SOCIÉTÉ

Tout sa w dwe konnen sou lyann kayiman

0

San sipò radyo, ni okenn kanpay kominikasyon fòmèl, lyann kayiman akwatik anvayi kat kwen peyi Dayiti kòm youn nan eleman medsin tradisyonèl ki itilize nan fè prevansyon ak gerizon pou kèk maladi. Twòp konsomasyon l ka lakòz gwo dega selon espesyalis ki jere koze sa a an ayiti

« Mete lyann nan tranpe nan yon ti dlo tyèd pou mw », se konsa Merline Eliacin ap mande pou yo prepare lyann kayiman akwatik la pou li byen bonè nan maten jedi 21 me a.

Pou Merline Eliacin, yon jèn fi 21 lane ki lakay manman l, bwè yon gòblèt lyann kayiman se yon fòmil ki ka pèmèt li fè prevansyon ak konbat enfeksyon, vant ak tèt fè mal sitou lè li pral gen règ li.

Anpil pwofesyonèl lasante dekonseye moun pran remèd san preskripsyon men prèske toupatou nan mond lan, popilasyon yo gen resèt natirèl pou trete kèk maladi.

Kwayans sa a ki plase nan lyann kayiman akwatik la rete byen fonde konsa lakay anpil ayisyen. Anpil nan yo admèt byenfè plant sa ki anvayi mache a depi kèk tan.

Men, selon rekòmandasyon ministè sante piblik ak popilasyon peyi a (MSPP), moun pa dwe konsome lyann kayiman an anpil. Biwo ki ap jere medsin tradisyonèl anndan ministè a fè konnen gen anpil konplikasyon ki kapab rive lakay moun ki konsome lyann kayiman an nan yon kantite ki depase.

Pozisyon ajan maketin yo

Byenke fonksyonnman yo enfòmèl, ajan maketin k ap travay nan bis yo fè anpil pou rann lyann kayiman an popilè nan peyi a. Daprè sa ajan maketin Wesley René fè konnen, vrè non plant sa se « liane du Pérou ».

Wesley René se yon ajan ki ap opere nan zòn Kwadèboukè. Li fè konnen se nan zòn Sid ak Grandans majorite lyann kayiman yo sòti. « Se yon remèd ki gen enpòtans li anpil. Men lè  pou nou rive jwenn plant sa nan dlo nan Grandans ak Sid, nou oblije peye pou moun yo pou yo ka kite nou pran plant la », selon sa li di.

Li rakonte gen divès kalite lyann. « Gen youn ki fèt sou tè, lòt la fèt nan dlo. Men se sitou sa ki fèt nan dlo a nou itilize ann Ayiti, se sa k fè plant la pote non lyann kayiman akwatik », se sa li esplike.

Wesley René yo eksplike anpil byenfè plant sa kapab pote lakay moun ki chwazi konsome l. Li kontinye pou l fè konprann se yon plant ki bon pou 101 maladi. « Pami yo, li bon pou moun ki ap soufri ak kis, fibròm, moun ki fè tansyon wo osnon ba. Menm moun ki fè enfeksyon kapab pran li. »

Esplikasyon sa yo pa trò depaman ak sa Marvens ki konn travay nan bis Petyonvil yo fè konnen. Li di li pa konn vann lyann kayiman, men pou bon an pa gen pase l. « Si w jwenn li nan men yon ajan ou mèt pran l. L  ap edew nan fyèv, nan doulè. Li bon pou enfeksyon tou epi li ap netwaye w », se konsa Marvens konplete lis byenfè lyann kayiman an charye dèyè l.

Malgre tout jan biznisman sa yo vante plant la, yo fè konnen moun pa dwe pran plezi bwèl tout jounen. Wesley René menm mete mizangad pou moun ki ansent ak moun ki sou medikaman doktè pou yo pa konsome l.

Kèk rekòmandasyon

Anndan ministè sante piblik, gen yon direksyon ki jere zafè medikaman. Nan direksyon sa a, gen yon sèvis depi 2006 ki la pou okipe koze medsin tradisyonèl. Doktè ki ap jere sèvis sa rele Patrick Jacques epi li pote de chapo alafwa : medsen entènis epi medsen fèy (naturopathe).

Direktè sèvis sa konfime vrèman non plant la se : « lianne du Pérou ». Li ajoute pou li di pami tout byenfè moun fè konprann plant sa genyen, se sèlman kèk ladan yo ki kenbe. Espesyalis la fè konnen plant sa gen kapasite pou l aji sou maladi tankou sik, enfeksyon irinè ak problèm nan memwa.

Merline Eliacin ki abitye bwè lyann li anpil temwanye efè imedya remèd la pote nan kòl. « Pa gen bagay ki fè w pipi konsa lè w bwè li. »

Anpil jèn gason pa sispann konsome plant sa, selon sa Patrick Jacques fè konnen. « Mesye yo bwèl tranpe nan kleren nan lide pou yo ka gen banm », selon konsta li. Men li fè konprann li pa rekòmande pou moun ap pran pyès medikaman fèy nan kleren.

Rezon sa pral fè direktè sèvis medsin tradisyonèl nan MSPP a alète popilasyon an sou kèk konplikasyon ki kapab rive toutfwa yon moun pran plezi pou itilize plant sa tròp. Pami derègleman, li di ki kapab rive yo, li site varisèl, tèt fè mal, alèji sou po. « Itilizasyon li anpil ka rann blanch je moun nan vin tou jòn ».

Nan sans sa, medsyen syantifik sa a ki travay nan zafè medsin trasyonèl tou fè konnen li t ap enpòtan lè yon moun deside pran lyann nan pou l konn ki trètman li vle fè ak li. Konsa,  li esplike se pandan 10 jou nan yon mwa moun ta dwe pran remèd ki fèt ak lyann nan pou evite tout konplikasyon ki lye ak eksè konsomasyon.

« Meyè fason moun yo kapab pran lyann kayiman an, se pile l mete nan yon boutèy, melanje l ak siwo myèl, kanèl epi jenjanm. Lè melanj sa fin rale apre kèk jou nan boutèy la, moun ka bwèl pou trètman yo vle fè a », sa se prezisyon doktè Patrick Jacques ki montre li pa inyore tou fason moun yo bwè lyann kayiman an tranpe nan dlo tyèd.

Medsin tradisyonèl rete flou an Ayiti

Ayiti rete youn nan peyi ki gen anpil demand pou medsin tradisyonèl la. Yon rechèch ki pibliye nan lane 2015 rive montre gen 3,66 medsen ak enfimyè pou chak 10 mil ayisyen alòske gen yon medsen fèy ki disponib pou chak 100 ayisyen.

Menm Òganizasyon mondyal Lasante (OMS) admèt : « Nan tout peyi nan mond la, medsin tradisyonèl la rete oswa metòd prensipal nan zafè sante, oswa li konplete medsin syantifik yo nan zafè laswenyay », daprè sa ki ekri nan rapò strateji OMS pou medsin tradisyonèl 2014-2023.

Poko gen etid avanse ki fèt pou rive konnen vrèman konbyen medsen fèy ki ap pratike medsin tradisyonèl la ann Ayiti. Sèvis medsin tradisyonèl nan MSPP a se yon antite ki ap penpennen, puiske l pa gen mwayen pou l aji nan sektè a vrèman.

Rezon sa fè, alatèt sèvis la ap batay pou sèvis sa a ta pran fòm yon enstitisyon otonòm pou rechèch ak devlopman medsin tradisyonèl la nan peyi a. « Si se pa sa, sèvis la  p ap kapab fè rechèch ak eksperyans laboratwa », selon sa li di.

« Mw kapab toujou prezante yon projè sou domèn tradisyonèl la, men si chèf ki sou tèt mw an pa apwouve li, pwopozisyon m nan ap rete nan tiwa », daprè Pactrick Jacques. Rezon sa fè, selon sa li ajoute, nenpòt sa moun yo fè kòm trètman, li rete nan yon nivo atizanal. Paske ministè a pa wè yo, ni li pa konnen kisa ki ap fèt, kisa ki p ap fèt alevwa pou li ta rekonèt yo osnon apwofondi sou yo.

Boutofen, direktè sèvis medsin tradisyonèl la fè konnen pratik bwè te chak maten an rekomande pou ògàn moun. Men, li mande pou tout moun k ap bwè te evite mete twòp sèl ak twòp fèy ladan yo. « Tank te a pi lejè, li pote plis efè nan kò a. Te pa dwe bouyi twòp, sof si se fèy ki ap prepare pou benyen moun », se dènye rekòmandasyon l.

Emmanuel Moïse Yves

Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *