POLITIQUE

Politisyen yo se nou, nou se politisyen yo

0

[M]wen te di mwen p’ap pale nan koze sa ankò, mwen te di map swiv pito. Men jodi a bouch mwen tèlman gen mo ke li pa ka rete fèmen. Bagay pou’m ta kriye, mwen ri yo pito. Se pa tout doulè ki mande pou dlo koule. Kite’m ri nou. Mwen ri pou’m pa di betiz, mwen ri paske sa fè’m kalme mwen, mwen ri paske si’m pa ri gen moun k’ap fache ak sa mwen ka degaje.

Li tèlman fasil pou nou voye wòch sou lòt la. Li senp pou nou wè erè li fè. Li toujou fasil lè ou chita an espektatè pou devine kisa ou t’ap fè si ou te nan plas aktè a. Mezanmi poukisa nou fè tout tan nou ap viv nan ilizyon, nou pa janm desann nan reyalite a pou nou konprann bagay yo. Nou malonèt konsa. Nou fè kòmsi nou pa’t konnen ke sa t’ap rive la. Nou fè kòmsi nou te fè efò pou sa pa’t pase konsa. Jodi a nou tout ap ede Ayiti kriye alòske se nou ki foure kouto nou dibras nan plè a. Ala mechan! Nou ipokrit konsa…

Mwen gade kijan nou chita ap kritike sa yo ke nou rele politisyen nan peyi isit. Nou ba yo pote tout non, nou pa dakò ak anyen yo fè. Men depi mwen gen lespri, m’ poko janm tande ke yo nonmen youn nan pèsonalite sa yo. Yo tout pase nan sa yo rele eleksyon an Ayiti. Menm si nou toujou rele « Anmweyyy! » ke yo fè koken eleksyon an.

Nou pa konn chwazi oubyen nou chwazi sa’k sanble nou. Jodi a nou tout responsab sa k’ap rive Ayiti yo. Prezidan, depite, senatè yo se nou ki mete yo, se nou ki vote yo… Anpil nan nou pral di’m ke nou pa janm vote. Mwen toujou konnen lè ou pa chwazi se komsi se yon chwa li te ye. Nou kite yo chwazi pou nou. Mezanmi poukisa nou pa souke kò nou, leve nan dòmi dous la pou nou pran avni peyi nou an men. Nou tout ap dakò avèk mwen si’m di nou ke tonton nou ak matant nou, tout kolòn fanmi nou ki andeyò, ki pa konn li, men ki peye edikasyon pou nou yo, yo patisipe nan eleksyon, anpil nan yo pa konn moun yo vote yo, anpil nan yo vote yon plat manje ki te touye vè nan vant yo pou yon sèl jou, anpil nan yo vote sou yon pwomès lavi miyò, anpil nan yo vann vòt yo pou yon biyè 1000 goud… Se tout move chwa sa yo ki mete nou kote nou ye la jodi a. Èske nou chak pa’t gen pou misyon pou’n te eklere moun sa yo, pou’n te ede yo konprann enpòtans vòt yo? Nou tout koupab.

Mwen se yon sitwayen, depi mwen te gen laj pou’m vote, mwen toujou al ranpli devwa sivik ak politik mwen. Men jodi a mwen gen dwa pou’m di ke vòt mwen yo toujou gaspiye paske pa gen anpil moun ki vote nan sans mwen vote yo. Listwa ka pwouve nou ke nou toujou fè move chwa yo. Nou tèlman plenyen aprè, nou tou banm rezon dèske mwen te vote jan’m te vote a. Mwen soti nan depatman Sid… Mwen pa deside site non moun, men moun nan depatman Sid, menm si fòn ta retire kèk nan yo, pa janm byen vote moun ki pou reprezante yo. Jodi a mwen mande chak grenn nan nou pou nou pa kite yo vote pou nou ankò, si n’ap gen chans gen eleksyon nan peyi isit toujou…. sa’k konnen? Nou tout koupab!

Mwen fè yon rèv, mwen wè yon nouvo palman avèk yon ekip jèn gason ak jèn fanm konsekan, konpetan. Se moman pou jenès la anvayi palman an, pou yo pran la relèv … Se pou jèn kore jèn pou nou fini ak jenerasyon palmantè « Je suis, jeté, je suis ramsé » sa yo. Mwen reve ke politik peyi Dayiti fèt yon lòt jan! E si se pa’t yon rèv sèlman li te ye!

Guery Nei/manm Kreyolofoni

.

 

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *