POLITIQUESOCIÉTÉ

Vladimir Paraison : Tout sa w dwe dekouvri sou nouvo chèf PNH la | Videyo

0

Èske w te konnen dèyè nominasyon Vladimir Paraison an, nouvo chèf PNH la, kache yon karyè ki make ak plizyè revokasyon, akizasyon ki lye ak trafik dwòg epi zak kriminèl ? AyiboPost mete deyò tout enfòmasyon ou dwe konnen sou nouvo direktè polis nasyonal la

Nan dat 8 dawou 2025 lan, nouvo kowòdatè Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Laurent Saint-Cyr, enstale André Jonas Vladimir Paraison kòm nouvo direktè polis nasyonal peyi Dayiti, nan plas Normil Rameau ki li menm te nome nan pòs sa a depi mwa jwen 2024 la, pou tabli sekirite ki t ap fasilite òganizasyon eleksyon nan peyi a. Men, èske w te konnen kiyès nouvo direktè polis nasyonal la ye ? Ebyen, rete la, paske AyiboPost pote pou ou tout enfòmasyon ou dwe konnen sou li. 

Tousuit apre Laurent Saint-Cyr, ki reprezante sektè prive a fin enstale antanke nouvo kowòdonatè Konsèy prezidansyèl Tranzisyon an, gouvènman an ki gen nan tèt li Alix Didier Fils-Aimé, yon lòt manm nan sektè prive a, nome ansyen responsab sekirite palè nasyonal la, Vladimir Paraison, direktè polis nasyonal Peyi a. 

N ap souliye, chanjman sa a vini nan yon kontèks kote gang kowalisyon « Viv Ansanm » lan pa sispann pran plis tèritwa nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, depatman Latibonit la ak nan depatman Sant peyi a. 

Nan diskou l pou sikonstans lan, nouvo direktè a te fè konnen li pare pou l pote kontribisyon li pou adrese pwoblèm ensekirite peyi a ap fè fas la.

Men se kiyès nouvo direktè a ye menm ?

Dabò, ou dwe konnen karyè  chèf pnh la make ak plizyè revokasyon, epi reyentegrasyon. 

Li te kòmanse travay nan enstitisyon an nan lane 1995. 

5 lane apre, lapolis la t ap pral revoke li pou « abandon pòs », nan dat 31 mas 2000, selon sa Pierre Esperance, direktè Rezo nasyonal k ap defann dwa moun (RNDDH) te fè jounal ameriken Miami Herald konnen nan yon entevyou nan lane 2014. 

Yon desizyon ki te deja soulve pwoblèm disiplin ak konfyans bò kote chèf lapolis la, depi nan kòmansman karye li. 

Sa pako anyen toujou, paske uit (8) lane pita, li t ap pral revoke ankò aprè reyentegrasyon l. 

Men, fwa sa a se pou akizasyson ki lye ak trafik dwòg, nan yon konteks kote plis pase 2 000 polisye nan polis nasyonal la, te sou kontwol pou enplikasyon nan vyolasyon dwa moun, konplisite nan zak kriminel, elt, selon sa Depatman Deta peyi etazini te anonse. 

Enfòmasyon sa yo peyi Etazini pibliye nan lane 2008, te revele gen kèk ofisye nan polis nasyonal la ki enplike nan trafik dwòg, e ofisye sa yo te deja nan faz arestasyon obyen revokasyon, suit ak rezilta ankèt yo. 

Menm rapò a te presize tou, enspektè lapolis la t ap mennen kèk ankèt ki abouti ak plizyè revokasyon pou konplisite nan zak kriminèl. 

Yon pwen enpotan sèke nou paka minimize enpòtans revokasyon sa a, paske li te vini nan yon kontèks kote te gen gwo jefò, peyi Etazini t ap soutni, ki te deja ap fèt pou te debarase polis nasyonal la de eleman kòwonpi epi kriminèl li te genyen yo. 

Malgre tout epizòd revokasyon Vladimir Paraison yo, Godson Orelus, ki te direktè jeneral polis la alepòk, pral reyentegre l byen fasil nan enstitisyon an, nan lane 2012. 

Fwa sa a, se te antanke direktè depatmantal Nò peyi a. 

Desizyon pou reyentegre Paraison an te siyifikatif. Dabò, sa te pèmèt li pran yon pòs responsabilite rejyonal enpòtan, ansuit sa te tou ba li posibilite pou li kontwole aktivite fwontyè a epi operasyon ladwàn ki fondamantal pou enterè ameriken yo. 

Pi devan, nou pral wè tou, Vladimir Paraison ak tout Godson Orelus pral enplike nan yon dosye trafik zam nan peyi. 

Sa ki montre, kòman rezo zanmitay nan Pnh la kapab resisite endividi ki chaje pwoblèm, men tou sèvi yo kouvèti pou yo patisipe nan aktivite kriminèl. 

Men, annou retounen sou pakou pwoblematik Vladimir Paraison.

N ap presize, se sou administrasyon Jovenel Moïse lan Paraison rive nan pi wo nivo nan karyè l, lè l nome kòm kowòdonatè Inite espesyal sekirite Palè nasyonal. 

Men, avan li te fè pati ekip k ap jere sekirite kanpay Jovenel ki te rive prezidan anba banyè rejim Pati ayisyen tèt kale a (Phtk).

Vladimir Paraison te okipe lòt pòs responsabilite nan diferan nivo nan enstitisyon an, tankou : nan direksyon santral, enspeksyon jeneral, ak nan kèk komisarya.  

Nou dwe presize tou, youn nan inite nan lapolis la, Brigade d’opération et d’intervention départementale (BOID) Vladimir Paraison te kontribye nan mete sou pye, te gen plizyè plent pou enplikasyon li nan zak maspinay ak vyolasyon grav dwa moun. 

E, kèk obsevatè te konn menm idantifye li kòm yon zouti represyon rejim Phtk a te mete anplas.

Plizye militan dwa moun te konn kritike agresivite epi move itilizasyon gaz lakrimojèn ki te konn fèt tou kont manifestan nan Nò peyi a, pandan Vladimir Paraison te direktè depatmantal. E, bilan chèf polis la te toujou preyokipe kominote entènasyonal la, selon sa Miami Herald te presize nan lane 2014. 

***

Malgre tout dosye sa yo, gen kolaboratè ki dekri chèf polis la tankou yon moun ki gen kran. 

Yon ajan Unité départementale de maintien d’ordre (Udmo) nan polis nasyonal la ki te travay nan menm jiridiksyon ak nouvo direktè a, dekri l bay AyiboPost kòm « yon moun ki gen anpil kouraj, e ki patisipe nan operasyon yo sou tèren an tou ».

Se pandan li te pami polisye ki t ap reziste kont yon atak bandi yo te fè sou komisarya Pòtoprens, nan mwa fevriye 2025 lan, ansyen kowòdonatè sekirite prezidansyèl la te resevwa bal nan janm li an, selon sa polisye sa a ki gen dizan nan enstitisyon an esplike. 

Yon lòt bò, responsab pwogram nan Rezo nasyonal k ap defann dwa moun lan, Rosy Auguste Ducéna, ki estime ansyen direktè polis la te g on bilan negatif, esplike tou chanjman ki fèt nan tèt enstitisyon an pa fè enkyetid Rnddh disparèt pou sa nonplis. 

E, sa lye prensipalman ak politik konsèy tranzisyon an ki pa gen gwo chanjman l pote, selon sa l rapousuiv pou l di. 

Ajan Udmo ki afekte nan lwès nou te site avan an, ki kwè otorite yo manke volonte, pa t ezite eksprime ensètitid li tou malgre chanjman an. 

« sitiyasyon an p ap chanje, si chanjman sa a pa pèmèt wo kòmandman lapolis la jwenn mwayen materyèl, ak resous », selon sa l te fè AyiboPost konnen.

Kounyeya, ann konprann enplikasyon Vladimir Paraison nan dosye trafik zam 8 septanm 2016 la. 

Nan dat sa a, otorite nan komin Sen-Mak te sezi yon kagezon zam ak minisyon nan pò vil la.

Kagezon sa a te genyen ladan l : 150 fizi kalib 12, 9 lòt fizi 12 ki gen doub kanon, 5 fizi M4, san konte bwat katouch, bòt, chajè zam, inifòm, elt. 

N ap presize tou, sezi zam sa a te fèt yon mwa anviwon avan dat ki te pwograme pou 2e tou eleksyon oktòb 2016 yo, ki te repòte akòz siklòn Matthew te ravaje rejyon Sid peyi a.

Ebyen, lajistis pa t pran tan pou transfere dosye trafik ilegal zam sa a devan kabinè jij Dieunel Luméran ki te tande plizyè wo fonksyonè Leta. 

Se kon sa nan dat 26 oktòb 2018 la, lajistis te arete ansyen direktè jeneral polis la, Godson Orelus, yo te tande kòm temwen nan kad zafè sa a, yo te akize l pou konplisite l nan krim transnasyonal, trafik ilegal zam ak minisyon epi asosyasyon malfektè, selon sa yon rapò Rezo nasyonal k ap defann dwa moun, ki pibliye nan mwa oktòb 2019 te presize.

Sepandan, nan dat 30 novanm 2018 la, moun yo pa t rive idantifye te atake kay jij enstriktè a Dieunel Luméran, ki pa t lontan bay òdonans li sou dosye a. Yon sitiyasyon ki t ap fè jij la oblije kite peyi a annapre pou l te ka sove lavi l. 

Men, sa pa t anpeche nan dat 3 desanm 2018 lan, jij Luméran te rann òdonans lan ki voye devan tribinal kriminèl pèsonalite tankou, Vladimir Paraison ki se ansyen kowòdonatè sekirite jeneral Palè nasyonal la, ki t ap pral jwenn revokasyon l nan moman evènman yo; Réginald Delva ansyen minis enteryè ak kolektivite tèritoryal sou administrasyon ansyen prezidan Michel Martelly peyi Etazini te deja sanksyone pou trafik dwòg; Ronald « Roro » Nelson, ki te pwòch pouvwa Phtk a, elt. 

Sepandan, nan dat 7 me 2019 la, Lakou dapèl Gonayiv te rann yon desizyon ki te blanchi 5 pami akize yo ki se : Godson Orélus, Réginald Delva, Vladimir Paraison, Ronald « Roro » Nelson ak Sandra Thélusma. 

Bò kote Kanada ak Lafrans, Etazini fè pati peyi ki founi asistans teknik, lojistik ak finansye bay polis nasyonal lan depi plizyè ane.

Nan dat 11 out la, kowòdinasyon près ak relasyon piblik Lapolis nasyonal la anonse nouvo direktè jeneral Lapolis la resevwa vizit koutwazi Bureau des affaires internationales relatives aux stupéfiants et à l’application de la loi ki sòti nan Depatman Deta ameriken, atravè anbasad peyi Etazini.

Selon kominike sa a, ki souliye gen lòt rankont ki planifye, te fè konnen pami pwen yo te abòde yo te genyen, koperasyon epi ranfòsman kapasite lapolis.  

Men, si n remake, n ap wè enstalasyon Paraison an fèt byen rapid avan reyinyon sa a te fèt. Sa ki soulve preyokipasyon ameriken yo parapò ak nominasyon pwoblematik nouvo direktè a. 

***

Nou dwe note, depi aprè lanmò Jovenel Moïse nan lane 2021, enstitisyon polis nasyonal la, ki sot selebre 30 lane egzistans li, sou 4e direktè jeneral li. Sepandan, pwoblèm ensekirite a toujou rete tennfas. 

Enstitisyon an ap fè fas ak divès pwoblèm tankou, dimisyon efektif yo, mank materyèl ak mwayen, polisye ki nan konivans ak bandi, politizasyon entèvansyon lapolis yo, elt.

Si lapolis la pa kominike sou kantite efektif yo genyen, yon rapò Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti (Binuh) ki parèt nan mwa janvye 2024 te deja fè konnen efektif Polis nasyonal la kontinye ap redui. 

Nan desanm 2023, enstitisyon an te genyen 13 196 ajan, pami yo 1 588 fanm. Pandan menm ane sa a, 1 663 ajan pami yo 152 fanm te kite l, 48 te mouri e 75 lòt te blese. 

Yon pati nan polisye sa yo kite peyi a nan kad pwogram Biden lan pou ale Ozetazini, epi kèk lòt vwayaje nan peyi Kanada, san konte lòt sa ki demobilize oubyen ale an pwovens akoz pwoblèm ensekirite a. 

Selon yon rapò Rezo nasyonal k ap defann dwa moun (Rnddh), ki pibliye nan dat 12 jwen 2025 lan, sòti jwen 2024 rive jwen 2025, genyen omwen 33 polisye ki deja pèdi lavi yo. 

Nou dwe raple tou, gen yon bon pati nan ajan polis la ki afekte ak ansyen fonksyonè piblik, oubyen k ap fè sèvis prive, olye yo t a nan lit kont gang  yo sou tèren an. 

Èske w te konnen tou, otorite tranzisyon yo te adopte yon bidjè rektifikatif ki bay enstitisyon polis la plis pase 32 milya goud ? 

Ebyen, nan kòb sa a ki reprezante plis pase 10 % nan bidjè peyi a, otorite yo rele « bidjè lagè », se sèlman 27 % ki destine pou achte materyèl, ekipman, konstui ak repare enfrastrikti polisyè, lòt 73 % an se pou peye pèsonèl enstitisyon an. 

Nou dwe di tou, malgre deplwaman fòs miltinasyonal sekirite a bò kote polis nasyonal la, plis Task force gouvènman an te kreye a, sitiyasyon ensekirite a pa janm amelyore.

Okontrè, sòti mwa avril rive jwen, 1 520 moun deja pèdi lavi yo, selon chif yon rapò Biwo entegre nasyonzini (Binuh), nan kòmansman mwa dawou a. San konte, plis pase yon milyon moun ki deplase kite lakay yo akoz vyolans gang yo nan peyi a. 

Apre w fin tande tout detay sa yo sou nouvo direktè an, èske w panse nominasyon li an ap pote fui nan batay kont ensekirite a ?


Foto kouvèti : Police Nationale d’Haiti – PNH

Kamera : Jean-Berson appoleus

Montaj : Jean-Berson appoleus

Prezantasyon : Daphena Rémédor

Redaksyon :  Jérôme Wendy Norestyl

Edisyon / Sipèvizyon : 

Widlore Mérancourt

Philicien Casimir

Daphena Rémédor est comédienne et étudiante en sciences juridiques. Passionnée par les relations humaines, elle met ses compétences en communication au service de sa communauté.

    Comments