AYIBOFANMSexualitéSOCIÉTÉ

Gason ak fanm ap temwanye sou koze règ ak kotèks

0

Yonn nan sijè ki tabou nan sosyete a se règ, epi sa ki gen rapò ak li tankou sevyèt ijyenik. Li pa fasil pou ni fi ni gason abòde sijè sila a

Herby Clerge se yon mesye marye. Li fè konnen li toujou achte sèvyèt ijyenik pou madanm ni. Dapre li menm, se nòmal e sa pa deranje l. « Se mwen ki nan lari pi souvan. Madanm mwen konn rele m di m lè m ap rantre, pase achte kotèks pou li. Mwen konnen ki modèl ak ki dimansyon li mete. »

Menmjan ak Herby Clerge, Patrice Charles, yon statistisyen k ap travay labank, eksplike zafè kotèks madanm li, se li menm ki jere sa a. « Mwen achte sèvyèt ijyenik yo lè m al nan makèt. Mwen rantre yo nan pwodui mwen konnen kay la bezwen. Pandan m ap achte pen, spageti etc, mwen tou achte yo tou ».

Li kontinye pou li di : « Mwen konnen byen ki kalite sèvyèt madanm mwen bezwen. Men pafwa mwen fè foto sa mwen jwenn yo pou voye pou li, pou li di m si mwen ka achte l. »

Pou tou de mesye marye sa yo, se nòmal pou yon gason kapab fè sa. Poutan, se pa tout fi ki panse menmjan an. Ludnear Diane Augustin, yon jenn fanm ki ekri plizyè atik sou koze règ, se yonn nan yo. « Mwen pa imajine kijan yon fi fè mande patnè li pou li achte sèvyèt ijyenik pou li. Petèt se paske depi m piti yo leve m poum fè tout afè m pou kò m. »

An menmtan tou, mande yon gason achte yon kotèks depann anpil de karaktè li. Se sa Jacqueline, yon etidyan administrasyon nan INAGHEI, panse. Pafwa tou, nesesite mande achte kotèks la pa rive paske anpil fi achte an gwo pou chak fwa yo ta bezwen.

Se pa fasil

Menm si Herby Clerge ansanm ak Patrice Charles twouve li nòmal pou yo achte sèvyèt entim pou madanm yo, yo pa t toujou panse konsa. Okòmansman, li pa t senp ditou. « Premye fwa mwen achte yon kotèks, dapre Patrice Charles, se paske menaj mwen te genyen an te bezwen. Mwen te pral lakay li, li mande m pase achte yonn pou li. Men lè m te rive sou kès la pou m peye, kesye a te fè blag avè m. Li mande m si se modèl sa mwen itilize. Si m te gen pwoblèm ak kotèks, mwen te ka pa t janm achte ankò ».

Herby Clerge konfime li menm tou li te gen difikilte. Jiskaprezan, gen moman kote li ka evite al nan makèt osnon famasi pou achte sèvyèt sila yo. « Si madanm mwen di m achte kotèks pou li, pandan m ak yon zanmi m, mwen p ap fè l. Mwen ka toujou achte l apre. Moun pa bezwen konnen mwen pral achte kotèks pou madanm mwen. »

Dapre Patrice Charles, li fasil pou wè kijan sitiyasyon an ka jenan pou kek gason. « Lè w rive nan reyon kote yo vann pwodui sa yo nan makèt yo, ou santi mesye ki la yo pa alèz. »

Si pou mesye yo zafè kotèks la ka parèt deranjan pafwa, li pa pi diferan pou medam yo tou. Se pa tout fanm ki ka pale de kotèks libelibè, menmjan yo ta ka pale de manje. Medam yo pa toujou gen bon rapò ak sijè ki konsène kotèks, osnon règ yo an jeneral.

Caroline Baptiste se yon etidyan dwa. Li sonje lè li te lekòl kamarad li yo pa t alèz. « Malgre se te fi sèlman ki te genyen nan lekòl la, sijè sa yo pa t pale, osnon nou pa t abòde yo san jennen. Si yon zanmi te bezwen yon kotèks nan men w paske li pa t genyen nan moman an, se nan zorèy, tou ba, l ap vin di w sa.»

Gen sèvyèt ki bay pwoblèm

Yon lòt kote, plizyè fanm rapòte gen kèk kotèks k ap vann nan peyi a ki konn ba yo pwoblèm. Yon sèvyèt ijyenik tankou Lia osnon tankou Actimed ta sanble genyen materyèl fabrikasyon nan yo ki pa gen bon kalite. Dapre Sylvie, yon jenn fanm ki se moun Gonayiv, yon zanmi l ki medsen te dekonseye l itilize yo. «Se sevyèt ki fèt ak koton ki pi bon. Kotèks sa yo yo menm genyen plastik nan yo, menm si gen nan yo ki fèt ak koton tou. Apre kèk tan w fin mete yo, lè san an tonbe ladan, yo konn chanje koulè vin prèske vèt.»

Jacqueline fè konnen li te itilize yon sèvyèt yon fwa, ki te jennen li. « Mwen te achte yon Lia paske m te lekòl e m pa t genyen sa mwen abitye itilize yo. Li te deranje m anpil. M eseye l de lòt fwa ankò, li te toujou ban m pwoblèm, kontrèman a lòt yo.»

Ludenar Augustin di menm bagay la. « Yo konn bay kèk reyaksyon alèjik tankou demanjezon ak ti bouton. Mwen poko al wè yon spesyalis sou kesyon an. An jeneral lè sa rive mwen jis pran pasyans jiskaske li pase.»

Tout medam sa yo rapòte zanmi yo konn plenyen pou menm bagay la, sitou pou de sèvyèt sila yo.

Yon kesyon tabou

Pale de sèvyèt ijyenik, se pale de règ. Yonn pa mache san lòt. Men pale de règ nan sosyete ayisyen an, ta sanble pa fasil pou anpil moun, kit se gason kit se fanm. « Mwen panse sijè a tabou, Patrice Charles di. Gen moun ki pa janm pale sa ak patnè yo, ki pa konnen kilè règ li vini, si li regilye, konbyen tan li dire etc».

Ludnear Augustin di li te gen anpil difikilte pou l pale de règ. « Se yon gwo efò liberasyon mwen te fè pou m te ka ekri sou sa. M pa t konn pale de règ. M pa renmen moun konnen lè mwen genyen l e m pa ka di klèman mwen gen règ. Mwen plis itilize lòt fason pou fè yon moun konprann sa. » Dapre li menm, sosyete a mistifye tout sa ki gen rapò ak kò epi seksyalite fanm.

Se sa Jacqueline panse li menm tou. « Se granmoun yo ak gason yo ki fè sijè sa yo vin tabou. Mwen genyen yon matant mwen, lè li gen règ li li pa touche anyen nan boutik li a, sitou farin. Men gen moun ki pa pale de sijè a akoz move sansayon, epi doulè li lakoz yo. »

Li kontinye pou l di gen yon zanmi li konnen ki p ap menm oze rete pre l si li genyen règ li. « Li di sa an jwèt men an menm tan li serye. Se konsa li ye ak tout moun. »

Sou kote pa l, Herby Clerge panse sijè sa yo gen tandans pa pale nan sosyete a vre, ni menm nan yon relasyon koup : « Menm mwen ki pa gen pwoblèm achte kotèks pou madanm mwen, m toujou di l lè li pral chanje l, pito l fè l pandan m pa la. M pa bezwen al pantan sou li k ap fè sa. »

Journaliste. Éditeur à AyiboPost. Juste un humain qui questionne ses origines, sa place, sa route et sa destination. Surtout sa destination.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *