ÉCONOMIEOpinionsPOLITIQUESOCIÉTÉ

Opinyon | Èske w tande pale de MALPAS deja?

0

Mak Fabrik sistèm koripsyon nou pa diferan de sa k te genyen sou Diktati divalye yo

Lè w finn li « Malpas » ou siman otomatikman panse a yon lokalite nan komin Gantye sou fwontyè Ayiti ak Dominikani an. M te ka pale de li tou men MALPAS m vle pale w de li a se pa lokalite a. « Yo ekri menm jan, pwononse menm jan, poutan se pa menm lan ». M Itilize fraz mizik sa moun ki pi gran yo pa konnen men m pral pale de yon reyalite ke pi gran yo konnen men anpil nan nou nan jenerasyon pa m lan (80-90) inyore oubyen mal konprann.

MALPAS se yon akwonim Ekonomis Ayisyen Leslie Péan Itilize pou karakterize sistèm koripsyon ki te gen nan peyi a nan tan diktati Divalye yo. M.A.L.P.A.S se Malvèsasyon. Aranjman. Lwa. Pratik. Amenajman. Silans. MALPAS se te mak fabrik diktati ki te nan peyi a nan peryòd ki soti 1957 pou rive 1986 la.

Si se nan bouch moun ki t ap benefisye de diktati a pou mennen lavi ekstravagan tankou ansyen premyè dam Michèle Bennett Duvalier yon jenn Ayisyen chwazi aprann listwa, li siman p ap konn sa  M.A.L.P.A.S vle di ni kijan vye pratik sa fè peyi a mal. Gen anpil travay ki fèt sou diktati a men gen youn ki konsakre espesyalman a koripsyon nan peryòd sa. Se travay ekonomis Leslie Pean nan tòm 4 seri liv li ekri sou ekonomi politik koripsyon nan peyi a pale de koripsyon ki te gen an Ayiti sou Divalye lè Makout yo te sèl bouwo.

Liv la rele « Haïti, économie politique de la corruption Tome IV: L’ensauvagement macoute et ses conséquences 1975-1990 ».  Ann pale de kèk detay enpòtan sou 4 pilye pratik koripsyon sa  yo jan nou jwenn yo nan liv sa.

Malvèsasyon.

Nan lane 1982, Jean Claude Duvalier achte Minotri Dayiti. Pri farin lan tou monte apre sa. Lè yo al nan kaye kontab Minotri a yo rann yo kont ke yon gwo moso nan benefis yo te al jwenn Jean Claude duvalier ak Michèle Bennett Duvalier pou yon total 4.5 milyon dola ameriken anviwon jan Jacques Chevrier rapòte li nan prefas liv Pean an. Nan liv sa toujou, nou ka dekouvri malvèsasyon te fèt nan lòt antrepriz leta tankou Siman Dayiti, Lotri Nasyonal Ayisyen. Makout yo te imite epi repwodui praktik gwo dirijan yo nan ekzèse tout sòt zak eksplwatasyon nan zòn yo t ap evolye yo. Pwòch rejim lan te benefisye sitiyasyon monopòl nan kèk endistri kote se sèl yo ki ta ka fonksyone nan sektè yo te chwazi yo.

Leslie Pean esplike kijan ti plantè yo ki te deja gen pil moun ap eksplwate yo tankou apantè, jij, kire legliz vinn gen makout sou do yo anplis. Eksplwatasyon sa ak desizyon gwo ponyèt ki pa favorab a peyizan pral lakoz agrikilti a fè yon ti bese nan peryòd la. Yo depouye ti peyizan yo pou gwo tonton makout ka akimile tè ak richès jouskaske gwo grangou lane 1977 la touye plis pase 20 mil peyizan.

Jacques Chevrier rapòte ke sa pa t anpeche yon lane apre Jean Claude Duvalier depanse 1 milyon pou li achte yon Yatch epi madanm li te fè friz palè a pou l ka mete gwo manto menm jan ak gran fanm nan peyi ki fè frèt yo t ap fè l.  Yon dosye ke Leslie Pean itilize nan liv sa rapòte ke total lajan Jean-claude Duvalier transfere ba tèt li ak fanmiy li te anviwon 39 milyon dola ameriken. Moun ki resevwa yo se prensipalman Jean-Claude Duvalier pou kont pa l, madanm li Michèle Bennett Duvalier, Marie-Denise Duvalier, Simone Duvalier, Nicole Duvalier ak lòt.

Aranjman.

Selon otè a aranjman mèt sistèm koripsyon yo te fè sou rejim diktati Divalye a te gen plizyè fòm: politik, ekonomik, jiridik. Aranjman yo te fèt pou detounen akò ki pase ak kominote entènasyonal la, pou kolekte lajan dwàn, taks konsilè. Resous sa yo te pral konstitiye sous fòtin Divalye yo.

Lwa.

Jan Chevrier rapòte li nan prefas li fè nan liv Pean an Divalye chanje lalwa epi enstore palman monokameris ki gen yon sèl chanm epi atake 6 senatè ki te kont li. 5 nan senatè sa yo te gentan pran wout anbasad, sizyèm lan pèdi lavil anba soufrans nan prizon. Divalye te  revoke prezidan kou kasasyon an pou l mete youn ki pi dosil.

Li kontinye pou eksplike ke san konstitisyon an pa bal dwa sa, jou ki te 30 Avril 1961 an  li òganize yon konsiltasyon elektoral twou nan manch pou reba tèt li yon manda 6 lane.  Pean eksplike kijan se lalwa diktatè François Duvalier a te itilize pou bay tèt li pouvwa a vi, bay òganism otonòm yo lòt oryantasyon, kenbe peyizan yo nan yon modèl akayik ki favorize moun ki degaje yo tounen gran propriryetè teryen. Lwa yo te enstrimantalize pou enstitisyonalize koripsyon.

 Silans.

Liv la relate pratik ak detay ki montre kijan Divalye yo te itilize chantaj, entimidasyon, laperèz, vyolans, ak eliminasyon pou kontwole sitwayen yo epi fòse yo pe bouch ti devan vye zak tout kalte ki t ap fèt pami yo piyaj nan kès leta. Yo te enpoze silans lan a travayè laprès ansanm ak medya endepandan yo tou. Nan lane 1958 Divalye fèmen plizyè jounal endpeandan tankou Haiti miroir , Le Patriote, Independance, Judex elatriye jan Chevrier rapòte l.

Tout bagay sa yo pase anba je kominote entènasyonal la, ameriken an patikilye ki pa t foure bouch nan sa, e te menm ba yo èd pandan yon tan paske yo te pito diktati Divalye a tan pou yo ta pèmèt  kominis antre nan peyi a.  Yo te soti nan 2 milyon dola nan lane 1970 pou rive nan 48 milyon dola èd nan lane 1984.

Jounen jodi a

Diktati divalye yo tonbe depi 1986. Leslie Pean poko soti senkyèm tòm seri liv li a pou pale de koripsyon ki gen nan peyi a depi 1990 rive jounen jodi a. Se petèt travay pa nou nan jenerasyon an pou n kontinye. MALPAS rete ti non jwèt sistèm ke nou dwe chanje jounen jodi a.  Diktati a ale men MALPAS la donnen epi tounen yon mòd gouvènans. Enpinite ak frajilite leta reta kondisyon ki favorab pou sistèm lan repwodui tèt li anba je nou. Nou pa ka konte sou etranje pou skandalize devan koripsyon oswa di yon mo kont kowonpi ak pratik koripsyon paske lè MALPAS la t ap fin ak resous peyi a sou dikatati a yo pa t di anyen non plis. Kòmkwa se pa janm moun deyò ki ap vinn retire nou nan tyouboum. Se nou ki pou chanje sa!

Emmanuela Douyon

Emmanuela Douyon est une spécialiste en politique et projets de développement. Elle a étudié à Paris-1 Sorbonne en France et à l’université National Tsing Hua de Taïwan. Emmanuela a travaillé dans plusieurs secteurs en Haïti. Elle est fondatrice du thinktank Policité et offre des consultations stratégiques en gestion et évaluation de projets. Outre ses activités professionnelles, Emmanuela est une activiste luttant contre les inégalités et la corruption. Elle intervient souvent dans les médias pour commenter l’actualité et analyser des questions économiques.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *