SOCIÉTÉ

Èske sèvis Lapòs Ayiti fonksyone vre?

0

Lapòs (OPH nan lang fransè) se youn pami tout enstitisyon ki gen tout enpotans li nan peyi a. Malgre tout mankman li genyen, misyon prensipal enstitisyon sa a se resevwa, pote, epi distribiye lèt osnon tout lòt materyèl lakay yon kliyan osinon nan yon enstitisyon.

Li patko midi nan jounen lendi 18 mas la, nou te jwenn de resepsyonis ki chita nan yon pati nan biwo santral OPH la ki chita kòl nan ang ri Capois ak ri Nicolas. Anbyans la  pat trò diferan nan tout lòt biwo ki anndan enstisyon sa a. Pat gen trop kliyan ki te vin pran osnon tranfere zafè yo. Espas la te trankil.

«Lapòs ta dwe sèvi kòm motè prensipal nan pataj enfòmasyon nan tout bagay», sa a se deklarasyon Icarfens Mortel, direktè planifikasyon etid postal. Yon moun ki ta bezwen fè yon pyès idantite, ouvè yon kanè bank, depoze CV, jwenn pyès ki pèdi, ta dwe kapab konte sou Lapòs selon deklarasyon direktè a.

Tankou tout lòt enstitisyon nan peyi a, Lapòs fè fas ak anpil difikilte ki anpeche li rive bay sèvis jan sa mande. Icarfens Mortel di : «Lapòs gen yon pwoblèm envestisman grav». Bidjè enstitisyon an pou yon lane se sèt milyon goud. Se ak lajan sa Lapòs sèvi pou l kouvri tout depatman peyi Dayiti nan diferan sèvis li ap ofri yo.

Sèvis lapòs bay yo pa twò kòdyòm

Byenke sèvis Lapòs yo nan yon pri ki pi aksesib ak tout moun, men kalite sèvis li ofri yo fè soufri pafwa. Lapòs vann tenb nan pri 2 goud pou mete sou dokiman moun ap tranfere nan lòt peyi. Se enstitisyon sa ki reprezante achiv nasyonal nan tout peyi. Ou ka rantre nan nenpòt biwo lapòs ak sèlman 700 goud pou fè demand ekstrè dachiv.  Gen yon sèvis kazye postal pou tout antrepriz osnon endividi ki ta vle itilize l pou resevwa dokiman. Pri sèvis sa se 1 200 goud pou yon lane. Nan ka sa a, antrepriz la ap resevwa yon kòd postal. Se kòd sa kliyan an ap genyen pou l bay nan Lapòs pou depoze dokiman l ap transfere nan antrepriz la osnon kay endividi a.

Selon sa Icarfens Mortel fè konnen, EMS (express mail service) se zouti  ki bay sèvis pi rapid nan OPH. Sèvis sa pote dokiman ak machandiz nan yon delè ki pa depase 3 jou. Se pa yon delè ki fasil pou respekte selon sa youn nan sekretè biwo a fè konnen. «Lè yon moun voye yon dokiman nan lapòs, li konn pran plis pase delè 3 jou a pou l rive», se sa li eksplike. Li ajoute pou l di, toutotan dokiman yo pa rive yon kantite, sèvis transpò kourye intènasyonal la p ap ka deplase pote yo. Non li pa site paske li pa otorize pou l pale pou biwo a.

Chak vil nan peyi a gen kòd postal yo. Pwoblèm bwat postal ki pa enstale lakay moun osnon nan espas piblik yo konn ralanti sèvis Lapòs yo. Selon sa sekretè a di, chaje materyèl ki konn vini nan Lapòs yo pa janm vin chèche yo. Lè sa rive se paske souvan kliyan an pa janm konnen si materyèl li yo vini. Lè sa fèt konsa, se sitou lè yon kliyan ki pa nan peyi a voye yon materyèl pou yon moun sou kòd postal non vil moun nan abite a. Kòm pa gen bwat postal ki enstale okenn kote sou non okenn vil, se biwo Lapòs ki resevwa yo. Si nimewo telefòn ki sou materyèl la te mal bay, se lè kliyan an rele li ap konnen materyèl li a la.

Yon lòt bò, direktè etid postal la fè konnen: «Rezilta yo pwouve biwo a manke rive sou popilasyon an. Nou manke bra nan tout sèvis yo sitou nan zafè livrezon». Lapòs genyen 394 anplaye pou tout 19 biwo li yo nan tout peyi a. Genyen 140 nan anplwaye sa yo ki se faktè. «Yon kantite ki enferyè ak faktè ki nan peyi Jamayik (ki pi ti pase Ayiti) ki depase mil», selon sa direktè etid postal la ajoute. Faktè yo gen pou wòl fè livrezon materyèl ki soti nan lapòs pou pote lakay yon kliyan. Lagonav, Miragwàn, Wanament se kèk nan zòn ki pa gen biwo postal. Zòn sa yo senpman gen yon ajan lapòs ki reprezante biwo a.  

Plan lapòs sou senk lane

«Enstitisyon an gen obligasyon pou mete sou pye yon sèvis inivèsèl pou sèvi tout moun», se sa direktè planifikasyon etid postal la fè konnen. Objektif sa yo fikse nan plan Obligasyon Sèvis Inivèsèl (OSI) la. Se reyalizasyon plan sa ki ta dwe pote amelyorasyon teknik nan sèvis Lapòs yo. Plan sa chita kòl sou senk lane (2017-2021).

«Leta santral dwe pran rezolisyon pou ede enstitisyon an jwenn bon jan finansman nan bidjè repiblik la pou ride l ak tout projè li genyen nan plan an. Paske, Lapòs ta dwe premye ògàn sekirite peyi a, sitou lè gen katastwòf natirel», se sa direktè planifikasyon etid postal la ajoute. Dokiman ki tabli plan obligasyon sèvis inivèsèl la pouse Leta fè obligasyon ak tout ògàn li yo pou itilize sèvis Lapòs ofri yo.

«OPH dwe kapab bay prèv adrès tout moun nan peyi a», sa se remak direktè a fè, menmsi   kozri sou zafè nimewotasyon ak adrès kay nan peyi a rete youn nan pwoblèm lameri poko rezoud. Sa te pouse direktè a kontinye pou l di : «pou OPH operasyonèl tout bon, sa ta mande pou Leta rezoud anpil pwoblèm estriktirèl.»

Pa gen  bwat postal OPH ki enstale okenn kote nan peyi a. Lapòs prevwa anviwon kat milyon kat mil goud (55 mil dola ameriken) nan plan obligasyon sèvis inivèsèl li a, pou l fè enstalasyon kazye ak bwat postal nan tout espas piblik yo.

Lapòs ta vle lanse tou yon Cyber-post. Selon sa Icarfens Mortel fè konnen, enstitisyon an prevwa mete sou pye yon sèvis entènèt diponib nan biwo Lapòs yo pou moun ki vle achte an liy. Sa ap fasilite moun nan tou jwenn yon adrès postal pou l kapab jwenn komand li a nan Lapòs.

Byenke plan OSI a lanse depi nan lane 2017, sakrifis ak objektif sa yo pa janm kapab rive operasyonèl akòz Lapòs pa jwenn finansman piblik sou projè sila a.

Emmanuel Moïses Yves

Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments