Opinions

Pèspektiv | Èske Ayisyen ki pa konn ekri kreyòl se manfouben ak sankoutcha ?

0

Menm jan chak nwa pa fèt ak yon mòtè espesyal ki fè l kouri rapid, se menm jan ayisyen pa fèt ak yon gramè kreyòl mare nan kòd lonbrik li

Se chak fwa m gen pou m pwodui yon refleksyon an kreyòl, m reyalize konpleksite aprantisaj lang kreyòl la an Ayiti. Sa fè lontan mwen ekri atik sa nan tèt mwen, men chak lè m deside mete l sou papye, m konstate pale ak ekri kreyòl se de bagay diferan. Si konsta sa evidan nan rapò m devlope ak lòt lang, pwoksimite m gen ak kreyòl la se yon pyèj ki anpeche m wè se prèske menm mekanis yo ki dètemine fonksyonnman lang yo, sitou sa ki konsène diferans ant fòm pale ak ekri. E menm anndan fòm sa yo gen de nivo (rejis) lang moun yo pale an fonksyon de sa lengwis yo rele  « situation de communication » yo.

Depi kèk tan, m ap swiv avèk anpil enterè deba k ap fèt sou rezososyal yo sou lang kreyòl la. Sitou lè mwa oktòb, gen anpil koze ki pale : konfèrans, atik, batèl pwovèb, emisyon kote espesyalis ak moun ki pa espesyalis ap bay dizon yo. Mwa oktòb la tou se moman kote espesyalis ak moun ki pa espesyalis pwofite distribiye bon pwen ak move pwen ; pwofite denonse sa yo konsidere tankou vye pratik lakay yon gwoup lokitè kreyòl.

Men nan mitan tout manifestasyon sa yo  (ki enpòtan pou evolisyon lang kreyòl la ) gen yon bagay ki atire atansyon m : se sa m te ka rele yon konfli jenerasyonèl sou fason pou moun ta dwe pale ak ekri kreyòl. Li pa sèlman jenerasyonèl nan sans yon jenerasyon ap batay ak yon lòt, li entra-jenerasyonèl tou, sa vle di anndan yon menm jenerasyon ou ka jwenn de kan opoze.

Anpil fwa, m tonbe sou kèk piblikasyon kote yon moun oubyen yon gwoup moun ap joure (m pa gen dout sou chwa mo sa) yon lòt gwoup sou baz yo pa konn ekri kreyòl. Nan pami jouman yo, sa ki make m plis, se sa ki trete sila yo ki pa konn ekri kreyòl e ki pa endiye lè yo ekri l mal kòm desandan esklav. Pafwa lè se pa jouman sa, yo konn trete moun sa yo de manfouben, de moun ki pa vle fè efò. Manfouben sa yo, selon anpil moun, ap fè kreyòl la pèdi inite l akòz move pratik yo genyen nan ekri lang nan.

Chak fwa m tonbe sou ka m sot site la yo, m konn poze tèt mwen plizyè kesyon. Premye sa m konn mande, se konbyen ane nou fè ap aprann kreyòl lekòl ? Depi nan ki klas nou komanse aprann li ? Konbyen fwa yo fè n egzijans pou n pwodui refleksyon ekri an kreyòl lè n te lekòl ? Ki nivo kalifikasyon moun k ap anseye kreyòl yo e ki nivo envestisman yo genyen nan travay y ap fè a ?

Mwen pa gen repons jeneral ak kesyon sa yo. Men m se yon jèn gason ki fèt e grandi Ayiti. M panse m ka pran egzanp sou istwa pa m pou m esesye fè sa yo rele yon endiksyon: sa vle di m ap sòti nan yon ka patikilye pou m rive nan yon nivo analiz ki pi jeneral.

Premye fwa m swiv yon kou kreyòl se te nan klas sizyèm ane (sa nou rele klas sètifika a). Se te yon kou pou n aprann kèk nosyon pou n te ka desann sètifika. M raple m kou sa te kòmanse nan mitan ane a, e se te yon fwa pa semèn pwofesè a te konn vini. Apre sètifika, m rantre nan lise Tousen Louvèti kote m fè sizyèm jouk rive nan filo. Pandan sèt lane m pase nan lise a, m te gen kou kreyòl nan twa klas : sizyèm, senkyèm epi katriyèm. Kou sa yo pa t janm depase dezè pa semèn alòske pou fransè nou te gen yon pwofesè gramè ak ekspresyon ekri ak yon lòt pou pyès klasik.

Lè m kite lise Tousen, m rantre fakilte Syanzimèn. M vin gen yon kou kreyòl nan ane preparatwa. Koze kreyòl la vin pran yon lòt dimansyon: nou vin ap reflechi sou lang nan tout bon vre; eseye ekri ladan, konprann fonksyonnman li e konprann tou kesyon diglosi ki travèse sosyete nou an e ki lyen li genyen ak kolonizasyon nou te sibi.

Pou lapèn, m pa pase kou kreyòl la paske m gen yon mo m pa t ka ekri byen[1].  Malerezman pou mwen, mo sa te repete anpil fwa nan tèks m t ap travay la. Chak lè mwen mal ekri l, pwofesè a mwens mwen yon pwen, sa ki fè m te gen yon nòt negatif (nan sans matematik tèm lan) pou kou a. Apre eksperyans sa, m te mare kè m, m reswiv kou a ak menm pwofesè a. Pou egzamen final m sonje m te ekri yon atik an kreyòl sou powèt Jedinema, se sa ki ta pral fè m pase kou sa.

Poukisa m fè tout rale mennen vini sa ? Se pou m di eksperyans pa m lan pa yon ka izole. Gen anpil moun nan antouraj mwen ki viv li : gen anpil moun ki swiv kèk grenn kou kreyòl ki pa t ba yo zouti ki ka ede yo metrize lang nan epi ekri l byen, alewè pou yo ta ap fè gwo refleksyon sou diglosi, sou eritaj kolonyal, sou rapò ki genyen ant yon lang e vizyondimonn li charye. Pafwa, m konn mande tèt mwen nan ki lang yo fè kou kreyòl nan lekòl ki entèdi timoun yo pale kreyòl yo ? Petèt pa gen kou kreyòl nan lekòl sa yo. E menm lè gen kou kreyòl, ki nivo motivasyon moun k ap anseye kreyòl yo ? Kòman yo ka rive transmèt jèn yo enterè pou yo aprann kreyòl, lè n konnen nan kondisyon yo ap travay ? Konbyen tan ki konsakre pou kou kreyòl daprè pwogram ministè edikasyon nasyonal la ?

Boutofen, (pou m repete yon mo mwen aprann syanzimèn m pa janm tande okenn lòt kote), sanble kesyon ansèyman kreyòl la ta dwe repanse nan peyi a. E si nou dakò li merite repanse, (menm jan ak fransè tou) kòman nou ka egzije yon gwoup moun ki pase nan lekòl nou konnen yo, ki aprann kreyòl nan kondisyon m te aprann li an pou yo maton ladan l, pou yo konn ekri l byen ? Eske yon fransè ki pa aprann fransè kòmsadwa ap ka ekri fransè ? Si repons lan se non, poukisa yon ayisyen ki pa aprann kreyòl ta sipoze konn ekri kreyòl ? Kijan li ap rive fè sa, yon lwa kreyòl k ap rantre nan tèt li oubyen yon bib kreyòl pou yo frape sou tèt li ? Kòman nou ka egzije yon gwoup moun pou yo gen yon konpetans majik ?

Chak fwa m tonbe sou piblikasyon yon moun k ap joure yon lòt oubyen yon gwoup ki pa konn ekri kreyòl, se kesyon sa yo ki monte nan tèt mwen. Finalman m konn anvi panse moun k ap joure a pa konsidere kreyòl tankou yon lang tout bon : yon lang ki mande yon tan pou aprann li ak asimile l. Se kòmsi tout ayisyen tou konn ekri kreyòl depi nan vant manman yo. E sila yo ki pa rive ekri l se paske yo manfouben…

Si n fouye atitid moun k ap joure yo plis, n ap wè li pa diferan ak lòt pawòl esansyalis yo konn di sou kèk kategori moun. Pa egzanp yo konn di nwa yo kouri rapid. Menm jan chak nwa pa fèt ak yon mòtè espesyal ki fè l kouri rapid, se menm jan ayisyen pa fèt ak yon gramè kreyòl mare nan kòd lonbrik li. Se gwo antrennman ki bay kapasite pou kouri rapid ; se aprantisaj ak pratik ki bay yon moun metriz nan ekri yon lang.

Gen yon lòt nivo nou ka deplase deba a : sou kisa yon moun kanpe pou li di yon lòt kòman pou li ekri yon lang ? Kisa ki bay yon moun sètitid fason l ekri a se li ki bon ? Nou ka reponn mwen gen akademi ak gramè. Men akademi ak gramè se moun ki fè yo. E moun sa yo angaje anndan kèk rapò sosyal e politik. Sa ki fè koz ak valè y ap defann pa souvan diferan de kote yo kanpe ak pozisyon yo genyen sou òganizasyon lavi anndan sosyete a.

Men kounya kesyon pou n poze, se ki pwoblèm sa soulve oubyen kache lè yon gwoup moun deside y ap defini estanda lang pou tout yon popilasyon pale ? Kòman yon gwoup moun ka deside se yo ki pale ak ekri bon kreyòl ? E sou baz sa deside tout lòt moun dwe adopte fason pa yo a ?

Sa toujou etone m pa egzanp, lè m tande yon moun di m « Wyclef pa pale bon anglè » (paske l te leve nan geto) oubyen jèn nan banlye Lafrans pa pale bon fransè. Sa etone m pi plis, lè moun ki fè kòmantè sa yo gen sansibilite pou gwoup minoritè yo. Poukisa se ti mesyedam ki nan gwo inivèsite USA ki pale bon anglè a ? Poukisa swadizan bon vèsyon lang lan toujou bò kote moun ki gen pouvwa yo ? Pa egzanp, sou kesyon akademi kreyòl la, nou te ka mande eske se fason mesyedam repiblik pòtoprens yo pale kreyòl ki sèvi akademisyen yo modèl pou yo bati estanda y ap pwopoze yo ? Si wi, kisa ki eksplike chwa sa e ki konsekans li genyen sou lòt fason moun pale kreyòl nan lòt rejyon nan peyi a ?

Nou te ka mobilize konsèp vyolans senbolik (Pierre Bourdieu[2]) pou n konprann kòman yon gwoup moun rive enpoze tout yon sosyete yon ansanm kòd kiltirèl e kòman chak manb nan sosyete a rive entegre kòd sa yo san kesyone yo e pafwa menm rive defann yo. Konsa tou nou te ka mobilize kouran Cultural Studies (spesyalman Richard Hoggart) yo pou n montre kòman minorite yo konn devlope pwòp kòd ak sistèm kiltirèl yo ki souvan se yon zouti rezistans kont sistèm dominan an. Nan yon lòt atik nou ka reflechi plis sou kesyon sa yo.

Moun ki save nan etidye lang fè diferans ant lengwistik deskriptif ak preskriptif. Premye a plis analize fonksyonnman lang nan, kòman moun yo pale tout bon vre, kòman li evolye an fonksyon de kategori moun ki ap pale l yo. Nan langaj konesè, nou ka di lengwistik deskriptif la plis enterese ak « usage » lang nan.

Yon lòt bò, lengwistik preskriptif la mete aksan sou règ yo, li defini fason lokitè yo dwe pale. Li pa dekri sa li wè men li preskri kòman sa ta dwe ye. Se sa k fè li gen yon dimansyon nòmatif e nou jwenn li anpil nan pratik kèk akademisyen. Pou m bay yon egzanp, m toujou tande anpil moun di pa gen « ke » nan kreyòl. Poutan depi w ouvri zorèy ou pou tande moun ap pale, ou pa fouti pa tande « ke » repete nan plizyè fraz. Moun ki di pa gen  « ke » yo ap fè preskripsyon, yo ta swete moun k ap pale kreyòl pa itilize mo sa. Pozisyon m twouve ki te ka pi enteresan an, se sa ki konstate kòman moun yo pale tout bon, ki mo yo itilize, kòman lang nan evolye nan pratik lavi yo. Se pozisyon lengwistik deskriptif la.

Anpil moun ki rantre nan deba kreyòl la, e ki ap bay leson sou kòman moun dwe pale ak ekri genyen yon pozisyon nòmatif, yon pozisyon enstitisyonèl, an gwo yon pozisyon pouvwa kont yon lòt gwoup moun ki anpil fwa pi fèb.  Lang se yon teren batay e anpil fwa nou pran pozisyon kont kategori moun ki pi fèb yo nan batay sa.

Gen anpil moun ki panse gen yon kreyòl  « pur », yon kreyòl rèk tout moun ta dwe pale. Ou konn tande moun sa yo ap di mo sa pa kreyòl. Sa pa gen lontan m dekouvri kindègaden se yon mo ki sòti nan lang alman, poutan depi m piti se yon mo m ap tande chak jou. Se menm bagay la pou koutay ki sòti nan mò anglè curtail. Ki ayisyen ki p ap konprann de kisa yon moun ap pale lè li di koutay ? Ki ayisyen ki p ap konprann mo alawonnbadè ki sotì nan anglè All around by there ? M pran risk pou m di tout mo nan tout lang kapab vin yon mo kreyòl depi yon kantite lokitè kreyòl kòmanse itilize l (depi li pase de dimansyon yon senp siyifyan a dimansyon siyifye, depil li fè sans pou moun k ap itilize l yo). Kreyòl se negasyon  lide « pureté », kreyòl se melanj. Kreyòl se ekspresyon e rezilta sa entèlektyèl matinikè Edourad Glissant rele « culture composite » yo.

M ap fini pou m di pratik joure moun ki pa ekri kreyòl byen pa itil kòz lang kreyòl la. Menm jan enjonksyon « exprimes-toi » anpil nan nou te konn sibi lekòl pa rive fè nou pale fransè pi byen, se menm jan an tou, joure yon moun manfouben p ap ede l vin maton nan lang kreyòl la. Kèk piblikasyon sou Facebook p ap ka rezoud pwoblèm estriktirèl ki mande anpil volonte, mwayen ak entèlijans.

San m pa neglije travay Akademi kreyòl la ap fè, li enpòtan pou m raple se nan pratik lavi moun yo lang nan pran fòm. Se pa yon fonksyonè ki anndan yon biwo ki pou defini kòman yon jèn dekstè sou Plas Jeremi dwe pale. Okontrè se fonksyonè sa ki ta dwe ap poulòp nan stwit la pou l ap konstate kòman lang nan evolye nan kotidyen lokitè yo.

Critique littéraire et sociologue de formation, Stéphane SAINTIL est détenteur d'une licence en Sociologie à l'Université d'État d'Haïti (FASCH) et d’un master en Comparatisme, Imaginaire et Socio-anthropologie à l’Université de Grenoble-Alpes. Il a travaillé comme animateur de bibliothèque au Centre Culturel Katherine Dunham du Parc de Martissant (CCKD/FOKAL), responsable de communication du Festival de dramaturgie contemporaine En Lisant et des Rencontres d’Octobre Soleil à Agen. En 2015, il fonde avec quelques camarades de l’Université d’État d’Haïti, le magazine Controverse Haïti, consacré aux différents débats qui animent la société haïtienne. Il est membre du comité du festival Littéraire Haïti-Monde et rédacteur en chef de la revue haïtienne des cultures Créoles, DO-KRE-I-S.

    Comments