CULTURETRAVEL

Si mwen pati….

0

Depi’m te tou piti, mwen te renmen ekri, imajine ak panse. Mwen sonje lè mwen te konn fèmen je’m epi envante yon pakèt istwa nan tèt mwen. Manman’m ak papa’m te toujou di mwen te gen anpil talan pou zafè ekriti a. Gen de lè, yo  te konn mande’m kibò mwen jwenn enspirasyon pou’ m  panse a tout istwa  sa yo.

Jodi a, mwen vin gran, mwen dekouvri poukisa…

Gen yon chante mwen renmen anpil ki di:

« Si mwen pati, se pou chèche lavi » 

Mwen vin konprann ke lè’m chita pou’m ekri, se pa konsa konsa, se paske mwen renmen kite lespri’m vwayaje. Lè map gade lanati, mwen fèmen je’m pou’m ka santi van an kap karese figi’m, pou’m ka tande zwazo yo kap chante,  gade fèy pye bwa yo kap danse. Lè mwen rete, mwen di: Ala yon latè bondye ba nou!

Se pou sa tou, mwen renmen vwayaje poum ka vizite peyi etranje. Yo te ka rele’m vagabòn : komsi’m ta diw, on moun ki pa gen kay, ki pa ka poze, ki toujou ap mache, ki toujou ap chache. Men se paske mwen renmen wè jan lòt moun yo pale, jan yo manje, jan yo priye, jan yo renmen. Mwen pa panse map janm ka rete chita. Ay! Si mwen diw jan pye’m grate’m lè’m pa bouje, wap di se manti. Mwen panse lè mwen tap pran fòm nan vant manman’m bondye te mete on pakèt ti foumi nan pye’m, pou chak lè mwen ta sispann vizite bèl latè sa li ban mwen an, pou foumi yo satiyèt mwen, satiyèt mwen, satiyèt mwen jouk mwen deside leve. Mwen panse tou, mwen ka li nan zye moun. Mwen ka wè tristès, doulè, lajwa, lanmou… Mwen tande yo di ou pap menm moun nan ankò lè’w fin wè jan lalin nan klere nan lòt kontinan. Si sa yo di a se vre, mwen konprann poukisa depi lè mwen kòmanse vwayaje, kè’m bat yon lòt jan.

Si mwen pati…se pou chache lavi. Mwen santi mwen swaf lòt kilti yo, mwen swaf wè timoun kap ri. Sa lavi a aprann mwen se ke menm si nou pa pale menm lang, nou tout ri nan menm lang lan. Menm si yon moun pa met menm rad avè’m, menm si li pa priye menm jan avèm, menm si li pa manje menm bagay avè’m, lap toujou kontan lè’m souri ba li. Epi tou, nou renmen nan menm lang lan. Lanmou, se yon langaj inivèsèl li ye. E mwen panse si bondye pèmèt tout pitit li yo diferan, se pou nou ka aprann renmen menm lè nou pa konprann.

Si mwen pati… Se pou’m aprann pataje. Lè’w vizite yon lòt peyi, ou kite yon pati nan nanm ou ak moun ou pral rankontre yo. Tout sa’w kite dèyè yo, se yon pati nan ou menm ou kite avèk yo. E menm si’w ta renmen repran’l, ou pap kapab, paske nan lavi sa, ou pa ka fè bak. Lè’m tale nan peyi End, mwen bay timoun yo anpil tan ak lanmou. Se yon bagay yap kenbe nan fon kè yo pou tout tan

Si mwen pati…Se pou’m aprann priye. Lanati se pi bèl kado syèl la ba nou. Eske nou konnen ke menm lè nou chita nap gade solèl la kap leve, se yon lapriyè li ye? Eske nou konnen ke lè nou pran tan nou pou nou santi sab la kap koule nan fant zòtèy nou, se yon lapriyè li ye? Menm jan tou, lè nap admire mèvèy nan yon lòt pati latè a, se yon benediksyon li ye. Nenpòt kote nou ye, syèl la toujou menm jan.

Mwen pati pou mwen ka santi tout sa ki fè nanm mwen vibre. Menm jan mwen santi mwen kontan lè map tande son tambou nan peyim, se konsa tou mwen kontan lè mwen wè fi kap danse dans vant nan Mwayenoryan.

Mwen pa kwè map janm gen tan pou’m vizite tout sa’m ta renmen vizite men sèl sa’m ka di nou, depi m’ap respire m’ap toujou chache lavi.

I am a girl who is passionate about seeing the world, loving people, the beach, rooftops and red lipsticks. I am trying to make the world a little brighter one article at a time.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *