Opinions

Opinyon | Ki kesyon nou dwe poze tèt nou aprè asasina prezidan Jovenel Moïse ?

0

Asasina prezidan Jovenel Moïse, nan lannwit madi 6 Jiyè pou rive mèkredi maten 7 Jiyè, mennen plizyè fòm reyaksyon. Genyen yon kategori moun ki te santi tristès anvayi yo. Genyen, nouvèl la fè yon chòk sou yo, menm si yo te kont mòd gouvènans ki te genyen sou administrasyon prezidan Jovenel la, oubyen, menm si yo te vle li kite pouvwa.

Se menm jan tou, yon bò, ou te jwenn moun ki te an kòlè, paske yo jije zak la se te yon derespektan. Yon lòt bò, ou te jwenn moun ki te swa endiferan (nouvèl lanmò a pa t fè yo ni cho, ni frèt), swa ki te menm kontan (paske yo te jije prezidan Jovenel Moïse te rekòlte sa li te merite, paske pou yo, sa ki rive li a, se yon konsekans dirèk move gouvènans administrasyon li an).

Kèlke swa tip reyaksyon an, genyen plizyè kesyon, tout moun ap poze epi chache repons pou yo : Kiyès ki asasine prezidan? Kiyès ki otè entèlektyèl yo? Pou ki rezon yo asasine prezidan? Eske se ayisyen oubyen se aktè etranje ki te vle asasina sa? Ki moun k ap pwofite plis akòz lanmò sa ? Tout kesyon sa yo ka ede nou konprann sa ki pase a, pi byen.

Poutan, lanmò Prezidan Jovenel Moïse, nan sikonstans sa yo, ak tout sa li charye dèyè l kòm konsekans, dwe fè nou menm Ayisyen, poze tèt nou lòt kesyon, ki pi fondamantal toujou. Se pa paske kesyon ki anlè yo pa enpòtan, men, lè nou di fondanmantal, sa vle di, kesyon ki ale pi lwen pase sa ki konsène asasina li menm. Sòti depi sou pèfòmans administrasyon Jovenel Moïse la, pase nan konpòtman aktè politik ak ekonomik yo, pou rive nan jan nou aji ak reyaji kòm pèp, kòm nasyon, tout eleman sa yo, reprezante baz lòt kesyon sila yo. Li enpòtan tou, pou n konnen, repons yo, n ap ka rive jwenn yo, swa nan analize anviwònman ak kad politik ki an plas yo, swa nan karateristik sosyolojik sitwayen yo, swa nan pèsepsyon nou genyen sou sa k ap pase a, swa nan kijan nou konsevwa lavni peyi sa.

E si se pa t Prezidan sa ? 

Jovenel Moïse pase nan listwa nou, kòm yon prezidan nivo popilarite li te ba, nan yon pwen pou depi li pran lapawòl, sa te sifi pou pwovoke degou, oubyen menm kreye yon eskandal. Popilasyon an pa t rive fè administrasyon li an, ni li menm, okenn konfyans. An plis, move pèfòmans, sou plan ekonomik, sou plan gouvènans, soupson konivans ak gang, soupson konivans ak aktè nan sektè prive (sa nou rele oligak yo), dosye koripsyon, disfonksyònman tout lòt pouvwa yo, ak tout lòt kantite kriz ki pase yo, pandan prezidan Jovenel t ap dirije a, montre nou feblès, enkonpetans oubyen mank volonte administrasyon an, an patikilye Gouvènman ki pase yo, te genyen. Se sa ki fè, anpil moun kwè, Prezidan Jovenel pa t ap travay pou byennèt popilasyon an vre, ni travay pou te chanje vre sistèm li te konn lonje dwèt sou li a. Nan pèsepsyon anpil Ayisyen, opozisyon li te genyen avèk kèk gwoup, an patikilye Dimitri Vorbe, Réginald Boulos ak lòt li te konn endekse san site non yo, se te yon fasad.

Aprè analiz eleman sa yo, kesyon pou nou poze tèt nou, se : Si gen yon gwoup aktè, ayisyen oubyen etranje, ki te santi enterè yo menase nan yon pwen pou yo fè asasine prezidan Jovenel Moïse, malgre li pa t popilè, malgre anpil moun te wè klè li pa t ap travay pou chanje sistèm gouvènans politik ak ekonomik lan vre nan fondalnatal li, malgre yo kwè li t ap sipòte yon bon pati nan oligachi a, kisa ki t ap rive, si yon jou, Ayiti ta genyen yon prezidan ki ap travay tout bon vre pou chanje Ayiti, pou kase kontwòl gwoup aktè lokal oubyen etranje yo genyen sou ekonomi peyi an ? Kisa ki t ap pase, si se pa t Prezidan Jovenel ki te sou pouvwa, men pito, yon moun tout moun ta jije ki t ap travay pou Ayisyen vre ? Li klè, si yon prezidan konsa te sou pouvwa, se pa sèlman youn oubyen de gwoup enterè ki t ap kont li, men pito prèske tout aktè politik, ekonomik ak entènasyonal ki vle kenbe « statu quo » a. Kidonk, desizyon li t ap gen pou l pran yo, t ap mete l anfas plis moun toujou : sa ki te ka vle di, lavi li t ap menase plis toujou. Si zak asasinay la rive fasil konsa, menm avèk yon administrasyon ki, malchans pou nou, pa t sanble gen kapasite oubyen volonte pou ranvèse « statu quo » a, èske nou gen mwayen pou anpeche sa rive, lè n ap gen pou n jwenn yon rejim ki kapab epi vle chanje l tout bon ?

Repons kesyon sa yo ap gen anpil enpak, sou nivo angajman sitwayen ki onèt, ki te santi yo kapab yo epi ki te vle patisipe nan koze politik isit. Enpak la ap plis toujou sou sa ki te deja genyen gwo dout yo, pa rapò ak enplikasyon yo nan politik an Ayiti. Se sa ki fè, li enpòtan pou nou ta chita tou, sou kijan pou nou evite pou tip zak sa yo, pa janm rive fèt ankò sou ti bout tè a. Paske, jodi a, sa rive yon prezidan nou pa t gen konfyans nan li. Men si nou pa korije pwoblèm lan, sa ka rive tou, yon prezidan k ap travay tout bon pou amelyore kondisyon lavi popilasyon a.

Poukisa tout moun ap tann, se etranje a, ki pou detèmine kiyès ki dwe dirije peyi a, aprè lanmò prezidan Jovenel ?

 

Lanmò prezidan Jovenel Moïse, kite Ayiti ak yon gwo vid enstitisyonèl. Vid sa egziste, pa paske Konstitisyon an pa t prevwa kijan pou sa te fèt (menm lè atik 149 vèsyon amande Konstitisyon 1987 la genyen konfizyon ladan l), men sitou paske enstitisyon ki te dwe enplike yo, te disfonksyonèl, depi avan lanmò prezidan Jovenel Moïse. Sa ki vin fè, pèsòn pa ka di jodi a, kiyès ki gen lejitimite, sou baz lalwa, pou li dirije peyi a epi òganize eleksyon. An plis sa, nou ka ajoute gwo konfizyon ki genyen, nan detèmine, kiyès ki te Premye Minis peyi a (akòz yon pwoblèm enkoyerans ant tèks lalwa yo ak kwonoloji nan aplikasyon tèks sa nan pratik). Sèl solisyon ki te sanble rete nan ka sa, se ta aksepte yon moun, sou baz lejitimite popilè, swa nan yon antant ant tout aktè lokal yo (sa nou konnen ki ap difisil anpil), swa nan rebat kat la nèt (pou nou tou pwofite repase men nan sistèm politik nou an, konsa nou t ap ka tou rezoud pwoblèm sa yo).

Sa ki etonan, se jan, san nou pa konsyan sa, tout aktè politik lokal yo, e menm yon bon pati nan popilasyon an tou, aksepte otomatikman, se etranje a, an patikilye Etazini, OEA oubyen Nasyonzini, ki ta dwe deside, sou kiyès ki dwe pran tèt peyi a, aprè asasina prezidan Jovenel Moïse. San nou pa konsyan, nou rete pasif, ap tann, kisa etranje a pral di nan sitiyasyon sa, ki desizyon l ap pran, kiyès l ap deside sipòte, boutofen, kiyès k ap sou pouvwa vre. An reyalite, sa ale pi lwen pase sa. Aktè politik yo, ak pwòp volonte yo, solisite oubyen aksepte san reziste, entèvansyon etranje a, nan sitiyasyon sa. Se sa ki fè, Claude Joseph, ki te Premye Minis a.i, sou prezidans Jovenel Moïse la, pa santi li deranje, lè Helen La Lime, deside, se li menm k ap dirije peyi a, an atandan genyen eleksyon. Se sa ki fè, aprè plizyè jou ap fè lese frape, Senatè Lambert (ke yon rezolisyon, ant plizyè senatè, mete kòm Prezidan Pwovizwa), Ariel Henry (ki se dènye Premye Minis, defen prezidan Jovenel te nome a) ak Claude Joseph (ki te premye minis a.i), aksepte reyini ak yon delagasyon ameriken, pou diskite, sou kiyès ki ta dwe dirije. Sa ki ta menm manke fini an piman bouk…

Èske nou konprann nivo ridikil ki genyen nan rankont sa ? Twa gwoup aktè lokal, olye yo chache avi popilasyon an, olye yo chache rezoud kriz la ak rès aktè lokal yo, deside jwenn ak etranje a pito, pou yo bay dizon final, sou kiyès k ap gen responsabilite lavni peyi nan men l. An reyalite, se menm konpòtman sa yo, anpil moun te konn repwoche defen Prezidan Jovenel Moïse, kote yo te di se sipò Etazini ki te kenbe li sou pouvwa a. Se konpòtman sa yo tou, yo te konn denonse bò kote opozisyon an oubyen lòt aktè enfliyan yo, lè y ap eseye chache sipò menm etranje sa, pou defen prezidan Jovenel te ka kite pouvwa.

Eske nou poze tèt nou kesyon sa ? Poukisa se etranje a ki pou deside kiyès k ap ranplase prezidan Jovenel, aprè li fin mouri ? Kisa nou ka fè pou anpeche sa ? Li klè, rapò fòs yo pa an favè nou. Men nou toujou genyen kapasite, pou nou rasanble nou, fè vwa nou fè yon sèl, pou nou di nou pa dakò. Nou toujou gen kapasite, pou ekri sou sa, fè moun konprann sa k ap rive a. Nou toujou gen kapasite, sèvi ak medya, pou fè limyè sou sa. Nou toujou gen kapasite, pou reveye nou epi mande chanjman radikal nou te toujou vle a.

Kisa ki pral fèt, pou rezoud pwoblèm ki te genyen yo, avan lanmò Prezidan Jovenel la ?

Nou dwe konprann yon bagay klè: Lanmò prezidan Jovenel pa rezoud pwoblèm ensekirite a ki te genyen avan. Lanmò prezidan Jovenel pa rezoud kriz ekonomik ki te genyen avan. Lanmò prezidan Jovenel pa tout chanje sistèm gouvènans politik ki te la avan. Lanmò prezidan Jovenel pa rezoud pwoblèm ganng yo. Lanmò prezidan Jovenel pa rezoud lòt pwoblèm estriktirèl yo. Pwoblèm sa yo toujou la ! Nouvèl sou asasina ak batay politik pou pouvwa aprè asasina a, enfòmasyon sou ankèt pou dekouvri kiyès ki dèyè lanmò a, ak lòt faktè, kouvri pwoblèm sa yo. Sa ki ta ka mete nou nan yon ilizyon, ki te ka fè nou kwè yo disparèt ak prezidan Jovenel (ke anpil moun te akize kòm premye moun ki te kreye yo tou).

Sa ki enkyetan, pa genyen anpil moun, nan gwoup politik ki gen enfliyans yo, nan sosyete sivil la, nan medya yo, nan sektè prive a, ki sanble bay enpòtans ak kesyon sa : Kisa nou pral fè, pou rezoud pwoblèm ki te deja egziste sou administrasyon Jovenel Moïse la, avan li mouri a ? Kijan nou pral rezoud kesyon ganng yo kounya ? Eske n ap jis inyore pwoblèm sa yo pandan yon ti tan, epi tann lè yo refrape nan figi nou, pou nou rekòmanse sibi yo ? Eske pwoblèm estriktirèl yo rezoud, pou ta pèmèt eleksyon yo posib kounya ? Li plis enkyetan ankò, se lè nou konstate, diskou moun ki vle dirije yo, plis chita sou enfòmasyon ki konsène asasina, plis chita sou deba ki konsène kiyès k ap gen pou dirije a, men san yo pa mete gwo aksan, sou solisyon pou nou pote, pou rezoud pwoblèm ki te la avan yo. Li pi grav toujou, se lè nou konstate, etranje a kontinye ap egzije pou eleksyon fèt, nan yon dat ki te gentan fikse pou sa, alòs ke, majorite aktè lokal yo te jije sa pa posib san kondisyon sa yo.

Repons kesyon sa yo, menm lè nou ka bay avi nou, plis chita nan men aktè ki pral gen pou dirije yo. Poutan, se responsabilite nou tou, pou nou fòse yo abòde sijè sa yo, depi menm avan yo pran pouvwa. Se responsabilite nou, pou nou kontinye mande yo, gras ak pouvwa epi mwayen yo gen a dispozisyon yo, pou yo pote chanjman nou egzije yo. Se responsabilite nou tou, pou nou kontinye pwopoze solisyon, ki ka pi adapte pou rezoud pwoblèm yo. San sa, n ap retounen nan menm sitiyasyon kawo, anachi ak laperèz ki te genyen avan. Si nou pa vle sa rive, nou gen obligasyon mete presyon sou aktè polik lokal yo, konsa yo va pran bon desizyon yo.

Eske n ap toujou abòde koze Refòm Konstitisyonèl la?

Defen prezidan Jovenel Moïse te bati pwogram li, nan dènye ane li sou pouvwa, avan li mouri, sou kesyon refòm sou Konstitisyon an, malgre majorite aktè yo pa t dakò ak sa. Si se vre, pwosesis refòm defen prezidan Jovenel Moïse te lanse a, te gen pwoblèm transparans, si se vre administrasyon li a te gen yon gwo defisi konfyans, si se vre anpil moun pa t aksepte nouvo pwopozisyon Komite Konsiltatif Endepandan an te fè yo (paske yo te jije yo t ap bay pwochen prezidan yon pouvwa preske ilimite), si se vre genyen anpil pwoblèm estriktirèl nouvo pwopozisyon sa yo pa t rezoud vre, se laverite tou si nou di, majorite nan aktè lokal yo te sanble konprann nesesite Refòm Konstitisyonèl la. Menm si fòk sa verifye avèk bon chif, pou montre men ki kantite moun tout bon ki ta vle Konstitisyon an chanje, anpil ekspè te gentan pwononse yo sou kesyon an deja : Wi, Refòm lan te enpòtan. Non, Administrasyon defen prezidan Jovenel Moïse la pa t gen konfyans popilasyon an ase, pou li te mennen refòm lan.

Malgre lanmò prezidan Jovenel Moïse, li klè, poko genyen otorite ki genyen ase lejitimite pou mennen refòm konstitisyonèl sa. Men avan sa, fòk nou poze tèt nou kesyon sa : Eske n ap deside abòde Refòm Konstitisyon lan, yon lòt fason oubyen eske n ap deside mete li sou kote nèt ? Eske nou vle chanje Konstitisyon an vre ? Malgre sa, genyen eleman refleksyon ki enpòtan pou nou konprann nan sitiyasyon sa. Chanjman sistèm, anpil moun nan popilasyon an t ap pale a, li ap pase, san mank, nan yon pwosesis refòm sistèm gouvènans politik lan. Eske nou vle, se kat yo ki pou rebrase nèt, epi nou vini ak yon nouvo pwopozisyon sistèm politik, ki ka pote chanjman vre, ki ap chanje nòm ak pratik politik yo vre ? Oubyen eske nou vle pran risk, pou nou tann Palman, jan nou konnen li an, pou li ka fè lòt Amannman ? Fòk nou sonje tou, kijan dènye pwopozisyon amannman Komisyon Claude Moïse lan te pase tou. Kisa k ap pi bon desizyon pou popilasyon an ?

Refòm Konstitisyonèl la, se t ap pi bon mwayen nou genyen, pou abòde pwoblèm relasyon ant pouvwa yo, pou abòde kesyon devlopman ak byennèt popilasyon an, pou abòde kesyon meritokrasi a, pou abòde kijan pou sitwayen yo patisipe plis nan lavi politik, nan desizyon k ap pran yo (nan non li yo anplis). Si nou rive fè li ak tout transparans, yon fason ki enplike majorite aktè yo, se t ap chans nou, pou rive mete nòm pou evalye enstitisyon yo ak moun k ap dirije yo a, pou kontwole pèfòmans responsab yo (Minis, Sekretè Deta Direktè Jeneral, Majistra, Kowòdonatè, elatriye.). Se t ap chans nou, pou nou chita tout enstitisyon ak pwosedi yo, sou baz solid, yo jan pou nou ka egzije epi tann yo bay rezilta. Se t ap yon fason tou, pou nou entegre dyaspora, men nan yon pi bon mannyè, pi p ap pote gwo risk pou souvrènte nasyon an. Se t ap pi bon moman, pou nou redefini wòl fanm nan sosyete a, nan enstitisyon piblik yo, nan biznis yo, nan sosyete sivil la, nan medya yo… Pi bon moman, pou reba yo plas yo. Men, vrè kesyon yo se : Kisa nou vle fè pou nou pote chanjman nou vle yo ? Eske n ap kite yon lòt okazyon pou remete Ayiti sou pye, pase ankò, san nou pa fè anyen ?

Économiste, Ralph Valéry VALIÈRE travaille sur les thèmes liés à la promotion économique, la concurrence et d'autres formes d’analyses microéconomiques (comportement, marché…). Amant fou d’Haïti, il recherche les solutions plutôt que de s’attarder sur les problèmes.

Comments