SOCIÉTÉ

H. pylori : men tout sa ou ka fè pou w konbat bakteri sa | Videyo

0

Se pa yon bon lide ditou pou yon moun ap bo osnon pran-lang ak moun li pa konn eta sante l

Si w abitye bwè dlo, nan menm gode avèk lòt moun, osnon itilize menm kiyè pou n manje… enben, ou riske trape yon bakteri ki rele « H. pylori » ki ka debouche sou plizyè maladi grav. Men atansyon ! Se pa sèlman sèvi nan menm gode ak kiyè ki ka lakòz ou trape «H. pylori. Kite m eksplike w !

Toudabò, kisa «H. pylori» a ye menm ?

Mo «H. pylori» a se abrevyasyon non syantifik yon bakteri ki rele «Helicobacter Pylori». Li tabli kazèn li anndan estoma moun; e se la li deside fè tout dezòd li yo.

Daprè sa medsen entènis Samuel Faldor eksplike AyiboPost, «H. pylori» se yon enfeksyon moun ka trape swa nan manje ki pa kuit nan bon kondisyon lijyèn; swa nan echanj saliv, pandan 2 moun ap bo pa egzanp; oubyen nan kontak ak twalèt.

Si yon moun ki gen H. pylori pa byen lave men l lè l sot nan twalèt, epi pa malè l al manyen manje oswa tout lòt bagay ki pral an kontak ak bouch ou, enben ou riske enfekte wi ! M ap di w plis sou sa pi devan.

Doktè Faldor fè konnen, H. pylori pa yon enfeksyon ki mòtèl, men li presize : si l pa janm trete, li kapab debouche sou maladi mòtèl tankou kansè estoma.

Entènis la di tou, «H. pylori» a kapab lakòz yon pakèt lòt konplikasyon tankou «ulcère estomac», «gastrite», pou n site sa yo sèlman.

Ou ka li tou : Tout sa ou dwe konnen sou H-pylori ak gastrit

Men kèk sitiyasyon ki ka lakòz yon moun trape «H. pylori» a:

Jan n te di l talè a, yon moun ka bay oswa trape «H. pylori» a nan fè ti bo pwenti, oubyen nan pran-lang, paske nan echanj saliv yo, si youn nan moun yo te gen enfeksyon an, li ka tou bay lòt la l. Se sa k fè, pèsonèl medikal k ap swànye pasyan ki nan tretman kont «H. pylori», yo konn tou mande pasyan sa fè tretman an an menmtan pou patnè li. Si non, se lave men siye atè.

Kidonk, nou ka tou konprann, li pa yon bon lide ditou pou yon moun ap bo osnon pran-lang ak moun li pa konn eta sante l.

«H-Pylori» a ka transmèt nan manje ak menm kiyè, nan bwè dlo nan menm gode oubyen nenpòt lòt bagay ki ka mete bouch ou an kontak ak saliv yon moun ki kontamine ak bakteri a. Se sa espesyalis medikal yo rele « transmission oro-orale ».

Yon moun ka bay oswa trape «H. pylori» a nan fè ti bo pwenti, oubyen nan pran-lang, paske nan echanj saliv yo, si youn nan moun yo te gen enfeksyon an, li ka tou bay lòt la l.

Lòt bagay ankò ki lakoz, se move lijyèn. Jan n te di l talè a, yon moun pa egzanp ki pa renmen lave men l lè l sot nan twalèt, li riske simaye H. pylori a si l te genyen bakteri a. Nan langaj medikal, Fransè yo rele sa «transmission féco-orale».

Kijan w ka sispèk si w genyen H. pylori ? Kisa sentom yo ye menm ? 

Toujou daprè sa entènis Faldor eksplike AyiboPost, lè yon moun trape enfeksyon sa a, li ka devlope sentom tankou : anvi vomi, sa Fransè yo rele «nausée» a; li ka gen vomisman, dyare, vant fè mal, anba kè fè mal, dlo si k ap plede moute nan bouch li, movèz alèn, sa Fransè yo rele « Halitose » la, elatriye.

Pou n te rive konprann kijan moun ki trape H. pylori a viv eksperyans sa a, AyiboPost te pale ak Géraldine Malette, yon pasyan ki di n li te trete, erezman !

Daprè sa Malette konfye nou, menm si l pa t gen doulè chak jou, li te kanmenm gen lestoma fè mal. Anplis, li di l te destabilize moralman lè l te aprann gen bagay li p ap ka manje, men aprè li di l te santi l alèz.

Efektivman, lè yon moun sou tretman kont H. pylori, gen manje doktè ka mande l evite, tankou : manje ki gen twòp epis, oubyen vyann ki gen twòp grès. Pi devan, n ap di w plis sou sa.

Yon moun pa egzanp ki pa renmen lave men l lè l sot nan twalèt, li riske simaye H. pylori a si l te genyen bakteri a.

Bon !!! M sot ba ou kèk sentom ki ka pèmèt ou sispèk «H. pylori» a, men mezanmi, gen pou moun li konn « asymptomatique ». Sa vle di, moun nan genyen l nan san n, san l pa gen ankenn sentom ki pou mete l sou men l.

Se sa ki fè, espesyalis medikal yo toujou konseye moun fè tchèkòp jeneral pou verifye si tout bagay oke.

Kijan tès pou H. pylori a fèt menm ? 

Toudabò, n ap fè w konnen : pou w fè tès la, ou ka ale nan nenpòt sant sante ki gen laboratwa e ki an mezi pou fè sa.

Lè w rive nan laboratwa medikal la, laboranten an kapab fè yon tès sangen oubyen yon tès «selles» pou ou. Lè n di tès «selles», se yon tès k ap fèt apati de twalèt ou.

Lòt tip tès yo ka fè pou ou tou, se sa ki rele «Test respiratoire à l’urée marquée au carbone 13» la (Carbon 13 Urea breath test). Men an Ayiti, daprè sa entènis Faldor di AyiboPost, se egzamen san an ak tès «selles» la ki plis itilize.

Chak kilè yon moun ka fè tès H. pylori a ?

Espesyalis medikal yo di, pa gen yon lè espesifik pou fè tès la. Depi w gen sentom ki fè w sispèk enfeksyon an la, ou ka al fè tès la. E si w te genyen l deja, w ap bezwen refè tès la aprè trètman an pou w verifye si w byen trete.

Pou tès apre tretman an, laboranten yo plis priyorize tès «selles» la olye de tès san an, paske, daprè entènis la, lè tretman an fenk fini, «anti-corps» la toujou nan san an, e sa konn pran ant youn a 3 mwa pou tès san an negatif. Se poutèt sa, tès «selles» la se pi bon egzamen ki pèmèt yo verifye si tretman an efikas ou pa.

Lòt bagay ki enpòtan : menm si w pa gen sentom H. pylori yo, ou ka deside fè depistaj, sitou si w nan yon peyi tankou Ayiti kote anpil moun soufri maladi sa.

Anpalan de Ayiti, gen rechèch ki montre nan ki pwen H. pylori se yon epidemi k ap malmennen popilasyon an anba anba. Kategori moun yo jwenn ki plis afekte yo, se moun ki pa gen ase mwayen pou viv nan anviwònman ki ofri bonjan kondisyon lijyèn.

Gen etid ki revele se prèske mwatye limanite H. pylori enfekte. Men, bakteri a pi prezan nan peyi ki pi pòv yo akoz “promiscuité” se yon kondisyon ki favorize pwopagasyon l. Lè n pale de “promiscuite”, sa vle di twòp moun ki ret menm kote (moun k ap viv pil sou pil), pa egzanp nan kan oubyen abri yo, kote tout moun ap twalèt menm kote, e dlo pou sèvi a limite… 

Se yon reyalite ki riske debouche sou gwo pwoblèm sante piblik nan peyi a, lè n ap konsidere etid OMS reyalize ki revele pa egzanp 92 % moun ki soufri maladi gastrit, se H. pylori ki lakoz. Wouf ! (yon soupi)

Menm si w pa gen sentom H. pylori yo, ou ka deside fè depistaj, sitou si w nan yon peyi tankou Ayiti kote anpil moun soufri maladi sa.

Kijan yon moun ki gen enfeksyon sa a ka trete l ?

Toudabò, se lopital pou w ale, pou w fè tès epi lè konsa, si w genyen l, espesyalis medikal ki la pou sa ap mete w sou tretman. Espesyalis yo fè konnen, tretman H. pylori a pa konplike, men l pa senp non plis. Li pa konplike : paske an jeneral, se avèk « antibiotique » tretman an fèt, e medikaman yo pa vann chè. Li pa senp : paske fòk konsiy yo respekte alalèt. E se pou sa n dwe fè atansyon  ! 

Atansyon ak yon seri de medikaman tankou aspirin, diklofenac, ibuprofène oubyen nenpòt lòt medikaman ki fè pati de gwoup anti-inflammatoire non stéroïdien yo, ki ka ogmante risk Ulcère estomac kay yon seri de moun. Kidonk, pa eseye fè tretma poukò w. Ni tou pa al pran tretman nan men lòt moun sou pretèks li te genyen l deja, e l te arive geri l. Kò tout moun pa menm. 

H. pylori en Haïti

Atansyon ak yon seri de medikaman tankou aspirin, diklofenac, ibuprofène oubyen nenpòt lòt medikaman ki fè pati de gwoup anti-inflammatoire non stéroïdien yo, ki ka ogmante risk Ulcère estomac kay yon seri de moun.

N ap raple w sa : se doktè ki pou mete w sou tretman an. Pa plede pran antibyotik poukont ou, pou w pa konplike sitiyasyon an, kote òganis lan ka vin abitye ak medikaman yo epi yo pa fè efè.

Konbyen tan yon tretman H. pylori ka dire ?

Nòmalman, daprè sa entènis Faldor di n, se yon tretman ki ka dire ant 7 a 14 jou; sa pral depann de medikaman medsen an bay. Li dwe fèt nan anpil disiplin, sinon l ap echwe e w ap oblije rekòmanse.

Li enpòtan pou n note : tretman an pa toujou reyisi a 100% ka yo menm si w byen swiv endikasyon doktè a. Se sa k fè lè tretman an fini, yo dwe fè yon tès kontwòl pou ou.

Anpil fwa, doktè toujou rekòmande, menmsi tretman ta reyisi, pou w toujou kontinye fè tchekòp paske w ka enfekte pi rèd ankò. Wi, s on pongongon ! Men, lasante pi enpòtan.

Kisa w pa dwe fè pandan tretman an ?

Pandan tretman an, li enpòtan pou w pa bwè alkòl ak bwason gazez, yon fason pou w pa irite estoma a. Pa bwè bwason ki twò asid tankou ji zoranj, seriz,  tamaren, chadèk ak ji grenadya ki twò konsantre. Evite manje ki gen twòp epis, oubyen vyann ki gen twòp grès. Ak tout lòt aliman ki kapab atake pawa estoma a.

Toujou asire w kondisyon ijyèn yo respekte. Anplis de sa, defini yon bon lè pou w manje, yon lè k ap pèmèt ou gen ase tan pou dijesyon an byen fèt. Menm ti fritay la w oblije f on kanpe sou li ! Ou p ap gentan mouri pou sa.

Tretman an pa toujou reyisi a 100% ka yo menm si w byen swiv endikasyon doktè a. Se sa k fè lè tretman an fini, yo dwe fè yon tès kontwòl pou ou.

Jan n te di l pi wo a, Malette te suiv tretman kont H. pylori. Antanke pasyan ki te reyisi tretman pa l la, li konseye : si w aprann ou gen bakteri a, se aksepte l jan l ye a menm si w pa t atann ou ak sa, adopte yon nouvo woutin alimantè, pran swen tèt ou epi tann tretman an fini, pandan w ap kontinye suiv rekòmandasyon medsen ba ou.

Pou n fini mezanmi, n ap ankouraje ou, menmjan espesyalis yo rekòmande sa: toujou sonje lave men w lè w sot nan twalèt, pa mete anyen nan bouch ou san men w pa lave, epi, pou pi efikas, evite manyen sa w ap manje pandan w ap asire w li byen kuit, nan bon kondisyon lijyèn – sitou pou legim yo !

▶ Prezantasyon : Fabiola Laurent

▶ Rechèch ak Redaksyon : Winchel F. Norzéus & Fabiola Laurent

▶ Kamera : Sherlande Pierre

▶ Montaj : Riquemi Perez

▶ Sipèvizyon : Chérubin Jérôme


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

 

Jounalis, komedyèn epi imoris, Fabiola Laurent se yon pasyone kominikasyon.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *