SOCIÉTÉ

Ayiti toujou anba gwo menas epidemi lawoujòl

0

 Sa fè 17 lane depi epidemi lawoujòl pa egziste an Ayiti. Men depi de lane, se yon maladi ki menase pi fò peyi nan rejyon Amerik la. Ministè Sante piblik ak Popilasyon (MSPP) mennen, 15 pou rive 20 jiyè ki sot pase la, yon kanpay vaksinasyon kont maladi lawoujòl.  Menmsi maladi a poko deklare nan peyi Dayiti, li klè pwogram vaksinasyon nou an twò fèb pou bare li.

Nan mitan lane 2018, Ministè Sante piblik nan peyi Chili mande pou tout Ayisyen ak Venezyelyen k ap viv nan peyi sa yo vin vaksinen kont maladi lawoujòl. Emilio Santelices ki te minis sante nan epòk la te eksplike bay medya yo se paske « ni Ayiti, ni Venezyela pa gen pwogram solid kont lawoujòl ki fè otorite lamedsin Chili yo deside lanse kanpay vaksinasyon sa». Jean-Hugues Henrys, dwayen Fakilte Medsin nan « Université Notre-Dame d’Haiti (UNDH) » panse menm bagay ak minis lasante chilyen an tou.

« Pou yon peyi fè lawoujòl disparèt, fòk pwogram vaksinasyon l lan kouvri omwen 95% popilasyon ki kapab genyen maladi a. Men nan ka peyi Dayiti, sèlman 41% nan timoun ki gen 12 rive 23 mwa yo vaksinen kont maladi sa », daprè sa doktè a eksplike. Poutan an Repiblik Dominikèn sa fè 15 zan depi maladi lawoujòl disparèt sou tout teritwa a. Ministè sante piblik dominiken an sot raple tout moun sa nan mwa fevriye ki sot pase la pandan li pwomèt pou l ranfòse pwogram vaksinasyon yo a akoz touris k ap rantre sòti nan peyi sa. Peyi Dayiti deklare tou sa fè 17 lane depi epidemi lawoujòl pa egziste sou teritwa l la, men jiskaprezan anyen pa garanti maladi a pa ka tounen fasilman.

Nan peyi Dayiti se sèlman 41% nan timoun ki gen 12 rive 23 mwa ki vaksinen kont lawoujòl.

Maladi lawoujòl pi trapan ke grip ?

Lawoujòl se yon enfeksyon ki transmèt rapidman nan lè a de yon moun a yon lòt. Li bay lafyèv, tous, nen koule, doulè nan gòj, je boule, men sitou yon bann bouton ki leve sou kò w yon sèl kou. Depi yon moun fin genyen l pa vrèman gen yon remèd espesyal ki ka geri w. Se tann pou w tann li pase paske l pa ta dwe dire plis pase 15 jou. Selon sa doktè Henrys fè konnen, lawoujòl se yon maladi ki transmèt 7 fwa pi vit pase grip.

« Lè yon moun gripe rantre nan yon espas vilnerab, li ka transmèt omwen 2 lòt moun enfeksyon l lan. Poutan yon moun ki gen lawoujòl ka enfekte jiska 15 moun », toujou daprè eksplikasyon Jean-Hugues Henrys. Pou li, lawoujòl se pa « yon senp maladi po paske li ka touye moun. Lontan yo te toujou panse l pa te ka koze lanmò, men se pa vre. Lawoujòl ka lakoz yon moun soufri nemoni tousuit aprè l fin pase». Se pou sa li kwè tout moun dwe pran vaksinasyon kont maladi a.

Yon moun ki gen lawoujòl ka enfekte jiska 15 moun.

 

Yon pwogram vaksinasyon fèb

Daprè dènye statistik Emmus 6 la prezante yo, sèlman 41% nan timoun ki gen ant 12 a 23 mwa yo vaksinen kont enfeksyon lawoujòl la nan peyi Dayiti. Sou 10 depatman peyi a, zòn Nò a (61%), Nòdès (57%) ak Nip (53%) se 3 kote pwogram vaksinasyon sa pi prezan. Depatman Sidès (27%), Sid (39%) ak Lwès (32%) se kote pwogram vaksinasyon an pi fèb nan peyi a. Rezon ki rann pwogram vaksinasyon kont lawoujòl la fèb konsa yo anpil daprè doktè Henrys.

« Nou pa janm ka rive mobilize resous ak mwayen ki disponib yo pou n fè sa. Pou mwen prensipal pwoblèm nan se paske manke moun ni an kantite, ni an kalite pou fè travay sa. An menm tan, kriz sosyopolitik ak katastwòf natirèl peyi a konnen dènye tan sa yo anpeche nou jere pwogram nan nèt al kole », selon eksplikasyon Henrys bay. Kanpay vaksinasyon MSPP te lanse a vize omwen 1 500 000 timoun sou tout teritwa a.

Doktè Henrys espere kanpay sa atenn tout objektif li paske depi ministè a te lanse l se paske yo konnen maladi a prezan nan rejyon an. Li « espere ministè a te mobilize ase moun ak resous lojistik pou fè travay sa ». Poutan Dwayen fakilte medsin UNDH la pa kwè yon kanpay vaksinasyon ka rezoud pwoblèm nan.

« Kanpay yo pa janm pi bon mwayen pou w genyen yon bon kouvèti vaksinasyon. Sa valab pou tout peyi. Pi bon fason pou w genyen yon kouvèti vaksinasyon stab e dirab se lè w kapab bay vaksen chak jou epi toupatou. Se lè kote timoun nan fin fèt la, vaksen an disponib pou l pran  nan pi bon kondisyon ki egziste yo», toujou daprè doktè Henrys.

Kont mit popilè sou lawoujòl yo

Pou Jean-Hugues Henrys, kesyon depi yon moun fèt fòk li gen lawoujòl omwen yon fwa a se pa vre ditou. « Depi yon moun pran vaksen an, li pa ta dwe gen maladi a ankò. Lontan yo te konn bay yon sèl dòz, men kounye a yo bay 2 dòz avan 24 mwa », selon sa li eksplike. Men si yon moun te fè maladi a, li pa ka refè l ankò paske kò l vin devlope yon sistèm ki pèmèt li rekonèt maladi a epi defann li kont li.

Yon lòt kote, li pa kwè gen yon peryòd pandan ane a lawoujòl pi devlope pase yon lòt. Pou li se pa sezon chalè ki bay lawoujòl, enfeksyon an ka parèt nan nenpòt ki moman. « Viris la ka parèt nenpòt kilè nan mitan yon popilasyon ki vilnerab pou li », selon eksplikasyon Jean-Hugues Henrys bay. Pou fini, li pa kwè pratik badijonnen lanmidon ak kleren pou kwape lawoujòl pote kichòy vrèman. « Lawoujòl la se yon maladi viral. Sa vle di li vini, li fè yon tan epi l ale. Pa gen yon remèd patikilye pou geri li », toujou selon dwayen an ki estime maladi lawoujòl la ta dwe dire pou pi plis 14 jou sou yon moun.

Aprè maladi lawoujòl la te fè yon bon tan disparèt, li retounen nan omwen 14 peyi sou kontinan Amerik la an 2017 tankou Etazini ki ap goumen kont li la. Selon sa nou jwenn sou sit Pan American Health Organization (PAHO) a, depi 2018 mond lan ap konnen pi gwo epidemi lawoujòl ki janm genyen depi 20 lane ki sot pase yo. Men, bon tan kou move tan, peyi Dayiti pa janm rive reyalize pousantaj 80% vaksinasyon kont lawoujòl sou tout teritwa nasyonal la. Sa ki fè peyi a toujou rete vilnerab a enfeksyon sa.

Hadson Albert

Commentaires

Hadson Archange ALBERT
Journaliste et communicateur

    Sachernca Anacassis : «Un comédien haïtien ne peut joindre les deux bouts »

    Previous article

    Il y a une guerre pour le contrôle des jeux de hasard en Haïti

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost