SOCIÉTÉ

Foto | Ariel Henry : «Se toujou menm Ayiti a, menm fèt drapo a»

0

18 me 2023, fotojounalis AyiboPost pran lari Pòtoprens ak kamera yo pou wè ki kote ble-e-wouj ayisyen an ta ap flote

«Fèt drapo a, se fèt tout Ayisyen. Kidonk, ke nou fete l Pòtoprens, ke nou fete l Gonayiv, ke nou fete l Akayè, se toujou menm Ayiti a, menm fèt drapo a», se sa premye minis Ariel Henry ekri sou kont Twitter li, 18 me 2023 a.

Deklarasyon sa a bay bourad a desizyon gouvènman Ariel Henry an te pran pou selebre 220 lane kreyasyon drapo ayisyen an nan vil Okap pito, olye de Akayè, komin kote drapo a ta kreye, daprè sa istwa ofisyèl peyi a rapòte.

Se yon desizyon ki pran nan yon kontèks kote ensekirite pa sispann taye banda nan peyi a. Bandi ak zam okipe Wout nasyonal nimewo 1 an, nan nivo Kanaran, depi plizyè mwa. E se nan wout sa a pou w pase pou rive Akayè, si w ap soti Pòtoprens.

Li anviwon 9è nan maten. Fotojounalis AyiboPost pran lari Pòtoprens ak kamera yo pou wè ki kote ble-e-wouj ayisyen an ta ap flote. Vil la sonm. Anbyans la poze. Pa gen flè. Pa gen dekorasyon.

Se nan plede chèche, y al tonbe bab pou bab ak yon parad nan kè komin Pòtoprens.

Yon ti nonm ki mare drapo Ayiti a nan tèt li, nan yon parad k ap deplwaye nan lari Pòtoprens, 18 me 2023, nan okazyon selebrasyon 220 lane kreyasyon drapo a. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

AyiboPost pa rive remake ankenn inisyativ ofisyèl nan lari Pòtoprens, kontrèman ak jan sa konn ye nan kèk lane pase. Ane sa a, se pito kèk asosyasyon ki pran lari a ak bèl pil drapo, pil afich ak pannkat kote yo pwofite eksprime kwayans yo osnon revandikasyon yo.

10è tapan. Anviwon yon santèn moun abiye ak rad ble e wouj nan nivo Lalue. Pil drapo nan men yo ap flote. Se yon gwoup moun ki idantifye yo kòm manm «Eglise Glorieuse Vin Nouveau» epi kèk lòt kongregasyon tankou «Église Apostolique du Christ Ressuscité», «Église de Dieu Sept Message», «Église Evangélique Betsaleel». Yo nonmen tèt yo «Kretyen Sitwayen». Pazapa, bale nan men yo, gwo machin mizik yo ap jwe, y ap pran direksyon Kafou Ayopò.

Yon gwoup kretyen k ap eksprime dezakò yo parapò ak jan peyi a ap dewoule a, nan ang Avenue Martin luther king ak John brown, 18 me 2023. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Daprè reveran Emmanuel Chancy Bernard, ki alatèt mouvman sa a, prezans yo nan lari a se pou di yo «pa dakò ak zak enpinite nan peyi a». «Nou soti nan silans nou pou n di nou pa dakò ak jan bagay yo ap fèt nan peyi a jounen jodi a.» 

Yon foul moun ki di yo se kretyen leve pannkat yo nan lari Pòtoprens pou eksprime lafwa pou delivrans Ayiti pandan yo pwofite di sa ki fè yo mal nan peyi a, 18 me 2023. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

«Peyi a bezwen jistis», se sa «kretyen» yo ap reklame ak pannkat yo, 2 men anlè nan lari Pòtoprens, 18 me 2023. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Yon medsen ap pwofite revandike Jistis, Ekite ak Dwati pou Ayiti, nan lari Pòtoprens ak pannkat li pandan l ap priye Bondje. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Yon jennonm kouche nan lari Pòtoprens, 2 bra louvri atè a, l ap mande «jistis pou Ayiti». | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Yon fanm nan mitan foul la ak pannkat li k ap pote yon mesaj lespwa pou Ayiti. Yon mesye menm ak mikwo li ap deklare divès pawòl ki akòde ak revandikasyon foul la.| © David Lorens Mentor/AyiboPost

Yon jennonm lonje kòl atè a, nan lari Pòtoprens, fas atè, 18 me 2023, l ap priye pou Ayiti. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Drapo l kouvri sou do l tankou se 2 zèl, yon jenn fanm konsantre l nan yon priyè pou Ayiti, nan lari Pòtoprens, 18 me 2023. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Sou Channmas menm, tou kole ak Palè Nasyonal, pa gen lavi. Zòn nan sonm. AyiboPost kontinye vanse pou founi je gade sa k ap pase kanmenm.

Yon jenn gason ap redi monte yon poto pou mete kèk drapo. Yo plizyè. Yo idantifye yo kòm anplwaye meri a. Se nan jou sa a y ap kouri pwofite kole kèk ble-e-wouj.

Li deja 10è pase nan maten, kèk anplwaye Lameri Pòtoprens ap eseye mete kèk drapo nan lantouraj Palè Nasyonal, 18 me 2023. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Toudenkou, nan anviwon «Cour des Comptes», yon fanfa soti tèt li. Yon gwoup jenn k ap defile ak mizik im nasyonal la.

Yon gwoup jenn gason k ap defile ak drapo Ayiti a, nan yon parad Pòtoprens, tou pre Palè Nasyonal. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Yon tifi ki nan yon parad, nan anviwon «Cour des Comptes», nan zòn Palè Nasyonal, kenbe pwen yon liy drapo Ayiti, 18 me 2023. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Kounye a, AyiboPost pran direksyon komin Petyonvil pou al gade sa k ap pase.

Li deja fè 11è nan maten. Anviwon 5 lekòl ap defile nan lari Petyonvil. Se yon parad tradisyonèl nan komin sa a, depi 1999, daprè sa Emmanuel Delicien ki alatèt aktivite sa a. Li pwofite eksprime regrè li parapò ak kantite patisipan yo ki diminye ane sa a. «Mwen te espere akeyi 10 000 elèv lekòl, men se 900 sèlman ki patisipe», se sa li deklare. Li kwè sa rive akòz ensekirite k ap layite kòl pi plis chak jou nan komin nan.

Nan anviwon plas Sen Pyè nan Petyonvil, plizyè elèv ki soti nan divès lekòl nan komin nan ap defile pou selebre 220e lane kreyasyon drapo ayisyen an, 18 me 2023. | © Jean Feguens Regala/AyiboPost

Yon mizisyen ki nan fanfan ki akonpanye defile a konsantre nan jwe mizik sikonstans la. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Anfas Lameri Petyonvil, elèv yo ap salye drapo drapo Ayiti a, pandan fanfa a ap jwe im nasyonal la : «La Dessalinienne». | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Yon tifi, ki se elèv youn nan lekòl ki vin patisipe nan parad 18 me 2023, nan lokalite Jakè, Petyonvil  | © Jean Feguens Regala/AyiboPost

Yon parad devan Lameri Petyonvil, 18 me 2023. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Yon tifi, ki se elèv youn pami lekòl ki vin patisipe nan parad 18 me 2023, nan lokalite Jakè, Petyonvil | © Jean Feguens Regala/AyiboPost

Patisipan ki nan parad la bay tout enèji ak devouman yo. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

2 andikape vin patisipe nan parad 18 me 2023, devan lokal meri Peyonvil. Y ap anmize yo. | © Jean Feguens Regala/AyiboPost

2 chèf eskwad ap imite atis Michaël Jackson, nan parad 18 me 2023 nan Petyonvil | © Jean Feguens Regala/AyiboPost

Dèlma 31. Li deja fè inè 30. AyiboPost rantre nan lokal «Institution Saint-Louis de Gonzague». Kèk temwen fè konnen se 220 lane ble-e-wou ayisyen an lekòl la ap selebre sou tèm : «Anba Drapo m». 

Nan lakou a, gen yon fwa agwo-atizanal ki akonpanye ak yon pwogram DJ kote anpil atis ap pèfòme. Foul la anpil. Anpil jenn moun ap pran plezi yo. Se kòmsi yo te swaf sa anpil.

Yon machann k ap vann «Barbe à papa» nan lakou Saint-Louis Gonzague la. Liy moun ki devan n yo anpil. Se bèl lavant. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Yon latriye pwodui atizanal ekspoze anba pye bwa nan lakou Saint-Louis de Gonzague la, Dèlma 31, 18 me 2023.  | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Foul la anpil nan Saint-Louis de Gonzague, Dèlma 31, 18 me 2023, pandan atis yo ap pèfòme. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Nan mitan foul la, yon patisipan leve drapo Ayiti a anlè ak anpil fyète, nan Saint-Louis de Gonzague, Dèlma 31, 18 me 2023. | © David Lorens Mentor/AyiboPost

Repòtaj foto : David Lorens Mentor ak Jean Feguens Regala

Tèks : Jérôme Wendy Norestyl ak Chérubin Jérôme

© Foto kouvèti a : yon anplwaye meri Pòtoprens k ap prese mete yon drapo nan arebò Palè Nasyonal, 10è nan maten, 18 me 2023. | © David Lorens Mentor/AyiboPost


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Photographe à AyiboPost depuis mars 2023.

    Comments