EN UNEFREE WRITINGPOLITIQUE

Lame Sendomeng anvayi Ayiti

0

Imajine si Sendomeng ta deside anvayi Ayiti, ki reyaksyon w panse Ayisyen t ap genyen?

Kriz politik, sosyal ak ekonomik la rive mete yon enstabilite  ki oblije Dominiken yo pran mezi pou anvayi Ayiti. Yo sezi wè fason Ayisyen akeyi yo.

Yon gwo kriz ekonomik pwovoke yon manman boulvèsman an Ayiti. Depi apre diktati Divalye yo te kaba, yon seri rejim anachis popilis pa rive mete sou pye yon pwojè sosyete pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an. Goud la rive nan yon nivo kote Ayisyen pa fouti sipòte dimansyon lavi chè a.

Eleksyon yo rive bay yon palman kote se reprezantan politisyen tradisyonèl yo ki itilize lajan Leta, lajan dwòg ak zam pou asire yo pap janm gen yon gouvènman pwogresis ki pran pouvwa a, yon fason pou pa jije yo pou tout kalte move zak yo fè. Yon lòt kote, nan eleksyon prezidansyèl yo, gouvenman ameriken, jan l abitye fè, mare sosis li ak lelit lokal yo, pou mete sou pouvwa a yon nouvo prezidan pope twèl.

Politisyen tradisyonèl yo ak reprezantan yo nan tout aparèy Leta a, pat janm gen preyokipasyon chanje move kondisyon lavi pèp Ayisyen ap viv la tout bon vre. Apre tout gagòt yo fè pandan plizyè ane y ap koupe rache, yo eseye plase tout pyon yo kapab nan tout nivo aparèy Leta a. Se konsa a, palman an gen yon melanj mizisyen, ansyen prizonye, dilè dwòg ak tout kalte bandi ki gen enterè pou Leta a pa janm fonksyone byen an Ayiti.

Dènye rejiman solda nasyonzini yo kite peyi a. Pri gaz la pike monte, yon dola ameriken depase san goud. Lavi vin enposib an Ayiti.

Blan meriken oblije mete dwón ak yon flòt sou lanmè a, pou anpeche Ayisyen debake lakay yo pa makòn. Dominiken deplwaye militè ak avyon sou fwontyè a pou limite kantite Ayisyen kap pase toupatou al chache lavi miyò nan panyòl. Sitiyasyon sa a fè dirijan dominiken yo pran desizyon anvayi Ayiti.

Te toujou gen yon ti gwoup ideyalis an Ayiti ki panse Dominiken paka anvayi peyi a tout bon vre. Dapre yo, menm si Ayiti pa gen lame, li gen yon gwo poudriyè nan simityè yo, ki ka pwodui yon kantite ekstrawòdinè poud maji k ap touye dominiken pa milye. Men, Dominiken yo pat wè pwojè envazyon Ayiti a tankou yon bigdil. Depi lontan, yo te pran rezolisyon pou yo pran revanch yo sou Ayisyen. Se konsa, yo te pran tan yo pou yo plase yon seri espyon nan tout administrasyon yo. Yo finanse prèske tout aktivite politik an Ayiti. Konsa, yo rive mete prezidan sou pouvwa, palmantè nan palman an ak premye minis yo vle nan tèt gouvenman an ann Ayiti.

Yon lòt kote, yo te gen asirans oligachi ann Ayiti a pap leve yon ti dwèt pou pwoteste kont okipasyon an. Paske, depi lontan, li mare sosis li ak Sendomeng, kote li enstale antrepriz li pou l ponpe machandiz nan kontrebann an Ayiti. Yo asosye yo ak boujwa dominiken, pou al achte machandiz an Azi ak an Ewòp, debake yo nan pò Dominiken, epi vin vann yo an detay an Ayiti.

Dominiken yo te toujou konnen Ayiti pap ka rezoud pwoblèm fwontyè a, paske medya ayisyen yo ap klewonnen se yon pwoblèm dominiken kreye, san yo pat janm reyalize se enterè moun ki rich an Ayiti ki aksepte  pwoblèm nan rete jan l ye a, paske li fè yo rantre lajan agogo.

ENVAZYON AYITI FASIL POU DOMINIKEN YO.

Lè premye batayon dominiken yo travèse fwontyè a, Ayisyen ki pre Sendomeng yo pa santi se yon menas li ye pou peyi a. Dayè, se lakay dominiken yo manje, pitit yo al lekòl, y al pran swen lasante, e yo menm pale yon lang ki se yon melanj kreyòl ak panyòl nou ka rele krespayòl. Okontrè, pou yo, se yon lojik pou dominiken vin mete manman sivilizasyon sa yo konn al chache lòtbò fwontyè a lakay yo. Sou tout wout, se gwo bravo ki akeyi sòlda panyòl yo.

Lè militè dominiken yo rantre nan kapital peyi a, yo paka konprann kijan kapital yon peyi fè sanble de gout dlo ak yon pak kochon konsa. Yo te kontan bèl akèy kèk entelektyèl ak eleman klas mwayèn nan te prepare pou yo.  Ajan yo te plase nan administrasyon prive ak piblik yo, te toujou enfòme yo, gwoup moun sa yo rele klas mwayèn an Ayiti a, se yon seri moun ki prèske pòv k ap fonksyone sou blòf. Yo pran pale fransè pou metye, yon pa gen okenn santiman patriyotik e tradisyonèlman, yo toujou sèvi tout opresè ak anvayisè nan listwa peyi a.

Yo aprann yo, se yon ti klas ki gen pwobl√®m koul√® ak lang tou. Sila yo ki pase nan sa Ayisyen rele pi bon lek√≤l yo, apre kat√≤z lane sou ban lek√≤l sa yo, ou m√®t blende yo, ou pa fouti jwenn yon gram sitwayen nan yo. Anpil ladan yo, se yon seri moun ki pale ak yon aksan ki yon melanj angl√®, krey√≤l ak franse moun ka rele¬†Anglocr√©√ßais. Yo afiche yon estil patikilye ki rele ¬ę¬†zuzu¬†¬Ľ, pou montre yo sipery√® sou l√≤t moun nan sosyete a.

Kategori moun sa yo, etidye nan bon lekòl epi al fe inivèsite nan peyi blan. Yo pa janm afiche yon pozisyon politik yon fason pou yo ka sèvi kèlkeswa rejim ki pran pouvwa a. Pwojè sosyal ak pwoblèm peyi pa janm  enterese yo vre. Rèv moun sa yo pa anpil : yon kay, de pitit, yon machin, yon ti djòb ak yon viza ameriken, apre sa, lemonn mèt ap eksploze bò kote yo, sa pa pou yo. Anplis, moun sa yo renmen moun ki gen po klè, se rezon sa a ki fè yo wè nan envazyon Ayiti a, yon okazyon kote bon jan alyans pral fèt ak ti grimo panyòl.

YON PLAN IMILYASYON AYISYEN YO RENMEN.

Jeneral an chèf lame dominiken an pase sòlda l yo lòd pou yo kouche fanm Ayisyen yo pa makònn, yon fason pou imilye yo. Pou li menm, se yon estrateji pou rezoud pwoblèm Ayisyen an ki se yon pèp ki twò nwa, ki reprezante yon menas pou stabilite koulè Dominiken yo lòtbò fwontyè a. Sa jeneral la te konprann ki se yon imilyasyon an, se yon bagay anpil fanm ayisyen t ap tann depi lontan. Se nan sans sa a, nan katye popilè ak andeyò, medam yo tonbe achte pwodui chimik, fè melanj pou yo douko, yon fason pou yo parèt agreyab nan je dominiken yo. Dominiken gwòs yo pa pakèt, e se yon fyete pou yo, pou y akouche timoun po klè yo te toujou genyen nan rèv yo.

Ti elit yo rele klas mwayèn nan bò kote pa l, tonbe fòse pitit yo pale panyòl, drive anba tout ti sòlda dominiken pou akouche ti milat pa yo. Anpil lekòl ayisyen tonbe anseye nan lang panyòl. Nan tout radyo se merenge k ap jwe, tout kwen lari ap vann pikapoyo dominiken. Ayisyen ap chofe match besbòl k ap jwe Sendomeng menm jan yo konn fè l pou foutbòl ant ekip Brezil ak Ajantin. Gason ayisyen yo anvayi disko ak bòdèl ki gen anpil fanm dominiken. Politisyen Ayisyen bay militè dominiken yo anpil kado. Moun ki gen mwayen, ouvri pòt kay ak chanm yo, pou ti panyòl layite kò yo. Nan anpil rezidans anwo Pòtoprens ak nan gwo otèl yo, Dominiken òganize festin kote gwo diven ak chanpay ap koule pandan Ayisyen ap denonse Ayisyen pou jwenn gwo djòb.

Vire tounen, prezidan Ayisyen an ap dekore dominiken ak gwo meday anpil prestij. Entelektyèl ap ekri liv, fè bel diskou, ekri pwezi, mizisyen ap chante chante ki pa sispann klewonnen laglwa dominiken. Tout kote dominiken pase se festen. Menm yo menm paka konprann sa k ap pase a.

REZISTANS PATRIY√íT YO F√ą ANPIL AYISYEN FACHE.

Gen yon ti gwoup Ayisyen eseye reziste. Yo òganize yo pou denonse bòt militè vwazen an, nan peyi Desalin nan. Men, anpil pastè legliz ak animatè radyo vire lòlòj moun yo, pou fè yo konnen dat Ayisyen t ap dirije Ayisyen, kisa yo te fè pou kwape lamizè kay Ayisyen. Diskou sa a te rive gaye toupatou nan peyi a, jiskaske se Ayisyen kap mache dechouke Ayisyen ki revolisyonè yo.

Nan tout vil pwovens ak andeyò, elikoptè dominken ap lage bonbon, manje ak boutèy dlo pou touye vè ak gaz k ap bouyi nan vant Ayisyen yo. Sou plas dam Gonayiv, nan vil Akayè ak nan Krèt-a-Pyewo, gen moun ki wè cha ak kamyon dominken ki pake pou sòlda yo jwe foutbòl ak yon pakèt ti Ayisyen.

Anpil kote, manje dominiken yo simaye yo fè moun yo kontan anpil. Yo òganize plizyè kòve pou ede dominiken yo konstwi baz militè ki pou domine zòn y ap viv yo. Devan anbasad dominiken an, anpil jenn fanm ak gason aliyen ak katab nan men yo, pou prezante ti pwojè asosiyasyon yo genyen, pou dominiken ka finanse. Lekòl ki aprann moun pale panyòl pa gen kote pou mete moun, tèlman Ayisyen anvayi yo. Yon batayon dominiken ansèkle Sitadèl Laferyè pou anpeche Ayisyen mete pye, yon fason pou pèmèt touris etranje vizite l kòm yon mèvèy dominiken.

Sitiyasyon sa a lakoz endiyasyon fè sik monte, kriz kè ak tansyon touye yon pakèt patriyòt ki te toujou panse Ayiti yo li nan liv la, se li menm ki nan reyalite a. Poutan se twonpe yo te twonpe. Yo paka konprann kijan yon brav tankou Desalin rive bay yon jenerasyon moun lach konsa. Degoutans ak remò fe yon seri patriyòt nan dyaspora a fou, e sa ki pi brav yo rive pann tèt yo.

DOMINIKEN YO FENK KARE PAKA KONPRANN SA K AP PASE A.

Dominiken yo te toujou mete nan tèt yo, Ayisyen se yon pèp ki gen anpil fyète paske l te bat lame fransè epi mete blan deyò nan peyi a. Yo pat janm panse pèp sa a te ka rive nan yon pwen, kote libète bal pwoblèm, pou se esklavaj li ta renmen tounen ankò. Bagay sa tèlman boulvèse lòlòj Dominiken, yo oblije ekip antwopològ ak sosyològ etidye Ayisyen pou bay detay sou atitid yo.

Yo remake yo jwenn yon pèp ki san memwa paske l pa konn istwa l. Li san fyète paske l pa konn kote l soti, li pa konn kote li vle ale. Yo pran yon ti tan avan yo reyalize anpil elèv lekòl ak gwo zotobre politik ayisyen, pa konn okenn kouplè nan im nasyonal peyi yo.

Nan yon eksperyans yo fè pou konprann sistèm edikasyon ayisyen an, yo remake, lè yo fè 50 ti Ayisyen diferan lekòl li nan yon liv, pou yon menm chapit, yo gen 50 fason diferan yo konprann yon menm bagay. 99 pousan Ayisyen pa janm li batistè peyi yo ak deklarasyon endepandans ewo yo te ekri epi siyen an janvye 1804. Se lè sa a yo rive konprann jan Ayisyen se yon pèp dwòl.

Wo Eta majò a, palman ak ekzekitif dominiken an reyini nan yon sesyon pou deside ki avni Ayiti nan tan k ap vini yo. Apre lekti plizyè rapò, yo fè yon kalkil ki senp. Yo di, si blan meriken te anvayi Ayiti pandan 19 lane, apre sa, Nasyonzini etabli ladan l pandan plis pase 15 lane san Ayisyen pa plenyen, Ayisyen an, se nan bouch li  patriyòt sèlman.

Se konsa, yo tabli objektif pou enstale yo an Ayiti pandan plis pase yon syèk. Apre sa, lè yo fin remanbre enstitisyon peyi a, fè edikasyon ak konstwi enfrastrikti, si Ayisyen yo deside pran eskanp figi yo, y a negosye ak yo, pou yo wè kijan y ap rantre lakay yo.

@ralphthjo

Commentaires

Ralph thomassaint Joseph
Directeur de la Publication à AyiboPost, passionné de documentaire.

    Comments

    Comments are closed.