ÉCONOMIE

Èske w konprann fenomèn ekonomik yo rele « enflasyon » an ?

0

Depi kèk tan, ekonomis yo ap di genyen yon gwo enflasyon nan ekonomi peyi Dayiti a. Sitiyasyon sila a gen anpil konsekans sou lavi chak sitwayen. Pou konprann konsekans sa yo, li enpòtan pou konnen kisa ki rele enflasyon an.

Lè pri pwodui yo ap ogmante san rete, ekonomis yo pale de enflasyon. Genyen enflasyon si ogmantasyon pri sa a fèt pandan plizyè mwa, e si li touche plizyè pwodui oubyen sèvis.

Se pa tout pwodui yo ki patisipe nan kalkile enflasyon an. Se sitou pwodui moun itilize souvan tankou gazolin, manje, dlo, elatriye. Genyen lòt pwodui tankou rad, aparèy pou kay oubyen pou biwo ki itil pou detèmine nivo enflasyon an tou. Kalkil enflasyon an fèt apati yon endikatè ki rele « Indice des prix à la consommation » (IPC). Endis sa a se mwayèn pri tout pwodui yo, pandan yon kantite tan. Nou ka pran egzanp papita. Li te konn vann 5 goud. Jodia li vann 25 goud. Sa vle di pri papita a sibi yon enflasyon ki plis pase 400%.

Lè pri yo ogmante, fwaye yo vin gen mwens lajan nan men yo pou achte sa yo bezwen pou yo viv. Menm pwodui ki koute yon kantite lajan jodia, ap koute plis kòb toujou nan yon tan tout kout. Kòm tout moun pa touche menm valè lajan epi pa achte menm kalite pwodui, enflasyon an pa touche yo menm jan.

Fenomèn pri yo k ap ogmante a genyen konsekans sou lajan sitwayen yo sere labank, sou kantite byen yo ka achte, ak sou kantite kòb yo ta vle envesti nan nenpòt domèn. Lè enflasyon an wo, lajan ki sere sou yon kanè bank vin pa genyen menm valè a ankò. Se tankou valè li diminye. Nan ka sa a, fwaye yo genyen plizyè chwa yo ka fè : Depanse mwens lajan, fè prese pou achte sa yo bezwen anvan pri yo ogmante plis, osnon envesti lajan yo. Si yo deside depanse mwens, ap genyen mwens kantite lajan k ap sikile nan ekonomi an. Antrepriz yo pral bese nivo pwodiksyon yo, sa ki pral fè pri pwodui yo ogmante plis toujou. Kantite lajan sitwayen yo touche p ap chanje.

Si fwaye yo chwazi prese achte sa yo bezwen, gen posiblite pou gen twòp lajan k ap sikile nan ekonomi an paske tout moun vle achte menm bagay yo, an menm tan. Rezilta : antrepriz yo ogmante pri pwodui yo. Nan ka sa yo, nou ka di enflasyon an lakoz plis enflasyon toujou.

Dènye chwa a se envestisman. Li menm tou li ka lakoz pwoblèm nan ekonomi peyi a, paske tout moun vle envesti nan yon sektè ki dirab epi ki ka rapòote lajan. Pa egzanp nan achte ak vann kay. Depi tout moun deside envesti nan kay pou lajan yo pa pèdi valè, sektè vann kay la ka konnen sa ki rele yon « Bulle spéculative ». Pri kay yo pral ogmante byen wo, pi wo pase vrè valè kay la. Se yon danje pou ekonomi an.

Pri yo dwe rete stab

Pou ekonomi an fonksyone byen, se pou lajan sikile ladan l : fwaye yo achte sa biznis yo ap vann, biznis yo fè benefis epi peye anplwaye yo. Leta pran lajan taks sou tou de kategori yo. Lè gen enflasyon, bagay yo pa fèt konsa.

Sa rive pafwa pri pwodui yo ap bese, pandan plizyè mwa yonn apre lòt. Ekonomis yo rele sa deflasyon. Deflasyon pa toujou yon bon bagay pou yon ekonomi, li ka bay gwo kè kase. Nan moman deflasyon, fwaye yo deside pa depanse lajan yo, paske y ap tann pou pri yo diminye plis toujou. Kòm pa gen anpil demand, biznis yo pwodui osnon vann mwens. Bank yo pa prete moun lajan. Leta pa ka rantre anpil taks.

Kidonk sipoze gen yon ekilib nan varyasyon pri yo, pou yo stab. Se Bank Repiblik Dayiti, bank santral la, ki responsab stabilite sa a nan peyi a. Pou pri yo pa varye anpil, dwe gen yon enflasyon, men li dwe fèb anpil e li dwe kontwole. Ekonomis yo panse li dwe ozanviwon 2%. Lè sa a, fwaye yo envesti plis epi fè mwens sipozisyon sou ekonomi an.

Kèk rezon ki lakoz enflasyon an Ayiti

Depi lane 2015, peyi a gen yon to enflasyon ki pa janm pi piti pase 10%. An janvye 2018, to sa a te 13.2%. An fevriye 2019, anviwon 1 lane apre, li 17%. Se depans nan pwodui alimantè yo ki gen plis enfliyans sou to enflasyon an. Moun k ap travay yo pa gen lajan ase pou achte sa yo bezwen. Gen plizyè rezon ki esplike sa. Premye a se to dola ameriken an pa rapò ak goud la. Lajan nasyonal la pèdi anpil nan valè li devan dola ameriken an. Jounen jodia, ou bezwen plis pase 82 goud pou gen 1 dola US, alòske an 1986 ou te bezwen 6 goud sèlman. Feblès pwodiksyon nasyonal la se yonn nan koz sitiyasyon sa a. Ayiti achte plis pwodui etranje pase sa li voye vann.

Defisi bidjetè se yon lòt rezon ankò. Leta ayisyen sot fè yon gwo defisi : anviwon 26 milya goud. Sa vle di Leta depanse plis lajan ke kantite lajan li genyen an reyalite. Pou li ka kontinye fonksyone malgre defisi sila a, Leta mande bank santral la mete plis goud nan ekonomi an. Depi gen anpil lajan k ap sikile nan yon ekonomi, tandiske pwodiksyon lokal la pa ogmante, ap genyen enflasyon. Katastwòf natirèl yo, se yon lòt rezon ki ka fè pri pwodui yo ogmante tou.

Yon egzanp enflasyon : Peyi Zimbabwe

Pafwa, enflasyon an konn wo yon fason egzajere. Pri yo ogmante rapid, plizyè fwa nan menm jounen an. Peyi Lalmay, an 1923, osnon La Ongri an 1946, te viv sitiyasyon sila a. Peyi Zimbabwe viv yon enflasyon konsa, sa pa  gen lontan, apati lane 2000. To enflasyon an te 1000% chak ane. Prezidan peyi sila a, Robert Mugabe, te deside kreye plis lajan pou mete nan ekonomi peyi a. Prezidan an te vle rezoud yon pwoblèm defisi bidjetè. Mugabe te menm envante yon biyè san mil milya dola zimbabwe.

Sa vle di tout abitan peyi Zimbabwe te miltimilyadè, men lajan an pa te vo anyen. Yon sitwayen te bezwen you bouwèt ki plen ak lajan, jis pou li achte pen pou li manje. Devan sitiyasyon sa a, peyi a te sispann itilize lajan li an apati 2009. An 2015, bank santral peyi a deside konvèti dola zimbabwe an dola ameriken. Pou achte yon dola ameriken, yon moun te bezwen 35 milyon milya dola Zimbabwe. 35, ak 15 zewo dèyè l.

Jameson Francisque

Journaliste. Éditeur à AyiboPost. Juste un humain qui questionne ses origines, sa place, sa route et sa destination. Surtout sa destination.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *