CULTURESOCIÉTÉ

Kisa « Car Wash Party » a ye reyèlman ?

0

Pou make vakans dete 2019 la menmjan sa konn fèt chak lanne, gen plizyè aktivite ki òganize nan anpil kote nan peyi a pou jèn yo pran plezi. Nan aktivite ki fèt yo, gen : chanpyona ti sourit, bann rara, epi « Car Wash Party », ki se yon aktivite kote patisipan yo mouye youn lòt

Li fè 4è30 nan «rue Oswald Durand», nan fyèf Relax Band. Tankou chak dimanch ki pase yo, plizyè tiyo ki konn lave machin ak ponp dlo te deja sou plas. Wout la bare. Sistèm son, yon tant, machann fritay ak bwason, tout gentan enstale yo. Devan fakilte Odontoloji a menm, gen anpil parapli ki louvri koke anlè pou fè bèlte. Davidson se yon mesye ki rete nan zòn lan ki pa deside bay rès non li. Li se youn nan responsab «Car Wash Party» ki fèt devan fakilte lamedsin lan. Li di yon chofè bis Petyonvil ki tap goumen pou li pase, «Pase lòt kote tande granmoun, se car wash Party ki pwal koumanse la. Se aktivite moman an li ye. Poukisa w pa vin ladann ?»

Car Wash Party, Rue de l’Enterrement. Foto : Ayibopost / Georges Harry Rouzier

Kèk minit apre, lari a chaje moun. Granmoun, jèn ak timoun gentan vini pou yo pa pèdi okenn moman nan aktivite a. Majorite ladan yo abiye an blan, ki se koulè Car Wash Party a. Carine Jean Louis sot Tijo. Li vini tou pou li desann chalè a, selon sa li di. Li gen sou li yon mayo blan ki ekri an wouj «Car Wash Party» ak yon ti bout patalon yo rele pantalon san fouk. Li sanble yon tifi ki pako gen 18 lanne. Ak anpil kontantman lap fè konnen : «Se pi bèl moman m ka viv pandan lanne a. Sa rann mwen retire kèk pwoblèm ki tap sikile nan tèt mwen. (…) Sa pa deranje m pou m mouye tout kò m. »

Li potko 6zè, DJ a kòmanse frape avèk  mizik Lodji Baby a ki rele « Dyaspora ». Patisipan yo tanmen mouye youn lòt ak zam dlo, sachè dlo, epi aparèy ki la pou voye dlo a ak presyon lè y ap lave machin. Ti aparèy sa konekte nan yon motè. Epi, motè sa lye ak plizyè gwo resipyan ki gen dlo. Kit ou ap pase, kit ou vin nan aktivite a, w ap mouye paske prèske chak moun gen yon bagay ki gen dlo pou mouye lòt moun.

Kote Car Wash Party a sa sòti?

« Car-Wash » se jeneralman yon espas ki la pou moun vin lave machin. Aktivite festif ki antoure l la pran nesans nan peyi Etazini. Poutan, an Ayiti, aktivite sa pa gen okenn rapò ak lave machin.

Youn nan responsab aktivite sa nan «rue de la Réunion» eksplike, Ozetazini yo konn fè jan de aktivite sa yo. «Si nou gade fim ameriken yo, nap wè nan espas Car wash la, plizyè medam ap lave machin, youn ap mouye lòt epi yap fè cho.»

Car Wash Party, Rue de l’Enterrement. Foto : Ayibopost / Georges Harry Rouzier

Davidson li menm ajoute, lide a pa diferan ak sa ki fèt nan peyi Tonton Sam nan. «Lè mwen pale ak kèk lòt responsab, yo moutre li pa fèt menm jan an pou 2 rezon. Premyèman, pou plis moun ka distrè yo epi desann chalè a. Dezyèman, si nou ta fè li konsa, feminis yo ap di se yon zak matchis osinon k ap diskriminen fanm. Poutèt sa, li fèt jan li ye a».

Gen kèk dezòd ki fè moun al pote plent

Dimanch ki te 28 jiyè, nan baz Relax Band, gen yon dam ki tap pase pou li al pran machin, pou li ale Kafou. Yon katab nan men goch li, yon ti valiz nan men dwat li. Li ap chache kwen pou li travèse. «Yo wè jan mwen abiye a m pa ka moun ki vin nan pwogram yo a. 2 jenòm mouye m nèt. Katab la mouye tranp, sa vle di dokiman yo ki ladan li an gaspiye», sa se deklarasyon dam nan ki t ap kriye.

Se pa sèl moun ki pase yo ki mouye. Jou sa, depi 7è33 rive 9è, gen 10 moun pou pipiti ki ap joure pou sa. Ladann gen yon polisye an sivil ki tap pase, yon demwazèl mouye li ak yon sachè dlo. Li te rale zam li nan foul la.

Car Wash Party, Rue de l’Enterrement. Foto : Ayibopost / Georges Harry Rouzier

2 out ki pase a, komisè gouvènman Pòtoprens lan di li jwenn plizyè plent ki depoze nan Pakè kont òganizatè ak patisipan nan aktivite «Car wash Party» a. Plent sa yo depoze paske aktivite a sanble deranje fonksyònman nòmal anviwònman kote Car Wash Party a ap fèt la. Komisè a di yo mande lapolis aji kont moun ki gen move konpòtman yo epi jenn ki poko gen 18 an pa dwe patisipe.

Kèk komantè ki leve plim sou do patisipan ak òganizatè yo

Tony Mix, bon non li ki se Tony Mahotière, di, pandan li te plaj piblik dimanch ki te 4 out 2019, «M tande komisè a ap bay pwoblèm. Vakans lan se plezi li ye tonton. Pèsonn pa ka kanpe aktivite sa».

Christina Paul, yon demwazèl ki ret nan «rue Magloire Ambroise» ap plenyen paske komisè a chwazi kanpe anfas aktivite a. Li fè konnen, «peyi a pa gen sal sinema, pa gen yon plas pou moun al pase moman, pa gen okenn aktivite. Poukisa ti grenn aktivite ki ede nou distrè nou an yo vle kanpe li ? Michel Joseph Martelly kanpe nan konsè li patisipe yo, li di yon bann betiz, poukisa komisè a pa pale sou sa ?»

Car Wash Party, Rue de l’Enterrement. Foto : Ayibopost / Georges Harry Rouzier

Davidson aksepte gen kèk iregilarite nan aktivite a. «Men lòt aktivite yo konn gen plis toujou. Se vre y ap mouye moun ki ap pase, sa se yon pwoblèm vre. Men, kanpe nan yon konsè ki chaje timoun ap di betiz, pandan konsè a live, kisa ki pi grav?» se sa li ajoute, pandan li konfime, «aktivite a p ap kanpe».

Nan zafè bòz, aktivite sa kontrè ak lòt yo

Si yon moun ale nan Car Wash Party a, l ap remake pifò moun se yon bagay ki gen dlo ki nan men yo. Li difisil pou yon moun nan aktivite a jwenn yon lòt moun k ap fimen. Ni tou, li pa fasil pou moun ak boutèy byè.

Car Wash Party, Rue de l’Enterrement. Foto : Ayibopost / Georges Harry Rouzier

Selon yon patisipan, «Tout moun vin pran plezi yo ak dlo. Kijan yon moun ki ak sigarèt oubyen bòz pwal fè rete la ? Kit li se granmoun oubyen jèn, l ap difisil pou li limen yon sigarèt la. Premye lide ki nan tèt moun nan se vin mouye».

Foto yo : Ayibopost / Georges Harry Rouzier

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *