SOCIÉTÉ

Men poukisa prizon an Ayiti chaje moun ki pat dwe la

0

Arestasyon ak detansyon ilegal gwosi fenomèn detansyon prevantiv pwolonje a

Jean Mary antre nan penitansye nasyonal an fevriye 2018. Lapolis te jwenn li ak bòz sou li pandan l te pot pwovizyon pou yon zanmi nan prizon an.

« Zanmi m nan te mande m pase chache kèk bagay pou li kay fanmi l, Jean Mary rakonte. M te gade anndan sachè a, m te wè atik twalèt ak lèt ak kònflèks. Lè m rive devan prizon an, polis yo te fouye m ak tout sa k te sou mwen. Yo te jwenn gen marijuana kache anndan bwat savon m te pote yo. M pa t konnen si m te pote bòz », se konsa jennonm 30 lane a t ap pale ak dezolasyon.

Depi 2018 jiska jodiya, Jean Mary pa janm pase devan jij. Poutan l al tribinal 4 fwa deja. 3 premye fwa yo, grefye yo te nan grèv. Pou katriyèm fwa a, mesye a eksplike grefye yo pa t nan grèv men bòz la te disparèt nan tribinal la. « M pa konn si se fimen yo te fimen l oubyen si se vann yo te vann li, Jean Mary di. Gen yon komisè nan tribinal la ki te pwomèt li ka lage m, manman m gentan ba li 160 000 goud. »

Sou 3 529 prizonye nan penitansye nasyonal nan mwa novanm 2020 an, te gen 3 153 moun ki nan detansyon prevantiv pwolonje.

Jiska jodiya, Jean Mary ap pase mizè nan penitansye nasyonal. Si kantite bòz yo te jwenn sou li a pa t anpil, li te ka peye yon amand 5 000 goud oubyen pase 6 mwa nan prizon selon eksplikasyon Me Wando Saint-Villier ki se Dwayen Tribinal Premye Enstans Jakmèl. Konsa tou, li te ka ale pase 6 mwa nan prizon an epi pa peye amand la. Men li pa t sipoze pase tout tan li deja pase yo dèyè bawo.

Pi fò moun ki nan prizon an Ayiti nan menm sitiyasyon ak Jean Mary. Yo pase anpil tan nan prizon san yo pa janm jije. Se sa yo rele detansyon prevantiv pwolonje a. Sou 3 529 prizonye nan penitansye nasyonal nan mwa novanm 2020 an, te gen 3 153 moun ki nan detansyon prevantiv pwolonje.

Arestasyon ilegal

Fenomèn detansyon prevantiv pwolonje a soti nan iresponsabilite otorite lajistis ak lapolis. Dapre Wando Saint-Villier, majorite arestasyon ki fèt nan peyi ilegal.

« Lalwa bay nan ki kondisyon yon arestasyon sipoze fèt, dwayen an di. Soti 6zè nan aswè pou rive 6zè nan maten, yo pa ta sipoze arete pyès moun, sèlman si ta gen flagran deli. Se menm jan an, tout arestasyon ki fèt san lòd yon manda yon otorite jidisyè ki konpetan pou sa, se yon zak ilegal si pa ta gen flagran deli. »

Lè gen flagran deli, se lè yo kenbe moun nan pandan l ap fè zak la. Lè sa a pa bezwen gen manda, nenpòt sitwayen ka arete moun nan. Klamè piblik kapab ede tou nan sans sa a. « Gen diferans ant klamè piblik ak rimè. Klamè piblik la se lè moun ki te sou plas kote enfraksyon an te fèt la ka dekri otè ki te pwodui l la. » Me Saint-Villier souliye pa gen flagrans depi yon jou gentan pase.

Li tou: Son conjoint l’a fait passer 8 ans en prison pour avortement. Elle ne savait pas qu’elle était enceinte.

Lè pa gen flagrans, sèl otorite ki ka emèt yon manda se jij denstriksyon. Si moun nan mawon, li ka emèt yon manda darè dèyè l. « Sa vle di nenpòt kote yo jwenn moun sa a pou mennen l bay jij la, », Me Franso Emilien ki se avoka ankadrè nan biwo asistans legal nan Bawo Pòtoprens fè konnen.

Se sèl jij denstriksyon ki gen konpetans pou voye yon moun al nan prizon. Se pa wòl ni Lapolis ni komisè gouvènman, dapre Me Emilien.

Poutan selon avoka a, anpil fwa Lapolis ap fè arimay epi li ranmase moun lage nan gadavi. Komisè gouvènman yo menm jis fè depo pou moun sa yo epi yo kenbe dosye yo san yo pa fè suivi, pou voye yo nan kabinè denstriksyon.

« Pafwa, jij denstriksyon yo sou bò pa yo, pa nan bon kondisyon pou travay. Yon jij denstriksyon konn gen 200 a 300 dosye nan men l pou l trete.  E li pa gen ni tan ni mwayen pou deplase al fè ankèt, donk li pa ka efikas », toujou Mèt Emilien k ap pale. Yon lòt bò, avoka a deklare, enstabilite politik nan peyi a konn fè dosye yo trennen. Lè peyi a gen gwo tansyon sosyopolitik, tribinal yo afekte anpil.

Vyolasyon dwa moun

Lè yon moun pote plent pou yon lòt, otorite nan lajistis yo pa ka voye manda bay lòt pati a konsa. Legalman li p ap kòrèk. Se komisè gouvènman an oswa yon jij de pè ki ka envite lòt pati a vin reponn kesyon lajistis.

« Envitasyon an pa yon manda, Me Saint-Villier k ap pale. Lè jij de pè a fin tande moun nan, si li estime lalwa te vyole epi konpetans li pa pèmèt li tranche sou ka a, li defere dosye a nan Pakè. Komisè gouvènman an li menm lè l fin tande moun nan, li ale mennen ankèt li. Aprè, li ka voye dosye a nan tribinal koreksyonèl si se yon deli. Si se yon krim, li voye l nan kabinè denstriksyon konsa Dwayen tribinal la ap deziye yon jij denstriksyon pou ankete sou dosye a ».

Lalwa bay jij denstriksyon an plenpouvwa pou deside sou sa l ap fè. Li gen yon delè 3 mwa pou l fè ankèt ak yon mwa pou l redije yon òdonans. Jij la ka mande pou pwolonje delè a si li bezwen plis tan pou l fè travay li a. « Si pa gen matyè pou pousuiv moun nan, jij la bay yon òdonans ki montre sa. Si okontrè, gen matyè pou Lajistis pousuiv moun nan, jij enstriksyon an ap di sa nan òdonans li a », fwa sa a se Me Emilien k ap pale.

Pandan ankèt la, jij denstriksyon an ka voye moun yo akize a nan detansyon prevantiv annatandan li rann òdonans li. Konsa tou, jij la ka kite moun sa a nan libète pwovizwa annatandan ankèt la abouti. Yon moun ki riske yon pèn afliktiv e enfamant pa ka gen libète pwovizwa.

Li tou: Le pénitencier national bientôt fermé, annoncent des responsables

Daprè Me Saint-Villier, akoz pwoblèm enfrastrikti ki gen nen peyi a, jij yo pa toujou kite moun yo nan libète pwovizwa. « Gen anpil moun ki pa gen yon domisil fiks. Nan sans sa a, jij la konn oblije kenbe moun nan nan detansyon prevantiv pou suiv dosye a. »

Detansyon prevantiv sa a, se nan prizon dirèkteman moun nan ale annatandan jij la rann òdonans li.

Daprè Me Emilien, ta sipoze gen yon kote espesyalman pou kenbe yon prevni nan detansyon avan li jije. Selon atik 26 Konstitisyon an, pèsonn pa dwe rete nan prizon si l pa pase devan jij 2 jou aprè yo fin arete l. Anplis, moun ki nan detansyon prevantiv la al menm kote ak moun ki deja jije. Nan sans sa a ou ka jwenn nan menm prizon an, yon moun ki akize pou yon deli minè menm kote ak yon gwo kriminèl. Poutan peyi Dayiti ratifye plizyè enstriman jiridik entènasyonal ki kondane jan de pratik sa yo paske yo vyole dwa moun.

Habeas corpus

Lè gen tout ka detansyon prevantiv pwolonje sa yo, gen yon rekou ekstraòdinè ki rele habeas corpus ki ka fèt pou libere moun yo arete nan fason ki abitrè ak ilegal. Jij la ka fè l, moun ki estime dwa l vyole a ka mande l tou. Anpil fwa, sa pa rive fèt paske gouvènman yo konn mawon.

Alòske si komisè gouvènman yo ta deside pa vini pou seyans habeas corpus la, Me Emilien fè konnen Dwayen an ka deside sou dosye a paske se li ki jwe wòl jij natirèl la.

Li pou fini: Le sexe sans protection augmente les infectés du VIH dans les prisons haïtiennes

Mèt Emilien kontinye pou l di Konstitisyon an prevwa moun ki viktim ilegalman kapab entante yon aksyon nan lajistis kont otorite ki vyole dwa l la. « Ou ka pousuiv polisye a, paketye a, ak jij la. Malerezman moun yo toujou pè. Yo di yon pòt an bwa pa goumen ak pòt an fè. Se poutèt sa, òganizasyon k ap defann dwa moun yo sipoze met aksan sou vyolans otorite nan Lapolis ak Lajistis ap fè sou moun chak jou. »

Pou rezoud pwoblèm detansyon prevantiv pwolonje a, Me Saint-Villier ak Emilien fè konnen se tout aktè nan chèn penal la ki dwe enplike yo.

Jean Mary se yon non prete nou itilize pou pwoteje idantite prizonye a.

Laura Louis

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *