An Ayiti, gen yon kwayans ki di pou yon papa verifye si yon bebe se pitit li oubyen li pa pou li, li dwe fè l bwè san l, manje zong li osnon vlope timoun lan nan rad ki tranpe ak swè pa l
Jodiya, nan ribrik « Mit ak kwayans popilè ayisyen » an AyiboPost toujou pote pou ou, nou pral esplike w tout danje pratik sa yo ki menm konn lakoz papa touye pwòp pitit yo .
Si gen lòt mit ak kwayans popilè ou swete n trete nan pwochen travay nou yo, ekri yo nan yon kòmantè pandan n pral pote pou ou temwànyaj kote kèk papa ki avwe AyiboPost yo touye timoun deja nan pratik ilegal epi danjere sa a.
Nan mwa dawou 2023 a AyiboPost pibliye yon repòtaj kote l pale ak plizyè paran, sitou papa, ki revele yon seri pratik yo abitye fè lè yo gen dout yon timoun ki fèt se pitit yo.
Nan sans sa a, nou te pale ak Wilfrid Sima, yon jenòm, ki rakonte AyiboPost istwa pa l.
Tout bagay te kòmanse nan lane 1988 lè mennaj Sima di l li ansent, e se pou li pitit la ye.
Men, jenòm lan fè AyiboPost konnen li pa t kwè nan koze konsa. Sitou, mennaj Sima a te an koup ak yon lòt moun nan Dèlma 4.
Ebyen, jou yo pase jiskaske mennaj la vin akouche pou li.
Men, kisa w kwè Sima fè lè l aprann nouvèl la ?
Jenòm lan di l te kontakte yon tonton l nan komin Senlwidisid, pou ede l rezoud pwoblèm lan.
Ebyen, tonton an pwopoze Sima de (2) solisyon : swa li pike dwèt li epi bay bebe a bwè san an, oubyen li vlope li ak yon rad ki tranpe ak swè l.
Etandone Wilfrid di li te vle rasire l, li itilize toulede metòd yo. Eh byen li fè AyiboPost konnen , « sou kat (4) jou, yo enfòme l timoun lan mouri ».
Ayibopost dwe fè w konnen : okenn nan metòd sa yo paka pèmèt pèsonn konnen kiyès vrèman ki paran yon timoun. Espesyalis yo di se sèl yon tès ADN ki fèt nan laboratwa ki ka etabli patènite yon timoun.
Gen plizyè laboratwa nan peyi a ki bay sèvis sa a, men sa pa anpeche plizyè papa ayisyen kontinye ak pratik sa yo.
Se ka pa Dickenson Saint-Paul, 36 lane, ki esplike li pa t sèlman fè twa nan sis (6) pitit li yo bwè san l depi lè madanm li te di li pa t papa yo pandan yon diskisyon nan lane 2017, men li te eseye yon dezyèm metòd grann li te konseye l.
Teknik la se te mete yon « fèy bannann poban » akonpànye ak yon priyè anba do manman timoun lan. Si pitit la se pou yon lòt gason, se manman an k ap mouri, selon sa li te fè AyiboPost konnen.
Eh byen, manman an ak tout timoun Saint-Paul yo pa t gen anyen aprè teknik sa.
Gen lòt papa menm ki pratike metòd sa yo, ki pa syantifik e ki danjere, jis paske yo manke fè patnè yo konfyans.
Yves Joanel Valentin, nan Sen-Michèl di Sid fè AyiboPost konnen toulètwa pitit li yo bwè san l paske li di « ou pa janm konnen ».
Christophe Noël, nan zòn Boko nan depatman Nip sou bò pa l, esplike l te fè tout sis (6) pitit li sibi tès sa a, paske l di « mwen pa fè pyès moun konfyans, sitou fanm yo paske yo gen tandans pa respekte angajman yo ».
Nan kad travay sa a, AyiboPost konsilte plizyè espesyalis ki fè konnen pratik sa yo reprezante gwo danje pou lavi bebe yo.
Selon sa medsen entènis nan lopital Sen Bonifas nan komin Fondèblan, Lovelyne François, te esplike AyiboPost « metòd granmè » sa yo mete lavi yon timoun an danje pou granmesi.
Li kontinye pou l di, « si bebe a gen ti blese nan bouch, epi san an kontamine, li kapab trape nenpòt enfeksyon ki transmisib pa mwayen kontak san an. Epi gen enfeksyon danjere timoun lan trape ki kapab touye l byen vit.
Nou kapab konprann nan ki pwen bwè san danjere pou timoun nan.
Kounyeya, ki danje ki genyen pou tès kote papa timoun nan se zong li bay timoun nan manje pou verifye si l se pitit li a?
Daprè sa entènis Lovelyne François fè AyiboPost konnen, lè yon timoun vale zong, li ka devlope yon enflamasyon nan kouch entèn lestomak li ak nan ensteten l ki rele gastwo-anterit akoz mikwòb ki te deja anba zong lan.
Enflamasyon sa a ka antrene sentom tankou : dyare, kranp lestomak ak vomisman lakay moun ki genyen li an.
E tout sentom sa yo kapab mete lavi ti bebe a an danje.
Kounyeya, ann gade rezon ki pouse kèk moun fè pratik sa yo, malgre lalwa ayisyen bay posibilite pou yon papa konteste patènite yon timoun nan kad yon pwosedi jidisyè, depi jwen 2014.
Youn nan esplikasyon yo sèke pwosedi tès patènite a ki fèt atravè tès ADN sanble pa twò popilè oubyen aksesib, sitou nan rejyon ki nan pwovens peyi a.
N ap souliye, Asid dezoksiribonikleyik (ADN) lan se yon molekil ki prezan nan òganis tout moun. Li estoke tout enfòmasyon jenetik ki transmèt yon seri karakteristik sòti nan paran an ale nan pitit yo.
An Ayiti, Leta ayisyen pa gen okenn estrikti sante ki ofri tès patènite jiskaprezan, selon sa responsab fòmasyon nan ministè sante piblik doktè Beaugé Grégory fè AyiboPost konnen.
Kidonk, tès ADN yo disponib sèlman nan enstitisyon prive.
Aktyèlman yon moun bezwen 35 000 goud pou li fè yon tès ADN nan laboratwa Medlab ki nan kapital Pòtoprens lan.
Nan nan lane 2023 lè AyiboPost te sòti repòtaj sou sijè sa. Nan estrikti medikal Biomed tès sa a te koute 450 dola ameriken.
Nan « Matènite Kap Ayisyen », analiz sa a te koute 400 dola ameriken.
Pou avoka Caleb Deshommes, tès ADN lan se sèl mwayen legal pou yon moun etabli patènite yon timoun. Lòt metòd yo ki pou li menm « akayik epi ilegal », remete an koz dwa yon moun genyen pou l gen lavi.
Kidonk, Leta antanke pwotektè dwa moun yo p ap apiye pratik sa yo, selon sa espesyalis la ajoute.
Ou sandout ap mande kisa lalwa ayisyen prevwa pou moun ki touye yon timoun ?
Nan atik 245 ansyen kòd penal ayisyen an, lajistis rele zak kote yon moun touye yon bebe, enfantisid.
Pi lwen, atik 246 dokiman an pale de anpwazònman ki se tout tantativ ki vize touye yon moun lè w itilize sibstans ki kapab pwovoke lanmò, nenpòt fason w anplwaye li a ak ki rezilta li bay. E, si moun sa a t a mouri apre l te fin absòbe sibstans sa yo, zak la se yon asasina.
Atik 247 la fè konnen, nenpòt moun ki koupab enfantisid, anpwazònman, elt., ap kondane pou fè travay fòse pandan tout rès lavi l.
Pwofesè Caleb Deshommes menm panse pou n abòde pwoblèm sa a, dwe g on politik sansibilizasyon ak fòmasyon jiridik pou papa sa yo sou ris pratik yo reprezante pou lavi bebe yo. Yo dwe konnen tou, pratik sa yo se yon vyolasyon penal ki ka mennen nan kondanasyon devan lajistis.
Nan kad repòtaj sa a, pifò papa AyiboPost entèvyouve yo sanble konnen ki konsekans zak sa yo genyen.
Yves Joanel Valentin, nou t ap pale w de li nan kòmansman an pa nye yon zak ki afekte lavi yon timoun se yon krim, men selon li menm se sèl manman timoun lan ki responsab.
« Veritab kriminèl la se manman an », selon sa l te di. Li ajoute, menm si timoun lan t a mouri, m p ap gen okenn regrè.
Dickenson Saint-Paul, bò kote pa l ki te parèt pi radikal fè konnen si l te gen pou l refè timoun lan bwè san li an, li t ap fè l. Sepandan, si timoun lan te mouri, li pa t ap kite manman an gen lavi.
Pou n fini, n ap raple pratik akayik fè ti bebe bwè san papa l osnon manje zong li, pou verifye si pitit la se pou li a, reprezante gwo menas pou sante ak lavi timoun yo. Se tou yon enfraksyon lalwa ayisyen pini.
E ou menm, ki tès ankò w konnen paran yo abitye fè pou verifye kiyès ki papa yon timoun ? Ki move pratik paran yo fè bebe yo ou t ap swete AyiboPost fè yon travay sou li ?
Kite repons pa w nan yon kòmantè n ap kontan li l. Epi, pa bliye LIKE, PATAJE, e sitou, pwofite abòne ak AyiboPost pou w pa rate pwochen repòtaj n ap pou sòti yo.
KREDI
► Kamera : Sherlande Pierre
► Montaj : SSherlande Pierre
► Redaksyon / Prezantasyon : Pascal Nancy André
► Repòtaj : Tchika Joachim
► Edisyon / Sipèvizyon : Jérôme Wendy Norestyl
Gardez contact avec AyiboPost via :
► Notre canal Telegram : cliquez ici
►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici
►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici






Comments