OpinionsSOCIÉTÉ

Opinion | Pèman transfè an goud : BRH favorize mezon transfè yo. Fanmi yo soti pèdan.

0

BRH penalize konsomatè yo. Li pa deranje bank ak mezon transfè yo

Nan jou ki te 16 jen 2020 an  gouvèman Moise-Joseph lan soti yon dekrè sou mezon transfè yo ladan li di enstitisyon sa yo dwe ba moun ki ap resevwa yo lajan an nan monè Bank Santral fikse pou sa.

Nan moman dekrè sa te soti a, dènye sikilè bank santral te fè soti a « Circulaire No 114» la di bank yo ak mezon transfè yo dwe peye lajan an nan monè ke ekspeditè a endike a. Pou mwen BRH te pral raple desizyon sa opwen m t ap mande tèt mwen pouki yo pa tou di yon mo pou katdekredi yo paske depi lè desizyon pou anile tantativ dedolarizyon ekonomi an, fonksyonman kat yo pa tounen jan l te ye a. Se achte n ap achte dola nan men bank yo menm si n gen dola nan men nou.

Se te byen konte mal kalkile ! BRH soti yon lòt sikilè « CIRCULAIRE No 114-1 » ki fè anpil plenyen ak pale anpil.

Nan sikilè sa BRH mande pou yo bay moun k ap resevwa transfè « kach » lajan an goud sofsi li resevwa transfè a sou kont labank li.

Gen anpil moun ki panse si yo al nan biwo transfè ki nan bank yo, pran lajan an epi depoze l sou kont yo bank lan ap ba yo li an dola men se pa vre. Li pi grav toujou. Sèl jan pou w resevwa dola se si transfè a fèt pou lajan an al sou kont ou dirèkteman. Poukisa desizyon sa fè tout pale anpil sa yo ? Ki konsekans li ka genyen ?

Rezon ki lakoz desizyon sa deranje

Desizyon sa bay pwoblèm pou anpil rezon men pi gwo pwoblèm lan dapre mwen menm se BRH ki voye dlo a epi l chwazi mouye yon sèl kategori moun. Pou jan transfè lajan enpòtan nan ede kenbe yon minimòm lavi nan peyi a, sa dwòl ke menm chèf ki pa ka bay rapò sou 1 dola 50 dyaspora a alèz pou kontinye pran ladan pandan yo pa ofri moun ki depann de transfè yo anyen pou amelyore lavi yo.

Transfè lajan dyaspora a reprezante ekivalan anviwon 33% richès ki kreye nan ekonomi an. Pou lane 2019 lan li te 3 milya dola. Se anpil lajan Dyaspora a rive voye Ayiti. Men se pa kòmsi se paske lajan fasil pou dyaspora yo fè pase sa. Anpil moun ki voye lajan yo pa moun ki pi rich yo. Moun ki pi rich yo pa toujou gen pwòch ki nan nesesite transfè toutan. Se moun k ap travay di anpil pou ede fanmi yo ke yo twouve ki nan nesesite. Chak santim lajan dyaspora yo voye konte ni pou yo ni pou moun y ap ede yo nan yon peyi kote mwatye popilasyon an klase kòm moun ki ap viv nan povrete alòske pri tout pwodui ap monte tèt nèg chak jou.

Peyi a dolarize anpil. Nan dènye lane yo gen plis lajan sere an dola ke an goud. Pri kay ki gen ti konfò yo se an dola, pri kèk lekòl se an dola, pri anpil restoran ki plizoumwen yo se an dola, magazen yo se an dola majorite nan yo fikse pri yo. Apre mache ak boutik ou pa souvan jwenn magazen ki pa pre mache vann an goud.  Anplis de sa, chak enstitisyon sa yo fikse todijou pa yo pou dola. Menm lè mèt magazen yo mete pri yo an goud, se toujou ak yon to ki egzajere yo kalkile l pou yo ka fè ase lajan lè yo pral retounen achte machandiz.

Konsomatè avize yo reyalize vit ke se yo ki toujou pèdi chak fwa y al achte, yo pito peye an dola. Sa vin ogmante depandans a dola a, ogmante demand pou dola a men pou moun yo se pi bon opsyon an sinon yo ap pèdi. Lajan dyaspora a voye nan tansfè ede fanmi yo sere ti dola pou peye frè epi fè depans ki an dola yo.

BRH penalize konsomatè yo. Li pa deranje bank ak mezon transfè yo

BRH pa fikse todchanj paske nou nan yon rejim todchanj flotan kote BRH pa entèvni pou fikse to a. Se sa n te toujou konnen. Se sa BRH te toujou repete sof ke lè BRH deside se pou mezon transfè yo bay lajan an nan to li a ki se yon to referans senpman, li soti fikse to a kounya. Sofke li fikse sèlman pou moun ki pral resevwa yo li pa fikse li pou bank ak mezon transfè ki ap vann yo ni enstitisyon ki fikse pri yo an dola. Si l ap fikse to, li fikse li pou tou de bò yo pou evite abi paske gen kote ki met to pa yo a wo anpil.

Modèl desizyon ki pran nan mache prese sa yo konn gen vye konsekans. Nou sonje kijan premye tantativ dedolarizasyon sou gouvènman Jacques Guy Lafontan an te pase paske pwoblèm  lan pa t byen poze e solisyon ki te adopte a pat touche tout kote pou l touche sa ki te lakoz deriv nan jan pri an goud lan yo te vinn fikse ak lòt vye konsekans jouskaske yo te oblije tounen sou desizyon sa menm si chanjman ki te fèt nan katdekredi yo tou rete la yo pa retounen sou yo alòske se pou bank yo li bon li pa bon pou konsomatè yo.  Lè w pral achte yon bagay ki koute 100 dola sou entènèt ak kat de kredi ou, ou oblije chanje l an goud pou depoze l epi ajoute yon ti kòb sou li pou w ka achte 100 dola nan bank lan alòske ou te gen dola nan men w. Bank lan fè benefis lè w achte dola a, ou depanse yon lajan an plis pou granmesi. Men pesonn pa kanpe pou defann itilizatè katdekredi yo.

BRH chwazi kan pa l

Tout moun ka genyen, tout moun ka pèdi men si gen yon gwoup ki pou genyen epi yon gwoup pèdi li dwe gwoup ki gen ren pou sipòte pèt la, li pa ka gwoup ki pi fèb la. Moun ki ap resevwa transfè yo se moun ki nan nesesite. Eksperyans montre depi dyaspora yo konnen w ka degaje w, yo pa voye lajan pou ou ankò. Yo al ede yon lòt fanmi ki gen plis bezwen.

Lajan an toujou al jwenn moun ki gen bezwen oubyen ti envestisman dyaspora yo ap fè lakay yo. Se pa yo ki pou peye pou sitiyasyon rate dola ki genyen sou mache lokal la. BRH te ka deside pou yon ti tan, yon peryòd yon mwa de mwa l ap pran yon mezi konsa men malgre sa li dwe favorize tou de gwoup yo : konsomatè ki ap resevwa transfè ak mezon transfè ak bank yo, osinon fè gwoup ki gen plis kapasite a pote diferans lan.

Tout moun ki vle resevwa dola pa nan sitiyasyon pou resevwa lajan an sou kont yo labank dirèteman. Gwoup moun ki ka resevwa lajan dirèk sou kont labak yo se yon ti kategori ki privelye kan menm lè nou gade kantite moun ki gen kontanbank an dola ak kantite moun ki ka tann epi peye frè pou resevwa lajan sou kont li an. San konte sèvis labank ki te deja difisil pou kantite tan pou w pran nan liy ak risk ki genyen sou zafè sekirite lè w al retire lajan labank. Desizyon sa pran kòmsi BRH pa t konn reyalite ayisyen ap viv nan peyi a. Mezontransfè yo ede dekonjesyone bank lan yo epi gras a kote yo sitiye yo redui risk ensekirite a paske yo anpil, yo tout kote e anpil nan yo byen sitiye.

Pwoblèm dola a se yon pwoblèm grav ki dwe rezoud men se pa yon pwoblèm lajan li ye, se yon pwoblèm vizyon ak aksyon e se pa ni dekrè ni sikilè ki panche yon bò ki pral rezoud li. Dwe gen bon jan strateji ki depase BRH, ki ranmase gouvènman an, sektè prive a ak sosyete sivil la an jeneral pou enterè pi vilnerab yo pa pyetine pandan lòt gwoup ap pwospere.

Emmanuela Douyon

Emmanuela Douyon est une spécialiste en politique et projets de développement. Elle a étudié à Paris-1 Sorbonne en France et à l’université National Tsing Hua de Taïwan. Emmanuela a travaillé dans plusieurs secteurs en Haïti. Elle est fondatrice du thinktank Policité et offre des consultations stratégiques en gestion et évaluation de projets. Outre ses activités professionnelles, Emmanuela est une activiste luttant contre les inégalités et la corruption. Elle intervient souvent dans les médias pour commenter l’actualité et analyser des questions économiques.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *