISERSS epi li fè yon doktora nan «histoire de l’art» nan inivèsite «Toulouse Jean Jaurès».

Pandan peryòd elektoral yo nan lane 1991, mi kay moun toujou inonde ak imaj kandida, epi mesaj swa pou fè pwomosyon oubyen pou pale de sa moun nan fè ki mal.

Allrich Moca se premye grafè ayisyen

Allrich Moca se youn nan atis ki pi briyan nan jenerasyon aprè diktati a. Pent sireyalis, Moca te enpresyone kritik da aletranje ak Ayiti. Li se dezyèm loreya, nan lane 1997, konkou « Connaître les jeunes peintres » enstiti Fransè an Ayiti te òganize. Atis plastisyen sa te ekspoze zèv li yo nan Mize da ayisyen, Kolèj sen pyè ak nan sant da.Li mouri a 32 lane.

Jèn gason sa te gen yon tag li renmen ki te rele “ti rasta”. Li te rete nan zòn avni bòlòs yo. Selon Fransisco Silva, grafè ayisyen yo konsidere li pou premye grafè nan peyi a. « Misye te konn fè grafiti nan yon bann espas ki vrèman riske. Alepòk espas sa yo moun pat renmen itilize yo. Se te yon plezi pou li menm, travay ladan yo. »

Grafiti an Ayiti evolye avèk Jerry

Se pa fè lontan depi entelektyèl yo kòmanse chèche konprann kilti ibèn nan peyi a. Depi lè prezidan Divalye kite pouvwa a, grafiti tounen enstriman politik pou moun fè pase mesaj yo. Men, «nou pito tann Jerry Moïse ki pou rann li antre nan zafè atistik, pandan nou kenbe kote pou nou pwoteste a konsa pou nou pale de grafiti», se sa Sterlin Ulysse ekri.

Jerry Rosembert Moïse se youn nan moun ki rann grafiti a evolye nan peyi Dayiti. Li fè travay li yo nan mi ki nan pòtoprens epi ki nan vil pwovens yo tou.

Jerry k ap patisipe nan festival grafiti. Foto : Facebook / FG

Jerry pat panse grafiti t ap fè tout siksè sa nan peyi a lè li te koumanse travay. Li te konn travay lannwit, paske fòk li siveye lapolis detanzantan. Sa konn rann li pran tan lè li ap travay. Pou li, nan senk minit li ka desinen yon karikati. Li te konn travay non gwoup rap nan mi yo, oubyen bann rara.

Nan lane 2007, li deside pran yon lòt etap nan karyè li epi li vin chwazi fè pase mesaj popilasyon an nan mi yo. « M vin fè pase revandikasyon pèp la epi pale reyalite peyi a, se yon gran etap ki enpòtan pou mwen ak pou peyi a».

Pou Sterlin Ulysse, aprè 12 janvye 2010, zèv Jerry yo enskri nan yon demach pou mete an kesyon politik tradisyonèl peyi a. Li denonse epi revandike alèd de yon desen oubyen yon grafiti, sa rapè yo te deside denonse oubyen revandike nan mizik yo. Li ajoute : «Misye pat janm chwazi rete kache. Malgre li sot nan yon zòn ki sansib.»

Anpil lòt jèn vin rantre nan mouvman an

Anpil jèn ki renmen mouvman an, vin fè grafiti an layite kò li nan peyi a. Yo itilize imajinasyon yo pou krye lòt bagay nan zafè fè grafiti nan peyi a. Selon Francisco Silva, jèn sa yo vin wè medyòm sa « tankou yon zouti pou eksprime yo. Yo wè grafiti tankou yon zouti pou fè pase revandikasyon yo.»

Se lè sa anpil grafè vin parèt, tankou : Assaf, Taz, Mako, Francisco Silva, Vlad, 2son, Adou, Bungy Baka, elatriye. Francisco Silva eksplike « Se gras ak Jerry ki rann grafiti evolye plis epi ki rann tout jèn sa yo itilize mwayen sa pou fè pase mesaj yo vle. »

Depi 2 zan, Gary ak Silva Francisco ap abòde kesyon sosyal ak politik nan festival la. Foto : FG

Yon festival grafiti an Ayiti

Depi 10 septanm rive 20 septanm, gen yon festival grafiti ki met atis sa yo alonè nan peyi a. Ane sa se katyèm edisyon li.

Se «Collectif pour la Promotion des Arts Urbains et de l’Art Contemporain» (CAPUAC) ki vini ak inisyativ sa.

Nan lansman festival la, Jean Widler Pierre-Saint ki se prezidan kolektif la, fè konnen : «festival la se yon vitrin nan kreyasyon grafik ak vizyèl nan peyi a. Li se yon espas pou atis yo vin eksprime yo, epi pou chak atis ka rankontre. Atis yo sot nan plizyè kote nan mond lan, se sa ki fè li se yon espas rankont pou tout atis k ap fè grafiti nan peyi a.»

Depi lè festival la kreye an 2015, li fè gran siksè.

Li se sèl festival sou zafè grafiti an Ayiti. Ane sa, Tigwav ak plizyè zòn nan metwopolitèn pòtoprens resevwa atis yo.

Plizyè grafè ayisyen ak aletranje ofri a festivalye yo, prestasyon dans, pèfòmans mizikal epi atelye sou grafiti. Se yon fason, selon responsab festival la, pou fè pwomosyon metye «art» ibèn yo nan peyi a, tankou yon zouti pou fè devlopman kominotè.

Commentaires

Snayder Pierre Louis
Journaliste à Ayibopost

    Le gallon jaune comme objet poétique

    Previous article

    La dernière photo de Chery Dieu-Nalio avant l’incident au parlement

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost