ART & LITERATUREÉCONOMIEEN UNE

Poukisa fòk nou goumen pou lakilti nan peyi a? 

0

Ayibopost louvri tribin li bay yon rasanbleman atis ak operatè kiltirèl ki mete tèt yo ansanm nan yon regroupman ki rele Rasanbleman aktè sektè kiltirèl ayisyen (RASKA ). Anplis de tèks Gaelle Bien-Aimé sou sitiyasyon atis nan peyi a, ou ka gade videyo Wesly Renaud Jean sou pwoblematik lakilti a ann Ayiti

 

Pandan mwen nan yon rankont ak de twa kamarad jounalis epi  kèk atis ki vin fè ti bat bouch sou avni lakilti nan peyi Dayiti, youn nan nou mande poukisa nou reyini? Poukisa nou deside batay? Ki enterè chak grenn moun ki nan rankont lan genyen nan koze sila a ? Kamarad la te poze kesyon an pou l’ asire li bòn fwa tout moun.

Paske nan istwa regwoupman moun nan peyi isit, yon ti soupson, yon ti malèz, yon ti krik osinon krak  sifi pou gaye wonn nan. Pou ti eksperyans mwen fè nan koze asosiyasyon, mwen remake toujou gen yon nwayo kap rame pou pote yon lide, épi yon lòt gwoup k ap suiv avèk anpil mefyans poul sa kraze yon kite sa. Dezyèm gwoup sa konn pafwa gen rezon wi men yo pap kolabore vre pou wè kijan sa ka vanse. Pou mwen yo Pa gen pyès lejitimite plenyen ni pale. Nou nan stad aksyon, deba sosyete a paka fèt san mete men, li paka fèt sou rezo sosyal senpman.

Men mwen Konprann. Nou telman nan prekarite. Nou telman nan ijans, nan mache prese. Nou Pa gen pyès pasyans koute, travay ansanm ni planifye kwakseswa. Nou Pa gen okenn santiman apatenans ak yon gwoup, yon ideyoloji, yon batay, ni yon peyi.

Jodia fè mwen plis pase dis lane m ap eseye, m ap tatonnen, m ap pwouve sa m ka fè ak yon talan la nati lage nan menm tankou yon gonbo cho. Mwen reyalize mwen pap ka fè anyen Serye nan peyi isit si pa gen okenn estrikti ki rekonèt mwen egziste kòm kreyatè épi ki kreye kondisyon pou m’ kreye épi viv de zèv mwen. Si okenn estrikti pa konsyan ke mwen se yon ajan devlopman. Mwen gen yon valè, mwen koute chè!

M pap pale twòp sou aspè ekonomik kesyon an, paske  nou wè aklè si gen estrikti, kreyatè ak pwomotè ka fè sektè a jenere lajan poukòl. Sektè divètisman gen anpil lajan ladann.

Men map rete sou aspè pouvwa lakilti gen sou moun. Yon zanmi te di : « Lakilti se tou sa ki fè w kanpe drèt nan mitan mond lan ». M ap ajoute, se sa k fè nou egziste kòm moun, se memwa nou, se listwa nou, se kote reyalite nou ak mit nou makonnen. Yon tim tim bwa chèch nan imajinè timoun k ap grandi pou yo konnen yo ka konstwi rèv yo. Gade kijan Hollywood fè nou gobe tout sa li vle, anplis de sa, li vann nou vizyon li gen de mond lan san li pa remèt nou monnen.

M ap batay pou lakiti paske jodi a si yo mandem Kisa ki yon ayisyen, premye sa kap vin nan tèt mwen, se yon sitwayen an tranzit kap tann yon gwo pòs nan pouvwa, yon rezidans osinon retou kris la.

Lakilti se tout sa ki konstwi pèp li, mete sou sa, kreyatè yo kap enfliyanse sosyete a. Ekwasyon an senp, se moun ki fè lakiliti epi lakilti ap konstwi moun.

Men kilès ki dwe konsyan ke aksyon enfliyanse sa nan men yon gwoup moun ki pa gen mwayen travay ? Kiyès ki pral okipe l de transmisyon konesans ak valè richès kiltirèl sa yo? Kiyès ki la pou kreye kad legal pou kreyatè egziste tankou tout sitwayen? Se leta! E leta ki leta pa leta konsa, kòmkidire powèt Georges Castera.

M pap menm pale de mizik ni penti, m pap menm pale de teyat. Ann pran egzanp ki pi konkrè, yon lekòl san bibliyotèk, kijan sa fè posib? Se tankou lekòl sila a pat gen kantin. Nanpwen manje pou lespri, gaz ap anpare bon sans timoun yo. Kijan yon sosyete ki bay Jacques Stephen Alexis fè pa ka pozisyonel nan zafè lakilti? ki kalte moun k ap deside sou politik kiltirèl nan peyi isit?

M vle goumen pou lakilti paske se sa k rete pou fèt. Antouka yon Atis tankou m Pa gen anyen lap regle si otorite ki la yo pa deside travay pou pi piti k ap vini yo konnen yo gen pouvwa montre lemond antye sa yo peze. Swa mwen mete Men ak kèk kamarad mwen goumen, swa mwen al mouri lwen tankou tout entelektyèl ak Atis ki about.

Gaëlle Bien-Aimé

Komedyèn / Manm Rasanbleman aktè sektè kiltirèl ayisyen (RASKA )

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *