CULTURE

Carolyn Desert di li bouke ak move tretman Komite Miss Haiti an

0

Carolyn Desert ki se « Miss Haiti » 2014 e ki pral reprezante nou a Lond nan peyi Angletè nan mwa novanm lan pran platfòm Facebook li pou li eksprime fristrasyon li avèk komite « Miss Haiti» an ak tout Ministè Touris la. Nan mesaj sa li eksplike tout mizè lap pase akoz enstans konsène yo pa bay sipò yo te pwomèt lan. Li pa jwenn ni sipò finansye ni sipò lojistik ki nesesè pou patisipe nan gwosè konkou tankou « Miss Monde ». Li eksplike ke se li menm ak lajan pal ki fè tout jefò pou li t’al nan konkou « Reina Hispanoamericana » kote li sòti « 3e Dauphine ». Li eksplike gwo imilyasyon li pran nan konkou sa tou akoz menm difikilte finansyè sa yo. Nou envite ou li mesaj « Miss Haiti » an e si ou kapab yon jan ou yon lòt pote sipò nou bay Miss lan pandan nap swete sitiyasyon ak komite « Miss Haiti » an ap ranje. Men mesaj Carolyn te pataje sou paj Facebook li :

« Bonjour… se domaj ke se pa eksitasyon selman map pataje avek nou maten an. Men veksasyon sa fom patajel piblikman. Matin an mwen ofisyelman koupe kontra mwen ak komite Miss Haiti ak tout Minister du Tourisme. Depi lem genyen an se mwen ki ap fe tout monte desann.. peye rad pou sessikn foto, depanse nan spo pou kinbe silwet, ale nan presse ak prop machinn mwen.. prop gaz mwen… pa gen problem paske se peyim map voye monte menm le sa ap fem raze. Chak fwa mwen di komite yo mwen jwenn x y ou z yo di inhin ok.. pa gen prob.. depi se yon bagay pa kob se tankou inhin ok. Yo pa ja m chita avem dim sa yo genyen sa yo pa genyen men yo te tre kle ke yo gen dete ak problem pou jwenn sponsor. Mwen menm ki we jou ap pase mwen pran devan e mwen ekri let sponsor mwe ak komanse yon leve de fon poum ka asurem tout bagay byen. Se le sa je tout moun vinn kale ap dim oo non leu ou tounen bolivi tout bagay ap regle. Donk mwen desann leve de fonds ann e pa itilize yon goud ladanl byen ke depans mwen gentan monte plis ke 800 dola. Machinn mwen genyen an.. jiska prezan si yo banm li se jodia .. mwen kontakte dame en chak sujet sa li iyorem kleman paske mwen ka we sa sou whatsapp. Peu de choz.. machinn lan pap edem reprezante peyi a me se pam li ye… i earned it. Kounyen an nan lundi mwen vinn aprann ke nan dimanch mwen pral an bolivi.. anko une fwa monte desann se mwen kap fe li… le yon manm komite a anonsem ke fok mwen al we yon designer pou kostim nasyonal la mwen te gentan pran randevou avel mwen menm… e se sou chanse yo we designer a pandan li te nan yon reyinion minste du tourism tankou: « oo jai besoin de toi oui » komsi an pasan. Mwen voye yo lis tout sam bezwen.. yo pa reponn. Nan vandredi mwen di yo anko sa map bezwen yo reponn mwen ke yo pap kapab paske yo pral nan lanme pou le long weekend lol a 3zeu du matin samedi stress anvayim lem reyalize vale bagay mwen gen poum fe… mwen voye yon email tres strik di yo ke si yo pap edem konnen ke mwen pral avili yo. Yo pe la presse maos yo pa fe krik pou evite yo avili yo. Se le sa yo reponn mwen  » what exactly do you need » tankou si menm li yo pa li email anvan mwen.mwen reekri tout bagay.. se le sa yo gentan dim yap voye chofe fe x y ou z (te gen chofe depi tout tan sa epi yo kitem ap bat kom) e ke oui.. blah e blah.. yo edem nan samedi. Mwen te di yo ke mwen pa konsidere ke mwen gen yon komite men yon group fanm san oganizasyon kap eseye rele tet yo on komite. Sa te vekse yonn nan yo an patikulye. Leu li finn fe 5 bagay pou mwen pou jounen an li relem poul liste sa li te fe pou mwen inklus lesiv mwen ke mwen pat gentan fe.. mwen remesye li li dim non se pa la penn.. li reliste sa li fe pou mwen anko tankou si poum te bat bravo ke li edem. Se mwen ki fe aranjman pou mwen ale ayewopo etc… bref. Rive Bolivi menm yon eskew byen rive yo pa voye pou mwen. Apre 8 jou mwen voye yo yon email pou di yo ke se sou chans mwen pati san mwen pa peye bagaj paske yi edem ayiti.. men mwen pa kwe map gen menm chans sa anko soti bolivi.. mwen gen 3 malet ak yon carry on paske costume lan pran anpil plas… yo reponn mwen mandem infomasyon so tike a… mwen bay li. Yo dim ke maryse ap pase chachem ayewopo mwen di non mesi mwen gentan gen yon moun ki pran jounen an pousa ( kom te kwe yo tap fe menm jan a lem te ale a) mais yo pa dim krik pou malet yo. vendredi mwen voye yo on lot email pou di svo kob mwen gen sou mwem an pap kont svp fait le necessaire. Yo pa dim ni krik ni krak. Maten an kem finn kontan finalis etc… rive ayewopo.. booooom…men bill ou « $344.18 ». Mwen fe manmanm rele ayiti pou mande sak pase …dame lan di ke ministere te fe le necessaire… le manmanm mande sa ki le necessaire.. li di li pa konnen e ke a leu sa yo paka fe anyen pou mwen. Donk… mwen pran sue nan yon fredi… stress montem e sim rate avyon an se yon lot tike pou peye e pa gen jan pou voye malet yo apre. Donk moblije mandye. Mande chak miss ki te avem yon kontribusyon apre mwen mete balans la sou yon kat san fon. mwen kriye telman mwrn vekse.. santim umilye. Donk mwen fe yo konnen ke mwen avek yo .. pagen bagay konsa paske se nan pis dezod yap metem. Si pou mwen suiv yon kontra se pou yo menm tou yo suiv li e asume role yo. Kinpot si se pa yon travay peye. yo deside rele tet yo komite miss Haiti e fok yo asume wol yo jan mwen menm masume wol mwen. Moblije mete sa piblikman paske yo gen dwa eseye retire kouronn la nan men mwen ak anpeche mwen ale nan konkou a londres lan. Men kil plev kil grel .. mon nom est Carolyn Desert, je suis et resterai Miss Haiti 2014,3eme finaliste de Miss RH et en route pour Londres. AYITI MWEN PAP LAGEW!»

NB: Ayibopost deside pa korije menm ti fot òtograf Miss lan, paske mesaj lan rete yon mesaj enfòmèl ke li ekri sou paj Facebook li. Nou remèsye’w de konpreyansyon’w!

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *