EN UNEPOLITIQUE

Blan Franse paka bannou leson sou devlopman

0

« Retourne dans ton bled! » Pou mwen, yon franse rasis se jis yon inyoran, paske aysiyen oswa afriken k ap viv Lafrans lan jis vinn benefisye fwi travay zansèt li ak eritaj li… (Jowann Mbosoussé)

Mwen te toujou panse e mwen sèten depi kèk tan, Ayiti pa premye responsab soudevlopman l. Responsab la, li klè nan tèt mwen : Lafrans. Pouki? Bagay la senp, depi menm avan Ayiti te vinn yon peyi lib, Lafrans te chita pwogrè l sou travay esklav li t al pran ann Afrik e sou resous Kiskeya te genyen. Se plizyè jenerasyon esklav Sendomeng ki mouri nan chan kann pou pèmèt lib pansè franse radote sou kondisyon nèg ak fanm nwa ki pa « gen nanm ». Se sou do 2 syèk enjistis sa a Lafrans te monte pou l konstwi baz devlopman l nan premye ka disetyèm syèk lan pou l vinn sa l ye jounen jodi an : yon peyi ki devlope sou do yon lòt ki kokobe.

E kòm sa pat sifi pou yo te derasinen Afriken pandan prèske de (2) syèk pou fè yo travay pou fè peyi yo devlope, Lafrans te egzije gouvènman Prezidan Boyer peye l sa li te rele « Dèt lendepandans », 150 milyon fran ann ò, ki te reprezante 15% bidjè Lafrans nan epòk la. E lajan sa a Ayiti tapral senyen venn li pandan 125 lane pou peye l. Kidonk 164 lane esklavaj (1640-1804) plis 125 lane kote pèp ayisyen ki te fèk ap fè eksperyans libète li te konkeri zam nan men ak yon lame vanipye ki te flanke lame ki pi pisan nan epòk la yon kal pou listwa. An total se preske 3 syèk kote Koloni Sendomeng epi Repiblik Dayiti t ap travay pou kontinye bay Lafrans mwayen devlopman l, pandan li menm li patka avanse ak ritm lòt peyi nan epòk la t ap pwogrese.

E sa ki pi iwonik nan istwa a, nan men kiyès Ayiti ki pat gen mwayen peye vòl sa a te blije prete lajan an? Nan men bank franse ak yon to enterè 6%. Kisa sa te vle di egzakteman? Non sèlman Ayiti t ap peye ansyen kolon yo pou sa yo te pèdi ak fen esklavaj nan Sen Domeng, men anplis yo t ap peye bank franse ki te prete yo lajan sa a. Sa te mete peyi a nan yon sityasyon kote l ap peye yon dèt doub. An total, Ayiti te peye 90 milyon fran ann ò. E lè Ayiti te finn peye kantite lajan sa a, nou te nan lane 1883. Nan fen diznevyèm syèk la, ki kote Lafrans te ye nan sa ki gen pou wè ak pwogrè?

Ebyen peyi Lafrans t ap konnen sa nan listwa yo rele « La Belle Epoque » ki se yon peryòd kwasans kote endistri l t ap byen mache, sa ki te pèmèt li te dezyèm peyi ki t ap pwodui machinn nan mond lan. « Ekspozisyon inivèsèl » pou montre nan ki pwen Lafrans gen yon ekonomi devlope te yon evenman wololoy pou montre kijan peyi sa a t ap byen pase. Kouran elektrik, nouvo mwayen deplasman, endistri metal ak chimik, ayewonotik, sinema, agrikilti, se prèske nan tout domènn Lafrans t ap fè mèvèy. E Ayiti? Gouvènman Lysius Salomon t apral pase bay « Sosyete Jeneral Kredi Komèsyal ak Endistriyèl » (yon sosyete…franse!) bank santral peyi a ki te gen biwo l tabli Lafrans, sa te vle di Lafrans t ap jere lajan Ayiti e te gen plen pouvwa pou fè tout kalte travay yon bank santral fè. Ayiti ki te fèk ap eseye mete nouvo mwayen deplasman nan Pòtoprens ak “tramway” te blije kite pwojè a nan lane 1888 akoz Konpayi Chemen fè Pòtoprens te fè fayit. T apral gen tren a vapè tou nan peyi a, yo t apral sispann fonksyone nan lane 1932. Kafe t apral ranplase sik nan pwodui Ayiti ekspòte plis, Ayiti kòmanse sèvis postal entènasyonal lè l entegre Inyon Postal Entènasyonal. Nan lane 1895 premye anpoul peyi a te limen nan Jakmèl. Si te gen de twa bagay pozitif ki te rive fèt, tout kondisyon yo te reyini depi lè Ayiti endepandan sou plan entènasyonal pou l pat rive fè komès ak lòt peyi e devlope gras ak resous li. Ayiti se premye nasyon ki soufri anbago apre endepandans li, pifò Gran Pisans yo pat janm rekonèt Ayiti tankou yon peyi lib e te refize fè komès avè l.

Kounyea, plis ke yon syèk apre, nou toujou ap pale de elektrifikasyon Ayiti, sistèm edikatif la paka rive reponn pwoblèm sosyete a, sistèm sante a paka reponn bezwen popilasyon an… Kidonk lè Lafrans ap vinn ofri nou frankofoni ki se yon enstriman kolonizasyon anba anba, oswa ap pale de relasyon bilateral, èd imanitè pou ede « devlope Ayiti », tout se rans. Se eseye fè yon kokobe kwè plasebo ka mete l sou de pye l. Depi lè Ayiti t ap boujonnen, Lafrans te gentan retire tout mwayen nan men l pou l pa devlope.

Ayisyen, Ayiti pa modi, e lè yon etranje soti pou l ap vinn ban nou leson sou soudevlopman peyi a kabre l san gade dèyè. Ki altènativ nou rete? Kòmanse pa redefini kiyès nou ye, nou pa sèlman yon pèp desandan esklav, istwa nou kòmanse avan esklavaj; retounen nan rasin nou, rekòmanse priye Bondye ki te fè inyon an posib avan 1804 pou ede n fè l posib jodi a; rebay gason ak fanm ayisyen kapasite pou yo fè reviv imanite yo nan sosyete nou an. Nou rate revolisyon endistriyèl, nou rate revolisyon teknolojik, ann fè revolisyon moun nan, ann prepare jenerasyon k ap vini yo pou yo renmen Ayiti; ansanm ann kòmanse desinen plan yon Ayiti kote jenerasyon ki pral vini yo pral gen fyète paske lonbrit yo antere nan tè premye Repiblik nwa nan mond lan.

N.B. : Tèks sa a se repons pou yon fransèz ki te soti pou banm yon leson sou koz soudevlopman Ayiti

Commentaires

Jowànn
J'écris parce que le monde est dégueulasse. Le jour où il ne le sera plus, je me mettrai au chant!

    “Èske w pral Chili”

    Article Precedent

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost