POLITIQUE

Refleksyon sou koze gaz la

0

Pwoblèm nan grav. Minis Laleau, ansyen Minis Marie-Carmelle Jean-Marie ak kèk ekonomis nan peyi a pa di chèf yo ke yo pat janm kenbe volan peyi a byen. Yo kite chèf yo pran nan wout labou, kounye an kawotchou yo kole. Falèz yon bò, gwo mòn zowòch, yon lòt bò. Gaz la te ka desann men, jodi a se sou li fonksyònman sistèm administratif leta a chita. Pwoblèm nan se pa sibvansyon ke yo te konn bay lan vre. Se pito lajan ki pa genyen nan kès leta a. Fè dilatwa pap ba yo okenn rezilta. Kòb yo fè sou gaz la vinn itil tankou yon taks dirèk menm jan ak taks ladwann osinon taks DGI fè sou kòb biznis ak patikilye yo.

Malerezman, ti monnen nou te resevwa nan sa Clinton te mache mande pou nou an te mal depanse. Lajan Petrocaribe ke Dye Chavez te lage kòm lamann pou nou an te diferan. Nou pa’t ka itilize’l men’m jan an. Kondisyon yo tounen yon gwo bout bannann nou vale san kraze epi ki kole nan gòj nou. Nou pa pwodwi ditou ak kòb la, se depans san kontwòl ki plis fèt. Nou vin tounen yon nasyon gran depansè malgre nou gen yon antre ki touzwit.

Dapre sa ekonomis e ansyen gouvènè bank santral peyi Dayiti, Fritz Jean, deklare nan « Invité du jour » sou radyo vizyon 2000, ladwann nan tankou yon paswa. Kòlonn ajan dwan yo ki enstale yo, se ti komèsan yo sèlman yo rive bloke men gwo komèsan yo pase trapde. Gwo biznis k’ap enpòte gen anpil avantaj ke yo jwenn nan ladwann.

Franchiz dwann sa yo pèmèt ke, anplis efè ekonomi echèl la, yo enpoze yo sou mache a. Pwodiksyon nou soufri anpil de sa. Egzanp diri peyi a ak lòt pwodwi ki fèt isit ki pi chè ke sak enpòte yo se yonn nan ka ki dwe pouse nou reflechi. Si’w pa nan enpò, ou pa ka jwenn bon kredi, paske otomatikman ou nan pwodiksyon risk yo monte. Se sa’k fè egzijans labank yo anpil. Gen de lè fòk grangran papa’w te privilejye oubyen fò w t’ap sere ti monnen lontan pou’w ta rive reponn a ekzijans labank yo. Kolateral labank mande yo konn rive preske 100% lajan pwojè a ap koute. E to enterè yo, anpil fwa pa nan avantaj antreprenè ki pral prete a.

Toutotan gaz la pi chè, n’ap peye peyi Venezyela mwens kòb kach e leta ap genyen plis piwèt nan kès li. Kidonk leta oblije vann gaz la chè paske se pi bon mwayen pou peyi a kontinye fonksyone. Pou pwoblèm sa regle, endistri agrikilti ak tout sektè pwodiksyon yo dwe reprann pye nan peyi a. Nou oblije devlope agwoendistri pou pote plis valè ajoute sou pwodiksyon agrikòl lan, kreye djòb e ogmante asyèt fiskal leta Ayisyen. Politik fiskal peyi a, menm jan ak lwa sou envestisman yo, merite bon pase men.  Si nou vle genyen bon djòb ki pa sèlman nan soutretans, fòk yo manyen zafè fonsye a pou genyen bon lwa e pou koze kadas la regle yon fwa pou tout. Depi manje tou kwit pi ba pri pase engredyan ki pou fè’l yo, moun pap janm ankouraje pwodi. Chemiz pa dwe vann pi bon mache pase twèl. Si nou vle moun envesti nan pwodiksyon, leta bezwen lajan pou li fonsyone e asire fonskyon regalyèn  yo. Fòk nou gen model taksasyon ki pi lou sou enpòtasyon. E an menm tan se yon obligasyon pou gen yon bank devlopman serye nan peyi a paske bank komèsyal nou yo pap ka finanse pwodiksyon ak devlopman ti biznis ak mwayèn biznis. Sektè enfòmèl la ap ka kontribye anpil pou diminye kontribisyon etranje nan bidjè nou si nou genyen yon asyèt fiskal ki pa toupizi yo. Jodi a, kriz la montre nou jan leta dwe divèsifye e devlope sous rantre lajan li yo. Bidjè a se 132 milya goud e pi gwo pati a se peyi ke nou pa vle pase nou lòd yo ki bay li.

Pwoblèm yo te la deja, men konya yo pi mal. E si nou pa pran mezi jodi a, nèg k’ap vini apre yo ap genyen yon gwo chay men lajè pou yo pote. Ti pèp la ke tout moun ap pale nan non’l lan pap janm ka leve tèt li toutotan yo oblije ap mache ranmase atè pou lonje bay leta ak oligachi a ki repoze sou do yo. Fòk genyen envestisman pou ka genyen plis pwodiksyon, plis sèvis ak anpil evènman nan peyi nou Ayiti. Kriz politik yo pap mennen nou okenn kote. Trèv politik la dwe nan lespri tout nèg ki renmen peyi a e ap goumen pou li vre. Manifestasyon yo pap pote ankenn fwi pozitif. Yo se youn nan eleman enstabilite ki deranje avansman peyi a paske tout manifestasyon ak deblozay sa yo rive nan zorèy tout envestisè ki ta enterese nan Ayiti.

Lis revandikasyon pèp la long e chaje batay nou dwe mennen jodi an, men, pri gaz la pata sipoze nan tèt lis sila a. Anviwonman dwe anvan paske nou paka egziste antan ke Ayisyen san espas tè sa ki rele Ayiti an. Inondasyon ki te fèt Okap sa gen mwens ke twa mwa, di’n anpil sou jan bagay yo grav. Menas tranblemantè ak sounami dwe mete dlo nan diven nou nan masak n’ap fè sou anvironman an e met van nan vwal nou pou nou panse peyi anvan enterè pèsonèl. Menm jan m di’l deja, gaz chè a se yon lajan dirèk li ye. Kidonk jodi an pito nou goumen pou kreyasyon djòb; pou remanbre pwodiksyon nasyonal la ak ekonomi peyi an; pou diminye tout depandans nou yo, kit li politik, kit li ekonomik. Ann ankouraje leta pou li pran mezi e mete kondisyon pou moun peye taks epitou sispann ak sistèm dwanye nou an ki pi mal pase yon paswa. Men, se yon devwa tou pou nou asire nou ke gouvènman an byen itilize lajan taks yo paske medikaman maladi nou an se pa jis takse pou takse. Eleksyon k’ap vini yo ap enpòtan anpil. M’ap swiv poum wè kibò nèg kanpe tout bon.

Fonksyònman leta a koute twò chè. Administrasyon piblik la pa ka ti chimen pou nèg vin rich. Menm jan tou ekonomi peyi a pa ka baze sou enpòtasyon sèlman. Tout moun yo te vote, tout minis ak lòt fonksyonè ki pral vini yo dwe konnen ke nou oblije fè yon bon viraj ak ledikasyon epi ekonomi peyi a. Nou dwe genyen yon bon sistèm ledikasyon pou tout moun. Bank devlopman an plis pase endispansab pou pèmèt peyi a soti nan gwosè tou li ye la. Leta dwe pran anpil mezi, mare senti’l anvan li di pèp la dwe pran angajman patriyotik. Li pa fè sans pou leta pòv sa genyen tout anplwaye sa yo, ni pou yon nèg vin rich depi li nan yon gwo pozisyon nan leta. Prezidan Martelly te genyen e genyen anpil volonte, men okenn chèf pap ka rale’n soti nan tou sa san’l pa antoure ak bon konpetans, san volonte ak enplikasyon nou chak grenn Ayisyen nan jan nou kapab epi san respè lwa ak prensip.

J. Peterson Mompremier, sitwayen Ayisyen

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *