POLITIQUE

Èske van chanjman ap soufle sou Ayiti?

0

Depi kèk mwa, gen yon mouvman kont kòripsyon. Li pran jarèt gras ak rezo sosyo yo epi moun k ap pran lari sou fòm manifestasyon pasifik. Men, tansyon ap monte sepandan gouvènman an ap fè represyon.

Istwa sa a kòmanse anndan yon chanm kay nan vil Monreyal, Kanada. 14 Dawout 2018, Gilbert Mirambeau  – ki se yon reyalizatè fim epi ekriven – afiche yon foto l sou Twitè, kote je l mare, epi l kenbe yon mòso katon nan men l ki gen yon kesyon senp ekri sou li : « Kot Kòb Petwo Karibe a ??? »

Kesyon sa gen pou wè ak lajan ki disparèt nan anviwon 2 milya dola ameriken ki soti nan fon Petrocaribe. Petrocaribe se yon alyans Venezyela mennen avèk peyi nan Karayib la pou achte pwodwi petwòl sou fòm kredi ak yon to enterè ki ba. Depi 2008, Petrocaribe ap ede ekonomi Ayiti. Lajan Petrocaribe a te vin yon resous esansyèl nan moman dezas 2010, lè tranblemanntè a devaste peyi a.

Kèk jou apre twit Gilbert Mirambeau a, K-Lib, ki se yon rapè Ayisyen anpil moun konnen, afiche foto pa l sou Twitè ak achtag #PetroCaribeChallenge. 18 Dawout, yon gwoup enfòmèl jenn Ayisyen ki te òganize yo atravè Twitè ak Facebook deside premye aksyon pou yo poze se bay achtag la bourad sou rezo sosyo yo. Mouvman an kontinye pran fòs epi li gentan ateri nan lari.

17 oktòb 2018, gwo foul moun ki soti nan tout kouch sosyete a pran lari pou manifeste pasifikman ak bandwòl ak mayo ki mande repons sou kesyon Gilbert Mirambeau afiche sou Twitè a. Chak jou pi plis moun toujou ap poze menm kesyon an sou Twitè.

Rezilta tout sa bay yon pinga ak eritaj kòripsyon ak movezgouvènans Ayisyen ap sibi pou plizyè deseni san yo pa gen ase pouvwa pou kontrekare li. Jounen jodi a, gwo kesyon an pou ti peyi pòv sa a se èske mouvman sa a ap ankouraje yon demokrasi k ap fonksyone tout bon, oubyen èske li pral fè gouvènman an antre nan yon nouvo sik represyon.

18 novam komemore viktwa Ayiti sou lame Napoleyon, sa gen 215 lane. Jou sa a, moun yo te pran beton ankò, pou fè konnen mouvman an p ap peri.

Men, pou asire bon enèji sa rive bay vrè chanjman, fòk tout sektè ki konsène –gouvènman an ak sektè prive a, elit peyi a, mas popilè yo ansanm ak kominote entènasyonal la — mete tèt ansam pou goumen kont kòripsyon, sa ki enplike aktè entènasyonal yo tou.

Apre tranblemann tè 2010 la, bayè fon entènasyonal yo te pwomèt plis pase 10 milya dola èd. Men, gen mwens pase 1% lajan sa a ki  rive jwenn pèp la tout bon vre. Yo te mete Leta ayisyen, sektè prive peyi a ak sosyete sivil la sou kote, pou yo favorize ekspè etranje ak yon seri entrepriz èd ki baze Ozetazini. Politik sa a raple peryòd diktati Duvalier, kote « Papa Dòk » ak « Bebe Dòk » te senbòl volè lajan Leta a.  Jounen jodi a, menm politik sa a fonksyone pou febli leta a epi fè kòripsyon layite kò l plis nan peyi a. E fwa sa a, li pran yon dimansyon entènasyonal.

Fason Petrocaribe te fonksyone diferan de lòt èd yo — fon yo rantre nan kès Leta dirèk ki fè yo te pemèt Leta ranpli twou vid tranblemann tè a te kite — se pratik opoze a. Olye pou lajan kès leta sa a kreye yon sistèm èd ki pi efikas, li alimante yon sistèm ki chita sou ti pas kout. Nèf ane apre tranbleman tè a, malgre tout milya ki depanse yo, toujou pa genyen bon pwogrè ki vizib.

Ane pase, yon komisyon nan Sena a te pibliye yon rapò 650 paj ki se rezilta ankèt sou pwogram Petwokaribe a. Rapò sa a enplike yon bann moun nan klas politik la ki gonfle lajan nan kontra yo te genyen ak Leta. Li montre lajan an ki pase atravè yon seri konpayi ki pa ekziste vre, epi yon pakèt lòt depans ki pa kòrèk.

Kounye a, apre eskandal Petwokaribe a fin deperi nan men politisyen yo, plis sistèm jiridik an Ayiti ki twò fèb pou bay repons, Ayisyen k ap viv sou zile a ak sila yo ki aletranje, pran dosye a nan men yo.

Mouvman an li menm enprobab. Li pa gen yon lidè politik nan tèt li. Poutan, mwatye moun k ap viv ann Ayiti gen mwens pase 24 lane, epi jan mouvman an mete aksan sou rezo sosyo yo, dyaspora — k ap toujou grandi — rive se plis aktif nan fiti politik peyi a.

Malerezman, tansyon ap monte nan menm moman sanble gen chanjman k ap parèt. Nan mwa jiyè ki sot pase a, apre leta fin monte pri gaz la, te gen 3 jou deblozay, ki montre aklè jan peyi a toupre yon eklatman sosyal.

Se apre Gilbert Mirambeau fin lage #PetroCaribeChallenge lan, tandans lan vin yon mouvman pasifik. Men te toujou gen vyolans : gang ki pwòch pati politik ki sou pouvwa a nan tèt kole ak polisye kòwonpi masakre swasant (60) moun pou pi piti sèlman kèk jou avan manifestasyon 18 novanm nan.

Ann Ayiti, yo toujou pran pretèks estabilite pou dekouraje moun yo leve kont move gouvènans. Men, evenman ete ak otòn yo montre si reyalite a pa chanje, l ap kreye plis enstabilite.

Manifestasyon pasifik ki bay presyon sou dirijan yo pou yo pran responsabilite yo ta dwe yon pi bon fason pou soti nan sitiyasyon sa a, men, dènye nouvèl yo pa ban nou lespwa pou yon chanjman serye. Pa ekzanp, gouvènman an mande moun yo pran pasyans epi li pwomèt ap gen yon ankèt. Men, sa fè lontan Ayisyen ap tande pwomès ki pa janm reyalize. Depi apre rejim Duvalier a tonbe, poko janm gen yon ofisyèl yo arete pou krim finansye.

Lè Jovenel Moïse vin prezidan an Fevriye 2017, li pwomèt li t ap batay kont kòripsyon. Men, Michel Martelly ki se prezidan li suiv la e ki se parenn politik li, t ap dirije nan moman ki gen pi fò depans nan lajan Petwokaribe a. Jounen jodi a, menm Moïse enplike dirèkman nan dosye a, epi gouvènman pa l ap fè plis represyon.

Represyon an ap bay opozisyon an plis kouraj ak detèminasyon. Yon seri politisyen ak biznisman panse se yon moman opòtinite. Li rete pou n konnen si y ap lite pou lajistis respekte oubyen si y ap defann pwòp enterè yo. Antouka, l ap difisil pou ankèt la pa tonbe nan goumen politik ki genyen chak jou nan kapital peyi a.

Kounya la a, ki garanti nou genyen batay pouvwa ak enterè mesken pap devye mouvman an ?

Gen yon limyè nan peyi Gwatemala, kote gen yon komisyon entènasyonal Nasyonzini mete kanpe ki kont enpinite. Komisyon an ap mennen yon ankèt sou ki wòl elit ki byen etabli nan peyi a ap jwe nan move jesyon ekonomi ak politik peyi a. Komisyon sila a riske pa kenbe, epi kapasite l pou l egziste pandan plis pase dis (10) lane omwens ouvri yon pòt pou jwenn yon pwosesis chanjman ki long.

Gen yon pwoblèm an Ayiti ak Nasyonzini ki te refize aksepte pandan plizyè ane responsabilite misyon lapè a ki te mennen maladi kolera nan peyi a.

An 2016, yon nouvo misyon Nasyonzini antre, men li sanble li pa gen fòs nan batay kont enpinite. Apre komisyon sa a te bat bravo lè yon nouvo jij rive nome pou fè ankèt sou dosye Petwokaribe a ane sa a, gouvènman an te montre li pa t dakò, epi Nasyonzini te ranplase moun ki t ap dirije komisyon an.

Yon lòt obstak se jan li ta difisil pou peyi a aksepte aktè entènasyonal yo jwe yon wòl pisan nan refòm nan—Ayiti gen yon istwa ki chaje ak entèvansyon etranje. Men, prensip inivèsèl – ankèt endepandan, ekspètiz ak otonomizasyon legal (sa vle di, fè moun yo konnen dwa yo) – ki gide komisyon Gwatemala a ta kapab se yon gid itil pou mouvman kont kòripsyon an Ayiti. Li t ap difisil pou yon moun pa dakò gen nesesite pou gen bon espesyalis nan odit, komisè gouvènman ki gen kouraj ak pwofesyonèl ki gen pouvwa ak manda pou yo swiv lajan kèlkeswa kote li ye.

Se t ap yon bon okazyon pou kominote entènasyonal la ta fè Ayisyen yo rekwè nan li, epi ouvè yon pòt pou yon chanjman tout bon, sitou jan nou konnen priyorite l ak tout move entèvansyon l yo travay pou ranfòse epi kenbe peyi a nan eta li ye jounen jodi a.

Responsabilite pou swiv chimen pwogrè ak chanjman chita sou do tout aktè ki konsène yo. «  M pat prevwa nou t ap gen tout bagay sa yo, » Gilbert Mirambeau, otè twit ki lanse tout sa, di mwen. Pa t gen pesonn ki te prevwa sa. Men, jounen jodi a, se posibilite chanjman sa a k ap bay yon ti lespwa pou Ayisyen k ap viv nan tout mond lan.

Jake Johnston

Atik sa te pibliye sou jounal New York Times

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *