Pandemi Kowonaviris mete sistèm sante nan chak peyi toutouni, plis sistèm sante w pat kanpe sou anyen se plis l ap fè dega lakay ou
Si nou fè yon kout je rapid bò lakay nou, n ap sonje nan lane 2017, rapò « Grandes Réalisations du Ministère de la Santé Publique et de la Population (MSPP) » te di gen 10.07 pèsonèl medikal pou chak 10.000 abitan.
An plis, rapò « Évaluation de la Prestation des Services de Soins de Santé 2017-2018 »-MSPP a di se sèlman 76% nan enstitisyon ki la pou laswenyaj ki gen kouran regilyèman ; 61 % ladan yo ki gen twalèt e se selman 28% ladan yo ki gen anbilans, san nou pa bliye medsen yo ki malgre sitiyasyon sa pa gen bon jan materyèl pou yo travay. Sa ki bay rapidman yon lide de sistèm sante ki pral fè fas ak gwo danje Kowonaviris la.
Menm si yo pako jwenn remèd pou maladi sa, espesyalis ki nan domèn lasante yo idantifye kèk mezi chak moun dwe pran pou evite trape maladi sa epi kontamine plis moun. Mezi sa yo se :
- Lave men w souvan avèk DLO ak SAVON
- Si w ap touse oubyen estènen , fè l nan koud ou osinon nan yon mouchwa w ap jete aprè
- Kenbe pou pi piti 1.5 mèt distans ak lòt yo, sitou si moun nan ap touse oubyen gen sentòm grip la
An plis de mezi sa yo, nan tout peyi ki gen kontaminasyon, dirijan yo mande popilasyon an ret andan lakay yo. Se sa yo rele « Confinement » nan lang fransè a. Ka Ayiti pa diferan. Otorite yo mande popilasyon an rete lakay yo plis posib. Anplis, yo entendi yo pran lari depi li fè 8è nan aswè pou rive 5è nan maten.
Nan atik sa a, nou vle gade poukisa dispozisyon tankou « lave men » ak « rete anndan kay » reprezante yon gwo defi pou popilasyon an. Pou nou rive fè sa, n ap sitou itilize done plizyè etid tankou ‘Enquête Mortalité, Morbidité et Utilisation des Services’ (EMMUS-VI) ke MSPP te fè nan lane 2016-2017 e ki pibliye nan lane 2018.
- Lave men w souvan avèk dlo epi savon
Espesyalis nan domèn sante mande pou tout moun byen lave men yo pandan 20 segond pou pi piti epi fèl avèk dlo ak savon. Se premye kondisyon nesesè pou evite pran maladi a. Men an Ayiti, 2 eleman sa yo pa garanti pou tout popilasyon an malerezman.
Done yo montre, gen 17.8% menaj (yon menaj se youn ou yon gwoup moun ki rete ansanm e ki manje ansanm) ki pa gen yon espas pou lave men yo kote y ap viv la. An plis, se sèlman 25.4% pami sa ki gen espas yo ki gen dlo ak savon oubyen lòt pwodui pou lave men yo. Sa ki fè se selman 20.9% menaj yo ki gen ESPAS ak PWODUI ki nesesè pou lave men yo jan sa rekòmande a. Sa ki vle di, sou chak 10 menaj k ap viv Ayiti gen prèske 8 ladan (79.1%) ki gen difikilte pou respekte konsiy lave men ak savon an korèkteman.
Li enpotan pou n fè remake sitiyasyon sa pa menm pou chak zòn. Gen kote li pi grav ke lòt. Pa egzanp, jan kat anba montre l la, Nan lwès kote plis moun gen aksè ak dlo ak pwodui pou lave men, se 24.8% nan menaj yo sèlman ki genyen bagay sa yo pandan nan depatman Sant li desann jis rive 13.5%.
- Ret anndan kay
« Ret lakay » la se youn nan desizyon gouvènman an rekomande popilasyon an respekte. Men gen nan menaj yo sitiyasyon lavi pa bò isit fè yo oblije frekante moun pou bezwen chak jou yo. Tankou 24.2% ladan yo pa gen yon twalèt pou yo sèlman. Yo oblije pataje l ak youn ou plizyè lòt moun. 25.3% dwe soti pou al fè bezwen nan yon lòt espas , sa yo konn rele raje oubyen ravin. Moun sa yo kondane pou yo soti kan menm e petèt kwaze lot moun.
An plis, rezilta analiz sou koze ensekirite alimantè ki nan “Analyse IPC” ke CNSA fè nan mwa Oktòb 2019 montre depi mwa mas 2020, se 4.10 milyon moun (40% popilasyon an) nan peyi a ki paka manje epi ki bezwen pou leta ak lòt òganizasyon aji prese prese pou ba yo manje pou yo pa tonbe nan famin. Sa vle di sou chak 5 moun ki nan peyi a, gen 2 moun ki nan sitiyasyon sa.
Anplis, gen dout sou èske popilasyon an rive touche pa desizyon dirijan yo pran lè nou sonje nan lane 2012, done estatik te monte se te sèlman 38 % menaj ki te gen aksè ak kouran epi tou sou yon lòt pwen, gen 15 % gason ak 28 % fanm ki gen ant 15 ak 49 lane ki pa gen aksè ak televizyon ni radyo. Men, Jiska prezan otorite yo fè mesaj yo pase nan tele ak radyo sitou.
Ajoute sou chif sa yo, gen plizyè lòt done nou te ka ilistre pou gade kòman rete nan kay la pral yon kout ponya sou ekonomi moun yo.
Li enpòtan pou nou kontinye sansiblize popilasyon pou l fè tout prekosyon posib pou pwoteje sante l nan moman sa sitou. Men pou moun ki ap viv nan peyi a rive respekte prensip sila yo ki se lave men ak rete nan kay, li ijan pou leta ak patnè l yo fè kèk entèvansyon pou asire yo ke :
- Tout moun gen aksè ak yon espas, dlo ak pwodui pou yo lave men yo kit yo lakay yo, kit yo nan yon espas piblik ;
- Moun ki paka manje yo jwenn yon ti kichòy ki pou pèmèt yo pa nan nesesite sòti pou al bouske lavi.
Si anyen pa fèt, lap difisil pou 2 mezi sa yo respekte.
COVID-19 la pa yon fiksyon ni yon rimè. Nan moman n ap pale la a, li kontinye ap fè gwo dega nan mond lan. Li sòti nan vil Wuhann nan peyi Lachin kote yo te dekouvri l pou premye fwa nan fen lane 2019 la. li touche tout kontinan yo deja e prèske tout peyi nan mond lan. Bò lakay pa nou, jou ki te Jedi 19 Mas 2020 an, Prezidan Jovenel Moïse deklare ofisyèlman gen 2 ka COVID-19 ki konfime. Jiskaprezan, syantifik yo poko rive konn tout detay maladi sila, sa ki bay difikilte pou jwenn vaksen e medikaman pou li. Nan dat 23 mas 2020, daprè Oganizasyon Mondyal Sante, te gen plis pase 334 981 moun ki kontamine e 14 652 moun ki mouri. An gwo, pousantaj moun ki pèdi lavi yo pami moun ki kontamime nan maladi sa se pratikman 4.37%. Nan peyi Itali, kote ki gen plis moun ki mouri, li prèske 12%.
Malgre plizyè katastwòf tankou siklòn, tranbleman tè, kolera elatriye…ke peyi a sibi sou dènyè lane yo. Popilasyon Ayisyen an toujou ap viv nan yon nivo prekarite tèt chaje e toujou rete vilnerab a tout katastwòf.COVID-19 la se yon okazyon an plis e petèt dènye okazyon sitwayen peyi nou ap jwenn pou nou chita e redefini ki modèl sosyete nou vle konstwi. Li klè jodi a, tout peyi a ap soufri , menm Etazini ki se pi gran puisans mond lan pa epanye ak pandemi sa. Men an menm tan, si nou gade pa twò lwen nou, peyi CUBA malgre tout anbago yo te mete sou li, ap bay peyi tankou ITALI ki fè pati G7 èd jounen jodia. Se pa yon chans ni yon aza. Se rezilta travay, chwa e volonte politik pandan plizyè lane. Li ijan pou nou batay pou rive bay chak moun yon minimòm pou l ka mennen yon vi ki plizoumwen nòmal nan diyite.
Radjiv Thaylor ZEPHIRIN ak Pierre Philippe Wilson REGISTRE
Asosye ak manm fondatè Pentagone Consulting Group (PCG)
Foto kouvèti : Frantz Cinéus
Comments