POLITIQUE

Gen benevòl nan komisyon Jovenel Moïse kreye yo ki jwenn 300,000 goud pou prezans

0

Depi lè l monte sou pouvwa, prezidan Repiblik la kreye yon kenzèn komisyon. Se plizyè milyon ki depanse pou yo rive fonksyone.

Pandan de lane ak kèk mwa prezidan Jovenel Moise pase nan tèt peyi a, li rive kreye pou pi piti kenz komisyon. Chak fwa gen yon pwoblèm, olye se enstitisyon ki la pou sa ki jere l, se pito yon estrikti endepandan ki kreye.

Depi yon moun nan yon komisyon, li jwenn yon montan chak fwa li patisipe nan reyinyon gwoup lan. Yo itilize pou sa yon « jeton de présence ».

Li difisil pou detèmine avèk presizyon konbyen lajan chak manm komisyon rive jwenn. Ayibopost rive pale ak senk moun ki te pase nan komisyon prezidansyèl Jovenel Moïse te kreye yo. Tout fè konnen yo jwenn lajan.

Yon aktivite benevòl ki rapòte

Yon manm nan komisyon nasyonal pou Inovasyon ak entegrasyon sosyo-pwofesyonèl jèn yo presize : « Nan komisyon mwen te ye a, yo kontwole konbyen fwa moun nan vini nan reyinyon oubyen lòt aktivite komisyon an te fè. Aprè yo ba w yon chèk pou sa. » Ayibopost jwenn kopi youn nan chèk sa yo. Li gen sou li yon montan ki prèske rive 300,000 goud. Yo konn pase plizyè mwa avan yo resevwa lajan an.

« Yon moun ki patisipe nan yon komisyon pa ka di li pa jwenn yon goud. Si yo pa t ap jwenn, ou mèt kwè m yo pa t ap aksepte ladann », se sa youn nan manm komisyon ki la pou restriktire epi ranfòse Sant nasyonal ekipman (CNE) di.

Pou komisyon pilotaj « États généraux sectoriels » la, chak moun se 150 000 goud yo resevwa pa mwa pou patisipasyon yo. Louis Naud Pierre te sekretè komisyon sa a. Li presize : « Menm moun ki pa vin travay te jwenn lajan pa yo tankou tout moun. »

Yon pwa lou sou Trezò piblik la

Pou fè komisyon sa yo fonksyone, gen anpil lajan ki depanse. An fevriye dènye, sekretè komisyon pou pilotaj « États généraux sectoriels » la devwale inisyativ sa a koute 47 milyon goud, san konte kèk manm ak sekretè teknik yo te dwe, ki pa t ko touche.

Pou lòt komisyon yo, pa gen okenn enfòmasyon piblik sou konbyen lajan ki depanse.

Enomy Germain se yon ekonomis. Li fè konnen, chak lè yon pouvwa fè plis depans pase sa li te prevwa, sa afekte ekonomi peyi a. « Sa ki flou nan dosye komisyon an se paske pa gen moun ki konnen konbyen lajan ki pase. Se vre, manm yo [rantre] sou baz benevola, men gen yon lajan yo mete la pou travay yo a fèt. Akoz pa gen enfòmasyon finansye ki disponib sou chak komisyon, nou vin pa ka presize gravite sa genyen».

Selon tablo operasyon finansyè Leta ayisyen, soti oktòb 2018 rive mwa dout 2019, Leta a depanse 66 milya 398 milyon goud. Poutan, pou mwa oktòb 2017 rive mwa dout 2018, depans lan te sèlman 62 milya 783 milyon goud. Sa vle di, gen yon varyasyon 10%.

Okenn swivi pa fèt

Diferan komisyon sa yo kreye pou plizyè rezon. Pèsonn pa konn sou ki baz yo pran moun ladan yo.

Nan mwa fevriye 2017, kèk jou aprè prezidan Jovenel Moïse fin enstale, li kreye yon komisyon akoz anpil prizonye t ap mouri nan pi gran prizon peyi a. Manm estrikti sa a te prezante yon rapò nan mwa jen 2018.

Yo te fè chèf Leta a kèk rekòmandasyon tankou: « redui nan kantite prizonye yo, fè yon ankèt sou sistèm jidisyè ayisyen an, kontwole jan y ap fè livrezon ak jan y ap jere estòk nan prizon an, kontwole manje ak dlo prizonye yo pou evite risk sanitè, bay prizonye yo soutyen sikolojik », elatriye.

Okenn swivi poko fèt sou rekòmandasyon yo, se sa yon manm nan komisyon sa ki pa vle nou site non l fè konnen. Li di: « Pa t gen okenn [volonte] vre pou yon bagay te fèt konkrètman. Se paske prezidan an wè bagay sa fè twòp pale anpil ki fè komisyon sa te fèt.»

An okòb 2018, 4 mwa apre rekòmandasyon komisyon an, RNDDH (Réseau national de défense des droits humains) sòti yon rapò ki dekri kondisyon malouk gran prizon an. Oganizasyon sa a denonse anpil nan pwoblèm komisyon an te deja evoke nan rapò li a.

Kèk egzanp moun ki patisipe nan plizyè komisyon

Nan mwa fevriye 2019, Kettely Julien ki te manm komisyon prizon an te fè pati moun prezidan an chwazi pou komisyon ki te kreye pou fasilite dyalòg nasyonal la.

Komite ki responsab pou fasilite dyalòg ant ayisyen an pa t rive akonpli misyon li. Vandredi ki te 7 jen 2019, Kettely Julien te prezante bilan estrikti a. Li te fè konnen, diskisyon yo pa t fasil : « Gen kèk sektè ki pa te louvri ase pou fè diskisyon. Pandan mwayen yo pa t toujou disponib pou fasilite rankont yo. »

« États généraux sectoriels »

Ansyen premye minis Evans Paul patisipe nan de komisyon.

Toudabò, li te nan komisyon pilotaj « États généraux sectoriels » la. Se prezidan an ki te kreye ògàn sa nan mwa mas 2018. Komisyon sa te gen antou 17 konseye nan komite l, epi 9 nan sekretarya teknik lan.

Lè manm komisyon yo te rive nan fen manda yo, yo te bay prezidan an kèk rekòmandasyon.

Louis Naud Pierre ki te sekretè komisyon sa a fè konnen : « rekòmandasyon yo sanble pa t fè prezidan an plezi. Jiskaprezan, li pa fè okenn reyaksyon. » Olye prezidan an reyaji, li te chwazi kreye yon lòt komisyon.

Évans Paul te fè pati tou komisyon dyalòg prezidan Repiblik la te lanse nan kòmansman mwa oktòb 2019. Estrikti sa a kreye 4 mwa aprè komisyon dyalòg Kettely Julien an te fin bay kèk rekòmandasyon.

Madi 15 oktòb ki sot pase a, prezidan an te bay yon konferans pou laprès nan jaden Palè nasyonal. Kèk èdtan apre, Évans Paul fè konnen entèvansyon prezidan an ap konplike travay komisyon an. Nan demen, Évans Paul retire tèt li nan komisyon an ki kraze san okenn travay pa t gentan rive fin fèt.

Komisyon pou modènize transpò piblik

Ricot Pierre-Louis se dwayen Fakilte Syans Kominikasyon ak Relasyon Piblik nan Inivèsite Episkopal an Ayiti. Li menm tou li patisipe nan plizyè komisyon. An jen 2017, li te youn nan 17 manm Komisyon Nasyonal pou Modènizasyon Transpò piblik la.

Ricot Pierre-Louis te fè pati komisyon nasyonal pou Inovasyon ak entegrasyon sosyo-pwofesyonèl jèn yo tou.  Li te enstale kòm kòdonatè nan mwa dawout 2017.

Komisyon sa te gen pou misyon pou li pwopoze yon politik piblik an favè jèn yo, fasilite entegrasyon pwofesyonèl epi ranfòse lyen ant tout jenerasyon.

Komisyon sa te patisipe nan kreyasyon yon pwogram ki te rele « Programme d’Appui à l’Entrepreneuriat Jeunesse ». Objektif PAPEJ se ankouraje jèn yo vin antreprenè. Sipò finansye ak asistans teknik t ap disponib pou aplikasyon pwojè jèn sa yo.

Pwojè sa te fè yon long silans. Tout moun t ap poze kesyon sou jan li disparèt. 7 novanm 2019, prezidan Jovenel rive bay 50 jèn yon chèk.

Ka Wolff Dubic la

Wolff Dubic se aktyèlman direktè jeneral nan enspeksyon jeneral Ministè Finans. Menmsi twa jou aprè enstalasyon li, komisyon etik ak koripsyon nan Sena a te konteste l, Wolff Dubic patisipe tou nan 2 komisyon.

Nan mwa jen 2017, prezidan peyi a kreye yon komisyon teknik pou restriktire OAVCT. Wolff Dubic te prezidan komisyon sa ki te gen manda pou li pwopoze yon plan ijans ki gen modalite sou kilè aktivite enstitisyon an ap reprann. Yo te gen tou pou yo retounen materyèl OAVCT yo nan plas yo, revize tout nominasyon ak tout kontra pèsonèl ki fèk ap travay yo.

Pa gen okenn rapò ki rive pibliye sou travay estrikti a. Jiskaprezan, anplwaye OAVCT toujou ap fè grèv.

An jen 2017, Wolff Dubic te manm komisyon Nasyonal pou Modènizasyon Transpò piblik la.

Commentaires

Snayder Pierre Louis
Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

    Ayibolab: Églises transformées en centres hospitaliers, décès et pasteurs qui s’enrichissent

    Previous article

    OPINION: Charlot Jeudy ou le Kouraj d’exister

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost